ORIJIN LANNG KREYOL AYITI A ( Twazyèm epi dènye pati)

Post Reply
Michelange_Hyppolite

ORIJIN LANNG KREYOL AYITI A ( Twazyèm epi dènye pati)

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Apr 08, 2006 9:01 pm

Daprè sèten lenguis, lanng kreyòl nou an se youn patwa ki kreye sou lanmè pendan vwayaj maren franse yo, ki pa te pale franse ki te sèvi nan "île de France" lan. Mesye sa yo te pale Pika, Pwatven, Nòman elatriye...Kòm yo pa te pale menm lanng, nan pale ant yomenm yo te vin kreye youn lòt lanng. Padanstan, bato negriye angle, pòtigè, olandè te konn fè komès ak bato franse yo. Sa te vin lakoz lanng mesye franse yo te konn pale a melanje ak lanng maren lòt bato negriye yo. Se lanng sa a daprè lenguis ki apiye teyori sa a, pirat franse yo vin aprann blan esklav, ki te rele angaje yo lè yo vin ap viv sou tè fèm. Se menm lang sa a tou kolon yo vin pale ak eslav yo nan plantasyon yo(Léon-François Hoffman,1995). Pawòl sa a gen youn ti pwent verite ladan paske nou jewnn mo Nòman , Pika, eksetera, nan Kreyòl Ayiti a. Makwo, non pwason nan lanng Nòman(maquereau) ak wouze(rosée)nan lanng Nòman an toujou.

Gen youn lòt kategori lenguis ki deklare keryòl l se youn lanng Afriken ki abiye ak youn vokabilè Franse. La a ankò, gen kèk verite paske nan konpare lanng kreyòl nou an ak lanng Ewe yo, youn etnolenguis, tankou Serge Fuertès, remake anpil similarite ant sentaks kreyòl nou an ak sentaks lanng Ewe yo. Youn ekzanp pami youn dal lòt, se fason lanng kreyòl la fòme pliryèl mo li yo, kote nou wè pliryèl fèt ak youn mo ki ekri sou bò dwat mo nou vle mete sou fòm pliryèl la. Sa sòti nan lanng Afriken yo ( Bilten Koukouy, 1992). Gen lòt lenguis ankò ki pa tande ki pa wè, yo di daprè òbsèvasyon yo, lanng kreyòl la se youn lanng ki fèt nan plantasyon yo menm akoz fason divès gwoup esklav yo , ki pa te pale menm lanng, te oblije viv ant yomenm epitou ansanm ak Endyen yo. Anfèt, vestij kilti Endyen yo nou jwenn nan kreyòl nou an ansanm ak karakteristik kiltirèl divès etni Afriken yo, nou jwenn nan vodoun an ( Alfred Métreaux, 1958) ta kab bay mounn sa yo rezon tou. Konsa, ki kote lanng kreyòl nou an sòti? Kondi pwofesè Nathan Ménard, nan Inivèsite Monreyal: « nou pa konnen. »

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Tèks sa a soti nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti , 2000, p. 1 – 5
Edisyon Educa Vision

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Wed Apr 12, 2006 6:15 am

Wi twa teyori sou orijinn lanng kreyol gen yon ti pa de verite, gen de (2) ladan yo, se yon ti pa de verite.

Jan nou pale, jan nou pwononse mo yo, se de franse nòdwès peyi la Frans yo (premye kolon yo), ke nou eritye yo.

Jan nou pwononse "r" tankou "w", son "e" difisil pou nou, nou pwononse l "é", elatriye.

Son "wen" an tankou franse l'Ile de France di "mwa" e noumenm nou di "mwen" elatriye, elatriye...

Epi zafè ke gramè kreyol te a baz de lang afriken kou Ewe, Fon, elatriye?

Sa mwen pral repwodui la a, se yon tradiksyon yon Fab Lafontaine ke yon enstititris la Lwizyàn te fè. Non manmzèl se JEANNE CASTILLE (moun Pont Breeaux). Blan lwizyàn yo ke yo rele CAJUN yo se desandan blan nòdwès la Frans yo, menm kote premye kolonizatè franse nou yo te sòti.

Fab lan, se LA CIGALE ET LA FOURMI.

A la papòt, gade jan li tradwi tit lan, kote li plase atik lan: CIGALE-LA ET FROUMI-LA.

CIGALE-LA ET FROUMI-LA

Cigale-la té chanté
Tout l'été
Li té pas gen arien
Quand l'hiver vini
Pas meme ein ti mo'ceau
Desmouches ou ein desvers
li couri coté Froumi, so voisine
Li hélé li te gain faim
Si t'olait prête-moin ein graine
Pou viv jusqu'à printemps
M'a payer toi, li dit
Avant l'otonne, si mo parole
L'intérèt-la et principal-la
Froumi-la laime pas préter
C'est so sel défaut
Ça to fait quand té fait chaud
Cigale-la monnedé li
Tout la nouite et tout la jou'née
Mo té chanter, mo té chanter
To té chanter? Moin bien content
Astè to ca danser, to ca danser


Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Wed Apr 12, 2006 8:44 am

Bonjou Jonas, kouman nou ye?
Bon!! Anvan mwen pote pi plis agiman pou ou, daprè rechèch etnolengis Ayisyen Serge Fuertes, mwen ta renmen ou pote plis prèv toujou pase tradiksyon pwezi a kòm endikasyon sou dout ou parapò ak wòl Afriken yo jwe nan kreyasyon lanng kreyòl Ayiti a.
Si memwa mwen bon, Luizyàn chaje mounn nwa. Nou pa konnen nan ki ane mounn sa a te fè tradiksyon an. Nou pa konnen nonplis si mounn sa a te ekri tèks la apati kontak li ak mounn nwa nan Luizyàn yo, eksetera, eksetera. Tout sa, se pou mwen di ou, youn senp tradiksyon pa ase kòm prèv.

Enfòmasyon mwen konte pataje ak ou yo ap soti nan youn liv Serge Fuertes ekri, ki rele: Orijin Afriken Lanng Kreyòl Ayiti a.
Alòs, pote plis prèv toujou epi nou va pataje rezilta nou younn ak lòt pi devan.

Kenbe fèm!
Se te Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy nan Kanada

Jonas
Posts: 238
Joined: Sun Sep 07, 2003 11:53 am

Post by Jonas » Wed Apr 12, 2006 3:02 pm

Non Michel,

Mwen pa di ke Afriken yo pat gen wòl nan devlopman lang kreyòl lan non? Sa mwen vle di ke wòl afriken yo pat gen menm pwa nan devlòpman lang nan ke franse nan nòdwès la Frans yo.

Annou poze kèk kesyon.

Kote mwen doute de teyori ke Afriken yo devlope kreyòl lan, paske yo te bezwen yon lang pou yo konprann yo, youn a lòt; poukisa yon kreyòl pat devlope nan peyi kou Kiba ou Brezil, pou nou pran sa yo sèlman; mwen vle di yon lang ak pwòp gramè li elatriye?

Atansyon, kilti peyi sa yo pi afriken ke pa Ayiti an; fòk nou pa bliye ke se nan ane 1880 yo, ke esklavay te fini nan peyi sa yo, e ke menm jan ak nou, yo te gen gran bitasyon.

RAPHAEL CONFIANT, yon matinikè, ki se yon istoryen double de yon etno-lengis tou, di ke lè esklav fèk debake nan bitasyon yo, dabitid mèt lan te konn asiyen yo bay lòt esklav ki la pou aprann yo lang kreyòl lan.

Epi Michel, JEANNE CASTILLE se yon CAJUN, anpil anpil ladan yo se desandan franse ke angle yo te dechouke (nan mitan 18yèm syèk lan), lè yo tap pran Kanada nan men franse yo.

Mesyedam "cajun" (koripsyon mo Arcadyen an) yo, se nan marekay Lwizyàn yo, yo te ateri.

Pat gen anpil nwa nan zòn lan, epi mesyedam sa yo pat gen mwayen pou yo posede esklav, paske esklav chè.

Jounnen jodi an, gen nwa nan zòn lan, men se apre gè sivil lan ke yo te ale abite nan zòn sa a.

Kididonk tradiksyon ke mwen te repwodwi, se lang mesyedam sa yo.
Liv lan te pibliye an 1981, se te memwa JEANNE CASTILLE.

Bagay ki ap vin pi evidan, sè ke anvan 1804 pat gen dikotomi (si m ka anplwaye mo sa) kreyòl-franse an, nan koloni an.

Se yon sèl lang ki te pale nan koloni an, se kreyòl; si m ka ekzajere, nonb moun ki te pale franse byen nan koloni an, ou te ka konte yo ak dwèt ou.

Gran blan, ti blan, milat, esklav yo, tout se kreyòl yo te pale!

Michelange_Hyppolite

Post by Michelange_Hyppolite » Wed Apr 12, 2006 3:59 pm

Bon Jonas, pou mwenmenm nou klè. Mwen te entèprete premye remak ou a tankou Afriken yo pa pote anyen nan lanng la. Men ou di mwen se pa sa. Konsa, rès yo se detay. Paske gen anpil mounn ki kwè Afriken yo pa pote anyen nan lanng lan.

An atandan, apa Serge Furetes, genyen Bikerton tou, ki pa Ayisyen, men ki apiye lide lanng Afriken yo jwe youn wòl nan lanng kreyòl yo.

Pou kounye a, se pa plis kilès ki kreye lanng nou an, ni kilès ki pa kreye li, se zouti pou nou mete atè.

Si ou remake byen, nan fen tèks ou fin li a, ki se youn lèz nan liv mwen an, ou va remake, mwen pran menm pozisyon ak Nathan Menard, responsab seksyon lenguistik nan Université Montréal, nan Kebèk.
Mwen pa pe jije ki mounn ki gen rezon, ni ki mounn ki gen tò. Sèl sa mwen toujou pwoteste kont li, se lè gen save ki vle iyore wòl Afriken yo nan devlopman lanng kreyòl Ayiti a.

Mwen poste mesaj sa a sou paj la, pou mwen aprann mounn lanng kreyòl gen youn istwa. Se tout!! Si gen mounn ki vle al fouye pi plis, se tan mye. Se konesans nou tout ansanm ki va ogmante.

Si ou ta enterese nan liv Serge Fuertès la, ou va fè aranjman ak misye pou ou ka jwenn youn kopi.

Mwen pa rete non.

Kenbe fèm
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Kaptenn

Post Reply