Pwezi

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Pwezi

Post by Michelange_Hyppolite » Mon Aug 14, 2006 7:08 pm

Mwen gen kèk jou nou pa tande bri mwen. Jodi a, mwen di twòp se twòp. Mwen fè youn koutpye sou REKA epi mwen dekoupe pawòl sa yo, ki soti nan Ti gout pa gout ak Jan Mapou, pou ede nou rense je nou ak pwezi André Fouad.


ANDRE FOUAD :
YOUN POWET KI PWOMET

Nan Miyami, gen youn evennman atistik k'ap debobinen depi 21èm syèk la pwente e ki merite pou nou souliyen. Teyat ki te an agoni reparèt anpenpan ak 2 pyesteyat Sosyete Koukouy: Libète ou Lanmò (2004) (Otè: Jan Mapou); Lanmò Jozafa (2005) (Otè: Jan Mapou), Endependans 2004 (Otè: Bob Lapierre alyas Doktè Pardo) . Nan domèn pwezi, powèt eklate kon dyondyon. Liv ak CD ap pibliye alaminit. Powèt yo reyini an senak, nan sware kiltirèl, nan restoran, nan kafe epi pwezi,.bon pwezi koule litlit tankou kafe nan grèp.

Anyen pa eklate konsa-konsa optibonè. Gen youn rezon, gen sikonstans ki lakòz. Nan domenn literati ayisyen-an espesyalman literati natif-natal la, nou jwenn nan ane 50-60 yo powèt tankou Emile Celestin-Mégie (Togiram), Moriso Lewa, Rassoul Labouchin, Emile Roumer, Jacques Lenoir, Koukouy yo ki t'ap prepare teren-an. Se gid powèt sa yo ye. Wòl modèl. Se yo ki te pote ti lanp tètgridap pou klere chemen literati kreyòl-la.

Jounen jodi-a, youn lòt jenerasyon powèt, womansye, dizè...pèse. Alimètbengal bèl pawoli sa-yo eklate nan Miyami apre premye ane mwa eritaj ayisyen-an nan ane 2000. Se grasa Emeline Alexis, youn fanm dinamik ki te responsab zafè kominotè nan biwo majistra Alex Penelas ki te pran inisyativ la. Li te òganize youn seri sware pwezi nan “Café Nouveau” e depi tan sa-a, detanzantan, sware festi-pwezi nan Sant Kiltirèl Mapou, Marabou Café, epi jounen jodia <<Le petit Restro>>. Powèt yo sanble chak jedi osnon vandredi, fi kou gason nan youn anbyans zanmitay. Y'ap deklame bèlte ak richès soufrans ak doulè peyi D'Ayiti.

Ti Restro sa-a s'oun ti kwen byen senp, estil kafe literè ki ka pran 10 mounn alèz, 20 nan kwense. Sa fè nou sonje epòk Moriso-Lewa nan mòn èkil kote entelektyèl tankou Georges Castera, Sr., Jacques Lenoir, Jacques Alexis te konn ap triye ti kawolus pwezi, teke grenn mo, mitonnen fraz pwetik, pataje twouvay literè antre yo pou youn literati wòdpòte.

Jounen jodi-a s'oun lòt jenerasyon. Youn jenerasyon tounèf. Gen nan yo k'ap fleri outadi pye flanbwayan k'ap simaye flè wouj repozwa nan mwa me. Se nan anbyans wololoy sa-a, powèt André Fouad te sanble ak kèk zanmi, powèt, ekriven, mizisyen, aktè, gitaris chanté pou lanse 4-èm rekèy powèm li: ETENSEL MO M YO. Jou Jedi 13 Jiyè sa-a, Ti Restwo krake. Mounn sou mounn debake. Mwatye kanpe. Mwatye chita. Bonkou blije ret dèyò ak youn odè fritay k'ap satouyèt twou nen yo. Ron Dukonel prezantè-a, younn nan powèt nouvo jenerasyon-an tonbe teke bèl mo, bèl pawòl pou depoze zanmi-powèt Andre Fouad nan de plamen piblik-la.

Vant siyati ETENSEL MO M YO youn siksè plis foul. Powèm yo se powèt la tou pi. Senp... chaje ak gangans pwetik. Teknik pwezi André Fwad yo chita sou son, kadans mo pase kon flonn., sifle bò zòrèy kou labriz nan fèy kokoye. ETENSEL MO M YO s'oun boulsenlo, fonn nan bouch; youn grap kenèp ladouskivyen, k'ap glise youn mesaj pou lapanse.

Nou prezante konpliman nou bay powèt André Fouad. Nou ankouraje sware festi-pwezi sa yo ki pral debouche sou sa nou ka rele deja <<21èm syèk Pwezi D'Ayiti nan Miyami.>>


Sou kouvèti Etensèl Mo M yo pa dèyè, mwen te ekri pawòl sa yo:

Nan Etensèl MO, André Fouad keyi flè rèv anndan zetwal ki ap fè alimba ak lapanse. Lè mwen louvri pòt pwezi André Fouad, enstale mwen kòtakòt ak pawòl li yo, se awòm modènite pwezi kreyòl Ayiti a, ki anvayi mwen, andyoze-m, mennen mwen ale nan sous yon pwezi kreyòl tou nèf. Yon pwezi chèlbè, ki ap trase vèvè nan siyay Estil Imajis.

« Se nan tou kloska
Mwen pran gade vil Pòtoprens
Li doubout nan tou po m
Zetwal li ban m gabèl
Lè tout zwazo sispann vole»

Nan Sosyete Koukouy Kanada, nou sonde, pwofonde fòs pawòl sa yo. Epi nou di: «Pwezi Adré Fouad senpman bezwen twa kòd mo pou li donnen mèvèy sou bitasyon lespri nou»

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Kritik Literè, manm Sosyete koukouy Kanada.

P.B. ( Pa bliye) Anvan lontan mwen va pote pi plis pawòl pou nou sou pwezi André Fouad.

Post Reply