leksik kreyòl afro-ayisyen (2)

Post Reply
Jean Robert Placide
Posts: 2
Joined: Fri Nov 12, 2004 2:11 pm

leksik kreyòl afro-ayisyen (2)

Post by Jean Robert Placide » Fri Sep 29, 2006 9:47 am

LEKSIK KREYOL AFRO-AYISYEN (2)
AK JEAN-ROBERT PLACIDE

Kèk senmenn pase, Pwofesè Jan-Wobè Plasid te pibliye nan “Ti Gout pa Ti Gout” youn premye atik sou « Leksik Kreyòl Afro-Ayisyen. » Jodi-a nou kontan kontinye pote youn lòt pati nan bèl travay sa-a bay lektè-nou-yo.

* * *

1- lomeyans : n. ; youn fòm literè nan literati kreyòl la.
• Etimoloji : lomeyans soti nan lang Fon, Lafrik Ginen : ( xo mlan = pawòl pou lwanje ). Lomeye = fè lomeyans. Lomyansè = sanmba ki ap fè lomeyans.
• Egzanp : Sanmba Keslèbrezo konpoze anpil bèl lomeyans.

2- huenouho : n.; youn fòm istwa nan literati kreyòl la.
Etimoloji : huenouho soti nan lang Fon, Lafrik Ginen : ( huenu xo = pawòl tan ansyen ). Li vle di : mythe, récit légendaire, histoire ancienne.
Egzanp : Max Beauvoir pibliye youn huenouho ginen sou sit entènèt li a.

3- samdi : n.; mò antere ki nan simityè , nanm nan simityè.
• Etimoloji : samdi soti nan lang Fon , Lafrik Ginen : (sè amè di = espri moùn yo antere ).
• Egzanp : Bawon Samdi se gadò simityè.

• Remak :
Samanakawona = se amè Anakawona = nanm Anakawona
Samadjègwè = sè amè di ye xuè = nanm mò kay yo

Donk, li posib pou nou ta di : samèdjè, samdi, sama = nanm mò …
• Egzanp : Samèdjè Desalin, samdi Desalin, sama Desalin = nanm Desalin

4- wòklò : n.; adjektif; youn kalte vwa rebèl, youn vwa gwo gagann, youn gwo vwa.
• Etimoloji : wòklò soti nan lang Fon, Lafrik ginen : ( xo kòlò = vwa grav )
• Egzanp : Malè pandje sou tèt tchovi k'ap fè wòklò ak paran yo.

5- anayite : ki kote nou prale ( cf. : afitayi, avotayi … )
• Etimoloji : nan lang Fon, Lafrik Ginen : ( a n a yi te = ki kote nou prale ?)

6- ratazòtò : n., adjektif; moùn ki ap mache koupe tèt boule kay
• Etimoloji : ratazòtò soti nan lang Fon, Lafrik ginen : ( xa ta zò tò = koupe tèt, boule … = moùn ki ap koupe tèt epi ki ap boule kay )
• Egzanp : zenglendou, vòlè ratazòtò.
Bandi, vakabon ratazòtò Matisan ap mache vòlè boule kay moùn.

7- Madjoman : n., adj. ; moùn ki moùn toutbon vre; moùn ki gen moùn sou yo.
• Etimoloji : nan lang Fon, Lafrik Ginen : ( mè jò mè ) = moùn ki fèt moùn. Kondi filizòf Henock Franklin ( 2005 ), se moùn ki gen tout mounite yo sou yo. ( cf. Henock Franklin, Filozofi mounal, 2005 )
• Egzanp : Papa mwen ak manman mwen se te ayisyen madjoman; ayisyen ki ayisyen toutbon; ayisyen ki gen nanm ayisyen sou yo.

8- Demèfle : v.; kout pye dechalbore nan ba vant. (cf : Simon David, moùn Chantal)
• Etimoloji : nan lang Fon, Lafrik Ginen, ( xo = vant mè = anndan … ; xo mè = zantray ; xo mè fle ( fli ) = pèdi youn pati nan vant ; nan zantray ). Tcheke espresyon tankou : Lanmè vant = matris. Egzanp : mè vant lan tonbe; lanmè vant lan tonbe.
• Egzanp : Okenn moùn pa dwe bay fanm youn koutpye demèfle.

9- Atchawèl : fanm bwòdè, fanm chèlbè, fanm pingèt bounda mate, fanm kokakola bounda anlè. ( cf. Simon David, moùn Chantal )
• Etimoloji : nan lang Fon : atcha = bwodri; nan fransè : rouelle = bounda.

10- Atchasou : gason bwòdè, chèlbè, gason bòzò. ( cf. atchasou zangòdò )
• Etimoloji : nan lang Fon, Lafrik Ginen : atcha = bwodri; su = gason
• Egzanp : Fanm atchwèl, gason atchasou : lajan yo y'ap defann nan lari a.
__________
Bibliyografi :
1. Dictionnaire Fon – Français, R. P. B. Segurola, 1963
2. Filozofi mounal, Henock Franklin, 2005


Jan Wobè Plasid
Sosyete Koukouy Seksyon Kanada

Post Reply