Meet Kaptenn koukourouj

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Meet Kaptenn koukourouj

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Sep 16, 2006 2:11 am

Windows on Haiti Webzine
September 16, 2006 - Vol 2 #2

Vin fè Konesans ak Michel-Ange Hyppolite

http://haitiforever.com/webzine/photo.jpg
[quote]
Ki moun ou ye, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)?

[ ... ... ... ... ... ]


Ki kote ou grandi?

Mwen grandi sou Bèlè ak Kafoufèy nan Pòtoprens.


Ki kote ou viv plis kounyè a?

Mwen kab di mwen viv pi plis nan Otawa. Poukisa: Mwen pase 12 lane nan lavi mwen sou Bèlè, 6 lane nan lavi mwen Kafoufèy, 9 lane nan lavi mwen Jersey City (Noujèze) 4 lane Monreyal. Vwala mwen genyen 22 lane nan Otawa


Eksperyans ou fè lò w timoun, kouman yo vin enfliyanse w nan granmoun ou?

Lè mwen te piti mwen te renmen jwe anpil. Mwen grandi nan youn katye kote ki te gen anpil mounn pòv. Nan granmounn mwen sa te vin aprann mwen nesesite pou mwen pataje sa mwen genyen ak lòt mounn.

Lè mwen te lekòl, mwen te youn gwo loudo. Sa te lakòz nèg manje anpil baton. Nan granmounn mwen sa vin aprann mwen pou mwen gen plis pasyans ak elèv mwen yo nan travay mwen ansanm ak pitit pa mwen.


Jodi a, lò w gade tèt ou byen, ki moun ou wè devan w... èske se moun ou panse ou t'ap devni an pandan w' tap grandi a?

Mwen kab di mounn mwen ye jodi a, se limenm ki ta pe pran fòm depi nan laj 15 an pou rive jounen jodi a. Lè mwen kite katye Bèlè nan laj 12 an, mwen te al rete Kafoufèy, kote mwen te trè aktif nan òganize match foutbòl, ekri pwezi pou zanmi, patisipe nan pyèsteyat sou katye a. Nan tan sa a pyèsteyat sa yo te pote non wòl.

Nan lekòl primè Ecole Mixte du Sacré Cœur, mwen te toujou prezan nan òganize pyèsteyat ak Wilner Larieux epi Lesly Blanchard. (Mwen pa konnen kisa mesye sa yo devni.) Nan lekòl segondè mwen, Centre d'Etudes Secondaires, mwen te toujou prezan lè nou ta pe òganize jounal lekòl la, ki te pote non En Route. Poudayè, se nan jounal sa a mwen te pibliye premye pwezi mwen te ekri nan lavi-m ( Ilang Ilang ). Pwezi sa a te ekri nan lanng franse. Sepandan, sa pa te pran mwen tan pou mwen te al fè konesans ak Emisyon Solèy, Mouvman Kreyòl la, ki mennen mwen nan wout mwen ap suiv jounen jodi a.

Mwen pa te janm panse mwen ta va tounen pwofesè nan lavi mwen, men depi lontan, mwen te toujou ap bay zanmi mwen yo nan Kafoufèy, tout kalite èd ak devwa laten yo. Mwen te menm konn bay leson laten sou galri lakay la. Mwen di mwen pa te janm panse, mwen ta vin pwofesè, paske se lide doktè ki te nan tèt mwen. Men kondisyon lavi yo te deja mete youn jèm pwofesè lekòl anndan mwen san mwen pa te konnen.

Alaverite, tout sa mwen ap fè jounen jodi a, mwen te deja kòmanse fè yo depi nan lekòl primè oubyen lekòl segondè. Konsa, mwen kab di mounn mwen ye jodi a, se limenm mwen te toujou genyen anndan mwen.


Ki wòl alantou w [kondisyon fizik e milye sosyal ou tap viv ladan l lan] jwe nan devlòpman ou? E jodi a, èske yo favorize oswa an amoni ak santiman w nan sans ou renmen viv la?

Tankou mwen te di li pi wo a, mwen grandi nan youn katye pòv. Rive nan Kafoufèy( nan tan pa mwen an) Mounn yo pa te pòv menm jan ak mounn Bèlè yo, men yo pa te rich. Se tout sa mwen te wè nan grandi mwen nan de katye sa yo ki te louvri je mwen sou lavi pèp nou an, mizè li, soufrans li, abi ak veksasyon li sibi nan men mounn, yo swedizan rele mounn save yo.

Mwen kab di jounen jodi a, fòs enèji mwen mete nan travay kominotè, nan batay pou avansman lanng kreyòl la eksetera se rezilta tout sitiyasyon mwen te wè devan je mwen pandan mwen te ap grandi. Mwen dwe di tou mwen te gen de gran frè, yo chak nan fason pa yo te ede mwen wè epi konprann boulvès lavi nan de katye sa yo. Mwen ap tou pwofite pou mwen di de mesye sa yo mèsi ( Gaetjens Hyppolite ak Kéder Hyppolite) Se youn moso nan chak ki fòme epi gani mounn ki ap pale ak nou jounen jodi a . Kanta pou papa mwen ak manman mwen, mwen pa kwè mwen ap janm rive fin di yo mèsi. Tout tan mwen gen souf lavi a sou mwen, mwen ap toujou kontinye glorifye kouray yo, rèv yo te gen pou nou ak devouman yo te mete atè pou yo te asire edikasyon nou. ( Papa mwen se nèg ki te voye rigwaz anpil, men mwen sonje, lè mwen te gen 38 an mwen te ekri li pou mwen te di li mèsi, paske se nan laj sa a, pandan mwen ap viv lavi pa mwen kòm papa, mwen te resi dekouvri valè tout efò li te konn fè pou fanmi an).

Mwen kab di san ezite, tout sa mwen te wè, tout sa mwen te jwenn lakay manman mwen ak papa mwen jwe youn gran wòl nan tout rèv mwen genyen pou tèt pa mwen, pou fanmi mwen ak pou kominote kote mwen ap viv jounen jodi a.


Di nou kichòy sou aktivite w an jeneral e bagay ki enterese w an patikilye.

Aktivite mwen, apa travay mwen, se pote kole nan lavi kominote Ayisyen an bò isit la nan Otawa. Mwen fè sa nan radyo, nan patisipasyon mwen nan divès gwoup kominotè, nan ede fanmi bò isit la konprann pitit yo pi byen ak konsèy mwen ba yo nan radyo oubyen an prive. Lòt aktivite ki monopolize tout tan lib mwen genyen, se lanng kreyòl la, travay lekriti ak lekti. Sinema, mwen renmen sa, men fòk se fim ki ap trete sijè ki ale nan sans pa mwen.


Tout moun fè pati yon kominote, e pafwa plizyè menm. Ki sa ou kab di nou sou kominote pa w la [ou kominote pa w yol] ? Konsidere tout kominote ki enterese w, menm si ou poko rantre anndan yo nèt.

Mwen kab di nou, sèl grenn kominote ki enterese mwen, se kominote Ayisyen an. Se youn kominote ki difisil anpil. Pyèsmounn pa pe vin ede ou mete men, sepandan tout mounn ap tann ou vin mete men ak yo. Sa vle di, travay mwen ap fè bò isit la, mwen pa touche pou li, men li di anpil. Mwen kontinye fè li, paske mwen toujou di younn, mwen pa vle rete nan peyi etranje tankou youn bwa fouye aladriv, epi de, sa ki enpòtan, se pa mounn ki vel detwi aksyon nou yo, men se depreferans kòz nou ap defann lan. Si tout mounn pliye baton ke yo chita sou li, kominote Ayisyen bò isit la ap disparèt anvan lontan. Anvan lontan tout timounn nou yo pral bliye rasin yo epi pa pe gen okenn kote pou yo vin pran refij lè lavi bò isit la deside mate yo.


Ki pi gwo pwoblèm kominote sa yo twouve sou wout yo? Menm si kominote a byen devlope deja, ki lòt pwoblèm li kab rezoud pou l pi bon toujou?

Li ta bon pou mounn yo sispann pale sa yo pa konnen. Dimwens, li ta bon pou lè youn mounn vin pote zen ba ou, pou di li : kote prèv ou. Li pran mil an pou konstui youn zèv, men de kretyenvivan ki ap di sa yo pa konnen ansanm ak si la yo, ki deside tande yo, paske yo renmen zen, sifi pou krabinen tout sa ki te fè nan youn jou.

Mwen kwè tou nou dwe aprann panse an gran. Gen mounn ki ka rele sa elitis. Kanta mwen, mwen rele sa rale sa ki pi lwen yo, ankouraje yo monte vin jwenn nou.


Ki sa-k ede kè w bat chak jou? Ki sa-k vle fè kè w kase chak jou?

Chak kou mwen wè pitit mwen yo vle suiv wout mwen ap trase pou yo, pou yo ka pran plas yo isit nan Kanada. Chak kou mwen wè jenn Ayisyen bò isit yo ap pale kreyòl. Chak kou mwen wè yo ap chèche konnen kote yo soti.Chak fwa mwen leve, mwen wè madanm wen kanpe dyanm ak mwen nan tout sa mwen ap fè : lekriti, lavi kominotè, levasyon timounn yo eksetera, mwen di gen espwa. Mwen di fòk mwen kontinye travay pou mwen kite tras youn chemen pou sila yo ki nan wout yo. Se ak tras sa yo, yomenm, yo va sèvi pou yo agrandi chemen pa yo. Kè kase mwen : Se ta pèdi travay mwen. Kè kase mwen se peyi Ayiti ki pral tonbe anba bòt Ladominikani.. Kè kase mwen se goumen pou mwen kenbe lasante mwen dyanm.


Ki pi bèl rèv ou janm fè?

Pi bèl rèv mwen nou tout nan Ann Pale nou konnen li : Se pou lanng kreyòl la ak literati kreyòl la fè bon jan dekabès sou tè Ayiti ak nan tout peyi kote ki gen anpil Ayisyen.


Kounyè a, sipoze - jis sipoze - ou genyen 10 milyon dola kòm rekonpans pou entèvyou sa, a kondisyon ou depanse tout nan yon grenn jounen, ki jan ou ta depanse l?

Mwen ta va achte liv kreyòl otè Ayisyen yo ekri pou mwen blennde tout bibliyotèk nan tout vil peyi Ayiti.


Kounyè a, sipoze - jis sipoze - ou vin konnen se 7 jou sèlman ki rete pou w viv, ki jan wap pase dènye semenn sa?

Nan lapenn. Vi laj mwen, mwen pa ta gen kouray pou mwen al fè okenn ekzibisyon kè mwen pa ta ka rive sipòte.


Ki lidè (vivan ou mò) ou plis admire sou latè, kit se nan domèn atistik, politik, syantifik, spirityèl, dwa moun, elatriye?

Fidel Castro, Jean-Jacques Dessalines, Moriso-Lewa, Papa mwen ak manman mwen, paske yo se premye lidè mwen wè devan je mwen depi mwen te ti katkat.


Anvan w ale, pa neglije ban nou yon diplis nan tout refleksyon sa yo.

Viv Ayiti, viv lanng kreyòl la, viv pèp Ayisyen aba lenjistis.


Finalman, ki lòt mounn ou panse ki ta dwe pran lapawòl pou reponn kesyon sa yo

Tout mounn ki santi yo pare pou yo pataje moso nan lavi yo ak nou nan bon timamit san madou. Sa vle di, tout mounn ki pare pou yo kite kè yo pale san manti.
[/quote]

Post Reply