Mo nèf nan kreyòl Ayiti a

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Mo nèf nan kreyòl Ayiti a

Post by Michelange_Hyppolite » Tue Sep 05, 2006 8:17 pm

Men sa youn kreyolis parèy mwen voye ban mwen jodi a:


* Eske w te okouran distenksyon sèten save te vle fè ant tèminezon "iz" pou "isme" (franse a) ak "is" pou "iste" (franse a)? Konsa, "kominiz" t ava pou "communisme" epi "kominis" pou "communiste". Sa w di nan sa?


Bon! mwen te pwomèt li mwen pral soumèt lide a sou fowòm lan pou diskisyon. Se ekzakteman sa mwen fenk fè la a. Mwen ta renmen konnen kisa nou panse sou de chwa sa yo nan lanng kreyòl Ayiti a?

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Wed Sep 13, 2006 10:02 pm

Franz monchè, mwen byen kontan ou pran tan ou pou ou fè ti analiz sa a ak nou. Tankou ou wè li, se youn kanmarad ki mande pou nou pale sou koze sa a ansanm. Mwen byen kontan limyè ou pote sou dosye a. Nou pa pe kouri rale youn konklizyon. Ann tann lòt kanmarad kreyolis yo pale nan koze a, epi suivan sa yo tout di, nou va wè nan ki sans nou dwe oryante aksyon nou.

Si ou gade byen, mwen pa pran okenn pozisyon. Si apre de semenn konsa, pa gen okenn lòt mounn ki pale sou koze a, nou va rale konklizyon nou ansanm epi nou va abòde youn lòt sijè. Antouka, mwen pral mande kanmarad la pou li voye je sou analiz ou a.

Mèsi anpil. Mwen pa rete non. Se te Kaptenn Koukourouj depi Otawa.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2153
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Sep 13, 2006 11:46 pm

Mwen pa siyen ni ak youn ni ak lòt. Tout ko se ko. Se kominis nou ye. Mwen fout arete nou tout. Ni ou Kaptenn, ni ou Frantz, ni lòt kanmarad la tou.

Ay! Pa sezi mesye, se satiyèt m'ap satiyèt nou.

Pèsonèlman, mwen pap itilize ni "IZ" ni "IZM". Mwen prefere mete mo "SISTÈM" lan (oswa yon lòt mo) devan: sistèm sosyalis la, sistèm kapitalis la, relijyon krisyanis lan, ideyoloji kominis la, elatriye.

Bon, m'ale anvan nou rele lapoliz dèyè mwen.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Sep 14, 2006 7:10 am

Monchè Guy se pa ti ri pa ri. Kè mwen cho. Mwen anvi di nou sa mwen te reponn kanmarad la, men mwen ap tann toujou.
Ti ekzèsis sa a bon anpil. Lè ka konsa prezante, yo bay fowòm lan vrè plas li kòm youn lekòl panse, kote nou chak ka pote grenn sèl pa nou pandan nou ap aprann epi kreye materyo pou lanng kreyòl la nou renmen anpil.
Mwen ap tann toujou. Si pyès lòt mounn pa di anyen. Mwen va pataje lide pa mwen an ak nou aswè a.

M'ale
Kaptenn

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Sep 14, 2006 6:09 pm

Kondi mounn yo abitye di a : Pwomèt se dèt.» Mwen te al chèche nan achiv mwen pou mwen te vin kole pou nou mesaj mwen te voye bay kanmarad la, men mwen pa te rive jwenn li.

An gwo mwen te di kanmarad la mwen pa ta chwazi [ IZM] lan, paske mwen pa janm tande mounn itilize li nan kreyòl la.
Mwen te di nou kab itilize la nan tou de ka yo.
Mwen te presize tou pou kanmarad la, se kontèks kote mo a anplwaye a ki pral di nou vrè sans li.
Mwen te ba li kòm ekzanp mo pè a. Se youn mou ki genyen omwen twa sans: pè nan sans laperèz, pè nan sans mounn ki ap fè lamès epi pè nan sans de grenn soulye, ki parèy oubyen de grenn chosèt. Se toujou kontèks li ki di nou ki kalite pè nou ap pale a.

Mwen pa dakò ak Franz ki mande nou pou nou ekri youn mo epi pwononse li youn lòt jan. Se kalite sitiyasyon sa a menm òtograf 1979 la vle konbat.
Kidonk, nou pa kab aji kont youn sistèm ki fin tabli. Se youn [ son] youn [mo], sa pa toujou vre, men se lide sa a mounn ki te prepare òtograf la te genyen nan tèt yo.
Nan sans sa a, mwen ta ka plis panche nan menm sans ak Guy.
Kanmarad mwen ap pale nou la a, ki gen lè toujou vizite sit la, di mwen li pito apwòch Guy a, ki pwopoze pou nou mete sistèm devan kalite mo sa yo. Sistèm kominis, sistèm kapitalis eksetera.

Pou nou rale youn konklizyon, nou kab di, lè nou vle pale sou koze yo rele « le communisme » lan, nou ta kab di: sistèm kominis lan.

Mèsi Franz, paske se oumenm ki pèmèt diskisyon an louvri, mèsi Guy dèske ou ban nou youn pwopozisyon ki ralye kanmarad mwen an ansanm ak mwen epitou mwen ap di kanmarad la mèsi dèske li te deside pale ak mwen sou koze a.

Kounye a, mwen ta renmen konnen ki pozisyon Franz pral pran? Eske li ap apiye nou oubyen èske li ap deside parèt ak lòt agiman pou li konvèk nou?

M'ale
Kaptenn Koukourouj

Konsa, ni Guy ni mwenmenm, ni kanmarad la, nou panche nan menm sans .

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Thu Sep 14, 2006 9:19 pm

Monchè Franz, ou konnen mwen bwè pwa! Sepandan, lè mwen gade nan diksyonè fransè «Le Petit Robert», mwen pa wè gen son lan nan fason yo ekri pwononsyasyon mo a. Sa vle di, son nou tande yo se yo pou nou di epitou younn nan mekanis mwen remake ki genyen nan lanng kreyòl la, ki kab nan lòt lanng tou, se prensip eliminasyon son an.
Mwen pral ba ou youn ekzanp: Franse di « Gérard», men lanng kreyòl la kite [r] final la tonbe pou li di [ Jera ]. Madanm mwen rele « Marlène» an frranse, men tout mounn ki pale kreyòl senpman yo rele madanm mwen « «Malèn». Poudayè, malgre pwotestasyon li, se Malèn mwen toujou rele li. Si li te kanpe dèyè do mwen la a, li ta va di mwen:« Mwen di ou non wi!!»

Kòm gen youn prensip vale son ki deja ekziste nan fondamantal lanng kreyòl la, mwen ta va ekri [ kominis] [ kapitalis] eksetera nan disyonè a epi mwen ta ekri divès nivo sans mo a avèk bon jan ekzanp. Alaverite, lè nou louvri youn bon diksyonè nou kab wè: sans pwòp, sans figire, sans nan domèn lasyans, nan domèn chimi, nan domèn byoloji eksetera.

Si ou pran youn mo kou «cellule» an franse oubyen «cell» nan lanng angle epi ou louvri youn diksyonè «le Petit Robert» oubyen youn diksyonè angle «Oxford», ou va remake grenn mo sa a genyen plizyè nivo sans.

Nan youn diksyonè kreyòl, nou va fè menmman parèyman.
Mwen te konprann mwen te bwè pwa, men amezi apeti pawòl mwen louvri, mwen santi mwen reponn kesyon an.

Mwen pa rete non.
Kenbe fèm
Se te Kaptenn Koukourouj depi Otawa.

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Fri Sep 15, 2006 7:18 am

Bon se sa gason! Nou tout nou kontan. Nou rezoud pwoblèm . Nou espere gen lòt mounn ki va pote lòt pwoblèm ankò pou nou diskite ansanm.
Mwen ap toujou kontinye di li, mwen pa lenguis. Lè mwen gen chay ki twò lou sou bra mwen nan domèn lanng kreyòl la, se Janwobè Plasid mwen tyeke.

Genyen divès kalite mounn ki nan divès branch lakonesans. Nou ap ankouraje mounn sa yo pou yo vini ak lis mo espesyal nan domèn pa yo pou nou diskite ansanm. Konsa, nou ta kab di travay leta Ayisyen poko kòmanse vle fè a deja kòmanse nan lakou «Windowsonhaiti»

M'ale
Nou ap tann lòt kanmarad yo.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Otawa

Post Reply