POUKISA AYISYEN KONTINYE LIMITE LANG YO?

Post Reply
jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

POUKISA AYISYEN KONTINYE LIMITE LANG YO?

Post by jafrikayiti » Mon May 18, 2009 10:40 am

Onè!

Samdi 17 me 2009 la mwen resevwa yon mesaj entènèt ki pote tit "Le francais de Shabba sur RFI fait jaser en Haiti" osijè mizisyen gwoup konpa ki rele Djakout Mizik la.

[quote]Le français exécrable de Shabba sur RFI fait jaser en Haiti

Intervenant à l'émission «Couleurs tropicales» de RFI, l'étoile montante de «Djakout Mizik» a été incapable de hisser son élocution à la dimension de son art...[/quote]
http://www.mediamosaique.com/Mode-de-vi ... haiti.html


Ensidan Chaba a se yon sentòm pami tandòt! Maladi a grav tout bon vre. Mèzalò, remèd la efikas, li disponib e li gratis!

Parekzanp, yè swa, se an pati pou yon kesyon "lang" yon selebrasyon "ofisyèl" fèt drapo Ayisyen te pase nan tenten, nan vil Ottawa. Responsab LETA ki t ap òganize selebrasyon sa a te refize respekte ni reyalite, ni lojik, ni konstitisyon peyi a, ki rekonèt 2 lang ofisyèl e ki presize Kreyòl, SE SÈL LANG KI SIMANTE TOUT AYISYEN ANSANM. Kidonk, yon ekip Ayisyen te reyini, yo pale kont Franse mawon yo, anpil nan yo bat bravo youn pou lòt epi se sa ki te fèt drapo a. Kòmalòdinè, pawòl yo te rete onivo sipèfìsyèl - paske lang moun yo mare. Yo di se selebrasyon ki t ap fèt sou tèm "Drapeau, Souverainneté et Unité". Konferansye envite, diven elatriye... Noumenm sa nou te konstate, se yon ekip moun ki te gen e ki te ka di bon bagay antre yo vre. Men, yo te gaspiye okazyon an, paske yo te deside LIMITE TÈT YO. Chenn nan tèt bay baboukèt. Chenn nan tèt pi di pase chenn nan pye. Rezilta: yon lòt fwa ankò, yon bann moun entèlijan, pase pou rizib, vivi dan griyen, tèt vid ki pa ka fè analiz lojik, alevwa pou yo ta travay ansanm, fè plan pou yo aji epi transfòme lavi nasyon an - jan zansèt yo ta renmen wè nou fè l la.

Pou rezon Frantz Fanon esplike nan "Peau noire, masques blancs", preyokipasyon prensipal twòp Ayisyen se "imaj yo devan etranje" - yon obsesyon mal plase daprè mwenmenm.

Chak fwa nou abandone lang Kreyòl la, nan kad yon selebrasyon ofisyèl, tankou sa Anbasad Ayiti nan Ottawa te òganize yè swa vandredi 15 me a, preyokipasyon "bay bon imaj devan etranje a" pa reyisi konble ditou. Okontrè, nou parèt tankou yon bann moun sipèfisyèl, jako repèt k ap rablabla sitasyon ansyen kolon rasis tankou Voltaire - san yo pa rann yo kont jan yo ridikil nan mitan ane 2009 sa a. E sa ki pi rèd la, se pa devan etranje sèlman nou parèt rizib. Sa ki pi grav la se imaj medyokrite epi denannantizasyon nou pwojte devan Ayisyen parèy nou. Pami yo, yon latriye tilezanj ki bezwen wè ekzanp bon jan fanm ak gason solid ki trase chemen pou yo. Se sa ki ta dwe preyokipasyon prensipal nou. Ki tras n ap kite pou tchovi yo?

Chak eksperyans konsa (ensidan Chaba a osnon selebrasyon medyòk Anbasad la fè Ottawa a) ki rive dwe ede nou reveye epi konprann ki jan nou limite lang nou lè nou pa fè efò pou nou metrize tout bon vre (kit se nan pale, kit se nan ekri) sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm nan - LANG KREYÒL. Se limenm ki lang manman nou, se limenm nou metrize.

Chaba pa bèbè. Li gen entèlijans poutan li mal parèt. Chaba te dwe e li te ka mande sèvis tradiksyon. Laverite kri sèke ni Chaba, ni Ayiti pa Frankofòn. Lè nou sispann alimante manti sòt sa a, epi trete lang Franse a, menm jan ak lang Angle, lang Espanyòl, lang Kiswahili…tankou lang etranje nou ka aprann pou nou kominike, lè sa a nou va sispann benyen nan medyokrite pou granmesi. Se pa Chaba sèlman ki antòtye.

Yèswa, nan Ottawa, apre mwen te fin pran lapawòl pou egzije responsab Leta Ayisyen yo mete yo opa. Madanm ki pi gwo chèf nan anbasad la (Chargée d'Affaires - yo pa gen tit an Kreyòl), rale mikro li pou li anonse, li pral di 2 mo an Kreyòl, pou li fè m plezi. Kòmsi, madanm nan sete kèk "Gauloise" osnon kèk Alman ki deside di 2 mo Kreyòl (pou fè m plezi). Li pa rann li kont, se yon mank respè pou tèt li, pou nasyon li reprezante a, li te jwenn yon opòtinite korije.

Isit nan Kanada, Franse se lang yon minorite nan popilasyon an. Kanadyen frankofòn pa neglije leve kanpe pou defann dwa minorite frankofòn nan pou li jwenn sèvis nan men Leta Kanadyen nan lang pa yo tou - menmsi se Angle ki domine sosyete a. Noumenm Ayisyen se yon sitiyasyon anòmal n ap viv kote se lang TOUT AYISYEN metrize a, se limenm ki ap sibi diskriminasyon sòt, nan men LETA peyi a. Wi, tout sa se sekèl, edikasyon pachiman, sistèm neyokolonyal la (alewè tèk Doktè Yves Dejean an "Yon lekol tèt anba pou yon peyi tèt anba"). Mèzalò, sèl moun ki gen nesesiste epi mwayen kase chenn mantal yo - se noumenm.

Chaba frè m, pale Kreyòl pou ou ka eksprime tout lide abstrè, tout bèlte, tout konesans, tout sajès, tout konpleksite atistik ou genyen lakay ou. Si ou vle, aprann pale Franse, Angle, Panyòl, Kiswahili, Zulu, Xhosa, Japonè....aprann lang ki nan lide ou. Men, tanpri, pa kite moun pase ou nan rizib ankò. Pa kite moun kwè ou se enbesil osnon bèbè, tandiske Granmèt la ak Zansèt yo te gen tan beni ou depi syèkdèsyèk ak tout sa ou bezwen pou ou kominike ak moun parèy ou.

Nou tout gen chenn pa nou pou nou kase. Ede m lage 2 kout mato sou chenn pa m yo, m a va ede ou lage 2 kout mato sou chenn pa ou yo. Pa gen anyen ki nèf nan sa, paske se "depi nan Ginen, bon Nèg ap ede Nèg!"

Libète, pran pou nou pran l

Respè,

Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!»
(Brotherhood is as ancient as Mother Africa)
(L'entraide fraternelle date du temps où, tous, nous fûmes encore dans les entrailles de l'Afrique-mère)

http://www.jafrikayiti.com

http://www.godisnotwhite.com

Post Reply