Kritik sou woman Pwensès Sanafè ( pati II)

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kritik sou woman Pwensès Sanafè ( pati II)

Post by Michelange Hyppolite » Thu Dec 08, 2011 9:56 pm

Non pèsonaj yo nan istwa a

Depi istwa a derape nou ap fè konesans ak moùn ki pote non ki chita daplon ak reyalite lavi nan peyi Ayiti. Se youn sitiyasyon ki depaman ak reyalite gwo vil yo an Ayiti, kote anpil moùn suiv sistèm Lewòp la pou yo bay pitit yo non. Prensip bay non apati reyalite lavi a pa fèt senpman Ayiti, se youn sistèm nòmal nan mitan moùn ki sòti nan zòn Azi a ak lòt zòn sou latè.
Alaverite, pwoblèm ki genyen nan chwazi non pa senpman parèt nan sosyete Ayiti a, kote non yo ka deja di nan ki kouch sosyal youn moùn soti. Lè nou li istwa lavi Booker T. Washington nou remake imedyatman apre emansipasyon esklav ameriken yo te gen difikilte pou yo konnen ki non pou yo te bay tèt yo. Yo te tèlman depeyize parapò ak rasin yo, yo te oblije kenbe non kolon angle yo pou pwòp tèt yo. Pi devan nan devlopman literati nwa ameriken yo, nou vin debouche sou liv Alex Haley a, Roots, ki te demontre fason yoùn nan pèsonaj nan liv la te ensiste pou li kenbe non fanmi li te genyen depi sou kontinan Lafrik la. Se ak menm lide sa a, Malcom Little, vin retire non fanmi li te ba li a : Little, pou li te ranplase li ak lèt X nan Malcom X, ki vle di, li pa konnen siyati li.

Nan reyalite lavi Ayiti, depandan sikonstans lan, nou jwenn non kou : Asewòw, Asefi, Elifèt, Dyesèl, Olomla, elatriye ki chita sou sitiyasyon fanmi timoùn lan viv pandan gwosès osnon apre timoùn lan fin fèt. Nan Pwennsès Sanafè, nou jwenn non kou : Fatra, Papitt, Cétoute, Jezila, Pamwensèl, Sanafè, Dieubon, eksetera. Majorite nan non sa yo koresponn ak youn aspè nan dewoulman istwa lavi Sanafè. Konsa tou, gen non ki pase akote reyalite ki nan istwa a. Paipitt se yoùn ladan yo. Mo papit la, se youn mo ki pwòch rasin mo papa, ki jeneralman vle di pwotektè, pase lwen, byen lwen fonksyon youn pwotektè nan istwa a. Nou kab konsidera Papitt tankou youn kadejakè. Yo ta kab rele li Pyèkanga. Se non moùn Jeremi bay gason ki ap fè kadejak sou fi. Kanta Jezila, limenm tou, malfezans li depaman ak non li pote a. Nou kab ale pi lwen pou nou di, èske chwa non sa a, Jezila, pa youn endikasyon sou konviksyon otè a parapò ak larelijon, paske Jezila se te youn gwo lougawou nan kanton Fèmwatye.
«Ou konnen yo touyé Jezila nan lougawou a tout li té finn vié garanmoun. Dènié volé li té fè, sé sou do kay Noutéla ki sanblé té paré pou li.» (p. 230)
Nan fraz ki piwo a, menm non Noutéla a mache ak sans li. Nou te la, nou ta pe veye lougawou a.
Non kou Fatra, Cétoute, Prensès – Ti non jwèt Patrik te bay Sanafè, te byen chwazi epi yo te koresponn ak fonksyon yo nan istwa a.
«Fatra, sé non gramoun yo té bay Géline Dérival pou makanda pa té manjé li.» (.28)
Nan dewoulman istwa a, non Fatra a te oryante ajisman Géline Dérival avèk Sanafè. Li bat Sanafè san rezon, di li tout kalite mo nan vokabilè betiz, imilye li, tòchonnen karaktè ti zanj lan. Tout ajisman meprizab sa yo montre aklè Géline Dérival se youn vrè Fatra moùn pou sosyete nan kanton an. Nou kab ale pi lwen pou nou di, tout moùn ki aji ak moùn parèy yo nan fason Géline te fè li a, oubyen nan fason yo te trete Ti Sentaniz, pèsonaj ki nan istwa-koute Maurice Sixto a, yo tout se fatra pou sosyete Ayiti a. Yo dwe demaske yo, denonse yo, trennen yo tribinal pou mechanste, krim sou timoùn.

Nan istwa a, Cétoute limenm te aji an amoni ak non li te pote a. Li te mande Sanafè pou li suiv Claire é Dieubon, youn fason pou li te sove kite Fatra nan mache a. Li te ankouraje Sanafè aji ak lide pou chanje kondisyon lavi li. Se tankou li te vle di li : Se tout. Se fini. Pa kite Fatra kokobe lavi ou pi plis pase jan li deja fè li a.

Kanta non Sanafè a, se sitiyasyon lanmò papa li pandan manman li te ansent li, ki lakòz manman an te ba li non Sanafè (p. 12). Se tankou, li fin pèdi mari li, ki sa li pral fè. Pwonon nou, sou fòm kout, ki nan non Sanafè a reprezante manman Sanafè pitit la ki nan vant li an, ak rès timoùn yo ki te deja fèt. Tipa te pran abitid rele Sanafè prensès (p. 41). Tanto li te rele li Saphir. Non Saphir la, menm lè Sanafè pa te kab rive konprann sans li nan premye epòk Patrik te gen abitid sèvi ak non an, li te byen chita ak karaktè Sanafè, paske fòk manmzèl te gen anpil rezistans, fòk li te solid, menm jan ak wòch kalite siperyè ki rele safi a, pou li te kab rive pase anba tout move lavi Fatra ak Papitt ta pe fè li sibi yo san li pa te kase an de. Se sèten, soufrans sa yo kite mak sikolojik yo sou Sanafè, men gras ak bon jan èd Valérie ak Karl te ba li, mechanste sa yo pa rive detui Sanafè, ki te jwenn lagwla nan travay li apre li te fin fè tout klas li nan peyi etranje.

Chanje mèt chanje metye, men chanje non se pase karaktè anba pye.
Pwoblèm non an tèlman byen fisle nan istwa a, li rive suiv kèk nan pèsonaj yo jouk sou tè kote yo te akeyi yo a. Pamwensèl vin rele Wallace, Sanafè, vin rele Fanny san li pa te chwazi, eksetera. Menm nan reyalite lavi a, gen Ayisyen depi yo rive sou tè etranje yo chanje non yo, youn fason pou yo aganmanye kò yo nan sosyete peyi kote yo ap viv la. Pafwa se laperèz ki lakòz, men gen moman tou, se feblès nan konviksyon ak nan fòs karaktè yo ki konn lakòz. Nou dwe toujou sonje chanje non pa pote solisyon pou difikilte nou kontre sou tè etranje epi youn moùn ak non li se yon pè zo byen monte.

Volonte melanje ak aza plis chans

Siksè nan sa nou antreprenan nan lavi se jeneralman youn dòz efò, youn dòz volonte ak youn dòz chans. Ou kab prepare jouk kò ou fè ou mal, men lè lavi a poko pare pou li louvri pòt ba ou lapasèt, ou ka soufri wòd lagras. Konsa, nou di, se konbinezon volonte, chans ak aza, ki te parèt nan dewoulman lavi Sanafè depi nan kanton ki te pote non Fèmwatye a jouk rive nan peyi etranje. Malgre tout kalite abi seksyèl Papitt, premye pitit gason Fatra a te konn abitye fè Sanafè, li pa te janm rive rantre nan relasyon gason ak fi avèk li. Poudayè, jouk misye te rive sou bato kwazyè kote Sanafè pral rankontre ak Tipa a, se te sèl remò li. Rezon ki fè misye pa te janm reyisi nan zak briganday seksyèl avèk Sanafè, menm lè Sanafè pa te kab goumen ak li oubyen reziste anba fòs misye, se paske Sanafè te gen chans epi genyen anpil sitiyasyon ki te rive tankou aza youn aksidan, oubyen youn byennèt pou pwoteje Sanafè. Chak fwa pou misye abouti nan mechanste li yo, swa manman li, swa papa li oubyen lòt sitiyasyon li pa vrèman genyen kontwòl sou yo toujou vin deranje pwojè seksyèl li yo.
« Jènn gason an rapé li anba tab la britalman, fè' li fwapé tèt li nan yonn nan pyé yo.
Yon rèl, tankou rèl dé timoun k'ap goumen, fè jènn gason an lagé li, é kouri alé nan lakou'a.
Sanafè, ki té kòmansé ap tranblé, pa tann jènn gason an retounen, li kouri sòti deyò.» ( p. 5)
Youn dezyèm fwa li te chape anba men Papitt, paske papa ti jennonm lan te vin entewonp li san li pa konnen nan move zak la. ( p. 57). Yon lòt fwa ankò, Papitt te fin rive akonpli mechanste li a nèt, men chans pou Sanafè Tipa ki ta pe pase te rale Papitt mete li kanpe sou de pye li. Apresa, li te koresponn ak misye. ( p. 69,70).
Tankou nou kab remake li se lachans ki te toujou ap mache ak Sanafè. Nou pa ta fouti di se lapriyè, paske otè pa te janm montre nou Sanafè nan sitiyasyon kote li ap lipriyè, menmsi tanzantan li konn ap mande Bondye retire li anba men Papitt. Nou pa kwè nonplis se demann Sanafè Bondye te ekzose, paske gen plizyè lòt restavèk ki pa te janm genyen menm chans ak Sanafè, nou pa kwè Bondye ta renmen kite yo ap viv nan kondisyon esklavaj.

Bout pou bout, youn jou mache, Sanafè rankontre ak Cétoute ki te ba li konsèy suiv Claire é Dieubon epi sove kite Fatra pandan yo te nan mache a. Se nan suiv moùn sa yo, li te al kontre ak gran frè li Pamwensèl ki bò kote pa li ta pral pran kanntè pou li ale Naso. Li te pwofite envite Sanafè pran kanntè a avèk li. Sanafè te fè youn vwayaj sanzatann. Konsa, se youn aza ki te mete Sanafè deyò nan peyi a. Pandan kanntè a jwenn move tan, amatè a pran voye moùn jete nan lanmè, kòm yo te remake ti pitit la , Sanafè, mouri, yo pa te okipe li. Konsa, lè gadkòt meriken te arete ti bato a, yo jwenn Sanafè nan koma. Yo te Mennen li lopital. Epi lè li te kòmanse fè youn alemye, Maude ki ta pe ba li swen medikal vin devlope youn afeksyon patikilye pou tipitit la, Sanafè, jouk li te konvenk, Valérie Ledestiné, apre anpil siplikasyon, pou aksepte Sanafè lakay li kòm pitit fi adoptif li.
Kòm lachans te mennen Sanafè lakay moùn kou Valérie ak Karl, ki te moùn tout bon, yo te bay Sanafè tout kalite éd medikal, sikolojik li te bezwen pou li te tounen moùn li vin tounen nan fen istwa a.
Depi premye jou Sanafè te rantre kay Valérie ak Karl la, premye gid yo te itilize pou ede Sanafè se te pasyon ak pasyans. (p. 108)
Sanafè ta kab al tonbe lakay youn lòt Fatra, men aza ak lachans te voye li lakay Valérie ak Karl. De moùn ki te adopte li tankou pwòp pitit fi yo pa te janm rive genyen an. Konsa, se volonte Sanafè mete sou chans li ki te fasilite reyisit li. Sanafè ta kab gen anpil chans, men si pa te gen volonte pou suiv konsèy li ta kab echwe nan lavi li.

Rès kòmantè kritik la nan wout.
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Ottawa Ontario, Canada

Post Reply