Literati kreyòl

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Literati kreyòl

Post by Michelange_Hyppolite » Tue Oct 31, 2006 9:34 pm

Samdi 28 oktòb ki sot pase a, Samdi Literè te òganize 5 yèm gala anyèl li sou tèm: Ann kontinye bati ansanm. Gala anyèl sa a toujou òganize nan bivize pou ankouraje jenn diplome Ayisyen yo nan rejyon Otawa-Gatino a. Ane sa a, Samdi Literè te pwofite pou fè lansman liv Michel-Ange Hyppolite la Lèt Ife ak Soul.
Ann li lèt kòmantè Jean-Robert Placide sou liv la:

Kaptenn Zanmi kanmarad mwen ,
Chita koze se lizay. Lè Mouvman kreyòl te fin kale Sosyete Koukouy, younn nan objektif li se te potekole pou devlope literati lanng kreyòl la. Entansyon sa a toujou kanpe djanm. Se nan menm liy panse sa a, Sosyete Koukouy ap kontinye reflechi sou literati kreyòl la epi donnen tèks manbre pou youn bèl devlopman literè.

Anfèt, se lide kannale, mennen lanng kreyòl la byen lwen, ki t'ap klere epi gide Jan Mapou nan kreyasyon Pwezigram (1981) ki te youn nouvote nan literati kreyòl epòk la. Lè mwen ekzamine esans lide ki nan Pwezigram, mwen santi gen youn tranzisyon ki kreye ant literati pale a( oralti) ak literati ekri a.
Daprè Pyè Banbou, anndan konsèp Pwezigram lan, nou ka jwenn kèk aspè lekriti tankou : telegram ak kablogram ki, nan fòm yo te konn ekri yo a, te plis gen rapò ak oralti modèn nan, oralti mounn lavil yo te devlope ak nouvote teknolojik yo. Mèzalò, pa te gen youn aspè lèt nan Pwezigram. Se mesaj ki t'ap vwayaje ak mwayen teknolojik avanse. Donk, kategori lèt ki genyen fòm literè te bezwen youn echantiyon pou literati kreyòl la te kontinye taye banda menm jan ak literati tout lòt lanng modèn yo. Se nan pèspektiv sa a mwen kontan wè ou pibliye Lèt Ife ak Soul ki se premye liv lèt-powèm ki parèt nan lanng kreyòl Ayiti a.
Mwen dwe raple ou, depi byen lontan deja, te gen lèt ki ekri an kreyòl. Lèt sa yo, se te youn seri lèt pou mounn voye nouvèl, regle pwoblèm chak jou yo elatriye. Pa te janm gen okenn aspè literè ladan yo. Alaverite, premye tras lèt-powèm nou jwenn nan literati kreyòl la, se Georges Sylvain ki te ekri li nan journal La Presse 1902. Nan lèt sa a li te ap pataje chagren li ak Oswald Durand sou kondisyon difisil lavi a anndan peyi a. Nan echanj Georges Sylvain ak Oswald Durand, Georges Sylvain te itilize youn langay peyizan. «Konpè OOO… ». Apwòch sa a se youn fason pou vwa mounn lan pote mesaj la byen lwen. Ajisman sa a se youn eritay Ayisyen pran nan men zansèt nou yo ki te soti Lafrik Ginen.

Nan fouye zo, fè fouyapòt sou koze lèt literè ki ekri an kreyòl, mwen kontre menm apwòch Georges Sylvain te itilize a nan mesaj Moriso-Lewa te voye bay Christian Beaulieu ki ta vle derape tankou youn lèt :« Christian Beaulieu O O !...» Dyakout (1951)

Apre mwen te fin li lèt Georges Sylvain an ak lèt Moriso-Lewa a, mwen te fouye pi plis toujou ; fwa sa a se pou mwen te chèche wè si genyen jenn ekriven ki te eseye plim yo nan kategori ekri lèt literè. Se konsa mwen te jwenn travay Georges Castera nan Konbèlann ( 1976 ) ki, bò kote pa li, te kite aspè pale a pou li rantre aspè ekri, tankou sa fèt lavil, nan youn lèt-powèm li te konpoze pou lwanje revolisyon Kiben an. Nan lèt-powèm sa a, ki rele Vwazen, misye te louvri tèks la ak youn fòmil lèt nòmal, men ki gen youn aspè franse mawon. Apresa, li te kontinye lèt la ak youn kreyòl byen eskanpe.






Kaptenn, chak grenn tèks mwen nonmen pi wo a , kit li te soti anba plim Moriso-Lewa, kit li te soti anba plim Georges Castera , lèt-powèm lan te reprezante youn grenn lèt anndan youn liv ki chaje ak powèm. Younn nan diferans ki genyen ant travay mwen fenk sot site la a ak travay pa ou la, sèke Lèt Ife ak Soul se youn liv antye ki ekri ak lèt.

Kaptenn, lè mwen te fin li boukè lèt literè ou yo, mwen santi ou ap bati youn lòt pon ankò pou pèmèt literati kreyòl Ayiti a janbe, kite epòk Moyen-Âge pa li a (Rodney St-Éloi Memwa Metriz 1999, p. 9 ) pou li rantre nan epòk modèn inivèsèl la, san li pa neglije sa ki te fèt deja , ni rejete oubyen bliye baz fondamantal li ki nan literati pale pèp ayisyen an. Kounye a, zanmi mwen, mwen fin Lèt Ife ak Soul, mwen espere nou va pran san nou, tan nou pou nou wè ki lòt branch nou pral mete sou pon kreyòl la pou li kontinye vwayaj li sou gran chemen literati a

Kaptenn, Lèt Ife ak Soul p'ap rete grenn senk pandan lontan sou chemen lèt literè nan literati kreyòl la, paske mwen konnen gen lòt liv lèt ki nan wout.. Mwen ap swete ou bòn chans epi mwen rete kwè tout mounn ki li Lèt Ife ak Soul va konprann epi apresye pwofondè senserite ou lè ou te ekri :« Tèks pwezi kreyòl yo dwe anvayi teren refleksyon anpwofondè sou ekzistans nou, konsepsyon nou sou lavi, desepsyon nou, lanmò, linivè, eksetera.» (Istwa Pwezi kreyòl, 2000, p. 217)

Kenbe fèm gason
Kanmarad kreyolis parèy ou
Jean-Robert Placide, Pwofesè kreyòl
Manm Sosyete Koukouy Kanada


Si gen mounn ki ta renmen achte liv Lèt Ife ak Soul, ki ekri nan twa lanng, kreyòl-angle-franse, yo kab ekri Kaptenn Koukourouj sou adrès sa a: Michel-Ange Hyppolite
61 Taj Court
Ottawa ON K1G 5K6. Pri a se 20.00

Post Reply