Kritik sou woman Pwensès Sanafè (Dènye pati )

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kritik sou woman Pwensès Sanafè (Dènye pati )

Post by Michelange Hyppolite » Sun Dec 11, 2011 2:19 pm

Tenkik travay otè a
Nan seksyon sa a nou vle abòde kèk pwen fò ak kèk feblès nou jwenn nan istwa a. Pou nou louvri ak pwen fèb yo nou kab di otè a chwazi pase akote kèk prensip nan òtograf ofisyèl 1979 la. Li mete aksan egi sou son /e/. Li ranplase son /r/ ak son /w/ nan mo kou pran, frape, premye, eksetera. Nou pa jije nesèse bay ekzanp mo sa yo la a, paske yo parèt nan divès seksyon istwa a nou rekopye nan analiz nou an. Epitou, bay ekzanp sa yo se miltipliye move chwa òtograf otè a fè nan liv li a nan tèks analiz sa a. Nou senpman vle raple otè a, kalite konpòtman sa a nan travay la pa ede konsolide òtograf ofisyèl la. Si li chwazi ekri Pwennsès Sanafè an kreyòl, se paske li vle travay pou mete pi plis zèv sou fòm «rakontay» nan literati kreyòl la. Nan kategori «rakontay» nou gwoupe : listwa, istwa-kout, istwa-kont, kont, chante elatriye.
Pou nou kontinye, nou ap di menm nan tit liv la otè a deside, daprè nou, fè dezòd. Mo Pwennsès la, pou noumenm, rantre nan kategori mo angle Ayisyen mete nan kreyòl la. Se youn sitiyasyon Maurice Sixto denonse nan istwa li a ki rele Men yon lòt lang ( dat???). Se sèten nan devlopman tout lanng gen prete mo, kreye mo, envante mo, eksetera. Men, èske se tout mo nou oblije prete? Nou konsyan, plis gen ekriven ayisyen ki ap viv sou tè etranje nan peyi ki pale lanng kou angle, franse, panyòl se plis ap genyen mo etranje ki rantre nan vokabilè lanng kreyòl Ayiti a, men, sa ki dwe klè pou tout kreyolis, se evite sitiyasyon Maurice Sixto rele: men youn lòt lang lan, paske entansyon nou se konsolide sa nou deja genyen yo apati youn baz leksikal ki deja kite mak li sou kreyòl la. Nou kab prete mo, apati lòt baz leksikal, men nou pa ta dwe fè sa san refleksyon oubyen ankò san konsilte kreyolis parèy nou yo, paske se ansanm nou ap bati.

Nou jwenn tou kèk erè nan fòm gramatikal yo. Yo pa anpil, men, nou vle siyale sa pou otè a pran prekosyon li alavni, paske li gen talan pou li ekri bèl istwa.
«Sé vré Jézila pa yon granmoun flopob, men li pa yon jenn tou» (p. 76)
Otè a ta dwe ekri : Se vre Jezila pa yon granmounn flobop, men li pa yon jenn mounn nonplis.
Maude di : « Valé mwen pral tchéké sou timoun nan…» (p. 97)
Li ta dwe di : Vale, mwen pral tcheke timounn lan.
Ekspresyon tyeke sou oubyen / tcheke sou, pa youn konstriksyon ki ekziste nan fraz kreyòl ayisyen estanda a.
Kalite fopa sa yo, tankou nou di li, yo pa anpil. Sepandan, yo pa ta dwe la nan istwa a.
Se youn bèl istwa, men tou, nivo langay ki nan liv la konn deranje nou enpe. Kòm nou nan youn kategori istwa ki chita sou reyalite, nou konnen gen kèk mo wonflan ki kab glise, men otè a ta kab mennaje nou. Menm si se Fatra ki ap pale, dayè nivo langay la koresponn ak non pèsonaj la, otè a ta kab peze zo, menaje vyann anvan li mete youn pawòl koupe flan nan bouch Fatra pandan li ap ekri istwa a.
Nan nivo langay toujou, aspè ewotik ki nan liv la pa pou timoùn. Otè a kab twouve nou sevè, men kantite zèv woman ki pibliye nan lanng kreyòl la tèlman mens, sa ki rive fèt yo, nou ta renmen wè yo sikile nan mitan tout gwoup laj. Se sèten nan lavi a aksyon ewotik yo ekziste, men ekriven kreyòl nou yo dwe fè yo pase nan tèks yo avèk anpil finès. Nan fen paj 231 an, gen youn langay ewotik ki ta kab pase, men kwak sa, nou twouve li ta dwe gen youn ti teke fren. Segman nan istwa a ki rakonte lindemyèl la, nan finisman liv la, ta kab fèt plis an dousè nan nivo langay la.
Nan li Esperans Dezire (1988) ak Deyita, nou jwenn segman ewotik. Nan li Lèt Ife ak Soul (2006), premye liv lèt ki ekri nan kreyòl ayisyen an, ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) nou jwenn youn lèt ewotik.
Nan Langay Lanmou (pwoz-pwezi 2008) ak Henri-Robert Durandisse nou jwenn tèks ewotik. Nan Tan lapli ( lèt 2007) ak Franz Benjamen, nou jwen tèks ewotik. Nan Pawoli (pwezi 2003) ak Lenous Suprice tèks ewotik pran libète. Nan li Ekziltik ( 1988) ak Manno Ejèn nou jwenn youn tèks ki rele Men-m, se youn powèm ewotik. Men, nan tout ekzanp nou site pi wo a, nivo langay ewotik la pase ak anpil dousè, san pou otan otè yo pa mete anpil gan. Se apwòch ekriven sa yo itilize nan zèv nou nonmen pi wo yo nou ta kab pwopoze otè Pwennsès Sanafè a, Précieuse Lavoix, suiv nan lòt tèks li ap genyen pou li ekri si li te vle mete youn pikliz ewotik ladan yo.

Nan Pwennsès Sanafè, otè a chikin branch oralti Ayiti a nan travay li. Nou jwenn kèk pwovèb, ak youn soupson kont. Poudayè istwa a louvri ak youn chante. Youn chante ki al konekte ak pwofesyon Sanafè, ki gen lè te gen talan pou li fè desen.


«Alon bèl ti wòb, wi chè
Ki lès ki fè li madan Amos
Ak ki machin, machin akoud» (p. 2)

Nan vèsyon chante a nou konnen an, youn chante kanaval, se te madan Aman epi machin de fil. Se youn chante ki te tèlman popilè nan epòk li te parèt la, timoùn konn sèvi ak li lè yo ap fè jwèt wonn. Pou kounye a, sa ki konte ak prezans chante sa a nan bouch Sanafè, se fason li te genyen pou li efase lapenn li avèk ti chante ki te konn pase nan lespri li. Si eleman chante a te parèt ak plis fòs nan istwa a, li ta kab pote youn diplis sou bèlte istwa a. Sa ta kab youn fason pou otè a rantre nan fondas kiltirèl nou epi kontinye sou wout transfòmasyon oralti ki ap pran fòm lekriti chak jou pi plis.
Nou jwenn anpil pwovèb nan istwa a epi gen yoùn nou santi ki chè pou nou :
«Pa bliye revanj se yon kouto dé bò, li tandé yon vwa ap palé nan lespri li, si ou pa padoné lòt yo, ou pap jwenn padon tou lè w'ap pwal bézwen li.» (p. 229)

Genyen tou youn seksyon tou piti nan istwa lavi Sanafè a, ki youn vrè kont. Se pandan li ta pe lave rad yo nan larivyè a. Gen youn ti granmoùn ki parèt sou Sanafè, san manmzèl pa vrè konnen ki kote li soti, pou vin pote li sekou ak pil rad yo. Ti granmoùn lan ba li manje. Li di Sanafè se manman ki voye li. Li ede Sanafè lave rad yo epi li di Sanafè lavi li ap genyen pou li chanje (p. 31, 33). Apre li te fin pase bout tan sa a ak Sanafè, tigranmoùn lan te disparèt. Kalite pèsonaj sa yo, se nan kont nou yo nou jwenn yo. Kont tankou Loran Damyen oubyen Ti pye zoranj. Pou noumenm, aspè sa a enteresan nan istwa a. Se youn fason pou nou rantre an gran sou teren eritay zansèt nou yo, epi rapousuiv ak prezans yo nan travayy atistik nou. Se menm pèsonaj lejandè sa yo ki gen posiblite nouri travay jenn ayisyen ki vle rafrechi lizyè literati nou an nan lanng franse kou nan lanng kreyòl la.

Nan dewoulman dezyèm pati istwa a, nou di dezyèm pati, paske gen youn tranch istwa a ki dewoule sou tè Ayiti epi youn lòt an Floride, otè a demontre nou talan li nan fason li kondui dyalòg ant Valérie a Maude, kote Maude ap eseye konvenk Valérie pou aksepte Sanafè lakay li. ﴾P. 97 rive nan p. 100﴿ Nou kab site tou tout tan otè chwazi pase ap fè ale-vini ak lektè a anvan li resi fè Patrick rekonèt Sanafè. Sa se youn lòt bèl moman nan istwa a ankò, paske Sanafè limenm rekonèt Patrick. Tout segman sa yo, se tranch nan liv la, ki demontre nou kapasite otè a genyen nan ekri istwa. Otè a pa prese. Li pran san li pou li devlope sijè a, yon fason pou li mete lektè a nan youn anbyans natirèl. Konsa, nou kab konprann pouki nou te plenyen lè nou remake chenn Tipa te bay Sanafè depi Ayiti a vin parèt britsoukou sou nou pandan anmore yo kontre nan kwazyè a. Nan woman ki chita sou youn istwa ki parèt reyèl otè dwe fè atansyon pou li toujou rete ray reyalite a.

Genyen anpil lòt bèl moman nan istwa a toujou. Relasyon afeksyon ant Karlhens yoùn nan pitit Valérie yo ak Sanafè, kant lòt pitit gason Valérie a Vladimir pa te kab wè Sanafè ak je. Apwòch Valérie itilize pou li mete lapè nan mitan Vladimir ak Sanafè. Tout aksyon ki parèt byen natirèl nan istwa a sa otè a pa fòse yo. Otreman, istwa a ta kab pèdi cham li.

Konklilzyon
Nou fin li Pwennsès Sanafè. Nou kab di se youn istwa ki tris, ki mete devan je nou youn aspè nan nivo enjistis anndan peyi a apati lavi restavèk. Men, li genyen youn bèl tranch istwa lanmou ladan. Se youn istwa lanmou ki kòmanse tou dousman nan kanton kote de moùn yo te ap viv la pou li te repran chè nan fen liv la, kote otè a montre nou de anmore vin rankontre sanzatan pandan yo te nan youn kwazyè.

Nou jwenn kèk eleman sispenns nan istwa a. Se yomenm ki kenbe lektè an alèn. Yo fòse lektè a rete nan istwa a epi yo pote anpil plezi pou li.
Gen anpil lòt eleman nan liv la nou ta renmen dekri pou lektè yo, men nou oblije kite yo pase. Ekzanp, gen fason Valérie vin aprann dekouvri Ayiti, youn peyi li pa te vrèman genyen nan lespri li, dayè li pa te vle moùn konnen li konn pale kreyòl, gen atachman Sanafè (Fanny﴿ ak Valèrie epi vise-vèsa. Fason li (Sanafè) suiv konsèy Valérie kòm gramoùn depi li te tou piti jouk li rive pwopriyetè youn gwo magazen.
Lòt eleman pozitif ankò nan istwa a, sèke Sanafè te fè wout li nan lavi ak fòs direksyon epi gwo èd Valérie ak mari li Karl te bay manmzèl, men li te toujou rete konekte ak fanmi li epi moùn li te grandi ak yo tankou Roro ak Kòkòt. Nou pa kab bliye, ni nou pa dwe bliye, fason Patrick te kraze tout baryè sosyal pou li te kite lanmou ki danse nan kè li pou Sanafè grandi san ratman pandan yo te ap viv nan Fèmwatye a. Nan sans sa a, nou ta di, menm jan ak tit 3 tòm woman Togirima yo ﴾Émile Céletin Mégie﴿, Lanmou pa gen baryè. Lavi te vin separe Tipa ak Saphyr, men lanmou yo te rete byen dyanm pandan tout espas tan ki te separe yo a – 20 lane apeprè. Tout pati sa yo nan istwa ta kab devlope plis an pwofondè, men nou pito kite lektè a dekouvri yo ak pwòp je pa li lè li gen okazyon li liv la.

Nan Prennsès Sanafè, kondisyon lavi restavèk la vin tankou youn pretèks pou otè denonse mechanste kretyenvivan kou Papitt, Fatra, Jezila epi selebre labonte nan konpòtman Sanafè, Maude ak Valérie.

Plis nou ap reflechi sou istwa nou li nan woman sa a, se plis nou santi nesesite pou kritik literati Ayiti yo chèche konnen pi plis toujou sou kreyasyon literè ki devlope apati sitiyasyon lavi sou kanntè yo oubyen sitiyasyon lavi vwayaj nan kanntè yo kreye. Genyen pwezi tankou Miyami nan Zile Nou ( 1995) ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj), genyen pyèsteyat DPM Kanntè (1996) ak Jan Mapou, ak anpil lòt zèv ankò ki nan divès branch literè. Tout se dokiman yo ta kab itilize kòm materyèl sou tèm espesyal nan yon kategori, kèk kritik literè rele, littérature haitienne de l'exil.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply