kanaval anndan Ayiti

Post Reply
Michelange_Hyppolite

kanaval anndan Ayiti

Post by Michelange_Hyppolite » Sat Feb 19, 2005 1:04 am

Kanaval anndan Ayiti

Kanaval anndan Ayiti se fèt pou je nou dekouvri atizay-bèbèl, se fèt nan lespri nou, fèt pou kò nou plezire. Kanaval se liberasyon lapawòl, motè pou kreye mo nèf, okazyon pou nou renouvle konesans nou ak listwa. Kanaval anndan Ayiti se youn moman kote tout kouch sosyal yo fonn younn nan lòt epi fi kou gason, jèn kou vye lage kò yo ak mas osnon san mas nan plezi san limit pandan 3 jou.

Dekouvri Atizay Bèbèl Nan Kanaval

Nan epòk mwen ta pe grandi kanaval se te youn fèt ki te gani ak tout kalite koulè. Te gen nwa e wouj, si mwen pa twonpe mwen ki te Dragon nan zòn Pòsmachan. Te gen jòn e wouj ki te Titato nan tèt bèlè, dèyè lise petyon , de zòn kote yo ap touye pèp la jounen jodi a pou konviksyon politik li. Te gen Nivana ( mwen pa sonje koulè li) nan zòn pòtay Leyogàn rantre Matisan. Pawòl nou te konn tande anndan Nivana se te : Men Nivana gen gwo dada hehe!! Ale wè li met talatàn hehehe!! Nan
zòn Pòtay Senjozèf te gen Yoyo dè mas, jòn e ble. Te genyen tou nan zòn plas jeremi, dyabolo; nan zòn Bwavèna, si memwa mwen pa twopen mwen, te gen Deranje. Nan kafoufèy te gen zobolo, jòn e nwa. Bò estad la te gen Lagrann pisans. Pawòl nou te konn tande nan Lagrannpisans se te : Lagrann pisans dous. Mwen pa sonje koulè inifòm Lagrann Pisans, Deranje ak Dyabolo, men yo chak te gen koulè yo epi koulè a se te fyète patizan ki te enskri nan gwoup la.
Lè ou kanpe sou tèt youn machin devan lakomin, se latriye koulè sa yo ki ap bouje devan je ou an seksyon dekoupe kou kawo damyen. Anplisde eksplozyon koulè sa yo, te genyen tout kalite bann rabòday, bann machann fèy, tibout, Otofonik, bann Eman elatriye ki te rantre nan fim vivan ribanbèl koulè a ak pwòp inifòm pa yo. Si nou suiv byen, nou kab wè mwen pa nonnmen non Siko ak Nemou. Nan epòk ki ap defile nan lespri mwen la a, bann sa yo pa te ko ekziste.
Nan kad bèl koulè ak atizay bèbèl la toujou. Mwen sonje te gen youn seri mas gwo tèt avèk divès eks
presyon sou figi yo, suivan gou ak enterè mounn ki ap mache ak mas la. Te gen Janm debwa, lamayòt, Choukounn. Choukounn lan se mas youn gwo fanm ki ap mache nan mitan youn bann rabòday. Gen youn epòk te konn gen siklis yo ki devan ak bisiklèt yo epi yo ap simen valeryann. Sa vle di, yo ap fè tout kalite lakobat devan palè ak Bisiklèt yo. Te genyen bann nèg ak gwo cheval yo ki ta pe defile devan je nou. Apre siklis yo, mesye cheval yo, se te mounn ki te abiye an Endyen, an bèf, Endou ,Chaloska, eksetera. Si degizman Endyen ak Chaloska voye nou nan listwa peyi nou, mwen pa konnen vrèman rezon ki fè te gen mounn ki te abiye an bèf oubyen Endou. Men, mwen pa kache di nou li, Endyen yo te bèl. Nan epòk sa a, mwen ta pe mande nan kè mwen, kilè pou vin gran pou mwen te kab degize tou?
Depi ou wè cheval yo , bisiklèt yo, Endyen, Endou epi bèf yo fin pase, ou mèt kòmanse pare ou, paske cha kanaval yo ak rès bann yo pa lwen rive.
Nan kad atizay bèbèl ki ta pe manifeste nan mitan kanaval la, nou konn wè b
èl cha byen klere ak wa epi rèn madigra ki abiye ak bèl kostim yo. Cha kanaval yo menm, se te wololoy . Yo te genyen tout kalite fòm, ki ap transmèt nou divès kalite imaj depandan biwo osnon mezon komès ki te mete yo nan lari a. Cha sa yo se te travay enjenyè achitèk yo ansanm ak bòs chapant kalifye. Mwen dwe raple nou, kanaval mwen ap foufile nan lespri nou la a, se te kanaval Pòtoprens nan fen ane 1950 yo. Pou nou fini ak branch atizay bèbèl ki te genyen nan kanaval Ayiti yo, nou kab di kanaval se te youn ekzibisyon atistik kote divès kalite fòm ak koulè te bay randevou pou yo emèveye lespri nou.




Soulajman Pou Lespri Nou Ak Kò Nou

Nou di kanaval Ayiti se soulajman pou lespri nou ak kò nou, paske se nan epòk kanaval anpil mounn lage bèf yo. Sa vle di, yo lage degidon nan pawòl ki ap soti nan bouch yo. Yo di pawòl yo pi pito depi yo nan mitan bann lan. Sepandan, nan epòk sa a, yo pa te gen dwa kritike politik prezidan an. Nan kanaval, mounn yo kite kò yo pran libète li libelibè
nan mitan bann lan. Yo marye pou dis san labsolisyon monpè oubyen pastè legliz. Maryaj sa yo te pi fasil paske mounn yo pa te genyen laperèz sida vin lage nan lespri nou jounen jodi a.
Nan epòk kanaval tout baryè sosyal kraze. Nou jwenn tout mounn: rich , pòv, grimo, milat, tiwouj, tinwa, jennfi, jenngason, nou jwenn yo tout devan lakomin, sou tribin, lè te gen tribin, devan palè, sou channmas, toupatou kote kotèj kanaval la ap rapousuiv chemen li pou yo al chèche youn detant piblik san yo pa depanse pa menm youn klou gagit pou pi piti.
Nan epòk lapè, nan epòk yo pa pe tire sou pèp la, fè kadejak sou pitit fi li ak medam yo anjeneral, kanaval se youn soulajman pou lespri , paske se ekla ri, amizman longpleying, ki fòse tout mounn nan sosyete a, nan kèlkeswa nivo yo, fonn younn nan lòt, paske lespri yo brake sou anbyans bèl koulè. Pou moman yo kanpe sou pakou kanaval la, demen pa ekziste. Se fèt ki anvayi lespri yo delatètopye.

Nan epòk kanaval mounn ki degize yo jwenn youn sipèb okazyon po
u yo transfòme rèv yo, fè yo tounen reyalite pandan yo ap mache je klè. Epòk kanaval bay youn mounn pouvwa ranpli tout fonksyon pozitif oswa negatif ki toujou ap valkande nan lespri li. Ou kab wè youn mounn degize an doktè. Li ap mache ak sering pou li bay piki. Konsa, pandan twa jou kanaval la, mounn lan gen okazyon chanje wòl sosyal li pou li rantre nan po youn lòt kategori mounn. Konsa tou nou pa dwe etone aprann gen pwofesè lekòl, ak lòt mounn ki gen gwo fonksyon nan sosyete a, lè yo bezwen pran plezi yo, nan epòk kanaval, ki plonje nan vil pwovens yo, pou yo al pote youn rechany degizman ki mete yo nan youn nivo sosyal ki pa menm ak nivo yo ap viv chak jou nan ekzèsis travay yo a.
Kanaval bay libète, menmsi se youn libète malatyong. Mesye ki sou gwo chwal yo, si se pa te kanaval la, yo pa tap fouti ap monte cheval kèpòpòz toupatou nan lari Pòtoprens. La a yo pa chanje ran sosyal yo, men yo jwenn youn privilèj yo pa ta fouti jwenn nan moman yo ap fè li a.
Konsa, pyèsmounn pa dwe iyore byennè
t sikolijik ki anime popilasyon an nan epòk kanaval .

Mounn ki ap mache ak bwat lamayòt yo fè kòb nan montre lòt mounn sa ki nan bwat yo ap pote sou tèt yo oubyen anba bra yo a, men yo ap prezante nou youn reyalite ki nan lespri yo epi ki jenneralman ale nan sans kontrè regleman sosyete a. Nou kab di yo ap konstui youn reyalite nan imajinasyon yo, ki pa nesesèman youn aksyon sosyete a ta va aksepte si nou pa te nan epòk kanaval. Konsa tou, genyen lòt lamayòt se kòb nou yo pran san yo pa vrèman montre nou anyen. Lè sa rive, nou kab di se malonnèt, men mounn ki ap aji nan sans sa a gen youn entansyon epitou entansyon sa a, li pa ta fouti ekzèse li si li pa te nan epòk kanaval. Piske li jwenn youn mwayen pou li satisfè kèlkeswa entansyon pozitif oswa negatif ki anime lespri li a, li dekouvri youn juisans ladan epi juisans sa a se kanaval la ki pèmèt li jwenn li.

Lè youn mounn abiye an chaloska, rigwaz li nan men li, aransò li oubyen pen li anba kou li, li gen youn mesaj istorik li ap rebobi
nen nan lespri nou, paske jeneral Chaloska, se te youn jenneral ki pa te manje anyen ki frèt sou reny meriken, men anmenm tan an, mounn sa a gen youn santiman vyolans ki ap deplòtonnen anndan li pandan tout dire degizman chaloska a sou li a. Mounn ki abiye ak kostim endyen yo, remonte nan listwa ak nou tou, men alenvès, se mounn yo ki pezib ki dou, ki ap viv moman kanaval la ak youn lespri detant epi nan youn fason pasifik.
Gen mounn tou, tout plezi yo pandan kanaval la se kreye youn santiman degoutans anndan mounn ki ap gade yo defile nan kanaval la. Gen ekzanp mounn ki amize yo bwè tout kalite bwason oubyen kola nan vaz yo. Yo ap mache vaz la kenbe nan men yo epi yo ap bwè ladan. Devan aksyon sa a, noumenm ki ap gade gen tan gen youn santiman degoutans ki manifeste nan lespri nou, paske nou konnen tout sa yo fè ak vaz osnon pòtchanm nan epòk nou ta pe grandi anndan Ayiti. Men mounn sa a, se konsa li jwenn plezi pa li. Gen youn bann lòt aksyon ankò ki ap dewoule anndan youn bann madigra nan epòk kanaval
epi ki pote juisans, men nou pa pe gen entansyon detaye yo la a.
Kanaval ak dwa pou libere laPawòl

Sou reny Divalye a, lapawòl te anba kòd, se vre, men sa pa te anpeche kèk mounn nan pèp la pran lari ak degizman ki te konn pwovoke leta, paske yo ta pe voye youn mesaj ki pa te mache nan karaktè rejim sou pouvwa a. Mwen sonje te gen youn mounn ki te gen youn degizman kote li te montre li gen youn gwo maklouklou epi li ta pe pwomennen di : Maklou-klou a ap pete. Chèf ki te nan prefekti yo te konvoke misye, raple li alòd, paske yo te bezwen konnen kisa ki ap pete a. Nou pa vrèman konnen kisa ki te ap pase nan tèt mounn sa a ak kalite degizman sa a, men nou konnen sa te deranje leta epi misye te jwenn youn mwayen endirèk pou li soulaje konsyans li, paske li ta pe di tout mounn tout kalite endiyasyon ki ta pe simen zègrè nan lespri li. Rive nan epòk Nemou Siko menm, nonsèlman de mesye sa yo vin modènize fason bann yo sikile, lè yo ta pe deplase soti nan youn zòn pou yo ale nan youn lòt, paske se sou
kamyon yo te deplase, men, yo te vin fè mounn bliye tidife boule ki genyen ant ban kou Titato ak Dragon, kote ki pa te vrèman gen okenn pawòl kritik kont aktivite ki kab deranje mounn nan sosyete a.
Siko, daprè Guerdy Préval, nan liv li a ki rele La musique populaire haitienne ( 2003), konn monte sou resif ak rejim papa dòk la, paske li konn parèt ak kalite mering kote mesaj yo konn deranje leta. Se sa ki fè gen mounn ki te konprann Siko te gen plis militans nan mesaj kanaval li yo pase Nemours. Pafwa tou mesaj Siko yo, se piblisite yo konn ap fè pou leta oubyen youn komèsan. Ann koute pawòl
Nan ane 1966 pandan Nemou ap fè pwopagann pou rejim lan ak kanaval tou limen, kote nou te konn tande : «tou limen, tou limen tou limen, alèkile nou pa-p nan blakawout. Siko menm te pran lari ak youn mereng ki te rele ponpye. Ann koute : «Ou mèt fè sa ou vle, m'ap toujou nan dèyè ou, ak ponpye, mwen ap etenn tout sa ou limen.» Sa ou tande a pèp la eksite. Mereng chofe. Divalye rele Siko epi li di li koupe li sa
sèk . Pawòl sa yo soti nan La musique populaire ak Guerdy Préval paj 96 rive nan paj 129. Soti Siko sot nan rankont lan ak Papa Dòk, li parèt ak youn mering ki chita sou asirans vyeyès. Piblik la te fache, men Siko pa te vrèman gen chwa. Depi lè sa a tou, gen youn dal mering kanaval de konpè yo,( Siko Nemou) ki te vin gen youn koulè pwopagann pou gouvènman anplas la. Se konsa Siko vin ban nou youn mering ki te rele Men dyèt la. «Gade youn ayewopò dyèt avi a ban nou.»
Nan kanaval gen pwopagann pou gouvènman epi gen piblisite pou mezon komès yo. Nou kab sonje : «Monrenglann tèt toupi se batri federal.» Daprè Guerdy Préval nan liv li a, nou nonmen pi wo a,Siko te gen pwoblèm ak Dòk la pou menring sa a tou, akozde mo federal la epi mo toupi a. (1963) . Wè La musique populaire haitiene paj98.

Bò kote pa mwen, kòm mwen kite peyi a depi nan ane 1971, mwen vin vrèman pran konsyans liberasyon lapawòl nan epòk kanaval ak Boukmann Eksperyans. Wi, sou reny Pwospè Avril la, gwoup Boukmann Eksperyans la
n, te pran lari ak youn mering ki rele Mawoule. «Mawoule chay la lou OO! nou pakab pote li eksetera…», ki petèt te gen youn mesaj ladan pou Pwospè Avril. Prezans Boukmann nan kanaval vin rebay estil rabòday la ak mouvman mizik rasin lan plas li nan kanaval anndan peyi a. Se depi mering Mawoule a tou, mwen vin santi lapawòl vin libere tout bon anndan kanaval nan peyi a.
Kèlkeswa move kout gidon ki fèt nan gouvènman an, gwoup mizisyen nan kanaval yo mete li deyò, kit se eskandan diri sou rejim Aristid la oubyen ankò deblozay ki ap pase jounen jodi a sou rijim defakto ki sou pouvwa a.
Pwofondè ak dimansyon imaj mo kreyòl yo charye yo pèmèt ni konpoz yo, ni pèp la jwe ak yo nan sans yo twouve ki pi fasil pou pase mesaj yo, epi soulaje yo nan divès nivo difikilte yo : ekonimik, sosyal elatriye.

Youn Motè Pou Lanng Kreyòl La

Jeni kreyativite pèp la elastisite lanng kreyòl la, prensip bay mo yo ton ki ekziste anndan lanng kreyòl la fè plis eko nan epòk kanaval, men se pandan tout ane a, anndan
divès mòso mizik, oubyen sou woulib evennman sosyo-politik yo, lanng kreyòl la ap bay lapawòl espas pou li fè lakobat. Nou kab pran KNGP( konsèy nasyonal gouvènman pwovizwa ki tounen Ka nou grav papa. Nou kab pran mesye fo lavalas yo, ki te vin pote non, tèt kòk bounnda pentad.
Nan ka mizik nou tande nan epòk ki pa epòk kanaval yo, nou kab nonmen nonKoupe Kloure, Toto nesesite, Timanno nan Dipi eksprès, pami tandòt, ki konn fè kèk bèl pèse.
Men koupe Kloure : «OO! apa Masèl a ap bay chèf pwent. Rete apa kap Masèl pran van.» Nou pa bezwen bay pyèsmounn esplikasyon sou bèl mesaj imaje sa a, poudayè esplike langay bèbèl sa a se touye bote kreyason an.
Toto Nesesite menm ka di nou: «Kòk la leve, kòk la chante, ba li mayi mezanmi.» Youn senp piwèt ak imajinasyon pèmèt nou dekouvri sou sipèb relasyon ki genyen ant kòk Toto Nesesite gen nan tèt li a ak kòk ki ap mache ak zepon li byen file pandan li ap chante byen banda sou lateras. Mwen sonje youn piblisite, lè mwen te piti : «Amatè kòk, pinnga nou so
use tèt kòk nou.» Epi mounn ki te fè piblisite a te di yo ki pwodui pou yo achte pou geri tèt kòk yo.
Si nou bay Timanno youn ti plas pou li pale ak Ana Mariya, li va di li: «Ana Mariya, yèswa mwen te al lakay ou, mwen wè youn lanp limen.» Konsa tou, Timanno ta ka vle di «yèswa mwen te al lakay ou, mwen wè ou nan plimen.» Depandan, entansyon mounn ki ap repete son ki soti nan pawòl Timanno yo, gen de mesaj diferan li kab voye bay mounn ki ap tande li a. Kalite jwèt ale vini nou kab dekouvri nan mesaj divès chante sa yo soti nan nivo imajinasyon chantè yo, se vre, men souplès lanng lan ki pèmèt deklannche kalite plezi lapawòl sa yo nan lespri fanatik yo.
Youn lòt ekzanp elastisite lanng lan, fwa sa a nan kanaval, se: Pistach griye, tou kale tou kale, ki tounen pistach ki ap fè mouvman ren woulawoup pandan youn aktivite seksyèl. Youn lòt ankò : Sa ki ap kale zoranj madan lan. Ebyen timounn ki te ap chante chante sa a, konn devlope youn mani bege lè yo rive sou son zo ki nan mo zoranj lan. Tout sa se plezi
kanaval pandan lajenès ap fè kachkach liben, lago kache sou kòd sansib lanng kreyòl la. Pou mwen fèmen dosye mo nivo vilgè a, mwen sonje youn kout gita Toto, youn mizisyen Siko, ki te vin tounen youn onomatope, youn plent sou kabann. «Way toto way totooo.»

Kòm kreyòl la se youn lanng ki chaje ak dètou, nan epòk kanaval, mizisyen ki gen anpil ladrès yo konn kijan pou yo fè lanng kreyòl la dedouble nan avantaj yo. Nan epòk premye koudeta kont prezidan Aristid la, youn mounn te kab senpman di: men li anlè a . L'ap vini, pou mesye FRAP yo te di ou ap pale koze politik. Oubyen youn mounn te kab di pè, san ou pa gen tan konplete fraz la , pou yo konnen si se pè legliz, pè soulye, pè las, eksetera mounn pouvwa sou FRAP yo te sispèk ou ap voye youn mesaj politik.
Li pa youn sekrè pou pyèsmounn ki ap travay tennfas sou kreyòl la, chante, kit se nan kanaval, kit se sou plak pou danse bal, se younn nan pi gwo mwayen lanng kreyòl la genyen alapòte li pou li kreye mo nèf. Fanm kolokent. Mo kolokent lan ki ma
che ak mo fanm lan, vin lakòz mounn ki di pawòl sa a, mete youn etikèt sou fanm sa a . Se menmman parèyman pou gason kolon.
Malatyong youn pwodui pou touye ensèk nuizib, kou pinèz, rantre nan kanaval epi li vin genyen youn lòt nivo sans. Boul malatyong. Se tèm ki te itilize pou di youn mounn ou jwe youn move boul epi ou pèdi lajan ou lan.
Plen mo nèf ki pran lari apatide kanaval ki pa vin nan tèt mwen la a. Sepandan, se divès nivo sans mo yo, kalite sonò yo lè yo nan laviwonn lòt mo, ton vwa nou pran nan ensiste sou youn son, plis pisans imajinasyon konpozitè yo ki vin pwodui tout kalite bèbèl lapawòl anndan mereng kanaval yo.

Kanaval Nan Tout Nivo Devlopman Sosyal

Malgre tout pawòl nou ap pataje la a, mwen kab di mwen poko prèt ni pretan pou mwen kouvri tout aktivite lenguistik osnon bèbèl flè langay ki ap sikile nan mereng kanaval yo. Sòti nan mering ane 1970 yo, kote mizisyen yo te oblije mete mizo sou bouch yo , rive nan fen ane 1980 yo chavire sou ane 1990 yo, kote pa vrèman ge
n kadna sou lide youn atis osnon kalite kritik negatif li kab fè sou rejim anplas la, nou kab di pwogrè yo enòm, ni nan konpizisyon tèks yo ni nan kalite mesaj ki anndan yo a. Pawòl ki nan mereng kanaval yo se motè juisans popilasyon an epitou se younn pami divès mwayen pou rantre mo nèf nan lanng kreyò la. Mwen kwè plis travay dwe fèt toujou pou nou rive dekouvri tout nivo pwofondè kanaval la ak mizik anjeneral sou devlopman lanng kreyòl la.

Konsa, nou wè tout bon vre, kanaval pa senpman mete degizman epi mete cha nan lari. Kanaval se youn evennman sosyal, ki reveye lespri nan nivo kreyasyon atistik , pote remontan sikolojik pou popilasyon an, kreye youn espas fovorab pou fasilite rankont mounn ki nan divès kouch sosyal nan peyi a. Epitou, pou nou fini, nou kab di kanaval se Youn boustè wòdpòte pou devlopman lanng kreyòl la. Nou kwè tou save Ayisyen, ki ap ekri sou kanavla, dwe mennen plim yo pi lwen pase youn senp deskripsyon apatide sa yo wè nan lari a pandan epòk fèt piblik sa a. Yo dwe al chèc
he efè kanaval la genyen nan tout nivo devlopman lavi nou kòm pèp.

Michel-Ange Hyppolite( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply