Plent Yon Pitit Ayiti Kont Leta Ayisyen

Post Reply
jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

Plent Yon Pitit Ayiti Kont Leta Ayisyen

Post by jafrikayiti » Mon May 18, 2009 10:44 am

Kanada, 17 me 2009,

Mwenmenm, Jean Elissaint Saint-Vil, pitit Ayiti, ki fèt Lopital “La Sainte Famille” nan Pòtoprens, jou ki te 27 novanm 1967 la, mwen ekri lèt sa a pou mwen anrejistre yon plent fòmèl devan Leta Ayisyen paske otorite ki reprezante pèp Ayisyen an nan Kanada, kote m ap viv nan moman an, refize sèvi Ayisyen kòrèkteman an Kreyòl, jan lalwa ekzije sa.

Vandredi ki te 15 me 2009 la, nan kad yon selebrasyon ofisyèl fèt drapo Ayisyen an, se ak kè plen anpil moun te sètobliije reviv yon sitiyasyon dezonorab kote otorite Ayisyen yo, yon lòt fwa ankò, te derespekte Ayisyen Kreyolofòn ki reprezante 100% popilasyon an epi, an menm tan, pase Manman Lwa Ayiti a anba pye.

Depi odepa seremoni fèt drapo anbasad Ayiti nan Kanada te òganine jou 15 me 2009 la t ap dewoule an Franse sèlman, sa vle di nan lang ofisyèl yon ti ponyen Ayisyen pale plizoumwen malman an. Lè, nan peryòd kesyon-repons ki te louvri apre konferans lan, mwen te pran lapawòl pou repwoche òganizatè yo daprèzavwa yo pa t ap aji nan lespri Manman Lwa peyi a, alatèt anbasad la te pran mikro pou li anonse, li pral di “de mo” an Kreyòl, pou li ka fè mwen plezi. Kòmsi, konpatriyòt la sete kèk “Golwa” osnon kèk “Alman” ki ta va deside di “de mo” Kreyòl pou li fè mwen yon favè. Epi, se konsa vre, apre kòmantè meprizant sa a, sware a te rapousuiv an Franse sèlman – jan li te tanmen an. Konpòtman demeplè konsa fè nou konprann, jiskaprezan, anpil sèvitè Leta Ayisyen po ko janm konprann nesesite pou yo aji epi pale yon mannyè ki montre yo genyen respè pou nasyon yo ap sèvi a.

Alaverite, se pa premye fwa ensidan tris konsa rive, kit se nan reprezantasyon diplomatik yo, kit se andedan teritwa nasyonal la. Se pou tèt sa, nou refize pèsonalize koze sa a. Plent nou depoze la a se kont TOUT OTORITE AYISYEN yo - oudimwens LETA Ayisyen menm, nou depoze li, dekwa pou sitiyasyon an kapab chanje tout bon vre – yon jou nou espere ki pa twò lwen.

Nan mwa Jiyè1999, Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen (REKA) te ekri Prezidan René Garcia Préval yon lèt tou louvri kote li te mande Prezidan an pou li mete Leta Ayisyen opa devan lalwa paske, malgre konstistisyon peyi a rekonèt lang Kreyòl la kòm lang ofisyèl, jiskaprezan Leta Ayisyen derefize respekte sa nan ajisman li. Jodi a, dizan apre, nou sètoblije ap raple otorite Ayisyen yo, Konstitisyon peyi a, depi nan senkyèm bout nan seksyon deklarasyon an deklare aklè ki jan « Konstitisyon sa a la, pou pèp Ayisyen mache men nan men, nan tèt ansanm, nèt ale, san pa gen okenn chire pit: ni sou afè moun lavil ak moun an pwovens, ni sou afè lang ». Pi devan, nan nimewo 5, li deklare: « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak Franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti ». Pi devan toujou, nan paragraf 9 ki pote tit « Moun gen dwa jwenn bon enfòmasyon », nimewo 40 lan deklare: « Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an Kreyòl ak an Franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a ».

Poutan, jouk jounen jodi a, jounal ofisyèl peyi a « Le ‘Moniteur » kote yo pibliye lwa ak lòt desizyon enpòtan ki angaje nasyon an, se an Franse sèlman yo pibliye li. Kidonk, Leta toujou òlalwa !

Sitiyasyon ilegal sa a gen konsekans grav pou simantay nasyon an. Li pa ni lojik, ni akseptab, ni tolerab pou, nan gwo ane 2009 sa a, pou sèl lang TOUT AYISYEN metrize a, se limenm ki kontinye ap sibi diskriminasyon nan men LETA Ayisyen.

Pou mwen fini, m ap mande chak konpatriyòt ki konprann konsekans ajisman tèt anba sa a genyen sou sante nasyon an, pou yo pa rete ap dodomeya sou sa. Okontrè, aji jan nou kapab, san pran souf, pou nou ede Leta Ayisyen respekte dwa tout Ayisyen, kit se Ayisyen ki Kreyolofòn, kit se Ayisyen ki Frankofòn.

Ak anpil respè, frè nou :

Jafrikayiti (Jean Elissaint Saint-Vil)

«Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!»
(Brotherhood is as ancient as Mother Africa)
(L'entraide fraternelle date du temps où, tous, nous fûmes encore dans les entrailles de l'Afrique-mère)

http://www.jafrikayiti.com

http://www.godisnotwhite.com

Tayi
Posts: 140
Joined: Sun Sep 23, 2007 4:44 pm
Location: Madian, Petite Rivière de Nippes, Haiti
Contact:

Post by Tayi » Thu Sep 10, 2009 8:03 pm

Jaf,

Kesyon sa a antre jous nan mwèl zo mwen tou. M byen kontan ou te fè entèvansyon sa a bò kote LETA Ayisyen paske mwen menm tou mwen wè ki efè pwoblèm sa a genyen sou pèp mwen an ni sa ki Frankofòn ni sa ki Kreyolofòn. Malere a soufri paske anpil kote li antre yo keyi l ak yon vye franse li pa menm ka konprann. Pa egzanp, m t al lopital (gwo zafè) ak yon moun e yon jènjan ki te akonpaye nou te apwoche kontwa a. Ti jenn dam nan ensiste nan pale franse ak li ak tout li wè jennonm nan pa alèz nan lang nan. Sa se wonte!

Antouka, li lè li tan pou tout moun pran konsyans pou tout Ayisyen ka santi yo alèz nan peyi yo nan nepòt biwo you antre kit se LETA kit se sektè prive.

Tayi

N.B. Koze sa a viktimize enpe nan Frankofòn yo tou paske genyen ki konn panse yo siperyè a pòv malere a ki pa konn pale franse--e poutan vrè povrete a se nan yon moun ki panse yon fason dwategòch konsa.

Post Reply