Si oumenm pitit Ayisyen pa Ayisyen ou pa anyen!!

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Si oumenm pitit Ayisyen pa Ayisyen ou pa anyen!!

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Apr 17, 2004 7:03 am


Si oumenm pitit Ayisyen pa Ayisyen ou pa anyen!!

Ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Pa gen lontan mwen kontre youn jèn ayisyen nan koulwa lekòl la, ki di mwen, nan ti pale rapid nou, tankou nou abitye fè li chak fwa nou kontre, “Si ou se Ayisyen ou pa anyen.” Mwen pa kache di nou li, mwen te dekonstonbre, sepandan menm lè a, mwen te reponn misye, “ou vle di mwen si ou pa Ayisyen ou pa anyen.” Repons rapid mwen an te siprann misye. Sepandan, sou de jou li te abòde mwen nan koulwa a, pou li te di mwen “ Mèt la poukisa gen lagè Ayiti?” Mwen te pran twa minit pou mwen te esplike misye Ayiti pa gen lagè, sepandan gen youn ekip mounn ki pa vle respekte konstitisyon peyi a epi ki kreye youn eta kriz anndan Ayiti.

Pawòl jenn Ayisyen sa a, ki te deklare mwen : “ Si ou se Ayisyen ou pa anyen”, te frape mwen fò epi sa te demontre mwen, noumenm Ayi
syen nou dwe rete veyatif sou pawòl nou ap pale nan pwòp kò kay nou sou Ayiti an prezans timounn pa nou ansanm ak tout lòt timounn ki nan anviwonnman nou. Nou pa dwe kache yo laverite, ni tou nou pa dwe kite yo grandi ak youn imaj negatif sou peyi ki rete kòm referans nan lespri yo a. Rasin yo pa ni Kanada, ni Etazini osnon okenn lòt peyi nan dizyèm depatman an. Kèlkeswa lanng timounn nou yo pale a, angle, franse, panyòl, alman elatriye, gen sitiyasyon konplèks ki pou prezante devan yo, ki ap retounen yo karant an, senkant an nan lavi yo, pou raple yo, se Ayisyen yo ye, oubyen ankò se Afriken yo ye.

Si nou grandi timounn lan ak referans negatif fas ak tou de reyalite sa yo ( Ayisyen epi Afriken) nou ap kreye youn mounn ki ap tounen youn lennmi pou pwòp tèt li, paske li ap nan enposiblite pou li sèvi ak esans mounn li pote anndan li an pou li defann pwòp tèt li lè li nan sitiyasyon kote lòt mounn ap mache sou entegrite mounn li. Esans youn mounn se rasin li orijin ak kilti natifnatal li.

Malg
re tout mizè peyi Arab yo ap pase anba men Meriken ak Izrayèl, mwen poko janm kontre, nan kad travay mwen, youn jenn Arab konsekan ki kanpe pou li di-m anyen mal sou orijin Arab li. Okontrè, yo kanpe dyanm ak liv relijon pa yo a, Koran an, ansanm ak lidè relijon yo pou yo goumen pou sa yo reprezante a: Arab.

Noumenm Ayisyen, nou se katolik, pwotestan oubyen sèvitè lespri ginen, ( vodoun), mizilman elatriye, sa vle di, fòs espirityèl nou gaye, nou poko rive rasanble li kòmsadwa pou nou sèvi ak li, tankou Arab yo ap sèvi ak relijon islamik lan, men nou genyen fòs nan pwòp kominote nou an ki pou pèmèt nou drese timounn nou yo kòmsadwa, youn fason pou yo evite derapay ant pwòp tèt yo ak reyalite lavi chak jou yo, ki se reyalite lavi pa nou tou kòm granmounn. Kidonk, se devwa nou noumenm granmounn yo (papa, manman, fanmi, zanmi elatriye) pou idantifye fòs sa yo. Fòs sila yo, se modèl nou genyen nan kominote nou ap viv la. Yo kab pa anpil, men nou genyen. Si nou pa kapab jwenn yo nan kominote nou ap vi
v la, nou kab toujou al fouye nan rasin listwa nou ki kòmanse depi sou tè Lafrik ak mèvèy Lejip yo pou rive jounen jodi a sou tè Ayiti, paske listwa noumenm mounn nwa kòmanse anvan Kristòf Kolon te rive sou tè Amerik la.

Sepandan, premye modèl pitit nou ak tout lòt timounn ki anviwonnen nou se noumenm menm. Si nou prezante yo Ayiti pa nou an tankou youn espas enferyè, youn tè modi, yo ap konsidere nou enferyè, yo ap konsidere nou tankou mounn modi, yo pral pèdi konfyans nan nou epi yo pral pèdi konfyans nan pwòp tèt yo. Pi devan yo pral aji an manfouben. Se lè sa a tou nou pral jwenn yo nan tout kalite move zak nan lari a.

Pou nou kore timounn nou yo, nou bezwen mounn ki entèg. Lè nou di entèg, nou vle di mounn ki gen kouray kanpe pou yo di non. Nou kab ba yo ekzanp youn ekriven kou Pòl Larak( Paul Laraque). Lis ekriven nou yo nan de lanng ofisyèl Ayiti a lonng, men nan jenerasyon ki ap monte la a, se ak bwapen pou nou chèche sila yo ki rete soude entegralman ak pawòl yo ekri nan pwòp
liv pa yo. Nan domèn politik, paske fòk gen mounn ki fè politik aktif, nou kab ba yo ekzanp youn politisyen Ayisyen ki te rele Danyèl Fiyole ( Daniel Fignolé ). Mwen sonje papa mwen toujou di mwen, Blan nan izin sik HASKO te rapòte li Danyèl Fiyole se sèl nèg ki te fè bak devan grinbak.

Nou dwe chèche modèl ki kab distenge jistis ak enjistis, legalite ak ilegalite epi moralite ak imoralite. Nou konnen kalite konpòtman sa yo mache ak konsekans yo, Danyèl Fiyole te peye konsekans aksyon pozitif li yo chè, men se entegrite li tou ki pèmèt nou sèvi ak non li jounen jodi a kòm youn modèl politisyen pozitif.

Se sèten noumenm Ayisyen genyen responsablite pa nou nan eta lamantab peyi nou an, men nou genyen youn peyi. Se nou tout ansanm ki pou poze grenn wòch pa nou nan konstriksyon Ayiti. Konsa, responsablite nou kòm granmounn Ayisyen, se pou nou di timounn nou yo tout verite sou peyi zansèt yo a. Se pou nou ankouraje yo fè rechèch sou listwa peyi Ayiti, pou yo konnen peyi a epi konprann kondisyon
tribilasyon li yo. Nou dwe aprann timounn nou yo reflechi daprè youn prensip ki di :"pa genyen kosekans san kòz." Timounn nou yo pakab chita ap tann okenn lòt mounn pran angajman chanjman an nan plas yo. Prensip founi je gade a fèt pou disparèt. Se pou timounn nou yo al chèche konnen epi konprann poukisa peyi a ap anfonse nan pwofondè li prale jounen jodi a, lè yo va jwenn sifizaman limyè sou sitiyasyon aktyèl Ayiti a, yo va di menm jan ak mwen : “ Si oumenm pitit Ayiti ou pa Ayisyen, ou pa anyen!! ”

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj )

Widy_

Post by Widy_ » Tue Apr 20, 2004 10:52 am

BWAVO BA Tèks ou, mwen pwan plezi a li-y. li byen fèt e li byen yekri. Nou pe kè konstate kè kreyòl se youn bèl lang li ye.

Pou wouvin si tèks ou, tini 2 biten ki make mwen; lòw ka pale dè pwoblèm a diferans rèlijion antrè nou, sa se vwe sa, pwoblèm nèg, se kè yo adan tout kalite rèlijion men yo pa gen youn ki pou yo menm, konpare a pèp arab, jouif, ou ewopeyen yo.

LÒW BYEN GADE tout rèlijion ou nèg adan yo, se pa yo ki ap menne e pwan desizion. Yo ka yenki suiv bagay se moun la, e sa se youn pwen fèb pou nou.

Dayè pwoblèm tala pa yenki pou ayisyen li ye, men pou tout kalite nèg si la tè, e nou pe menm di kè se feblès an nou.

Si-w ka gade nan monn lan, lè yo manye oun jouif ou oun arab, tout pèp yo nan lari la ka rele: lage boug a yo, lage boug a yo, boug a yo boug a yo, men nou nèg, yo te pe ka touye youn, men pon moun paka fè anyen, paka pale dè sa kon si nou mwens ki chen.

yenki gade, pou ayiti, konmen manifè
stasyoun nou wè nan pèp nwa la, kikiswa yo angle, panyòl ou fwanse, pon moun pa di anyen e sa se oun biten ki make mwen oun lo.

Lòt pwoblèm kè ou di se si ti moun nou e edikasyon yo ap sibi. sa sèten yo pa janm foure listwa pèp yo nan valè e yo toujou di kè nèg pa gen listwa, e pa fè anyen nan monn la.

mwen menm an mwen se gran moun kè mwen vini aprann listwa pèp mwen, men lèm te ti nèg yo pa janm pale nou dè Tousen Louvèti e listwa ayiti, se mwen menm ki te blije achte liv e fè rèchèch pou konnen listwa a.

Alòs nou pe kè konstate kè ka rete nou plen chimen a fè pou nou pe rive a oun rèkonesans mondial, byen kè blan yo ka mare ren pou fann tchou an nou, pwan rèvanch si nou, e fè nou pase mwens ki zannimo yo.

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Wed Apr 21, 2004 3:46 am

Widy, Boug an mwen,

Menm pou noumenm ki te grandi nan yon peyi ke nwa dirije, se menmman, parèyman.
Se nan granmoun mwen, mwen aprann listwa de Gwadloupeyen tankou Colonèl DÈLGRÈS ak Kaptenn IGNACE.
Se de nèg vètikal, total-kapital ki pat pote kanson yo pou bèl twal.
Widy, mwen gen dwa di menm jan pou nèg sou la tè konn istwa Tousen Louvèti, yo fèt pou yo konnen istwa de nèg kou Dèlgrès tou.
Tout nèg sa yo, se zanno nan chenn libète an.
Wi keseswa Denmark Vesey, Posner (Etazini), Aponte (Kiba), mawon Jamayik yo, Louvèti, Desalin, Garifuna yo (Ti Antiy yo), Palmareis ak chèf yo Zumbe (Brezil) ak tout lòt milyon yo.

De nèg ki kanpe pou defann libète.
Abobo pou yo.

Widy_

Post by Widy_ » Thu Apr 22, 2004 10:43 am

>Mon chè Jonas,

Ou ka etone mwen oun lo, padavwa kè ou konnen listwa a Dèlgrès e Ignas.

Sa se kon ou di, sete de nèg vayan jouwa, de mal nèg. MENM O BÒ NOU MENM gen plen moun ki pa konnen listwa se boug tala.

Mwen peke rantre nan tròp detay èvè zòt men fòk nou sav kè te gen oun rèlasyoun antrè revolisyoun ayisyen e travay se boug tala.

Ki jan sa fèt: Ann gade ti bwen nan litwa.

Avan menm ayiti te endepandan, dèlgrès kenn gwadloup 5 jou endepandan.

Yo rive lime dife si tout kolon blan yo nan gwadloup, apwe sa fwanse voye matiniken pou fann tchou an yo; lòw dage yo fè yo rantre la yo sòti la san touche le de bò.

Lè yo wè pa ni anyen a fè, yo voye oun prèmye bato blan, dèlgrès fin chie èvè yo tou. MEN PANNAN moman tala dife teka lime ayiti tou.

Lè fwanse wè dife si yo, yo deside voye oun gwo bato paviyon rampli militè adan-y, e se an moman tala kè yo rive bout revolisyoun lakay nou.

F
òs a dèlgrès, si zòt le se kè li te pisime touye-y ki dè rann li a fwanse, sa ki ba-y mo tala ( VIVRE LIBRE OU MOURRIR)

SEZEDAM, boug an nou la pran bwa ba-y li monte nan tèt mòn Matouba, padavwa kè boun kòlbòko te an tchou a-y, e nan moman tala alòs kè li te ansèkle, yo mande-y dè rann li, men li te pisime touye-y epi tout lekipaj li.

Ki rapò èvè peyi zòt ?

Si-n ka gade listwa nap wè kè fwanse patepe voye batiman militè adan oun sèl zil, yo te blije pwan lanmwatye pou ayiti e lòt la pou gwadloup, e se sa ki ba ayisyen plis fòs.

Se pou sa kè plen savan nèg ka di kè si ayiti vini endepandan se gras a gwadloup.

Dezièm biten e sa se oun fè istorik li ye, se kè lò Desalin vin apwann sa kap fèt gwadloup e masak a nèg ki souiv apwe lanmò Dèlgrès, li di koun sa : pèp fwè mwen pou sa ki fèt la mwen ke vanje san a zòt, e se sa ki ba yo ankò plis fòs e detèminasyoun pou yo goume jous a lendepandans yo.

MI SA LISTWA KA APWANN NOU.

Post Reply