Pwopozisyon pou sèvi ak [oùn] pou son an kontinye viv

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Pwopozisyon pou sèvi ak [oùn] pou son an kontinye viv

Post by Michelange_Hyppolite » Sun Feb 05, 2006 9:02 pm

Atansyon: Tèks la lonng. Pran san nou pou nou li-l.

Liline mwen pa tande bri ou, san dout ou pa tann, paske nan langay granmoùn lakay, yo di pwomèt se dèt.

Enfòmasyon mwen gen nan tèt mwen an pral parèt nan twa seksyon.
Nan yon premye tan, mwen pral ban nou zouti referans mwen pral sèvi yo, apresa mwen pral mete seksyon nan òtograf la ki kreye konfli ant noumenm, manm Sosyete Koukouy, ak rès kreyolis Ayisyen yo. Pou nou fini, mwen va parèt ak yon pwopozisyon ki se itilizasyon aksan fòs la sou [ù] , lè li konbine ak [o] pou li fè [ou]. Tout pandan mwen ap pataje eksperyans mwen ak nou sou sit la, mwen ap toujou di: mwen pa lenguis. Mwen ap pale ak nou kòm itilizatè lanng kreyòl la epitou kòm [ekriven kreyòl. Se vre, gen yon epòk nan lavi mwen, mwen te suiv kat kou lenguistik, ki pèmèt mwen konprann sèten fonksyonnman, men mwen pa lenguis.

I -Liv referans mwen pral sèvi yo se:
Dejan Iv; Ann aprann òtograf kreyòl la ( 1986)
Joseph Joseph-Sauveur : Gramè kreyòl Volim #1 (2003)
Pompilus Pradel: Manuel d'initiation à l'écriture du créole ( 1983)
Renaud Alix : Pale kreyòl ( 1994)
Vernet Pierre: Techniques d'écriture du créole haitien ( 1980)

II -Seksyon nan òtograf la ki gen son [oun] an, se limenm Liline te mande nou dekiprevyen sou li a .

Son [oun] an rantre nan kategori vwayèl kreyòl yo. Pa bliye tout sa nou pral ekri la a rantre anba labanyè dekrè-lwa 18 sektanm 1987 la.
Men lis vwayèl kreyòl yo:
a : ase
e : elèv
è : ankè
i : istwa
o : ochan
ò : òfèv
ou : ouvriye

Vwayèl sa yo gen yon fòm nazal, paske yo kab pase nan nen. Lè pou yo nazalize yo, se lèt [n] lan yo mete sou bò dwat son sa yo. Konsa, nou genyen

An : anlè
En : pen
On : ponpe
Oun : mazounbèl

Vwayèl a gen yon fòm nazal tou, men regleman lwa 18 sektanm 1979 lan pa ba li lapasèt. Sepandan, Togiram toujou sèvi ak [î] lè li bezwen nazalize . Kanta pou son nazal ki kreye avèk vwayèl [ou ] a, regleman an rekonèt li, men depi nan ane 1981 Albert Valman te pase kwa sou li nan leksik twa lanng li an. Pi devan, Iv Dejan suiv li epi jounen jodi a, sa vin tounen lamòd. Tout sa fèt ak gwo ponyèt. Nan Ann aprann òtograf kreyòl la ( 1986) Iv Dejan di vwayèl [ou] nazalize a pa vrèman ekziste, paske pa yo jwenn li toupatou. Li di se yon move analiz ki lakòz yo ekri son [oun] an. ( p. 35-36) Sepandan, ni Dr. Pradel Pompilus, ni Dr. Pierre Vernet rekonèt son [oun ] an nan liv nou nonmen pi wo yo. Nan Gramè kreyòl Sauveur Joseph-Sauveur la, li rekonèt son [oun] an, men li di se nan mo vodoun senpman li parèt. Poutan, nou jwenn son [oun] an nan mo kou founda, mazounbèl, vodoun, ounsi. Nan yon liv ki rele Pale kreyòl, lenguis Alix Renaud di pwofesè Iv Dejan, li pa dakò ak li paske son an ekziste (p. 34)

Nan Comment écrire le créole haitien Pwofesè Iv Dejan, ki gen doktora nan languistik tou, di yo pa fouti ba li yon lis mo ak son [oun ] . Togiram (Emile Célestin Mégie) te parèt ak yon paj jounal antye( Ti gout pa ti gout, Haiti En Marche) ki gen son [oun ] an ladan. Togiram te leve defi Iv Dejan an, men Pwofesè Iv Dejan pa te janm chanje lide.

Nan yon remak Pierre Vernet sou òtograf la,anndan Techniquesd'écriture du créole Haitien, li te plenyen pou konbinezon mo pou repranzante yon son nan òtograf kreyòl la, paske sa kab kreye konfizyon. Se ka konfizyon sa a menm nou ap viv ak chwa son [oun] an.

Nan sans sa a, mwen kab di son [ oun] an ekziste, paske Togiram pwouve li, men fason sistèm òtograf ofisyèl la reprezante li a ta dwe korije. Depi koreksyon sa a ta fin fèt tout moùn ap vin gen lapè ak koze sa a.

III –Pwopozisyon Koukouy Kanada
Nan Sosyete Koukouy toupatou, nou kontinye sèvi ak son [oun] an nan menm fason dekrè-lwa 18 sektanm 1979 la te prezante li a. Pouki? Se paske nou vle rete an amoni ak dekrè-lwa a. Nou va chanje jou dekrè-lwa a va chanje.

Bò kote pa nou, nan Koukouy Kanada, nou konsyan, lizay ap antere son [oun] an. Kòm poko gen pwopozisyon pou chanje fason son [ oun] a reprezante nan òtograf kreyòl la, gen yon mwayen pou denazalize yon son, nou chwazi aplike prensip denazalizasyon an, ki nan sistèm òtograf ofisyèl la, pou nou evite pwoblèm ki genyen ak son [oun] an. Se sa ki fè mwen ekri [oùn] aksan an ki sou [ù] a vin denazalize son [oun] a. Sa vle di, li vin pèmèt ou pwononse [ou ] a yon fason endepandan parapò ak son [n] lan.

Otograf ofisyèl la pa bay pèmisyon sèvi ak son [où] , men kòm fason nou sèvi ak li a respekte prensip denazalizasyon ki nan òtograf ofisyèl la, nou kwè, sa sifi pou ban nou kouvèti legal nou toujou rekòmande a. Li preferab pou nou aji konsa, tan pou nou ta aji an gwo ponyèt, menm jan ak Iv Dejan, Togiram deja pwouve, ki nan erè epi Alix Renaud limenm tou, kòm lenguis, vin ale nan menm sans ak Togiram.

Denazalizasyon an se sèvi ak yon aksan, ki pote non aksan fòs an kreyòl, pou fè yon son pwononse an grenn senk pou kont li. An kreyòl, nou
gen [van] men si nou vle palede oto lonng ki kab pran 8 moùn yo, nou ekri [vàn] . Se aksan ki sou [à] ki fè ou kab pwononse [ a] pou kont li san [ n] lan pa makonnen ak li.

An kreyòl nou gen [pan] pou pan kabann. Men nou kab mete yon aksan sou [à] pou nou vin gen [pàn] lè machin nou kanpe nan wout, li an pàn .
An kreyòl nou gen [man], tankou nan manman, men si nou vle palede nouriti labib toujou relate a , nou kab mete aksan fòs la sou [à] a pou li ban nou lamàn disyèl.

Se nan sans sa a, nou sèvi ak [où] ki pa preskri nan òtograf la, men ki respekte prensip denazalizasyon an, kòm pwopozisyon pou nou rezoud konfizyon yon son twa lèt la [oun] pote nan òtograf la. Mwen dwe di nou, koze mwen soti pataje ak nou la a, se pwopozisyon Janwobè Plasid nan Koukouy Kanada..

Atnsyon, nou kab pa konsyandesa, men franse a gen menm fonksyon ak akson fòs nou genyen nan kreyòl la.

An franse nou gen [mais] men si nou ekri [mais] nou genyen non yon manje anpil moùn renmen ki pote non [ corn] nan lanng angle.. Nan franse toujou, nou gen mo kou: «ciguë» kote se trema a sou [ë] ki fè a sonnen apa pou kont kò li, pou mo a vin tounen non yon pwazon.

Bon!! se la a mwen kanpe. Si nou gen kesyon, mwen va reponn. Si mwen pa gen repons, mmwen va mande lòt moùn ki pi save pase mwen yon koutmen.

Liline, tab la sèvi pou ou. Degaje ou. Manje vant deboutonnen. Si gen piman ,ou va rele mwen epi mwen va pote yon vè dlo pou ou.

M'ale
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply