Ann Pale sou Ekriti Kreyol

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Apr 26, 2006 8:37 am

Silko, mwen pa gen pwoblèm. Depi ou kab fè ekriti kreyòl la vanse, mwen avèk ou.

Sa pa vle di ke nou dakò 100% sou jan li dwe ekri a. Mwen wè plizyè bagay ou ekri, mwen pa tap ekri yo menm jan.

Men kou sa tou, gen plizyè bagay mwen ekri Kaptenn pa tap ekri yo menm jan avèk mwen.

Men nou toujou kab pote kole malgre ti diferans ki genyen ant nou. Lò ou ba moun zouti nan montre kouman pou yo ekri kreyòl la, petèt fò w ta note ti diferans sa yo. Petèt lò sa, moun yo va konprann diferans ki egziste ant metòd Yv Dejan an, metòd Sosyete Koukouy la (nan Kanada), ak lòt varyasyon ki egziste toujou, men toujou rete nan grann liy refòm ekriti kreyòl la ke Minis Joseph Bernard te dekrete ofisyèlman an Janvye 1980 (sa gen 26 lane! ) Lò sa, san fè lagè, yo va deside ki sa ki fè plis sans pou yo.

Ann kolabore. Mwen toujou vle dakò sou sa.

=============================
=============================

Men de twa bagay ou ekri, mwen ta ekri yon lòt jan:

pwal (Silko) <--> pral (Guy)

konen (Silko) <--> konnen (Guy) [paske mwen pa pwononse mo sa "ko-nen" , mwen pwononse li "kon-nen". Mwen pa fin konprann pou ki sa anpil moun sou fowòm lan ensiste pou yo itilize yon sèl "n" lò yo pwononse klèman 2 "n" lò yap pale]


sim-met (Silko) <--> si m mèt [ou] si-m mèt (Guy)

apran (Silko) <--> aprann (Guy) [ankò in fwa, mwen pa konprann kouman fè yon seri moun, ki poutan maton nan zafè kreyòl la, ensiste pou yo ekri yon sèl "n" lò mwen byen tande yo pwononse 2 "n" lò yap pale. Mwen poko janm twouve yon esplikasyon ki plozib sou bagay sa. Pou ki yo ekri "kon-pran" lò yo pwononse "kon-pran-N" ak de "n" nan son final la, san grate tèt ? ? ? ] Mwen pa kab konprann pou ki sa yo pa kab ekri "konnen", "konprann", "tann", "pwatann", elatriye.]

Pa egzanp, pou yo ta ekri ekivalan "Entendons-nous, messieurs", yo pito ekri "An antan nou, mesye" men sa yo pwononse a se "Ann antann nou, mesye". Nan mo "antan" lan jan yo ekri li a, premye "an" bay yon son, men dezyèm "an" an bay yon lòt son. E poutan yo di ke yo dakò ak règ ekriti a ki di ke chak son nan kreyòl la gen yon sèl jan disten pou ekri li [gade referans mwen ban nou sou fowòm lan pou Ekriti Ofisyèl Kreyòl la]. Sa vle di yo dakò an prensip, men an pratik, yo pap fè li. Se tankou yon seri moun rich an Ayiti ki dakò peye taks an prensip... men an prensip sèlman.

E poutan, menm moun sa yo pral kouri mete 2 "n" lò pa gen nesesite anplwaye 2 "n" ditou. Pa egzanp, yo ekri "Vinn pale w", "Finn fè sa wap fè a". Alò kesyon mwenmenm mwen genyen, se pou ki sa yo pa ekri "Vin pale w", "Fin fè sa wap fè a". Pou ki sa yo twouve yo blije ekri 2 "n" nan "vinn", "finn". Si se konsa yo wè l, alò kouman yo ta pwononse "vin", "fin". Pou ki pou w itilize twa lèt "inn" lò ou kab pafètman itilize 2 sèlman? Mwen pa twouve yo gen yon sans de lekonomi: se gwo diferans lan sa ant mantalite franse ak mantalite meriken. Sa meriken di an kat ou senk mo, blan franse a menm li pran uit a kenz mo pou li di menm bagay lan. Transfere bagay sa nan ekriti kreyòl la tou: menm rezilta a.

Epi tou, gen son vwayèl "oun" lan nan kreyòl la ke mwenmenm pèsonèlman mwen pa janm tande [men gen son nan angle tou pa, egzanp, ke mwen gen anpil pwoblèm pou mwen tande, kidonk mwen kab konsevwa ki se limitasyon zòrèy an mwen]. Se sa ki fè mwen pakab ekri "mounn" (sètadi "m-oun-n") tankou Sosyete Koukouy nan Kanada, paske tout jan mwen louvri zòrèy mwen, se "moun" mwen tande. Se sak fè mwen ekri l kon sa. Mwen ekri "moun" paske mwen ta ipokrit si-m ta di-w ke mwen tande "mounn". Mwen deja konnen Michel-Ange Hyppolite ak Jean-Robert Placide pap dakò menm avèk mwen sou pwen sa, men mwen mande yo padon. Mwen pa tande son an.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Apr 26, 2006 8:51 am

Finalman, mwen gen tandans ekri (menm jan avèk ou) "map", "wap", "lap", "nap", "yap", "tap", "kap" olye mwen ekri "m ap", "w ap", "l ap", "n ap", "y ap", "t ap", "k ap". Sou pwendvi sa, se plis yon bagay estetik ke teyorik. Mwen pa renmen wè tout grenn lèt sa yo ap flannen pou kont yo. Patikilyèman, lèt "k" ak "t" yo (ki pa menm reprezante prenon pèsonèl senp yo).

Kèk lengwis ou teyorisyen lang kreyòl la prefere wè anpil lèt ap flannen pou kont yo, pou yo prezève estrikti vokabilè ak gramè lang kreyòl la. Mwen gen anpil dout sou bagay sa, mwen pa wè nesesite pou gen tout grenn pwomennen sa yo nan ekriti lang lan.

Finalman, Sosyete Koukouy (Jean-Robert Placide, Michel-Ange Hyppolite, elatriye) ekri "lanng" tou, tankou "Mounn sa yo pale anpil lanng." Ankò in fwa, ak tout respè mwen genyen pou gran kreyolis sa yo, mwen pa fouti konprann pou ki rezon yo ekri "lanng" olye yo ekri "lang". pou ki rezon yo ekri "mounn" olye yo ekri "moun".

Men sa ki dwòl nètalkole, se lò moun ekri "vinn" olye yo ekri "vin", ak 2 "n", epoutan yo ekri "pwatan" nan plas "pwatann", ak yon sèl "n". Sa vle di yo vole "n" nan yon bò kote li ta sipoze ye epi yo blije al depoze li yon lòt bò kote li pa reyèlman gen plas li, paske li pa nesesè.


=============================
=============================

Antouka, nan pwen rezon pou nou pa kolabore. Ansanm, na fè de twa pa nan bon direksyon an, olye nou chita ap fè bak toujou.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Apr 26, 2006 11:52 am

Bon, Frantz, se lizaj ki fè la règ. Nou te mèt voksifere jan nou vle, se lizaj kap fè larèg. Men sepandan nou kab dakò sou kèk prensip tankou:

Tout son toujou ekri menm jan (ki diferean youn ak lòt)

Kowolè: "an" ak "ann" pa fouti pwononse menm jan (dapre prensip la)
Kowòlè: "in" ak "inn" pa fouti pwononse menm jan (dapre prensip la)
Kowolè: "lang" ak "lanng" pa fouti pwononse menm jan (dapre prensip la)
Kowolè: "moun" ak "mounn" pa fouti pwononse menm jan (dapre prensip la)
Kowòlè: "machin" ak "machinn" pa fouti pwononse menm jan (dapre prensip la)

Men gen moun ki ekri "mashin", sa menm ki ekri "mashinn". Mwen ta jis vle chak moun tonbe dakò sou prensip yo, epi jistifye jan yo ekri mo yo suivan menm prensip sa yo. Petèt se yo ki gen rezon, nan sistèm ekriti yo devlope a! Mwen jis envite yo bay jistifikasyon ki chita sou prensip Ekriti Kreyòl la. Apre sa lizaj kap fè larèg (nan dezan, nan senkan, nan dizan, nan ventan, elatriye)

Zafè Akademi Kreyòl la: se yon rèv, Ayisyen poko prèt pou gen disiplin ak tèt ansanm pou yo reyalize l. Kidonk, ann bliye sa. Men sepandan, nou kapav viv tèt ansanm sa, si nou vle, sou Ann Pale, epi nan tout pwomosyon nap fè pou lang ayisyen an. Konsa, lizaj va fè wout li. Epi se noumenm kap enfliyanse li san nou pa tann Akademi an. Si-n rete ap tann, nap tounen pwatann.

Men yon lòt prensip ankò:

Nanpwen lèt ki bèbè ou ki pa remèt son pou yo remèt la

Aplike prensip yo! Aplike prensip yo! Aplike prensip yo!

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Wed Apr 26, 2006 5:00 pm

Afè òtograf sa a se youn veritab pongongon pou nou sou fowòm lan.
Mwen kwè menm jan ak Franz nou dwe goumen pou rèv akademi an tounen youn reyalite.

Anfèt, pwen ki pèmèt nou antann nou yo, se paske kèk mounn te chita ansanm mete yo sou papye, ki fè nou jwenn yo jounen jodi a. Konsa, nou kab di gen moman Ayisyen konn antann yo.
Lizaj: Lizaj ekziste se vre. Men nan tèt mwen se gwo ponyèt ak respè yo genyen pou youn endividi [ Iv Dejan] ki lakòz youn prensip ki siyen nan règleman ofisyèl pou ekri kreyòl la vin ap pase anba pye jouk nou deside ap pran woulib sou lizaj.
Se nan sans sa a, mwen toujou kontinye ap goumen. Mwen toujou di respekte lalwa. Jou lwa a va chanje ofisyèlman, nou tout nan Koukouy Kanada, nou ap adapte nou ak nouvo lwa a. Se sa mwen toujou di epitou se sa mwen ap kontinye di. Annatan, gen youn prensip ki rete klè nan tèt mwen
LETA DWE PRAN RESPONSABLITE LI. Nou tout dwe goumen, pale ak mounn ki nan pouvwa yo pou LETA RIVE PRAN RESPONSABLITE LI. .

Guy ka espantan, men fason nou ekri son [oun] nan Koukouy Kanada a, se limenm menm ki nan dokiman ofisyèl yo. ( Li Pradel Pompilus, li Aprann Li kreyòl ak Alix Renaud , eksetera, eksetera nou va wè verite a)Si nan gwo ponyèt epi nan respè anpil mounn genyen pou Iv Dejan, yo toufounen son [oun ] an, nou pa responsab.
Mwen dakò ak Guy ki lizaj gen pou li fè travay li, men nou pa dwe, kondi Franz, kite lizaj senpman travay pou nou. NOU DWE AJI POU TOUT MOUNN RESPEKTE LALWA.

Mwen pral pran tan mwen fè foto kopi liv Pradel Pompilus la pou mwen voye pou Guy. Konsa, li va wè verite a. Epitou, li va wè ki kote lizaj ki pa respekte lalwa mete nou.

Nou pa dwe kite se lizaj ki ap aji pou nou. Nou dwe aji pou nou mete lòd nan dezòd. Sepandan, mwen rekonèt fòs prensip lizaj la.

Mwen pa rete non. Mwen pral soti.

Mwen pa pe gen tan reli tèks sa a pou mwen korije erè gramè si genyen.
Nou va eskize mwen.

Michel-Ange Hyppolite Kaptenn Kouklourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Apr 26, 2006 7:22 pm

Kaptenn, mwen te cho nan zafè Akademi Kreyòl la tou. Dizon, mwen vin pi reyalis...

Sa pa vle di mwen pa dakò pou Ministè Edikasyon ak Biwo Alfabetizasyon ak ansanm gouvènman an limenm pa pran mezi pou yo favorize inifòmite ekriti lang lan. Yo gen dwa ba li bourad. Men lò nou di Akademi, premye bagay ki vin nan tèt mwen se Akademi Fransèz. Pou kounyè a, mwen kwè Ayiti gen plis chans pou li rive genyen Koup Mondyal Foutbòl la. Se tou. Paske mwen pale de lizaj, e mwen pa kwè nan viyabilite yon enstitisyon konparab a sa Akademi Fransèz la, pa vle di ditou ke mwen apiye "tout voum se do". Pou dayè, se pa sa mwen janm aplike sou Fowòm lan. Chak jou map enfliyanse lizaj (e mwen pa menm gouvènman menm). Lò Ayisyen a kòmanse respekte Dwa Lòm, lò Ayisyen va aksepte prensip tout moun se moun, kit li peyizan kit li pa peyizan, lò Ayisyen va fini ak represyon politik, lò sa mwen va pèmèt tèt mwen espere ke yo pral koube devan yon enstitisyon akademik. E pou mwen, se sa yon Akademi ye apre tou.

Mwen pa janm di pou Leta pa pran responsabilite li nan bagay ki gen arevwa ak alfabetizasyon e edikasyon pèp la. Mwen pa janm eskize yon gouvènman oswa Leta sou zafè responsabilite li parapò evolisyon sosyal e ekonomi pèp li.

Pou zafè "moun" lan, men sa mwen di: Suivan prensip nou dakò sou yo a, gen yon diferans ant son "moun" ak "mounn" paske yo pa ekri menm jan. Se sa mwen di. E mwen di tou ke mwenmenm, ak anpil lòt moun mwen konnen, pa kapab diferansye ant 2 son yo. Mwen sipoze ou kapab fè diferans la. Men jiska dat, mwen poko kab fè li.

Se menm jan ak "lanng". Se pa dakò ke mwen pa dakò ke ou ekri son sa jan ou tande li a non. Men sa mwen di: Suivan prensip nou dakò sou li a, "lanng" ak "lang" pa kapab pwononse menm jan. Lò mwen wè "lang", jan mo a ekri a, mwen asosye li dirèteman avèk jan mwen tande li a. Lò mwen wè "lanng", tout vire mwen vire lang mwen, mwen pa fouti pwononse l jan oumenm ou ekri li a. Mwen pap chache derespekte pèsonn non, Kaptenn. Mwen jis vle fè ou konprann ke si mwen ekri "moun" ak "lang", se paske se sa mwen tande nan zòrèy mwen. Petèt zòrèy mwen pa bon!! Men sa se yon lòt chapit.

Ou te mèt di se gwo ponyèt, se sesi sela, men mwenmenm mwen vle rete kanpe sou prensip sa:

Tout son toujou ekri menm jan (ki diferan youn ak lòt)

Si prensip sa pa valab, di m sa. Men jiskaprezan, mwen pa kapab konsevwa nan eksperyans mwen diferans ki egziste ant "lanng" ak "lang" nan jan Ayisyen pwononse mo sa. Mwen pap fè kòbòy, mwen pap fè tonton makout. Si se limitasyon mwen ki fè mwen pa kab apresye diferans nan son yo, jis fè mwen konnen epi esplike li pou tout moun ki gen menm limitasyon avèk mwen kapab louvri zòrèy yo.

Ou pa bezwen fache non, mwen adrese ou avèk anpil respè. Men si m pa tande l, ki sa w vle m fè?

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Wed Apr 26, 2006 8:50 pm

Guy, mwen parye avèk ou, mounn ki renmen suiv zen sou fowòm lan pral branche pou yo li bèl mèvèy. Sa se konpòtman mounn ki pa pe travay yo. Yo ap pare yo pou yo jwenn byen san swe.

Mwen konprann ou trè byen Guy. Sijesyon mwen genyen pou koze son [oun] sa a, lizay ap antere a, se kreye youn lòt siy pou pwodui li, paske nan sistèm òtograf ofisyèl 18 sektanm 1979 la, ki sèl referans legal mwen, son [oun ] an parèt. Sa vle di, se pa noumenm nan Koukouy Kanada ki ap enpoze li.

Men mwen dwe di ou, siy yo sèvi pou reprezante san [oun] an kreye youn konfizyon nan youn sistèm ki di : pa gen lèt bèbè. Se poutèt sa, mwen ta sigjere pou leta chwazi youn lòt siy pou reprezante son [ oun ] an.

Mwen rejwenn Guy epi mwen dakò ak Guy ki di li pakab pwononse son [oun] an, paske mwen ap repete li ankò, siy ki sèvi pou reprezante son [ oun ] an ale alonkont manman prensip sistèm òtograf la, ki di: PA GEN LET BEBE.
Mwen konnen gen siy lenguistik nan sistèm API a (Alphabet Phonétique International ) ki pou pèmèt ou pwononse son [oun ] an, men mwen pa konnen kijan pou mwen ta mete yo nan fowòm lan. Se Jean-Robert Placide ki pi avanse pase mwen nan lenguistik ki kab fè travay sa a. Mwen espere tou li va fè li.

Franz, apa diferans ki genyen sou [ oun ] , mwen pa konsyan lòt diferans ankò non ki genyen ant lide Pwofesè Iv Dejan ak lide ki genyen nan òtograf ofisyèl la, noumenm Koukouy nou kontinye ap itilize.

Chak fwa mwen ap li youn tèks, mwen senpman ajiste mwen se tout. Anfèt, jouk kounye a, tout mounn ki ap ekri yo toujou rete kole ak pozisyon yo chwazi a. Yo pa fè pinngponng, ale-vini ak sa yo ekri.

Mwen kwè, pou mwen repete li youn milyèm fwa, gen «incohérence» nan òtograf ofisyèl la ki dwe korije.
Youn òtograf pa pe janm pafè. Depi gen grese sere fòk nou fè yo. Aktyèlman, gen youn ti liv ki rele «Vadémécum de l'orthographe recommandée» ki parèt ak youn dal chanjman nan òtograf lanng franse a.
Kidonk, apre tout ane ekzistans nou konnen yo, gen chanjman ki ap fèt nan òtograf lanng franse a, ale wè pou kreyòl la nou fenk kòmanse ap ekri epi ki chaje ak mounn ki ap goumen kont li.

Guy, mwen va voye fotokopi ti liv sa a pou ou tou. Tanpri voye adrès lakay ou pou mwen nan youn kourye entèn.
Non Guy monchè, mwen pa fache. Li enpòtan pou nou echanje sou pwen nou santi ki diferan nan batay nou ap mennen an.

Si nou pa fwote lide younn ak lòt, kouman nou ap fè jwenn limyè pou klere chemen nou pou nou kontinye batay pou vansman lanng kreyòl la. Sèl sa mwen toujou di: brase lide dwe fèt nan respè younn pou lòt. Alaverite, se pa gen tò oubyen genyen rezon ki konte. Se avansman kòz la ki konte pou mwen.
Mwen kab asire nou tout sou fowòm lan, depi mwen gen tò, nan nenpòt kèl deba ki ap fèt sou fowòm lan, mwen ap toujou aksepte tò mwen. Poudayè, mwen kwè mwen bay ekzanp lan youn fwa deja.

Bon mezanmi, ann vanse!!

Mwen, m'ale
Se te Michel-Ange Hyppolite( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Apr 26, 2006 10:57 pm

[quote]apa diferans ki genyen sou [ oun ] , mwen pa konsyan lòt diferans ankò non ki genyen ant lide Pwofesè Iv Dejan ak lide ki genyen nan òtograf ofisyèl la, noumenm Koukouy nou kontinye ap itilize. [/quote]
Kaptenn, ann fon ti rete sou son "ng" a, ki fè ou ekri "anng", "inng", "onng" tankou nan "lanng", "pinnponng" elatriye.

Eske ou kapab eklèsi pou nou diferans ki dwe egziste nan pwononsyasyon lang ak pwononsyasyon lanng pa egzanp?

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 4:40 am

[quote]òtograf lang kreyòl lan se yon veritab pongongon [/quote]
Bon, petèt pou 2%.

98% ladan, san grate tèt, depi ou aprann vwayèl yo, konsòn yo, fonèm yo, prensip ki fè baz ekriti a. Ajoute konsistans, retire movèz fwa nan resèt la, epi ou deja genyen yon bèl gato. Se 2% ladan-l ki poko fin kuit.

2% ki pa fin kuit la se yon veritab pongongon, jan ou di. Mwen sèten, Kaptenn ta ekri: "se yon veritab ponngonngon" (menm jan li ekri "pinngponng"). Eske m manti Kaptenn?

Sou zafè si pou ekri "lengwis" oswa "lenguis" la, sa depan jan ou pwononse l, ou jan laplipa Ayisyen ta pwononse mo sa. Gen moun menm ki kab gen tandans ekri "lengis". Ekriti mo sa, tankou anpil lòt mo merite kodifye. Men sepandan, fòk ou kab rekonèt ke "lengis", "lenguis", ak "lengwis" reprezante 3 son ki DIFERAN youn ak lòt. Pa konfonn 2 fonèm sa yo: "wi" ak "ui". Yo pa pwononse menm jan. pa egzanp:
"kui" vle di "cuir" an franse, "leather" nan angle;
"kwi" se mwatye kalbas la pòv yo abitye mande charite avèk li a, epi ou te konn depoze 1 goud ladan (nan tan lontan - e menm senk kòb, dis kòb, ven kòb, ou degouden menm). [Mwen sipoze, sèjousi, si ou lage dis kòb nan kui yon pòv, li kapab di w sa pou fè ak marenn ou.]

Mwenmenm, mwen ta ekri "lengwis" ou chache yon mo ekivalan nan lang lan si li egziste. Men sepandan, mwenmenm pèsonèlman, mwen pa ta ekri "lenguis", paske se pa konsa mwen janm pwononse mo sa e mwen pa kwè se konsa laplipa moun pwononse li nonplis.

Yon ti mo pou Kaptenn, sou zafè son [oun] lan. Nan "Fowòm Ayisyen" an ki te presede "Ann Pale", gen 2 ekspè lang ki te bay egzanp mo ki gen son sa ladan l. Youn nan ekspè yo te fè pati Sosyete Koukouy Kanada. Lòt la te nan kan Iv Dejan an. Ekspè sa yo se te: Jean-Robert Placide ak Hugues St Fort. Mwen te kontan entèvansyon yo. Se tou jis pou m di ou se pa movez fwa mwen genyen. Tou 2 nèg sa yo, ki poutan pa nan menm lekòl ekriti a, te dakò sou son [oun] nan yon chan byen patikilye: pwononsyasyon anpil mo nan leksik Vodou [Vodoun]. Mwen pral chache bèl entèvansyon sa yo, m'a retounen avèk yo.

Bon, m'ale wi, anvan Frantz mande mwen si li kab ekri "pral chache" menm jan ak "pwal chache". Nan tout bagay sa yo, sa mwen kab di Frantz, men li: si li ekri 2 fason diferan, se paske li pwononse 2 fason diferan. Louvri zòrèy nou pou nou tande.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Apr 27, 2006 7:31 am

Anfen serafen pye fen!!
Depi plizyè semenn nou ap pale sou koze òtograf la, nou resi rive sou youn teren kote nou rantre nan pale ak bon jan limyè.

Mwen dakò 200 % ak Guy. Se senpman 2% nan manje a ki poko kuit. Nou dwe goumen ak otorite yo pou yo fè modifikasyon ki esansyèl yo. Men, nou rete klè, ka toujou genyen lòt modifikasyon ki va petèt nesesè nan 30 an oubyen 50 ankò.
Mwen ap ekri pongongon menm jan avèk ou Guy, paske o +n fè on . Pon, son, tonton eksetera.

Bon men prensip ki byeze
a+n fè an. Pantan, mannan.
Si nou vle detache son [a ] pou li sonnen pou kont li, nou mete youn aksan fòs sou li. Konsa: pan ( pan kabann lan) pa menm ak pàn ( machin lan pran pàn)

Sa vle di tout vwayèl kreyòl ayisyen yo gen posiblite pou nou fè yo sonnen apatide nen nou. Tout vwayèl yo gen posiblite nazalize. Kisa ki nazalize yo? Se lèt [n] lan ki kab nazalize yo, lè yo mete li sou bò dwat vwayèl la.
Nou gen [an]. Se youn son [a ] ki pase nan nen. Nou gen [en] se youn [e] ki pase nan nen nou lè nou deside pwononse li.
Nou gen [on] se youn [ o] ki pase nan nen nou, lè nou deside pwononse li.
Sepandan, rive sou son sou mounn ki prepare òtograf ofisyèl yo deside
fè youn eksepsyon, men yo pa di nou, yo fè youn eksepsyon. Sa vle di yo pa endike nou fason pou nou fè son [ i] a pse nan nen nou

Si se pa te eksepsyon sa a, ki merite korije, [ in] pa ta fouti pwononse jan nou pwononse li jounen jodi a, nan mo kou: machin, vin, pin eksetera.
Suivan menm prensip ki aplike pou son [a] ,son [e] son [o] a, nou ta va gen youn ki pase nan nen ki ta ban nou (pinyinp) . Kòm òtograf ofisyèl la pa konstan nan prensip nazalize epi denazalize a tankou yo fè li pou van/ vàn oubyen ven/ vèn oubyen ankò pan / pàn . Gen kote se de [n] younn dèyè lòt ki vin pote nou sekou.
Konsa, nou genyen yon ak yonn .
Mounn ki vle touye son [oun] yo, ki se son [ou] ki pase nan nen, pa janm sèvi ak [yonn] Tan pou yo sèvi ak li, yo pito itilize prensip( youn siy youn son an) pou di y/ou/n. Poutan, yo ta kab ekri y/on epi yo ta kab ekri y/onn.

Ann kontinye ak prensip lojik yo. Nan òtograf ofisyèl la nou genyen youn fason pou nou ekri [ou] ki pase nan nen an. Nou ekri [oun].
Ekip ki pa dakò ak li a, di wi se vre , [ou] nan nen an ekziste, men se nan mo vodoun senpman. Ann kite li sou kote. Ann fè youn esksepsyon ak li pou mo vodoun yo senpman.
Se la a litij la vin eklate ant ekip ki ap suiv prensip òtograf ofisyèl la ak mounn ki ap suiv prensip Pwofesè Iv Dejan yo. (Atansyon nou respekte travay pwofesè Iv Dejan, sòfke nou pa dakò ak li nan fason li deside mete son[ oun] ki pase nan nen an nan kategori eksespsyon senpman paske se sa li vle fè)

Bon, si mwen ekri [pinngpong ] jan mwen fenk ekri li la a, se paske nan òtograf nou an , pou nou nazalize youn vwayèl, se lèt [n] lan nou mete sou bò dwat li. Kòm nan Pinngpong, mwen bezwen fè a pase nan nen mwen, mwen ekri [ pinngpong] . Dezyèm [n] ki vini apre [ in] lan, se li ki pèmèt mwen pwononse son [n] lan nan pinngpong.
Se menm jan an tou, dezyèm [n] ki vini apre son [oun]an, ki se youn [ou] ki pase nan nen, se limenm ki pèmèt mwen di: mounn, younn, granmounn eksetera.
Konfizyon: Wi gen konfizyon, paske sistèm lan di : youn siy youn son. Se poutèt sa, mwen di, li ta enpòtan pou yo ta kreye youn lòt siy pou pèmèt nou ekri son[ ou] ki pase nan nen an, paske li antre an konfli ak younn nan prensip òtograf ofisèl la. YOUN SIY YOUN SON.

Nan òtograf la, yo pa endike fason pou nou fè son pase nan nen, kant li posib, menmsi mwen pa gen anpil mo mwen konnen ki pase nan nen menm jan ak lè mwen vle ekri pinngpong, ni tou yo pa sèvi sistematikman ak prensip aksan fòs la kòm mwayen pou denazalize youn son, tankou li endike klèman nan mo kou vàn ak pàn. Se poutèt sa , nan Koukouy Kanadan, nou pwopoze [oùn] pou nou rezoud litij la.

Mwen pale anpil, men mwen eseye ale youn etap alafwa. Se sa ki fè tèks sa a lonng konsa.
Mwen ta sigjere nou enprime li epi pran san nou pou nou li-l.
Se posib mwen kab fè erè nan sa mwen soti di la yo, men pwofesè mwen Jean-Robert Placide va toujou repare fot mwen yo.

Jodi a, nou dakò gen youn [ oun] ki ekziste epi ki nan òtograf ofisyèl la. Sèl bagay gen litij sou lide jeneralize li nan òtograf la oubyen ankò kenbe li kòm eksespsyon pou mo nan vodoun.

Pral / pwal, lenguis / lengwis
Mwen dakò ak Guy. Nan ka sa yo, mounn lan ekri mo a fason li pwononse li a. Se sa ki fè mwen di lonng enon pa long oubyen ankò lanng enonpa lang.
Zonng enonpa zong. Ekriti sa yo, soti nan varyasyon rejyonal ki genyen nan pwononsyasyon lanng kreyòl la.

Li 8:15, mwen pa pe gen tan reli pou retire erè.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Apr 27, 2006 9:05 am

Frantz, konsènan apostwòf, men sa òtograf ofisyèl 1979 la di :

Nou kapab sèvi ak apostwòf pou pwonon Sijè yo:

M'vini rele ou epi ou pa vini.
Jèda pa la l'al lekòl

m', n', l' se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre a.

Ou remake, yo di kapab. Yo pa di , nou dwe. Sa fè youn diferans.

Sepandan, lè nou ekri apostwòf la li evite konfizyon.

Gen mounn, sou konsèy pwofesè Iv Dejan, ki pa sèvi ak apostwòf, men pyèsmounn pakab fòse yo fè li, paske li pa obligatwa.

Ekip ki suiv Dejan an di : kite apostwòf la tonbe paske se youn siy anplis (poutan an franse yo pa di apostwòf se youn siy anplis).

Yo di kite apostwòt la tonbe, sa kab fasilite mounn ki fenk ap aprann li yo.
Poutan, yo bliye, mounn ki fenk ap aprann li yo, pral aprann li franse youn jou, epi menm mounn sa yo pral oblije fè aprantisaj apostwòf la nan lekti an franse.

Si yo kab sèvi ak li pandan yo ap li franse, poukisa yo pa aprann sèvi ak li depi nan aprantisay lekti nan lanng kreyòl la!! Konsa, yo ta pwofite konesans sa a pandan yo ap aprann franse. Nan langay teknik, yo rele sa, transfè pozitif.

Gen ekspè ki di tou daprè regleman lenguistik, m kab kanpe pou kont li. yo di li byen kab. Yo pa di dwe. Konsa, mwen ap kontinye di li , pou evite konfizyon epi pou nou eklèsi mesaj nou , nou ta dwe toujou sèvi ak apostwòf la. Kòm lizay montre tout mounn ap lage apostwòf. Kòm nan Koukouy Kanada, nou bouke goumen ak van. Nou deside ekri ak sa yo rele fòm plèn nan. Mwen evite ekri m'. Mwen pito ekri tout mo a.
Li kab parèt youn ti jan bebe pafwa, men li evite mwen dezagreman ak lòt mounn ki chwazi pa itilize li yo epi ki vle fòse tout mounn fè menm jan ak yo a.

Alaverite, depi gen youn son ki tonbe, nou dwe mete apostwòf nan plas son ki tonbe a. Se konsa sa fèt nan angle ak nan franse.

Sepandan, nou va toujou sonje, siy apostwòf la dwe ale sou bò dwat lèt ki manke son an.

M'ap enon pa M ap' . APOSTWOF LA TOUJOU ALE SOU BO DWAT MO KI PEDI SON AN.

Pi devan nan youn lòt mesaj. Mwen va mete prensip Ti Tirè a pou ou. Prensip sa a tou, se youn prensip ki fakiltatif. Se si ou vle, ou va sèvi ak li.

Mwen pa rete non.
Micehel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Post by admin » Thu Apr 27, 2006 9:33 am

Kaptenn, ou te fè yon bèl ti rale sou sa deja nan liy sa:

Itilizasyon Apostwòf ak Ti tirè nan kreyòl Ayiti a

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Apr 27, 2006 8:50 pm

Frantz,
mwen fè kèk gramatikal sou lide ou te ekri yo epi mwen mete kèk kòmantè anplis.

Ann li:
[quote]pou'm ka [/quote]

Nan ka ki anwo a, apostwòf la mal plase. Ou ta dwe mete li sou bò dwat m lan.

Code: Select all

pou m' ka
Ou pa kab di
[quote]apostwòf lan[/quote]
Se

Code: Select all

apostwòf la

Poukisa? Se paske ou ka ekri atik lan oubyen an, lè mo ki agoch atik la fini ak youn son ki pase nan nen.

Ekzanp: pon an, mont lan, van an vs. pòt la, foto a, liv la, wout la... eksetera.

[quote]ma tou pwofite[/quote]
Ou ta dwe ekri

Code: Select all

m 'a tou pwofite

Dwe gen youn espas oubyen youn apostwòf ant m lan ak vèb la.

Ou pa kab di
[quote]Guy bay lan[/quote]
Ou dwe di

Code: Select all

Guy bay la
paske son ay la pa youn son ki pase nan nen.

[quote]fòt nan sa ke 'm[/quote]
Nan ka sa a, apostwòt la mal plase. Ou dwe mete li sou bò dwat m lan.

Code: Select all

fòt nan sa ke m'
.... eksetera

Nan younn nan entèvansyon Guy yo, li te bay sitiyasyon kou: map, lap, nap, mwen ka ajoute kap, wap, son eksetera.

Tout ka sa yo, se ka ki gen tandans jeneralize, paske mounn yo refize respekte prensip òtograf la epi jenneralman, pa gen okenn mounn ki kouri dèyè yo.

Se pa map. Se m ap oubyen m'ap.
Se pa lap. Se l ap oubyen l'ap.
Se pa kap. Se k ap oubyen k'ap.
[Atansyon, regleman lenguistik yo pa bay k pèmisyon pou li kanpe pou kont li. Men gen lè lenguis yo te bliye sa.]
Se pa wap. Se w ap oubyen w'ap.
Se pa son. Se s on oubyen s'on : [S'on chat].

Nan tout ka sa yo, pou evite fè erè, ou ka toujou ekri tout mo an antye.
Mwen ap, Li ap, Ki ap, Se on, Ou ap, eksetera.

Si nou pa rete veyatif, apre 10 epi 15 lane mounn yo fin pran abitid ekri tout son sa yo nan fason ilegal la, pral gen youn ekip lòt mounn, ki riske sèvi ak koze lizay la pou di: se konsa sa fèt.

Mwen genyen nan men mwen la a de liv Pauris Jean-Baptiste. Se de woman: Yonn rele Peyi Zoulout (1979), lòt la rele Nan lonbray inosans (1985).

Nan ane 1979 Pauris Jean-Baptiste te konn ekri menm jan ak prensip ofisyèl la: youn epi younn. Men rive nan ane 1985, mwen pa konnen si se presyon Edisyon Deschamps te ba li, misye te kapote. Li te rantre nan ekip mounn ki te chwazi touye son [oun] an. Eske se depi lè sa a lizaj la te kòmanse ap rantre nan ekriti Pauris Jean-Baptiste? Sa a mwen pa konnen. Men se konsta a mwen fè nan feyte de nan liv li yo mwen nonmen pi wo yo.

Bon! Mwen pa kab di mwen pral pran abitid korije tout sa mwen li nan seksyon lanng lan, paske mwen pa pe gen tan pou sa.

Mwen pa rete non.

Nou va pale demen.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Apr 28, 2006 1:02 am

Kaptenn, se bèl bagay. Kounyè a, mwen wè se oumenm ki tounen Pwofesè Pistach! Men kòm pa ka genyen 2 Pwofesè Pistach e ke oumenm ou pi sevè, nou kapab rele w petèt "Tou kale, tou kale" :P

Mwen dakò avèk prèske tout sa ou di yo, ak ti ra eksepsyon. Te mwen kouvri sa mwen pa dakò avèk yo a:

1) Jan ou ekri mo "pinnpong" lan. Premye fwa ou ekri mo sa, ou te menm ekri li konsa: "pinngponng" jan nou ka wè anlè a. Men apre sa ou chanje l, ou ekri "pinnpong". Jan ou trete mo sa, fòk yon nèg gen yon doktora pou li konprann teyori ki dèyè l la. Antouka, mwen poko gen ase lajan pou m achte ni "pinngponng" ni "pinngpong". Si ou pèmèt sa, mwen va achte l sou kredi wi, men mwen pa renmen fè kredi.

2) Ou ekri

[quote]Nan younn nan entèvansyon Guy yo, li te bay sitiyasyon kou: map, lap, nap, mwen ka ajoute kap, wap, son eksetera.

Tout ka sa yo, se ka ki gen tandans jeneralize, paske mounn yo refize respekte prensip òtograf la epi jenneralman, pa gen okenn mounn ki kouri dèyè yo.

Se pa map. Se m ap oubyen m'ap.
Se pa lap. Se l ap oubyen l'ap.
Se pa kap. Se k ap oubyen k'ap.
[Atansyon, regleman lenguistik yo pa bay k pèmisyon pou li kanpe pou kont li. Men gen lè lenguis yo te bliye sa.]
Se pa wap. Se w ap oubyen w'ap.
Se pa son. Se s on oubyen s'on : [S'on chat].

Nan tout ka sa yo, pou evite fè erè, ou ka toujou ekri tout mo an antye.
Mwen ap, Li ap, Ki ap, Se on, Ou ap, eksetera.

Si nou pa rete veyatif, apre 10 epi 15 lane mounn yo fin pran abitid ekri tout son sa yo nan fason ilegal la, pral gen youn ekip lòt mounn, ki riske sèvi ak koze lizay la pou di: se konsa sa fèt.[/quote]

Sou pwen sa yo, mwen dakò avèk ou, Kaptenn a 99.9% .

Mwen se yon nèg ki renmen gramè tou anpil anpil [ou pa fè yon lide]. Epi mwen rejte konklizyon w lan asavwa ke sa se egzanp "mounn yo (ki) refize respekte prensip òtograf la...". Se pa vre, Kaptenn. Mwen te jis sigjere "map, wap, lap, nap, kap" nonpa paske mwen pa respekte prensip òtograf la, men paske mwen deja santi ke nan ekriti kreyòl la, gen twòp lèt grenn pwomennen k'ap flannen pou kont yo, e mwen santi sa pral vin nui Kreyòl la. Nan ka sa yo, se pa règ Ekriti Kreyòl la mwen vyole, se règ Gramè Kreyòl la. Men se yon ti pale anlè mwen t'ap fè paske nou twouve eksepsyon gramatikal nan tout lang e mwen panse ke petèt se nan sans sa bagay yo pral evolye. Sepandan, mwen pa fè ou fot ditou dèske ou veyatif, e ke ou deklare ke fòk nou ekri: "m ap ou m'ap, w ap ou w'ap, l ap ou l'ap, n ap ou n'ap, ak k'ap" . Kidonk, Pwofesè, mwen aksepte kout fwèt la, ou te byen aplike li, men ou pa bezwen rantre nan santiman mwen nan sigjere ke mwen se yonn nan "mounn (ki) refize respekte prensip òtograf la". Bagay la pa bezwen rive lwen kon sa (e pou ki sa oumenm ou ekri konsa, mwen te kab di ou ke se an 2 mo pou ou ekri li tou).

Kidonk, nou pa bezwen kontinye diskisyon an sou "map, wap, lap, nap, kap elatriye". Mwen aksepte presizyon gramatikal ou a, men mwen gen yon sizyèm sans ki di mwen ke nan Ekriti Kreyòl la, gen twòp lèt ki grenn pwomennen, twòp lèt k'ap flannen pou kont yo, epi nan lavni gen lòt solisyon ki kapab aplike. Nou pa bezwen pete lòbèy sou sa non. Nan ventan (20 an), petèt se mwen k'ap gen rezon, petèt se mwen k'ap gen tò. Kèlkeswa vèdik la, mwen deja aksepte li.

Men sepandan, 0.1% kote mwen pa fin dakò avèk ou a, se lò ou sigjere pou nou ekri: "Mwen ap, Li ap, Ki ap... Ou ap". Mwen twouve konstriksyon sa yo yon jan atifisyèl, paske yo ale alankont de jan moun pale. Li sa ou ekri yo byen fò. Ou byen konnen moun pa di: "mwen ap", se "m'ap" nou di nan lang lan. Moun pa di "ki ap", se "k'ap" yo di nan lang lan. Moun pa di "li ap", se "l'ap" yo di nan lang lan. Kon sa tou yo di "t'ap", yo pa di "te ap".

Kidonk, Kaptenn, nan lanmou pou Gramè Kreyòl la, m'ap aksepte remak ou yo sou apostwòf yo. Pou dayè, nan jan pa yo, apostwòf yo redui zafè lèt k'ap mache tankou grenn pwomennen yo. Ou kab di ke apostwòf yo, se ajan byennèt sosyal yo ye. Yo fòse grenn pwomennen yo kole ak lòt mo yo sipoze gen relasyon avèk yo a. Bon, mwen dakò, paske nan yon repiblik ou pa kab gen tout grenn pwomennen sa yo. Sa pa bay yon bon enpresyon ditou.

Men ekriti "mwen ap", "ki ap" elatriye, menm sou kredi mwen pap achte yo.

OK, ann pouse bourik la pi lwen pou nou rive nan boug la anvan jou.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Apr 28, 2006 9:36 am

Bonjou tout mounn. Mwen ap di Frantz mèsi pou remak li yo.
Si ou remake li byen mwen toujou siyen Kaptenn koukourouj.
Kaptenn Koukourouj se non sanba mwen. Se sa ki fè Guy rele mwen Kaptenn

Mwen youn ti jan dekouraje, paske maten an mwen pase 1 è tan ap travay sou repons pou Guy. Youn repons trè pozitif epi ankourajan, men repons lan, kwake mwen wè li, mwen reli-l, li disparèt. Se pa premye fwa repons mwen ap disparèt. Mwen ta renmen konnen kiisa mwen te fè ki lakòz?

Mwen deja ekri Guy an prive pou mwen wè si li ta kab retrase li pou mwen, men mwen poko jwenn repons li.
Tèks ki ekri youn fason espontane se pa janm tèks ki kab refèt menm jan an ankò. Mwen vle fini ak sitiyasyon disparisyon tèks mwen yo. Se poutèt sa mwen ap mande èd.

Bon mwen pa rete non.
Si mwen gen tan pandan fen semennn lan, mwen va eseye rekreye tèks mwen remake ki gen lè pèdi a.

Mwen pa rete non. Men mwen prale ak espwa Guy va rive retrase tèks la pou mwen.
Kaptenn

Tidodo_

Post by Tidodo_ » Fri Apr 28, 2006 12:11 pm

Hyppolite,

Mwenmenm tou, mwen te vle salye w e di w konbyen mwen renmen li tèks ou ekri an Kreyol. Pou yon mounn ki anreta lan Kreyol lan, mwen toujou twouve li pli fasil pou m li tèks ou ekri. Mèsi pou bèl travay sa ou ap fè pou pèp Ayisyen an. Kòm ou deja konstate lan tèks mwen ekri la, ilfo ke m fè plis efò lan lang manman m lan. Men, yon jou ma rive la.

J-M.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Apr 28, 2006 2:48 pm

Mèsi pou kòmantè a. Mwen ap kontinye travay pi fò toujou pou mwen kab kite youn kontribisyon dirab pou lanng manman nou an.
M'ale
Kaptenn

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Apr 28, 2006 3:38 pm

Hyppolite, mwen poko menm gen tan tcheke imel mwen jiskaprezan, paske mwen te nan anpil "meeting" jodi a. Men sepandan, mwen kab di ou, mwen regrèt sa, men mwen pa konnen kote mesaj ou te ekri a pase. Tou sa mwen kab konseye w, se ekri mesaj enpòtan yo andeyò fowòm lan dabò (tankou nan "Microsoft Word, Notepad, elatriye), epi lò ou fini, ou kab kole-pyese yo sou fowòm lan. Mwen regrèt sa te rive ou, e sa konn rive mwen tou, men petèt pa nan menm sikonstans avèk ou. Mwen konn rete travay sou yon dokiman pandan plis ke inèdtan, epi mwen pa janm sove dokiman an, epi konpitè a fè yon lavaj de memwa li sanzatann ak tout sa mwen te ekri yo. Mwen konnen se yon bagay ki dekourajan anpil, men fòk nou pran leson lò sa rive nou. Sovgade, sovgade, sovgade dokiman yo, dizon chak di minit konsa. Petèt chak fwa nou ekri yon paragraf menm. Si mesaj la enpòtan tout bon, sovgade li andeyò fowòm lan, anvan menm nou afiche li. Se sèl konsèy mwen kab ban nou ki reyèlman efektif.

Antouka, mesye, mwen fatige e "mwen ap" pral fè yon ti dodo kounyè a. Se premye fwa nan vi mwen, m'ap di "mwen ap " (epi se dènye fwa tou!!)

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Apr 28, 2006 10:43 pm

Mwen ekri nòt sa a pou mwen reponn nòt Guy te mete sou fowòm lan jodi a vè 1: 02 AM lan.

Mwen ap di Guy mèsi dèske li te ankadre kòmantè mwen yo pou mwen. Mwen renmen tou langay imaje Guy te sèvi pou li te ekri kòmantè li yo, kwake li te na plen lannuit.
Ou di mwen sevè, mwen ta pito di mwen renmen lòd. An atandan, mwen pran tit tou kale a tèt kale

Guy te kòmante sou mo pinngpong lan. Li te kòmante sou prensip itilize fòm plèn lan, ansanm ak sou itilizasyon apostwòf la epi sou fason kreyolis yo ekri mo konsa a ki tanto atache tanto detache.

Pinngpong :

Wi Guy, jan mwen ekri pinngpong kounye a ak jan mwen te ekri li premye fwa a diferan. Mwen te fè youn fot premye premye fwa mwen te ekri li a. Mwen te mete youn [n] anplis nan dezyèm silab mo a.

Alaverite, mwen pa kwè Guy bezwen youn doktora pou li konprann fason mwen ekri mo pinngpong lan.
Si mwen ekri p/i/n/ng/p/o/ng jan ou wè mwen ekri li la a, se paske òtograf ofisyèl la sèvi ak son [n ] lan sou bò dwat son li vle nazalize yo [ o ], [ a ] [e] eksetera.. Fason mwen ekri pinngpong lan ka parèt dwòl, men se prensip òtograf ofisyèl la mwen ap aplike. Mwen kwè, si te gen youn siy pou reprezante son [ i ] nazalize a nan òtograf ofisyèl la, sa pa ta parèt konsa.

Togiram ( Emile Célestin-Mégie ) pwopoze youn fason pou ekri son [ i ] ki pase nan nen an. Li ekri [ î ]. Si mwen te sèvi ak pwopozisyon Togiram lan
( Emile Célestin-Mégie ) mwen ta ekri p/î/ng/p/o/ng. Konsa,
[ i ] nazalize a ta parèt pi klè. Men, se pa konsa, sistèm òtograf ofisyèl la di pou nou fè sa. Kidonk, nou oblije viv avèk sistèm nou genyen an ansanm ak enpèfeksyon li yo jouk leta deside ranje li.

Nou gen youn lòt mo ki gen son [ i ] nazalize a ladan. Se mo p/i/n/ng/g/a. Nou konnen tout mounn di pinngga, men gen lòt mounn tou ki di piga.. Ak pwopozisyon Togiram lan, mwen ta kab ekri p/î/ng/g/a. Rezon ki fè mwen mete liy oblik la nan mitan chak son yo, se pou fasilte lekti a, paske nou pa chita nan youn konvèsasyon fasafas

Itilizasyon fòm plèn epi apostwòf

Guy te twouve li pa kòrèk pou nou lage son ki ap flote pou kont kò yo nan lanng kreyòl la. Mwenmenm tou mwen dakò avèk ou. Li parèt dwòl lè mwen ekri fòm plèn lan, men se te fason pa mwen pou mwen te viv nan lapè epi amoni ak zanmi kreyolis parèy mwen yo. Mwen renmen prensip se vre, men mwen renmen lapè tou. Mwen ta swete ou sèvi ak apostwòt la alavni.

Konsa oubyen Kon sa

Nan refleksyon mwen, mwen kwè se nan pasaj lanng franse a pou rantre nan lanng kreyòl la, kreyolis yo chwazi, enkonsyamman petèt, ekri [ konsa ] avèk youn sèl mo oubyen [ kon sa ]avèk de mo.

Rezonnman pa mwen, sèke si nan tèt mounn lan, se lide franse a « comme cela » ki ap pase, li ap ekri [ kon sa ] avèk de mo. Sepandan, si se mo franse « ainsi » a ki ap pase nan tè li epitou si li gen entansyon itilize mo [ konsa] ak menm lespri li ta pe itilize mo « ainsi » franse a, an kreyòl, li ap ekri mo [ konsa ] a kole tankou youn sèl mo.

Anfèt, nan kole mo, nou kab rive kreye mo nèf oubyen nou kab rive mete lòt nivo sans ak de mo .ki kole ansanm. Ekzanp [ kout pye ] epi [ koutpye.] Lè nou ekri mo sa yo kole yo gen youn sans epi lè nou dekole yo, yo genyen youn lòt sans.

Mwen ta bay entèl youn kout pye
Mwen ap fè youn koutpye kay entèl.

Fè youn koutpye kay youn mounn, se fè youn vizit rapid.
Anfèt, si mounn lan gen entansyon al kay zanmi an pou lontan, li ap di ou, mwen pral kay entèl. Kidonk, fè youn koutpye kay youn mounn se pase kay mounn lan vit-vit.

Nou gen [chèz ba] ak [ ti chèzba.]
Chèz ba se youn chèz ki reyèlman ba, men ti chèzba, se youn lòt mo pou yo di oungan oubyen manbo. Tankou yo di divinò.


Pa ka la pa menm ak pakala


Mwen pa ka la aswè a.
Yo bay misye youn pakala, yo pran dyòb la nan men li.

( Remak sou mo kole ak mo ki dekole yo, se te youn parantèz)

Mwen espere gen anpil lòt mounn ki va pran leson sou fason mwenmenm ak ou, Guy, rive echanje jouk younn rive konprann lòt san voye wòch, ni pawòl tafya. Nou echanje lide nan entansyon pou younn eklere lòt epi avèk kòm priyorite avansman lanng kreyòl Ayiti a

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Mon May 01, 2006 8:30 am

Mwen kwè enfòmasyon sa yo sou fowòm lan deja, men mwen pa konnen ki kote ou kab al chèche yo. Antou:

é = alt+130
ò = alt+149
à = alt+133
è = alt+138

Si ou mete / é / a sou kote, twa lòt lèt ak aksan mwen ba ou pi wo a,se yo nou plis itilize lè nou ap ekri kreyòl.

Mwen pa rete non. Kenbe fèm
Kaptenn

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon May 01, 2006 1:04 pm

Tcheke: http://www.haitiforever.com/bbs/faq.html (kesyon #11)

Èske gen metòd espesyal pou ekri aksan fòs kreyòl ak tout òdinatè?

Repons: Wi! ou kapab fè aksan fòs lè ou ap ekri kreyòl ak nenpòt odinatè.

Men youn premye metòd:

Code: Select all

 1. Mete makè sourit òdinatè a sou ikòn ki make "START" la. Ikòn sa a nan kwen anba agoch ekran tout òdinatè ki alamòd toujou. Klike, epi glise sou opsyon "SETTINGS". Klike tou sou opsyon "CONTROL PANEL" la.

 2. Nan bwat ikòn ki louvri devan je-w la, chèche ti ikòn ki make "KEYBOARD" la. Klike sou li. L ap ouvri youn bwat ikòn ki make "PRINTER PROPERTIES". Bwat sa a gen 3 katab. Klike sou dezyèm nan, li make "LANGUAGES".

 3. Nan bwat sa a, klike anba fenèt blan an, sou ikòn ki make "PROPERTIES" la. Ap vin gen youn lòt ti bwat dyalòg ki parèt
voup sou ou.

 4. Klike sou tiflèch tèt anba ou wè adwat la. Chwazi lang ki make "UNITED STATES INTERNATIONAL" la. Apre sa di OK pou tout bagay yo epi fèmen tout bwat ikòn ak bwat dyalòg ki pa nesesè ankò yo.

 5. KOUNYE A, pou reyalize aksan fòs yo, n ap annik peze bouton ki sou kote agoch chif ki gen foto aksan fòs la (dezyèm ranje bouton sou klavye a), anvan nou peze lèt korespondan an. Si nou gade byen, bouton sa egzakteman anba lòt bouton ki make "ESC" la.

AVANTAJ teknik sa a:

1. Ou bezwen fè sa youn sèl fwa sèlman nan òdinatè a.
2. Li mete aksan fòs ni sou lèt majiskil, ni sou lèt miniskil yo san diskriminasyon.
Men youn dezyèm metòd pou nou ekri aksan fòs:

Code: Select all

1. Sou klavye ki devan nou an, peze bouton 'NUM LOCK' la. Bouton sa a adwat klavye a, anwo lòt touch anplis ki gen nimewo yo (anglè a di NUMBER KEY PAD). Nou deja pare pou ekri lèt ak aksan fòs yo.

2. Pou tape
 lèt ak aksan fòs yo, n ap peze bouton 'ALT' la. Gen de ladan yo: younn adwat, younn agoch. Nou gen dwa peze nenpòt. Men, pito nou pran abitid pou TOUJOU peze sa ki agoch la. Men sa k enpòtan, peze bouton 'ALT' la san ou pa lage li epi tape nimewo korespondan sa yo pou jwenn lèt ak aksan fòs yo:

Alt 138 = è
Alt 133 = à
Alt 149 = ò

Gen 254 antotal pou jwenn aksan fòs ak senbòl tipografik konsa. Nou bay 3 sa yo senpman paske se yo nou bezwen kounye a pou kreyòl la.

Pa bliye: kou nou fin tape nimewo korespondan an, se pou nou leve dwèt nou sou bouton 'ALT' la. Lèt la ap parèt ak tout aksan fòs li. 
Men kèk lòt aksan ki kapab itil nou byen souvan tou :

Code: Select all

Ç = ALT + 128
é = ALT + 130
â = ALT + 131
à = ALT + 133
ç = ALT + 135
ê = ALT + 136
è = ALT + 138
î = ALT + 140
É = ALT + 144
ô = ALT + 147
ò = ALT + 149
û = ALT + 150
ù = ALT + 151

Post Reply