Rasin nou se nan peyi nou ak anndan nou li ye

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Rasin nou se nan peyi nou ak anndan nou li ye*

Post by Michelange_Hyppolite » Tue Jan 20, 2004 5:42 pm

Rasin nou se nan peyi nou ak anndan nou li ye.

Ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)


Gen youn pawòl ki di pyebwa ki byen anrasinen kapab grandi jouk li bay fui, men sa ki pa rive pran rasin lan pa pe menm gen tan pouse fèy ale wè pou li ta pouse flè epi donnen. Pawòl sa a peze anpil, paske se pa ni younn ni de rechèch ki fèt, kote yo montre jan sa enpòtan pou youn timounn konnen ki mounn li ye. Plis li konprann ki mounn li ye, ki kote li soti, se plis li ap genyen siksè nan travay lekòl li ak nan lavi a. Youn mounn, ki pase lekòl epi ki konnen tèt li, gen anpil chans pou li fè sa li vle ak lavi li. Sepandan, youn mounn ki pa konnen kilès li ye epi ki manke sou edikasyon li ap genyen plis difikilte pou li pèse nan lavi a.

Lè youn timounn ap grandi, li fèt pou li renmen tèt li, pou li santi li kontan ak tèt li. Pou noumenm Ayisyen, timounn lan dwe konnen li se nèg, menmsi li
gen lòt san nan venn li, li dwe toujou sonje zansèt li se Ayisyen. Tout pèp ki ap viv nan youn peyi etranje gen pou yo pase youn peryyyòd adaptasyon ki ka devlope lakay yo kèk dout sou pwòp tèt yo. Pou nou elimine tout dout lakay pitit nou ki ap grandi bò isit, nou dwe fè yo konnen, epi aprann yo apresye tout valèè pozitif nou genyen lakay nou, tout aspè pozitif ki genyen nan kilti pa nou ansanm ak nan lanng pa nou kòm Ayisyen. Nou dwe esplike timounn nou yo aspè ki negatif nou genyen nan kilti nou yo epi ba yo rezon ki kreye zòn sonb sa yo nan kilti nou an. Konsa, yo ap konnen aklè ki kote yo soti epi ki kote yo prale.

Nan youn fim Ayisyen ki rele Barikad, gen younn nan aktè yo ki jwe wòl youn jèn Ayisyen ki ap viv nan peyi etranje, epi ki di: nan peyi etazini li konnen sa ki rele diskriminasyon, prèmyèman li se nwa epi anplisdesa, li se Ayisyen. Pawòl sa a te lage lib nan istwa a san pa okenn lòt mesaj ki kontrekare li. Pou noumenm, mounn ki ekri tèks istwa a ta dwe souliye tou: nou se
youn ti peyi ak youn bèl istwa ki pote leson pou limanite. Paske, nou te kanpe, pou nou demontre lemon antye bourik pa dwe ap travay bay chwal galonnen. Si nou pran tan nou esplike timounn yo tout detay sou peyi Ayiti, ak sou divès peripesi li yo, timounn lan ap genyen agiman pou li kanpe tèt drèt devan tout mounn ki soti pou rabese li. Se konsa tou li ap aprann vin genyen konfyans nan tèt li. Kòm li renmen tèt li, li pral aprann respekte tèt li. Apatidela, li pral aji youn fason pou li pa bay pyès mounn okazyon vin mache sou respè li ak fyète li. ( Mwen ta rekòmande nou li youn tèks Naom Chomski ekri ki rele: La tragédie d'Haiti)

Lekòl ak fanmi youn timounn se de pi gwo fòs ki genyen nan lavi li. Yo aji tankou youn glas ki ap montre timounn lan foto li. Si yo montre li youn move imaj sou pwòp tèt li se sèten li pral aji nan menm sans ak imaj yo montre li a. Kidonk, lè youn mounn pran pòz li pa Ayisyen devan pwòp pitit li, se youn imaj negatif li voye bay timounn sa a. Se menm jan an tou li pa
kòrèk pou youn ekriven Ayisyen kanpe di: li se Ayisyen lannuit epi kebekwa lajounen. {defen Emile Ollivier} Mesaj sa a tèlman malouk, medya kebèk yo sèvi ak li pou yo voye mesaj pa yo bay jèn nou yo. Chak fwa nou remake medya etranje yo ranje kò yo pou yo fè dekabès ak pawòl dwategòch ki soti nan bouch Ayisyen parèy nou, nou dwe pran san nou , pou demontre timounn nou yo, kalite pawòl sa yo se pawòl tafya. Lè youn mounn Ayisyen, li Ayisyen tout tan epitou kèlkeswa kote li pase a li dwe kanpe pou li di se Ayisyen li ye.


Men kèk aktivite pozitif nou kab fè ak pitit nou:

· Aprann timounn nou yo pale lanng nou. Konsa, nou ap rive elimine anpil baryè kominikasyon ant yomenm ak nou.
· Fè timounn nou yo desine pwòp tèt yo epi pale ak yo sou sa. Sinon yo pral desine tèt yo wè pi souvan nan televizyon yo epi yo riske devlope anndan yo youn latriye konplèks denferyorite parapò ak pwòp tèt pa yo.
· Rakonte yo kont Ayisyen.Achte liv sou peyi Ayiti pou yo. Li liv sa yo ak timounn yo epi espli
ke yo istwa yo. Konsa, yo va konnen nan mond merveilleux des enfants an se pa Blanche Neige, Cendrillon elatriye ki genyen senpman. Yo dwe konnen tou genyen Bouki, malis, Tezen, elatriye.
· Koute mizik Ayisyen ak timounn yo epi esplike yo mòso mizik yo. Konsa, sila yo ki gen don pou mizik va konnen kijan pou yo fè sentèz ant mizik isit ak mizik lakay pou yo kreye mizik nèf.
· Mennen yo nan fèt Ayisyen ak nan ekspozisyon zèv Ayisyen. Konsa, yo va konnen genyen talan nan kominote yo a epi yo va genyen anpil fyète pou yo di yo se Ayisyen, pandan yo ap prepare yo pou yo vin pran larèv .

Nou dwe toujou sonje sa:Youn idantite pozitif, se youn idantite ki baze sou youn seri eksperyans pozitif. Se noumenm manman ak papa Ayisyen ki pou ede pitit nou vin alèz ak pwòp tèt yo, jouk yo rive devlope konfyans nan tèt yo. Nou dwe fè yo konnen tou, menmsi yo ap viv isit, rasin yo se Ayiti epi anndan yo li ye.

*Mesaj sa a, se adaptasyon youn tèks Kawòl Bewòt Jozèf te ekri nan Lyezon youn jounal
Ayisyen ki te parèt Nouyòk nan mwa jiyè 1983

Post Reply