Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang lan

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang lan

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 4:58 am

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 07 Me 2001 a 01:28:46:

[quote]Nikola Andre ekri:
[quote]Genyen "oungan", "ounsi", "ounfò". Se mo sa yo ki jistifye prezans son "oun" nan òtograf la.[/quote]

Hugues St.Fort ekri:
[quote]Nou jwenn vwayèl bouch-nen [û](oun)lan kèk mo kreyol ki soti lan vokabilè vodou, tankou [ûgâ](oungan), [ûsi](ounsi), [ûfo](ounfo), [ogû](ogoun), [hû](oun), [ûgèvè](oungèvè);[/quote]

Edner Monsanto ekri:
[quote]Son oun pou kont pa li vle di oubyen ekivalan ak bondye / granmèt nan lang afriken ki fè n kado mo sa yo oungan / ounsi. Yo menm di ke mo vodou a pi korèk le w ekri VODOUN. Sesi non sèlman yo rapote ke se kon sa lang Afriken yo ( ? ewe oubyen fon) ekri yo men tou gen plizyè kote nan peyi Ayiti kote yo pwononse Vodoun. Sesi non sèlman yo rapote ke se kon sa lang Afriken yo ( ? ewe oubyen fon) ekri yo men tou gen plizyè kote nan peyi Ayiti kote yo pwononse Vodoun. Mwen renmen kozman sa a tèlman ke pafwa ekri Vodoun konsa tou. Mwen si e sèten gen moun pou konvenk yo yo pral mande w pou prouve yo ke moun ki pwononse VODOUN yo pa gen chè nan nen . Kom nou tout konnen moun ki soufri ak chè nan nen tout son vin nazal pou yo.
[/quote]

Tout koze sa yo enteresan anpil. Mwen panse li ta enteresan pou nou kontinye kòmante sou aspè lang Kreyòl sa apa.

1) Ki lòt enfliyans Vodou/Vodoun gen sou fason Ayisyen pale?

2) Ki lòt mo nan pratik/relijyon Vodou a ki jeneralman pa itilize andeyò de rityèl Vodou yo?

3) Ki lòt mo ki soti nan pratik/relijyon Vodou ki non sèlman li itilize nan rityèl Vodou, men yo pase nan izaj regilye ki pa sakre, oswa menm nan yon izaj ki si kouran moun ta ka pa janm konnen se nan Vodou yo soti?

4) Eske gen yon bon jan diksyonè Vodou sou mache a? Mwen p ap pale de liv sou Vodou ki annik ajoute kèk paj vokabilè kòm apendiks, men yon ouvraj ki espesyalize nan vokabilè Vodou a?

5) Eske nou ka bay kèk referans konkrè sou orijin son "oun" lan, osnon konfime opsèvasyon Edner te fè la sou sans "oun" lan nan mitan pèp Afriken yo?

6) Finalman, a tit de referans nan kad fowòm sa, eske nou ta vle jis bay definisyon tout mo nou t ap pale de yo, epi lòt nou va entwodui?

oun (?):
vodoun:
oungan:
ounsi:
ounfò:
ogoun:
oungèvè:

Mèsi anpil pou atansyon nou. Souple se nan kad lang lan mwen vle rete toujou, se pa nan kad espirityalite Vodou a. Si nou vle diskite espirityalite Vodou a, fè li nan yon mesaj detache. Annou ba tèt nou disiplin sa.

M ap tann repons nou sou tout kesyon sa yo, ak lòt ankò ki kapab envestige enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen p ale (Kreyòl la).

Guy S. Antoine[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Repons Jan Wobè Plasid

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 5:03 am

An repons a: Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen Guy S. Antoine te ekri a,

Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 08 Me 2001 a 17:01:37:

[quote]G. Antwàn frè mwen,
N'ap pran koze yo mòso pa mòso. Men oun pati nan repons nou ta ka bay pou demann ou te fè yo.

0- Pou referans sou Sosyete Koukouy, gen youn bann ak youn pakèt tèks. Nou gen tèks E. Mivil yo, tèks Mikèlanj Ipolit yo, tèks Jan Mapou yo, …
Pou plis detay ankò, silvouplè, tcheke Jan Mapou kise yoùn nan manm yo ki nan Biwo Santral Sosyete Koukouy. Deplis, nan Libreri Jan Mapou ki sou entènèt, w'ap jwenn fòs liv ak dokiman ki pou ta ba ou tout kalite enfòmasyon sou mouvman literè gwo Sosyete sila.

1- Diksyonè mo vodoun :
Mwen pa konnen si gen youn diksyonè mo vodoun sèlman. Gen de bon liv omwen mwen konnen ki gen mo Lafrik ladan yo, enpi pami yo, gen mo vodoun tou. Se :

- L'édifice créole en Haiti, soubassements africains. (Jano Ilè, 1993 )

- Inventaire étymologique des termes créoles des caraibes d'origine africaine. ( Pyè Anglad, 1998 )

Pa bliye leksik mo vodoun nou ka jwenn nan S.Silven (1938). Enpitou, travay konpilasyon mo vodoun E.Meji te konn fè parèt nan Haiti en marche.

2- Definisyon mo yo :
Definisyon anpil nan mo sa yo deja ekri nan liv nou site yo. N'ap jwenn definisyon n'ap pale yo nan P.Anglad 1998 : 163-164 , nan J. Ilè 1993 : 318-319 enpi nan Segourola 1963 : 232-234.

3- Referans pou son " oun " = / u tilde / mwen genyen epi mwen sèvi avèk li se :

Dictionnaire Fon-Français, R. P. B. Segurola, 1963, dezyèm parèt 1968.

Pou kesyon leksik la avèk koze enfliyans gramè a, n'a pale sou sa pi devan, nan 2 ou 3 jou konsa.

Annatandan, m'ap felisite ou ak tout kè mwen , nan non Sosyete Koukouy Seksyon Kanada tou , pou bèl trvay ou ak bèl konpòtman ou nan fowòm nan, ni kòm animatè , ni kòm moderatè.

Ann toujou ap lite !
Jan Wobè Plasid
Pofesè kreyòl.[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Repons Jan Wobè Plasid

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 5:04 am

Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 11 Me 2001 a 15:45:47:

[quote]Enfliyans vodoun sou lang kreyòl la

Etimolojikman, " vodoun ", se dabò youn dans lwa. Nan premye sans sa a, danse vodoun se pa laye kongo ni danse yanvalou. Dezyèmmam, " vodoun ", nan lanng Fon, se lwa yo. Nan sans sa a, sa konn rive nèg yo ka konsidere youn moùn ki mouri, oubyen youn pyebwa , tankou youn "vodoun ", tankou youn <<lwa>> . Se konsa, konsepsyon nèg ginen yo genyen sou lwa yo, sou limanite, sou linivè, kapab charye youn vizyon dimonn ak youn filozofi ki pa menm ditou ak sa k'ap balanse nan peyi Lewòp yo.

1- Paregzanp, nan vizyon dimonn nèg ginen, lemonn pa gen maskilen ak feminen ( osnon : <<neutre>> ), tankou nèg fransè peyi laten wè li a. Lemonn gen fanm ak gason gen mal ak fenmèl. Vizyon sa a bay youn lanng Lafrik ( tankou lang Fon, lang Ewe ) kote se distenksyon sèks yo plis fè : <<su>> pou gason, <<si>> pou fanm.

Se sa ki fè, nan kreyòl la, nou jwenn <<hounsou>> pou kanzo gason, nou jwenn <<hounsi>> pou kanzo fanm. Kòm egzanp ankò, nou ka wè mòfèm <<sou>> an tache nan kèk mo nan leksik la tankou : bosou twa kòn, marasa dosou, kebyesou. ( bosou = mal kabrit ; dosou = gason ki suiv marasa yo ; kebyesou = gason Ebyoso a )

Sa lakoz , nan gramè kreyòl la, nan mòfoloji kreyòl, nan fòmasyon plizyè mo kreyòl, ( kontrèman ak gramè franse a ), mo yo pa distenge jeneralman sou baz feminen / maskilen. Se distenksyon gason ak fanm nou fè.

Egzanp : mal kabrit / fenmèl kabrit ; pye kenèp mal / pye kenèp femèl ; bouzen fanm / bouzen gason.

Menm lòt mo tankou <<sol>> pa ni maskilen, ni feminen. Li kapab fanm osnon gason : swa larèn solèy oubyen jeneral solèy.

Aplikasyon : nan semantik kreyòl la , ak enfliyans vodoun an, pa gen okenn distenksyon maskilen /feminen pou non peyi yo. Sa lakoz, nan gramè greyòl, pa gen okenn chwazi ant sekans swadizan prepozisyonèl <<an>> selon si non peyi a ta maskilen / feminen.

Nou kwè, konpòtman sa nou genyen nan langay kreyòl, pou nou sèvi ak kategori mal/femèl , gason/fanm , li ploge dirèk dirèk sou youn erit ay vodoun.


Kòm enfliyans lanng Lafrik yo sou kreyòl la plis aji nan epi avèk pratik vodoun yo, n'a retounen ankò pou nou pale sou relasyon lengwistik sa yo avèk kreyòl la.

Se te youn ti mòso refleksyon pa nou sou koze enfliyans vodoun an kamarad Gi Antwàn te poze kòm kesyon.


Jan Wobè Plasid
Sosyete Koukouy Seksyon Kanada.[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Repons Jan Wobè Plasid

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 5:13 am

An repons a: Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen Guy S. Antoine te ekri a,

Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 22 Me 2001 a 17:42:11:

[quote]Gi monchè,

Pou nou te eseye reponn kesyon ou yo, nou te fè youn ti rechèch nan diksyonè Fon -Franse, Segourola (1968); nan envantè etimolojik Pyè Anglad (1998), epi nou te tcheke youn tèks Estèl Emanyèl (1998) te fè parèt sou entènèt.
Men rezilta yo ansanm avèk ti refleksyon pa nou ladan.

1- Mo ki sèvi sèlman nan langay sakre a .

- mo ki nan fòmil majik yo, nan pawòl langay yo tankou :
* zo wanwen sobo kaliso
* sobologwe, sobolovi
* akouwa, akouwa, genou waze
* ayimake vodoun
* koklo gidi ? adjalovi e !
* yanvalou mitchò, miton yèwè,kodjawe
* afitayi ? ayi !
* awochè nago ? awo !
* yanvalou kanwelo
* ayimado kouyenou

- non pwòp lwa yo tankou : Ebyoso, Danbala, Ogoun, Èzili …

- non komen kou :koklo (poul,kòk),dan (koulèv),bosou (kabrit)

2- Mo nan langay sakre an konparezon avèk mo nan langay pwofàn

* hountògi (langay sakre) = tanbourinè,(langay pwofàn)
* houn (langay sakre ) = tanbou ( langay pwofàn )
* houngèvè (langay sakre ) = chèn an kolye ( langay pwofàn)
* marasa, hohovi ( langay sakre ) = jimo ( l.p )
* zen nago ( langay sakre ) = ti chodyè ( langay pwofàn )
* atoutou ( langay sakre ) = akra ( langay pwofàn )
* koklo ( langay sakre ) = kòk , poul ( langay pwofàn )
* agida ( langay sakre ) = bagèt ( langay pwofàn )
* ason (langay sakre) = ti kloch, tchatcha,(langay pwofàn )
* govi ( langay sakre )= boutèy nwa ( langay pwofàn )
* pe, pedji (langay sakre ) = lotèl ( langay pwofàn )
* djevo ( langay sakre ) = wogatwa, ogatwa (langay pwofàn)
* apopo ( langay sakre ) = kabare, ti bak ?(langay pwofàn)

3- Mòfèm nan langay sakre ki rantre nan konpozisyon mo kreyòl

* so = loray,( egzanp : Ebyoso, djiso, asogwemen, sodjèmen)
* gè = latè .(egzanp : gede, gedevi, yegede, genou, legede)
* sou = gason, mal(Kebyosou, atisou, bosou ,dosou, hounsou)
* tchò = silans, silans lannmò ( egzanp : mitchò, tchovi)
* vi = timoùn ( egzanp : pedevi, govi, vigwele, vivi,alovi)
* zo = dife ,cho (egzanp : kanzo, zobop, ratazòtò )
* koklo = kok, poul ( egzanp : zoklo, tèt kokolo, kodase)
* ka = resipyan ( egzanp : katoutou, kalan, kalyèz)


4- Mòfèm nan langay sakre a ki pase nan lizay pwofàn nan atravè lanng kreyòl la :

* marasa . Nan kreyolistik, ( lengwistik kreyòl ), 2 mo marasa sa vle di 2 mo ki sinonim, ki gen menm sans.
* Oungenikon = fanm ki pa konn fè anyen, nan zòn Pòdepè.cf. diksyonè Pèlmann nan.
* Koklo. Nan Nò, yo konn di gason koklo ki vle di gason ki pale anpil., ki pyaye tankou poul.
* Kodase = chante poul lè li ap chante ze ( lanng Fon : koklo do asi = kri poul lè li ap chante ze )
* Vi = timoùn. Pedevi = timoùn ki fèt pandan youn lòt nan tete toujou.
* Sou = pitit gason. Kebyosou ( pitit gason Ebyoso ),se non jwèt Msye Jan Remon, ki se yoùn nan responsab youn gwoup ki rele Foula Vodounle.( pati sa, se youn repons pou Gi)
* Zo = dife. Ratazòtò vle di moùn ki ap koupe tèt, ki ap boule zòt.
* Ka = resipyan. Kalalou vle di plat sòs ak lalo. Kalyèz vle di fanm ki ap pote dlo, pote kleren pou vann, swa nan konmbit, swa nan rara.


Mèsi tout moùn pou bon atansyon nou bay pou pawòl nou ap di yo.

Ak onè respè

Jan Wobè Plasid
Pofesè kreyòl
Sosyete koukouy Seksyon Kanada[/quote]

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Moderatè fowòm lan remèsye Jean-Robert Placide

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 5:24 am

An repons a: Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen Jan Wobè Plasid te ekri a,

Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 13 Me 2001 a 17:11:58:

[quote]Jan Wobè,

Mèsi pou bèl ti atik sa ou ekri sou sijè enfliyans Vodoun sou lang Ayisyen an. Mwen aprann anpil koze ladann. Se bagay sa yo ki fè valè fowòm lan. Nou gen dwa rive ladan l, epi aprann yon bagay pratik san nou pa sètoblije fè ni devwa ni rechèch, ni tann moun retounen sot nan vakans.

M espere lòt kapab ajoute sou detay ou bay la yo. Ti limyè ou ban nou sou etimoloji mo sa yo (hounsou, bosou, dosou, kebyesou) enteresan anpil, ou pa f on ide. Men mwen ta renmen ou di mwen yon ti diplis sou zafè "gason Ebyoso a". Eskize iyorans mwen.

Mwen envite patisipasyon tout moun ki gen kichòy yo kapab ajoute sou zafè enfliyans Vodoun lan sou lang Kreyòl la, san yo pa rantre fon nan domèn espirityèl la, paske domèn espirityèl la merite yon sijè tou nèf menm jan sa te konn fèt deja. Se sou zafè lang lan mwen vle nou rete la. Mwen pa konnen, men mwen santi gen plis bagay ke nou ta kapab di toujou.

Pa egzanp, eske nou ta kapab konfime ou demanti pou mwen sa mwen te tande yon kanmarad di: ke mo "kanggannen" (boukannen) an gen rasin li (petèt Kanggan) nan yon dye dife ki gen orijin li ann Afrik nan youn nan tradisyon relijye yo ki se yon prekisè pou Vodou ayisyen an. Mwen pa konnen si gen verite nan sa, men si nou konnen bagay sa pi byen, li ta bon pou nou lage konesans sa la sou fowòm lan.

Antouka, ou te reponn "prezan" a apèl mwen te lanse a, nan yon fason ki pote limyè pou tout sa ki pa konnen, e mwen voye yon GWO chapò pou bèl ti kontribisyon sa.

Annou kontinye konbit la. [/quote]

Post Reply