Bote ak Idantite

Post Reply
User avatar
Marilyn
Posts: 45
Joined: Sun Jan 28, 2007 6:14 am

Bote ak Idantite

Post by Marilyn » Wed Dec 31, 2008 8:24 am

Le Nouvelliste en Haiti

Bote ak idantite

30 Décembre 2008

Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon an, Carol Joseph ki t ap repete yon fraz antwopològ Suze Mathieu renmen anpil, di gen twa bagay ayisyen an dwe mete l dakò sou yo: lang li se yon bèl lang, li se yon pèp ki bèl, epi relijyon l pa bagay dyab. Fraz sa Carol Joseph te di l plizyè fwa nan moman li ta p fè yon rale mennen vini ak jounal Nouvelis sou longè wout tren alfabetizasyon an gentan fè, plis pase yon lane depi l te derape. Sekretè d Eta te tou pwofite fè kòmantè sou deba ki genyen jounen jodi a sou enpòtans yon akademi kreyòl nan peyi a.

L.N : Sekretè d Eta nou pral pale sou kesyon lang kreyòl, idantite ak enpòtans akademi kreyòl. Men nou konnen sa fè yon (1) lane ak 3 mwa depi tren alfabetizasyon an derape. Jounen jodi a ak ki vitès l ap kouri, epi ki longè wout li deja fè ?

Carol Joseph: Anvan m kòmanse entèvyou sa kite m swete yon bon lane 2009 ak direksyon jounal Nouvelis la ak tout ekip solid li a. Desanm sa, fè yon lane ak twa mwa depi nou te lanse kanpay alfabetizasyon an. Si pou m ta fè yon rale menmen vini sou sa ki deja fèt, mwen ta p di anvan tout bagay gen 66 mil moun ki gen tan pase yon ti bout tan sou ban lekòl nan aprann li ak ekri, menm si objektif nou se te 800 mil. Pami moun sa yo gen 8 mil ki pare e ki kòmanse resevwa sètifika deja. Nou lanse yon pwogram odyovizyèl nan televizyon nasyonal. Eksperyans lan tèlman bay rezilta, nou pral fèl nan lòt chèn televizyon nan peyi a nan lane 2009 la. Lòt bagay nou fè ankò, nou sòti nan 4 depatman kote kanpay la te lanse, nou pase nan 7; nou sòti nan 21 komin, nou pase nan 41 kote alfabetizasyon ap aji.

L.N : Kisa metòd odyovizyèl gen anndan vant li ? Epi kisa l pote anplis alfatradisyonèl la ?

C.J : Metòd odyovizyèl la gen de aspè. Gen youn kote moun nan resevwa fòmasyon an sou videyo kasèt. Nou deja eseye metòd sa nan 4 zòn nan Site Solèy, nan Lenbe, nan Limonad ak nan Pestel. Metòd sa bay pi bon rezilta pase alfatradisyonèl la. Nou di pi bon rezilta lè nou konsidere kantite moun ki nan klas yo ak jefò yo fè, epi bon rezilta yo bay nan egzamen. Pou kesyon prezans ak jefò moun yo metòd odyovizyèl la bay 88%, alòske alfatradisyonèl la bay 50%. Pou rezilta apre egzamen, metòd odyovizyèl la bay 82%, alòske alfatradisyonèl la bay 50%.

Gen yon lòt aspè ki fèt sou chèn televizyon. Se li menm nou kòmanse sou televizyon nasyonal la. Nou te sezi wè ki jan moun yo te swiv emisyon yo. Se rezon sa ki fè pou ane 2009 gen de lòt chèn: Tele Eklè ak Tele Ginen ki pral antre nan kanpay la pou pote mesaj la bay plis moun. Metòd sa pèmet non sèlman moun alfabetize tèt yo, men ede lòt moun alfetize. Men anvan nou te fè sa nou te pase nan yon ventèn lekòl, yon fason pou nou envite elèv yo antre nan batay la. Nan jou k ap vini la yo, nou pral pase nan legliz yo ak lòt sektè òganize yo pou mobilize plis moun toujou.

Mwayen ak bidjè

L.N : Sòti nan lide pou nou te alfabetize yon (1) milyon moun chak ane nou tonbe nan 66 mil. Ki difikilte ki fè tren an ap mache tipa tipa ? ki mwayen leta ban nou pou kabre difikilte sa yo ?

C.J: Mwayen nou genyen pa depaman ak mwayen peyi a. Depi anvan m te sekretè deta, mwen te prepare yon pwopozisyon teknik kanpay ki te dwe touche 3 milyon moun nan 3 zan pou yon bidjè 7.4 milya goud. Pou lane 2007-2008, leta te pwomèt 172 milyon goud. Gwo boulvès ki te gen nan peyi fè se sèlmam 27 milyon nou jwenn nan bidjè envestisman ki te dwe 100 milyon. E nan bidjè pou nou fonksyone ki te dwe 72 milyon goud se 88% nou jwenn akòz lòt priyorite peyi a genyen. Men sa pa anpeche te gen anpil demach ki te fèt. Mwen pwofite remèsye ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis pou bourad li te bay kanpay la depi lèl tap demare. Prezidan Preval pi tièd nan bourad li yo. Men li fè anpil demach bò kote gouvènman etranje yo.

Ki te m fè w sonje se Kiba, apre chita pale prezidan Preval te genyen ak Fidel Castro, Raoul Castro ak lòt gwo palto nan gouvènman kiben an ki te travay sou kesyon teknik kanpay la. Kiba pwomèt 10 mil videyo, 10 mil televizyon, 1000 "pano solè" ak 7.7 milyon dola vèt. Gen 4 mil videyo, 4015 televizyon ki la deja. Anplis yo ban nou materyèl didaktik pou 4 mil sant travay. Gouvènman Venezyela li menm tou pwomèt nou 20 milyon dola chak ane. Men jouk jounen jodi a, yon dola vèt poko vin jwenn nou. Koperasyon peyi Lespay avèk UNESCO pèmèt nou finanse kanpay la nan Benè ak Kot de Fè pou yon vale 679 mil goud. Andan peyi poko gen sektè ki lonje lanmen ban nou. Men nou kwè y ap mete men nan pat la, paske kesyon alfabetizasyon an se devwa leta, men se reskonsablite tout sitwayen.

L.N: Nan dènye jou say yo anpil moun k ap reflechi sou lang, kwè li enpòtan pou gen yon akademi kreyòl nan peyi a. Lide sa, rektè annapre k ap fè rechèch nan inivèsite leta a, Fritz Deshommes, mache dèyè l nèt alkole. Men gen lòt tou ki kwè kesyon akademi an pa enpòtan. Kòman nou wè deba sa nan Sekreteri d Eta a?

Lang kreyòl ak kesyon lasyans

C.J: Nan Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an, n ap mache dèyè do lide ki kwè li enpòtan pou ta gen yon akademi k ap reflechi sou lang lan. Nan lojik sa, nou genyen yon direksyon "amenajman lengwistik" ki fè pwomosyon lang nan fè tradiksyon lòt lang an kreyòl epi bay fòmasyon pou aprann moun li ak ekri, nou deja antann nou pou nou ta mete l nan sèvis akademi an. Mwen kwè yon akademi t ap enpòtan anpil, paske li t ap pèmèt nou swiv jan lang lan ap evolye: sa vle di dakò ou byen pa dakò yon mo ou byen yon tèm antre anndan vant li jan sa fèt nan anpil lòt peyi. Nou menm nou pa gen ni otorite, ni teknik pou fè sa.

L.N : Plis pase 20 lane apre konstitisyon an te di kreyòl la se lang ki simante tout ayisyen, genyen anpil efò ki fèt pou fè lang lan antre pifon nan reyalite chak ayisyen. Men jouk jounen anpil moun pa vle ekri liv an kreyòl. Sa fè gen moun ki kontinye di lang nan pa ka fè lasyans. Ki kòmantè ou ka fè sou kesyon sa ?

Mwen enterese lektè Nouvelis yo li ''Anthologie de la langue et la culture créole'' Jean-Claude Bajeux ekri. Otè a chanje mo anthologie a, li mete ''Moso chwazi ''. Se yon fason pou li di pa gen mo ki pa ka tradwi nan lang kreyòl. Fòk nou pa bliye tou kreyòl la grafik ofisyèl li depi 1982; li gen diksyonè l ak gramè l. Mwen toujou denonse masak yo fè sou lang lan. Paske lang lan gen yon jan li ekri. Se nan lide sa nou ankouraje Jounalis yo patisipe nan ansanm fòmasyon n ap bay sou jan moun itilize lang lan.

Pa gen lang sou latè ki pa ka fè lasyans. Sèlman gen anpil efò pou moun fè pou sòti ak yon lang nan alman pou mennen l nan kreyòl. Kidonk fò w pran tan pou jwenn mo ki bobo ak reyalite sa ou vle di a. Kite m pran egzanp "introduction" yon mo fransè. Lè w mennen l nan kreyòl li tounen ''devan pòt'' ou byen ''louvri baryè''. Kelkeswa domèn ou antre ladan l lan tankou : literati, syans, lekòl, kreyòl la reponn ak tout kondisyon yo. Li enpòtan pou ayisyen kwè, jan pwofesè Suze Mathieu renmen di sa, lang li se yon bèl lang, li se yon pèp ki bèl, epi relijyon l se pa bagay dyab.

se Nelio Joseph ki ranmase Pawòl sa yo

User avatar
Marilyn
Posts: 45
Joined: Sun Jan 28, 2007 6:14 am

Post by Marilyn » Wed Dec 31, 2008 8:32 am

In the thread Mission Accomplished: How Bolivia Defeated Illiteracy, Serge wrote:

[quote]Guy, the same program is actually working in Haiti. The Secretary of Education is quite a motivated and organized guy who has been doing great work so far. Just like they did for Bolivia, Cuba has provided 10000 televisions and Venezuela is providing the financing. Thousands have already been taught throughout the country and are now literate.[/quote]

Looks like somebody was paying enough attention to Serge to publish the above article in Le Nouvelliste, giving a progress report on Haiti's Literacy Project.

Thanks, Serge! Thanks, Le Nouvelliste!

Marilyn

Serge
Posts: 320
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Post by Serge » Wed Dec 31, 2008 9:03 am

Marilyn,

My thanks to you for posting this very interesting interview. I had not read it and I find it enlightening. Secretary Carol Joseph is a very dynamic fellow and if he had more funds at its disposal, you can already see what he could accomplish. But this is our plight in Haiti: too many problems to solve at the same time; lack of structure; lack of planning; lack of international cooperation, despite all the nice promises. Translation: while seeking foreign aid, we can only really count on ourselves and for that, we need to get organized and show the world and those who seek to thwart our efforts that yes, we can.


Serge

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Wed Dec 31, 2008 12:44 pm

Marilyn, mèsi pou bon sewòm sa ou pote sou fowòm lan. Li enpòtan pou nou konnen byen sa kap pase nan peyi a nan tout aspè devlòpman pèp la. Mwen aprann anpil koze. Mwen konnen Carol Joseph tou e se yon nèg ki serye anpil e ki devwe nètalkole nan sèvis pèp ayisyen.

Mèsi, mèsi anpil, Marilyn. Pou ane 2009 la, mwen swete ou sante avan tou ak anpil kè kontan tou. Depi mwen wè non ou sou fowòm lan, mwen konnen se bon bèt ou pote, kidonk mwen toujou kouri al gade ki sa ou te gen nan djakout ou. Oumenm ak Serge se bra dwat ak bra goch mwen. Mwen pa kwè Ann Pale ta siviv senk rekòlt kafe san nou.

Post Reply