Festival Bannzil Kreyòl Kiba: Lè Kiba rankontre Ayiti

Post Reply
User avatar
serge.bellegarde
Posts: 2
Joined: Fri Apr 01, 2016 12:18 pm

Festival Bannzil Kreyòl Kiba: Lè Kiba rankontre Ayiti

Post by serge.bellegarde » Sat Aug 27, 2016 11:11 am

Se te yon bèl konbit kiltirèl ki reyalize nan Laavàn, Kiba nan 4 rive 7 dawout 2016. Dans, mizik, konferans, echanj kiltirèl, se sa nou asiste nan Festival Bannzil Kreyòl Kiba ane sa. Men, pou moun kip a konnen kisa Bannzil Kreyòl Kiba ye, m ap bay yon ti deskripsyon rapid.

Bannzil Kreyòl Kiba, se yon òganizasyon kiltirèl ke Hilario Batista Felix, yon Kiben ki gen desandan ayisyen, te kreye nan mwa dawout 1997. Òganizasyon an gen twa objektif : etid, konsèvasyon ak difizyon lang kreyòl la nan peyi Kiba. Misyon prensipal li, se travay pou etidye ak konsève lang kreyòl la nan Kiba e nan rejyon Karayib la, epi ankouraje tout moun ki enterese nan kesyon lang, kilti ak idantite, pou twoke eksperyans yo nan domenn sa yo. Manm Bannzil Kreyòl yo, se Kiben, Ayisyen, Kiben ki gen desandan ayisyen ak etidyan ki nan Kiba e ki soti nan tout peyi ki pale kreyòl yo (kreyolofòn) (pa ekzanp, Matinik, Ayiti, Gwadloup, Sentlisi, Dominik, Giyàn franse, Zile Sechèl, Reyinyon, Rodrigès).
Pou chak Festival, òganizatè yo chwazi yon tèm. Ane sa, tèm 2016 la se te : Lang kreyòl ayisyen an ak Lajenès.

Òganizasyon Festival la te sou reskonsabilite Gwoup Bannzil Kreyòl Kiba, Sant Kilti Julián del Casal, Komisyon Kiben UNESCO, ak Sant Juan Marinello.

Inogirasyon Festival Bannzil Kreyòl Kiba a fèt nan jounen jedi 4 dawout nan « Casa del Alba », devan yon piblik mwen ta estime a 200 moun. Pami envite yo, ou te ka wè Ambasadè peyi Commonwealth Dominik; Premye Sekretè Ambasad Ayiti a, Cristel Plaisimond; Reprezantan Ministè kilti Kiba, ak anpil lòt Kiben ki gen desandan ayisyen. Kiben –Ayisyen, Lic Santiago Pérez ak Consuelo Doris t ap fè tradiksyon an kreyòl pou oratè ki te pale an panyòl. Mwen te pale kòm manm Akademi Kreyòl Ayisyen an, envite espesyal nan Festival la.

Apre diskou yo, te gen yon bèl pati kiltirèl e se te yon plezi pou wè gwoup kiben sila yo k ap entèprete mizik folklorik nou tout konnen yo, danse dans nou tout abitye ak yo : Quinteto Kiba Kreyòl ak Cotorro (ki soti nan pwovens Habana); gwoup Mekongo (ki soti nan pwovens Santiado de Cuba); Grupo musical Renacer Caribenõ (ki soti nan pwovens Camaguey); Cuarteto Caribe Kreyòl Ciego de Avila; Refrigerio. Fòk mwen souliyen tou pèfòmans Quinteto Kiba Kreyòl la se yon gwoup pitit Fondatè Bannzil Kreyòl, Natalie, fòme. Natalie etidye mizik, jwe gita e li chante. Mwen te apresye espesyalman kouman yo fè bèl aranjman kèk oso klasik nan repètwa folklorik ayisyen an: Ayiti cheri, Panama m tonbe, Fèy o, elatriye. Amoni vwa a, se te bèl bagay. Youn nan sè Natalie, Nadine, gen yon pitit fi ki gen 6 ou 7 lane. Se te yon plezi pou wè kouman li konn danse.

Jounen vandredi a nan maten, se te konferans ak deba. Otè Milagros Pol ki soti nan pwovens Granma te pale sou “Raices del árbol haitiano”. Lic Santiago Pérez Speck ki soti nan pwovens Guantanamo te pale su “Toña Magdalena Peti e kontribisyon l nan Indistri sik la. “ Serge Bellegarde te fè yon prezantasyon sou Akademi Kreyòl Ayisyen an ak prezans lang kreyòl ayisyen an lòt bò dlo. Pita, Otè Irene Batista te pale sou “Wòl Legliz kretyen yo nan konsèvasyon kreyòl la nan Kiba”. Otè Zulema Rosel Fonseca te pale sou “Rasin franse ak ayisyen kay lajenès nan Palma Soriano, Pwovens Santiado de Cuba”. Consuelo Doris ak Judith Hernandez te pale sou “ Prezans kreyòl la nan mitan yon fanmi ayisyen nan Habana”. Natalie ak Nadine Batista (pitit Hilario Batista) te pale sou “Enfliyans rasin ayisyen sou tradisyon mizikal ak dans kiben yo”.
Nan Vandredi apremidi, nou tout transfere nan Sant kiltirèl Julian del Casal ki nan pati ansyen Laavàn , yon kote ki se yo gwo sant pou touris nan Laavàn. Se la nou rankontre yon atis pent fanm ki rele Bertha Lemus, yon Kibèn sanpousan ki limenm, damou ak Ezili. Se konsa li gen yon seri penti li fè ki reprezante Ezili nan diferan kontèks ke limenm li imajine: Ezili gid nan travay, Ezili ki nan jaden li li, Ezili kap edike moun elatriye. Bertha Lemus di li p ap plenyen pou lajan, li pa gen pwoblèm lajan; l ap penn paske li renmen sa, paske li renmen Ezili, li renmen Ayiti. Li fè ekspozisyon penti nan diferan peyi nan Ewòp e li pa gen anyen pou l pwouve ankò. Dayè, li kontinye, li pa gen lontan pou l viv ankò, kididonk, se ede l ap ede Hilario, yon moun ke li konsidere ap fè yon manman travay ke li admire anpil anpil.

Mwen pran tan bay detay sa yo pou montre kouman Festival Bannzil Kreyòl Kiba, se pa yon senp aktivite kote moun rive nan yon sal pou vin gade yon ekip moun k ap danse epi selebre kilti a sèlman. Festival la, se yon veritab sesyon edikasyon kote moun aprann non sèlman sou kilti a, men sou diferan aspè ki fè gen tout rapò sa yo ant kilti ayisyen an ak kilti kiben an. E bannzil Kreyòl Kiba ap jwe yon wòl total kapital pou bay kilti ayisyen an ak lang kreyòl la jarèt nan Kiba. Nou ka konnen pa ekzanp ke se poutèt Bannzil Kreyòl ak Kiben-ayisyen yo ke lang kreyòl ayisyen an, se dezyèm lang ki pale nan Kiba. Yo estime ke nan Kiba, gen 1, 5 milyon Kiben ki gen desandan ayisyen e yo tout patou nan peyi a. Festival sa a bay yo okazyon pou yo tout reyini nan Laavàn. Dayè, kalite enstitisyon ki sipòte Festival sa a montre ki enpòtans otorite kiben yo bay lakilti nan peyi yo anjeneral, e kilti ayisyen an sitou; sa montre nan ki nivo yo konsidere rapò kiltirèl ki genyen ant Ayiti ak Kiba.
Apremidi a fini ak yon lòt manifestasyon kiltirèl ankò : dans, mizik, danse elatriye.

Nan jounen samdi a ki koumanse nan Sant Juan Marinello, te gen de konferans enteresan anpil.

Otè Juan Legio (pwovens Habana) bay yon konferans ki te gen pou tit: “ Lafrans ak Ayiti nan Kilti Kiba”. Apre sa, Nancy Avilés ki soti nan pwovens Camaguey, ak Alberto Hamilton (pwovens Habana) pale sou “Gwoup ki transmèt kilti ayisyen nan Kiba ak enfliyans yo kite”. Yon etidyan ki fèk diplome nan Kiba e ki rele Paskal Swafèt fè yon rale sou “ Entegrasyon sosyal ak moun enfim ann Ayiti”. Yon franse, Daniel Mirabeau, bay yon konferans sou “Franse ki soti nan Santo Domingo” ( non koloni franse Santo Domingo ki vin tounen Ayiti apre endependans ). Yon lòt konferans enteresan, se te prezantasyon Lic. Raimundo Gomez Navia ki pale sou “Ayisyen nan Kiba: yon pwojè etid endividyèl”. Misye se yon ekspè k ap fè rechèch sou sityasyon Ayisyen nan Kiba. Li souliyen ke malgre tout pwogrè ki fèt, gen nesesite pou gen plis jefò ki nan Kiba pou moun kapab jwenn plis konesans sou Ayiti. Li gen entansyon fè yon sonday sou Ayisyen nan Kiba, paske, dapre li, gen diskriminasyon k ap fèt toujou kont Ayisyen nan Kiba.

Apre sa, Hilario Batista li kèk pwezi nan yon ti liv li ekri pa gen twò lontan e ki rele: Nostalji san pwen ni vigil. Lè w ap li pwezi sa yo, ou santi tout nostalji ki soti nan imaj li yo. Se tout tradisyon ayisyen yo ou jwenn nan tèks sa yo. Jan Frederick Jean Mathieu di, lè n ap li pwezi sa yo, “n a konprann jan yon Ayisyen, kèlkanswa kote li ye, kèlkanswa kote li pran nesans sou tè a, l ap toujou pote Ayiti nan kè l…”. Sa, se pa manti.

Lòt prezantasyon, se Felipe Nicanol (pwovens Ciego de Avila) ki pale sou “Blag popilè ann Ayiti”. Sa ki enteresan, se pa paske Kiben sa yo fèt nan Kiba – anpil ladan yo panko janm al Ayiti – ke yo pa konnen pi bèl kont lakay. Yo di w se gran moun yo ki te aprann yo tire kont konsa.
Sesyon sa yo fini ak yon seri kesyon ak diskisyon ki montre enterè asistans lan te genyen pou koneksyon ant Kiba ak Ayiti, sou kilti a, sou lang kreyòl la.Yo te enterese anpil gen plis enfòmasyon sou Akademi kreyòl la, sou ki jan sa taka rive ke yon Akademi kreyòl ta monte nan Kiba, paske gen pami yo k ap prepare travay an kreyòl. Mwen te pwofite di yo pou yo kenbe kontak ak Akademi a pou lè travay sa yo pibliye, yo pa an depaman ak ekriti ofisyèl la.

Si gen yon bagay ki pou fè kè nou tout Ayisyen gonfle ak ògèy, se wè ak ki kalite fyète Kiben an ap di li se desandan Ayisyen. Se pi gwo lonè pou li, menm si li pa pale kreyòl la byen. Se youn nan gwo satisfaksyon Hilario Batista ak Banzil Kreyòl Kiba k ap travay di pou bay idantite ayisyen an nan Kiba jarèt.

Apremidi samdi a fini ak yon gwo selebrasyon apre nou transfere yon lòt fwa nan Sant kiltirèl Julian del Casal. Diskou kloti, remèsiman, mizik, dans, anpil zanmitay. Se konsa Festival Bannzil Kreyòl Kiba 2016 fini. Pwochen Festival la pwograme pou 2018 e mwen swete moun k ap li ti rezime sa a ava koumanse pran dispozisyon pou yo kapab patisipe. Mwen ka di pa gen anyen ki ta fè Hilario plis plezi pase pou l ta wè yon bèl delegasyon soti lòt bò dlo pou vin pote kole ak Bannzil Kreyòl Kiba nan pwochen festival li.

Post Reply