leksik kreyòl afro-ayisyen

Post Reply
Jean Robert Placide
Posts: 2
Joined: Fri Nov 12, 2004 2:11 pm

leksik kreyòl afro-ayisyen

Post by Jean Robert Placide » Fri Apr 21, 2006 8:49 am

Leksik kreyòl afro-ayisyen

Code: Select all

Mo : mwen 

Etimoloji :	 « mo » sòti nan nan lang Nago ( Yowouba ) avèk menm sans li genyen nan kreyòl la. 

Egzanp : mo pa ni lajan ( Matinik ) = mwen pa gen lajan ( Ayiti ).
Mo pa sa crair cé moi vou' abandoné ( ansyen kreyòl, Idil 6 )

Code: Select all

To : wou, ou 

Etimoloji : 	« to » sòti nan lang Nago ( yowouba ) avèk menm sans li genyen nan kreyòl la. 

Egzanp : to mantò ( ansyen kreyòl ) = ou manti. Cf. E. C. Paul ( 1962 ).
to té ba moi bouquet, mo ba toi gnon baisé. ( ansyen kreyòl, Idil 1 )
Qui miracl', grand-ié, que mo voir vou jord'hi !
Mo pa té cré vou va discendre encore . ( ansyen kreyòl , Idil 2)

Code: Select all

Ni : genyen, posede ( cf. « tini » ki soti nan yon mo fransè : tenir. )

Etimoloji : 	« ni » sòti nan lang Nago ( Yowouba ) avèk menm sans li genyen nan kreyòl la. 

Egzanp : mo pa ni lajan ( matinik ) = mwen pa gen lajan ( Ayiti ).

Code: Select all

Se : ye, ( verbe être). [ Pou ‘ ye ‘, tcheke lanng Ewe kote ‘ nye = ye ‘ ]

Etimoloji : 	« se » sòti nan lang Nago ( Yowouba ) avèk menm sans li genyen nan kreyòl la . 

Egzanp : ( o n se agbe ) = li se fèmye
Kòmantè : Nan tan lontan, kreyòl rèk la t'ap sèvi ak pwonon sijè : mo, to. Tandiske kreyòl franse a limenm t'ap sèvi ak pwonon konpleman : moi, toi.

Tout sa pou nou di kreyòl pa te tann lang fransè pou li te pran nesans. Depi ozanviwon 1550, Kreyòl la te deja fòme ak lang Lafrik yo, piske mo gramè yo ak mo vokabilè yo te deja byen enstale nan chapant lanng nan. Lè nou wè kreyòl bosal la, kreyòl rèk la te deja ap balanse nan peyi a. Ositou, ozalantou 1650, lè franse yo fè tè Ayiti, mo lang franse yo vin tonbe nan konkirans ak mo lang Lafrik yo anndan lang kreyòl la.

(Egzanp : mo / moi; to / toi; ak / avec; marasa / jumeau; zen / chaudière; govi / cruche; aganman / caméléon ; azomanga / poteau; kokolo / poule; bosou / chèvre; danbe / couleuvre; alovi, tchovi / petits enfants)

Se sitiyasyon konpetisyon sa a ki lakoz nou ka remake mo franse yo mache kòtakòt ak mo Lafrik yo nan kreyòl la. Men jounen jodi a, nan matlotay lanng sou teritwa Ayiti a, sanble lang franse a ap vale teren sou lang Lafrik yo. Jouktan pou patizan Chaudenson yo kontinye ap repete lang kreyòl se pitit lang franse. Tankou yo di tou revolisyon Ayiti a se pitit revolisyon franse. Adje wi dan!


Men youn seri mo nou kapab sèvi ak yo kòm mo marasa ( sinomim ) nan plas lòt mo franse. N.B. Pami bèl nouvo mo sa yo, genyen ( fanm pinngèt tou limen) Franketyèn fòme apati ( pinnga ) . Lide ki nan mo sa a, se imaj fanm ki ap mache trese avèk soulye talon kikit yo, tankou moùn ki ap mache sou pinnga yo. Ekriven sanmba ta dwe imite demach Frank lan pou manbre langay simidò kreyòl ak mo nouvo nan kilti pa nou. Konsa, n'ap kapab anbeli epi ogmante vokabilè afwo-ayisyen nou itilize nan tèks nou yo.

Code: Select all

Awangan : chèf lagè, chèf lame

Etimoloji : 	« ahuan = lame, twoup lagè ; gan = chèf ». Se youn espresyon nan lang Fon ki vle di chèf lame, ofisye lame. 

Egzanp : Ako Lisa badja awangan si ye, odabò . ( fraz nan pale langay ) 
( klan Lisa Huegbadja ki sou lobedyans chèf lagè yo, orevwa !)
Awangan Yanki yo desann Irak al kraze peyi a.

Code: Select all

Odabò : orevwa !

Etimoloji : 	lang Fon prete mo sa a ( odabò ) nan men lang Yowouba yo , avèk menm sans li genyen pou salye moùn.

Code: Select all

Awochè : Èske nou manti ? Èske nou nan manti ? 

Egzanp : 	Awochè Nago ? = Èske nou manti, nèg Nago ? 

Etimoloji : 	« awo cé » : Lanng Fon prete mo « awo » a nan men lanng Nago. Nan lanng Yowouba kote mo a soti, « awo » = sekrè, manti, twonpri . ( Tcheke lòt mo tankou : awona, awobobo...) Nan lanng Fon, « cé » se youn eleman pou poze kesyon, avèk youn dout, avèk youn krent. ( Cf. nèg Nago di kochè ; awona ) 

Code: Select all

Adjanou : moùn nan peyi Adja ( kilti, pèp, osnon klan Adja )

Etimoloji : 	nan lang Fon, « adja nu » se pèp, moùn nan klan Adja . cf. lòt mo kreyòl afro-ayisyen tankou : tanbou adjahountò, dans adjanoumele.

Code: Select all

Atchasou : gason bwòdè, chèlbè, bòzò, atchasou toujou byen abiye.

Etimoloji : 	nan lang Fon, « aca = bwodri; su = gason ». 

Egzanp : 	Atchasou zangòdò. ( fraz nan pale langay ) 
(aca su zan gudo = gason bwòdè mache bounda anlè.)
Fanm atcha = fanm bwòdè, chèlbè
Fanm zangòdò = fanm an tchou pwèt ( an tchou pwent ), (ki mache bounda pwenti anlè)

Code: Select all

Ile : kay, ( pa konfonn li ak zile , ki soti nan franse )

Etimoloji : 	« ile » soti nan lang Nago ( Yowouba ) avèk menm sans li genyen nan kreyòl la. Cf. manman ile, ile Ife … 

Egzanp : Nou houa tomè Ayiti, nou houè / nou rive nan peyi Ayiti, nou ale 
 Ile kannou dankmé émen / kay esklav yo, nan pak yo ye a

Nòt : Egzanp sa a soti nan « Houenouho », mo ki soti nan lanng Fon ( huenu xo ), ki vle di ( pawòl tan lontan ). Max Beauvoir resevwa « Houenouho », istwa oubyen pawòl ansyen sa a kòm eritay, epi li pibliye li sou sit entènèt li a : http://www.vodou.org. J-R Placide ap travay pou li fè entèpretasyon tèks la an kreyòl. ) 

Code: Select all

kannou : esklavay, moùn ki anba kòd.

Etimoloji : 	« kan nu », nan lanng Fon vle di esklavay ( au bout de la corde ) 

Egzanp :	Ile kannou dankmé émen / kay esklav yo, nan pak yo ye a

Code: Select all

Ann : annou ( fòm enperatif ) 

Etimoloji : ( à ń wè ), nan lanng Yowouba vle di ann ale ( nous allons ! allons ! ) .

Egzanp : annou wè ! = ann ale ( Ayiti ) = annou ay ! ( Matinik, Gwadloup ) 

Code: Select all

Djèbèdè : jebede, pale anpil ak pawòl ki pa gen ni pye ni tèt; pale patchoupatèt.

Etimoloji : ( gbè dè ) = pale youn lanng etranje. ( jè gbè dè ) = tonbe pale youn lanng etranje moùn pa konprann. Lizay mo sa trè rapwoche avèk ( djèdjè ), youn lòt ansyen mo ( jèjè ) yo te itilize Brezil pou kalifye nèg Nago, fason nèg Yowouba yo pale.

Egzanp : w' ap djèdjè = w' ap djèbèdè = w' ap jebede

Code: Select all

Ayimado : ( vèb, adjektif) lè kè yon moùn pa sou fè yon bagay. 

Etimoloji : 	nan lanng Fon, ( ayi ma do ) = kè a pa sou fè…

Egzanp : 	nou ayimado Freda = kè nou pa sou Freda
Fanm nan ayimado lanmou = fanm nan pa sou fè lanmou
Machann nan ayimado = machann nan pa sou sa.

Jan Wobè Plasid

Pwofesè kreyòl
Sosyete koukouy Seksyon Kanada



Nòt : 1- Dictionnaire Yorùbá – Français, Michka Sachnine, 1997.
2- Saint – Domingue, Pierre de Vaissière (n.d.)
3- Dictionnaire Fon – Français, R.P. B. Segurola, 1969
4- Panorama du folklore haitien, E.C.Paul, 1962
5- Dictionnaire Français – Ewe , Jacques Rougier, 1995
6- Glossaire du langaj vodoun, Estelle Manuel, 1998 : http://www.geocities.com
7- Introduction au Créole Afrohaitien, Serge Fuertes, 1995

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Apr 21, 2006 12:13 pm

Mèsi anpil, Jean-Robert Placide pou bèl kontribisyon sa!

Widy_

Post by Widy_ » Sat May 06, 2006 12:35 pm

Mwen ka kenn a woumèsye Misye Jean-Robert Placide pou bèl travay la kè li fè la, piskè se prèmye fwa mwen wè oun moun fè rèchèch si orijin afriken a lang kreyòl la e dabitid tout konparezon moun yo, se pa rapò a lewòp yo fè-y.

Gen de ti rèmak kè-m te le fè kan menm:

Lò boug la ka di kè "Mo pani" se kreyòl Matiniken li ye, sa pa vre sa piskè Matiniken ka pwononse mwen la kon nou Men pakont, pèp kreyòl ki ka itilize "Mo" pou rele Mwen, se Guiyanè, pèp kreyòl Angle kon moun Dominika ak moun Louisianne (USA).

Kon zòt sav, mwen se moun ki konn tout jan dè nèg, ki fè kè-m sav jan yo pale.

Dezyèm biten, Lò boug la ka di kè mo TINI la ka vini dè mo fwanse la "TENIR" mwen ka di kè sa ka rete a pwouve, padavwa kè nou gen oun mo an kreyòl pou di "TENIR" sètadi, KENN OU KENBE. mwen plito dakò èvè orijin afriken a mo tala, ki ka sanm mwen pli pwòch dè sans a mo la.

Pou-m bout, boug la ka di kè pa kote GPE and Matinik yo ka di ANNOU AY, li gen rezoun, men fò sav tou kè nan ansyen kreyòl Gwadloup yo teka di tou, ANN AY, e menm kounyela nan sèten kote.

Post Reply