Zafè Ekriti Kreyòl la

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Zafè Ekriti Kreyòl la

Post by admin » Tue Sep 07, 2004 2:59 pm


Leonel, mwen ta renmen mande ou yon sèvis. Kreyòl Ayisyen an, gen yon jan pou nou ekri li. Gen règ ofisyèl pou sa, e yo pa difisil. Pran yon ti tan souple pou ou li règ yo. Konsilte "Ekri Kreyòl Fasil" ( http://haitiforever.com/bbs ). Mwen konprann ou kab gen difikilte pou ou mete aksan grav yo sou lèt "e", "a", ak "o" yo lò yo bezwen sa. Nou kapab ba ou teknik pou ou fè sa. Yon lOt solisyon ankO se fE jan ou wE mwen fE sa nan fraz sa. Pa egzanp, olye ou ekri "enkor" ou kapab ekri "ankO". Men pwoblèm aksan yo se pi piti koze a sa. Nou pa ta fèt pou nou kontinye ekri kreyòl ayisyen an yon jan fransize lò genyen yon òtograf OFISYÈL nou tout kab suiv pou nou ekri Kreyòl la nan yon manyè ki plizoumwen INIFÒM.

Sa pa vle di mwen mande pyèsmoun pou yo ekri san fot. Ap toujou gen ti devyasyon nan jan nou ekri. Men si nou rete fikse sou preskripsyon règ ofisyèl yo, pap gen GWO DEVYASYON
. E konsa nou kapab ankouraje tout Ayisyen ekri lang manman yo KÒM SA DWA.

Nou chache respekte règ ekriti FRANSE a, nou chache respekte règ ekriti ANGLE a, annou chache respekte règ ekriti KREYÒL LA tou. Si ou pa abitye avèk yo, nanpwen pwoblèm. Nou tout kòmanse pa lekòmansman. Men fòk nou anbwate chemen an. Se sa mwen ta renmen mande ou, paske mwen toujou apresye kontribisyon w yo sou fowòm lan.

M espere ou va rann mwen sèvis mwen mande ou la.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Wed Sep 08, 2004 4:11 am

Mon che Guy,
Mesi anpil,bien ke mwen te panse mwen te fe anpil efø nan conprann ak ekri kreøl,komanman,li pa fasil...
Map eseye goumin ak lang danoi ki se youn nan lang ki pi difisil mwen rancontre,kreøl la pa dous tou non.
Li pranm anpil tan poum ekril ak konprann li.Mwen konnin,sa se yon hont pou yon ayisien pa ka li ou konprann lang li min se pa fot mwen,mwen te gintan pran nan sistem colon franse yo.
Map fe on ti effø,bien ke mwen pi fø ke madanm mwen...
Mesi ankø,mwen gin on lot ti pwoblem,se ke jan mwen pale kreol la diferan de jan li ekri a.
Pa egzamp mwen pa di itil mwen di util,mwen pa di de min deu etc.,sa antijan nuim.
Bien ke mwen konprann sa ou di a,min li relman difisil pou on paket ayisien,sutou lE wap goumin ak dksion on paket lot lang ki pa paw.
Mesi ankø

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Sep 09, 2004 12:22 pm

Leonel, piti piti zwazo fè nich li. Mwen pa gen pwoblèm avèk ou depi ou dakò pou ou fè efò a. Ekri kreyòl pa fouti pi difisl pase pale ak ekri Danwa pou nenpòt ki Ayisyen (amwens ke li te fèt Dànmak).

Mwen sijere ankò pou ou li règ yo nan http://haitiforever.com/bbs .

Epi kòm ou kab wè, mwen te pran tan korije ANPIL lan nòt ou te ekri sou fowòm lan tou, mwen te korije laplipa, se pa paske mwen gen tan pou m pèdi, men se paske zafè Kreyòl la se yon bagay ki fon nan kè mwen tout bon.

Jan Kanmarad Serge di ou la, pa kite diferans nan jan Kreyòl la reprezante nan ekriti li ak jan ou pale li a nwi ou twòp. Mwen pa kwè gen yon lang sou latè kote gen yon korespondans total, 100% fonetik, ant jan yo ekri mo yo ak jan yo pwononse yo. Mwen konnen Lang Panyòl la kandida pou sa, li konsistan anpil, men mwen pa konnen si li 100% fonetik vre. Mwen ta di "non", men kòm mwen pa lengwis sètifye, mwen pito
pa fè gwo deklarasyon sa yo. Antouka, sa pou w mete nan tèt ou sè ke pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "diri" olye de "du riz". Pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "de" nan plas "deux". Pa gen pyèsmoun ki vle fòse ou di "Jezi" nan plas "Jésus". Objè a se senpleman pou rive sou yon reprezantasyon òtografik ki inifòm pou tout Ayisyen. Kidonk, lò ou wè mo "diri" a nan yon liv, e w ap li tèks la "à haute voix", sa pa mele mwen si ou pwononse mo a "du ri" oswa "di ri" jan ou te aprann pale a. Se zafè EKRITI kap pale la. Se pa zafè jan ou pale Kreyòl la kap diskite la. Nan tout lang, se yon sèl jan ou ekri yon mo, kèlkeswa jan ou pwononse li a. Petèt gen eksepsyon, men se règ jeneral la sa.

Mwen te konn gen menm enkonfò avek ou tou lontan, men mwen vin konprann bagay yo pi byen depi kèk tan avèk èd zanmi sou Fowòm Ayisyen an, http://haitiforever.com/bbs epi zanmi mwen nan yon yon òganizasyon Kreyolis yo rele REKA, http://www.kreyol.org . Gen bèl e gwo diskisyon ki fèt sou ekriti kreyòl la sou Fowòm Ay
isyen an. Gen gwo mèt Kreyolis ki te rantre nan diskisyon sa yo. Sa mwen ka di ou, sou baz diskisyon sa yo, sè ke nou pa toujou dakò pou ekri mo Kreyòl yo egzakteman menm jan, menm lò nou suiv règ ofisyèl ekriti kreyòl la. Gade mo sa yo: "ekzanp oswa egzanp", "ekziste ou egziste", "lannuit ou lannwit", "peyi d Ayiti" oswa "peyi Dayiti", "an Ayiti" oswa "ann Ayiti", epi anpil lòt egzanp mwen te kab ba ou toujou. Men sepandan, diferans sa yo minè, e nou kab sipòte yo depi règ jeneral yo aksepte e aplike.

Kèlkeswa dezakò nou ta kab genyen, nou tout dakò ke "konprann" PA KAPAB KÒMANSE ak lèt "c" a, se avèk lèt "k" pou li kòmanse. Nou tout dakò tou ke "konprann" pa kapan ekri ak yon "m" ladan. Kidonk se pa ni "comprann", ni "komprann", ni "conprann". Se "KoNprann". Kounyè a, ou kab twouve moun ki ensiste toujou pou yo ekri "konpran" olye yo ekri "konprann", men nou deja vale yon pakèt teren si omwens nou dakò ke mo "konprann" lan kòmanse ak yon K e nan pwen M ladan l.

Konsa ou va remake ke lèt "
c" PA EGZISTE NAN KREYÒL amwenske li akonpaye pa lèt "h" la kòm nan "chat la". E nan konsepsyon kreyolis la, "ch" la vin fè yon sèl lèt (se pa 2 lèt) menm si nou reprezante lèt sa pa 2 senbol nou prete nan ekriti etranje.

Konsa tou lèt "u" a PA EGZISTE NAN KREYÒL amwenske li akonpaye pa lèt "i" a kòm nan "lannuit". Nan konsepsyon kreyolis la, "ui" a se yon vwayèl li ye, li pa reprezante de lèt detache, menm si reprezantasyon senbolik li fè izaj de lèt nan alfabè ki soti nan lang etranje yo.

W ap suiv mwen? Si ou dakò ak prensip sa, ou pa kab ekri "du ri" ankò, menm si se "du riz" (nan òtograf franse a ou vle di e w ap chache ekri. Sa n ap pale la, SE YON SENP REPREZANTASYON ÒTOGRAFIK LI YE, e kòm se CHIMIS ou ye, ou abitye ak tout sòt senbol fizik e matematik, kidikonk se pa yon lòt ti reprezantasyon senbolik ki ta pou manke w dega. Jan ou pale e jan ou reprezante sa ou pale, se 2 aktivite diferan, e ou kapab metrize tou de, alaminit ou aksepte prensip de baz yo.

Bon, anvan m ale, te
mwen ba ou yon ti leson pou m ede w vanse nan ekri Kreyòl la:

Nan franse ou ekri "COUSIN, COUSINE", "VOISIN, VOISINE".

Gade byen jan mwen pral ekri 4 mo sa yo nan Kreyòl, gade byen diferans nan chwa lèt yo, EPI APLIKE diferans ou opsève yo pou tout lòt mo kreyòl ki gen menm son yo.

Franse: C-ou-S-IN
Kreyòl : K-ou-Z-EN
(se EN, se pa IN)

Franse: C-ou-S-INE
Kreyòl : K-ou-Z-IN
(se IN, se pa INE)

Franse: v-OI-S-IN
Kreyòl : v-WA-Z-EN
(se WA, se pa OI; se EN, se pa IN)

Franse: v-OI-S-INE
Kreyòl : v-WA-Z-IN
(se WA, se pa OI; se IN, se pa INE)

Kidonk an Kreyòl, nou ekri "Kouzen, kouzin", "Vwazen, vwazin".

Monchè, se Pwofesè Pistach ki te di mwen ba ou ti leson sa. M espere ou va koute Pwofesè a byen, paske li ta renmen wè tout Ayisyen aprann ekri Kreyòl anvan li mouri.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Fri Sep 10, 2004 12:18 am

[quote]M ap panse a youn lan entèvansyon sou virilite gason nwa kote Guy di diskisyon an te dwe an angle.[/quote]
Nekita, mwen pa fin sonje sikonstans lan. Mwen dwe te di (oswa vle di) ke tèl diskisyon ou yon lòt te kapab resevwa plis entèvansyon si li te fèt an angle. Men jan ou konnen, premye fowòm Windows on Haiti a ( mwen achivize l nan http://haitiforever.com/bbs ), se an Kreyòl sèlman tout bagay te diskite, e nou te fè anpil diskisyon sou ekriti lang lan menm. Règleman nouvo fowòm Ann Pale a sè ke chak moun deside pou kont yo ki lang yo vle sèvi ant Kreyòl, Angle, Franse, e menm Panyòl (gen yon dominiken kap plede ranse la nan "Our World", men se pa pou lontan, m ap rezoud pwoblèm sa kanmenm). Mwen chwazi 4 lang sa yo paske se yo menm Ayisyen pale pi plis. Natirèlman, ou pa twouve anpil pale franse sou fowòm Ann Pale a. Se paske Ayisyen ki renmen voye monte an franse twouve yon anviwonman ki pi ak
septab pou yo nan lòt sitwèb. Ils ne me manquent pas. (I don't miss them.) Men, kòm nou kapab pale franse, nou toujou kite pòt la ouvè pou moun serye ki pi alèz pou yo esprime tèt yo nan lang franse a.

Men, nouvo règleman fowòm lan gen dezavantaj li tou, paske se pa tout moun ki konn pale Kreyòl, Franse, Angle, Panyòl. Si yon moun pale yon sèl lang, l ap genyen anpil difikilte pou li suiv tout bagay kap pase sou fowòm Ann Pale a. Mwen ta di menm bagay sa kapab enposib pou yon dividal moun ki vin sou fowòm lan.

Nou pap janm angaje tèt nou nan tradiksyon pou lektè fowòm lan. Nan pwen resous pou sa, Jan nou konnen se yon grenn staff Windows on Haiti genyen, se mwenmenm, ak sipò madanm mwen ki ban mwen yon kout men ak grafik yo. Kidonk, desisyon mwen se kite tout moun naje pou soti nan zafè lang lan sou fowòm lan.

Mwenmenm mwen prefere sèvi ak Kreyòl e Angle. Tout navigasyon sit la se an angle li ye, pou rezon stratejik, paske li enpòtan anpil pou plis moun konprann ki kote yo prale s
i yo klike isit ou la.

Kòm mwen di, mwen pa vle fòse men pèsonn. Men si nou gen sijesyon sou izaj lang sou fowòm Ann Pale a, m ap byen kontan koute yo epi reflechi sout tout pwopozisyon ki kab fèt.

Pou zafè kreyòl gwadloup la, mwen dakò, se naje pou soti. Mwen te fè anpil jefò pou mwen rive konprann Widy byen, tou kòm mwen sipoze Widy te fè anpil jefò pou li rive konprann kreyòl ayisyen an fen. 99% se menm biten. Men souvan se 1% an ki kole nan gòj ou tankou zo pwason. Men ou pa fè yon lide jan mwen kontan mwen te fè jefò sa, epi mwen pa gen okenn pwoblèm pou mwen konprann Widy ankò.

Mwen toujou panse sa ta bèl si nou vin gen patisipan nan divès antiy yo (Gwadloup, Matinik, Sentlisi, Kiba, elatriye). Men meriken di "be careful what you wish for"... eske se yon Tou Babèl m ap konstrui?

Anpil koze... di mwen sa nou panse.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Fri Sep 10, 2004 6:11 am

Mesye, se ranse n ap ranse oudimwen gen on pwofesE Pistach tout bon vre?

Mwen stil poko fin ri.

Leonel JB

Post by Leonel JB » Fri Sep 10, 2004 10:13 am

Mesi anpil frEm yo. Nou reyelman montre m ke Ayisyen kapab ede lot... Mwen reyelman optimis ak jenerasyon sa.

Sonje, on sel nou feb, men ansanm ansanm nap pouse pou pi devan.

M kwE nan nou tout.

Gendefwa m panse tout ayisien te dwe sou fowOm nan, pote kontribisyon yo. Yo tap aprann anpil...

Post Reply