Kritik sou woman Pwensès Sanafè ( pati I)

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kritik sou woman Pwensès Sanafè ( pati I)

Post by Michelange Hyppolite » Tue Nov 15, 2011 10:10 pm

Pwennsès Sanafè: istwa lavi yon restavèk Ak Michel-Ange Hyppolite

Moùn ki rankonte istwa a
Pwennsès Sanafè se youn bèl istwa Précieuse Lavoix ekri nan lanng kreyòl Ayiti a. Précieuse Lavoix se non vanyan youn jounalis ki pa devwale non batèm li pou lektè li yo. Li fè etid nan Inivèsite Indiana ak nan Inivèsite Entènasyonal Florida. Otè a te vwayaje nan peyi kou Kanada ak Lafrans pou li al pwofonde sou devlopman ki fèt nan lanng kreyòl la.

Youn apèsi sou istwa a
Pwennsès Sanafè se istwa lavi youn jennfi ki rele Sanafè Messier lavi a te voye al chwe kay Enock Legrand ak madanm li Géline Dérival, yo te konn rele Fatra kòm non jwèt. Lavi Sanafè lakay de mounn sa yo, ki te gen uit pitit, se te yon veritab kalvè. Mizè Sanafè te pase anba men Géline Dérival
( Fatra), kòm restavèk, se sa kochon Lagonav pa te ka wè. Anplis mechanste Fatra, Sanafè te ap pase pa li, kòm jwèt seksyèl anba men Éspérandieu,
(Papitt), premye pitit gason Fatra ak Enock Legrand. Pandan tout peryòd lavi fyèl bèf sa a, te gen youn sèl moùn ki te toujou fè Sanafè konprann li se moùn tankou tout moùn, non li se te Patrick Navarillo, yo te konn rele tou Tipa. Depi nan titès Sanafè, li te damou Sanafè, malgre li te konnen manmzèl se te youn restavèk, alòske limenm – Patrick Navrillo – te soti nan youn fanmi moùn ki gen kòb. Kondisyon sosyal Sanafè kòm restavèk te tèlman peze lejè nan balans panse Tipa, se Prencès li te konn rele Sanafè oubyen saphir.

Bout pou bout, lè Sanafè te santi li pa te kab sipòte ankò, li te suiv konsèy Cétoute epi li te sove kite kay Géline Dérival – Fatra – pou li ale lakay Claire ak Dieubon. Alaverite, se pa te premye fwa Sanafè te sove kite kay Fatra, men fwa sa a se te dènye kou a. Li te pase youn nuit kay Claire ak Dieubon, epi lachans, ki paran bonè, te louvri pasaj pou li, paske se te menm jou a Pamwnesèl, frè li, ki vin pote non Wallace sou tè Meriken, te pral pran bato pou li ale Naso, epi li te tou envite li monte nan bato a ak li. Se konsa, Sanafè vin tonbe sou tè Florida, kote de bon pwochen Dr Valérie ak mari li Karl Ledestiné, yon Ameriken nwa, te adopte li kòm pitit fi yo, paske se senpman de pitit gason yo te genyen.
Fanmi sa a te pran anpil pasyans ak Sanafè, pou yo te retire li nan eta sikolojik restavèk la epi fè li rantre nan kategori moùn.
«Pandan pwèske kat lané, Valérie goumen ak Sanafè pou retire atitid rèstavèk la lakay li. Malgré tout pasyans Valérie, Sanafè pako ka adapté li, é sa fè manmzèl [Valérie] kòmansé dékourajé.
Menm lè limenm ak Karl fé Sanafè konnen ké li par rété ak pèsònn, sèvi ak li tankou yo sèvi ak pitit yo, manmzèl kontinyé maché, palé é aji tankou li rété ak yo. Se tankou tout sa yo di Sanafè, rantré nan yon zòrèy, é sòti menm koté ya nan lòt la.» ( p. 108)
Se menm travay revèy konsyans lan Patrick Navarillo – Ti pa – te kòmanse fè ak li an kachèt nan Fèmwatye, youn rejyon andeyò vil Ansafolè anvan li te monte bato pou li al teri Florida.

«Yonn nan bagay li [Sanafè] réyalizé, Tipa se yonn nan moun ki gen pouvwa fè li ri … … Yon lòt bagay li réyalizé tou, li vinn pa palé ak Tipa tankou rèstavèk ankò, misié rétiré sa nan mitan yo. Li palé ak Tipa menm jan li palé ak Ti Roro é Vinette, dé bon zanmi li.» (p. 60)

Dayè, se Tipa ki te di li : « Li sé yon moun menm jan ak tout moun, é l'ap bezwen défann tèt li…» (p. 72)

Fanmi Ledestiné te pouse Sanafè jouk li rive fini klas segondè li, rantre nan inivèsite, fini ak etid inivèsite li epi louvri youn boutik mòd ki te pèmèt li rantre nan lavi an gran fanm. Se apati moman sa a, li pral pran kèk nan pitit Fatra yo, tankou Kòkòt (Diana Legrand) epi Exceller Legrand vin travay ak li nan respè. Exceller te sèvi li chofè pou boutik la. (p.219) epitou lavi a pral remete li fasafas ak moun kou Fatra, Lavira, pwòp manman Sanafè, ki te voye li rete ak Fatra epi Tipa, zanmoure li te toujou ap pote byen wo nan fon kè li. Sanafè te toujou kwè Patrick Navarillo se sèl moùn ki te kab geri mak dan lavi restavèk li ap pote fon, byen fon anndan li an. Retire nan lespri li sikatris sikolojik ajisman Espérandieu – Papitt – te kite sou li.
Istwa lanmou Tipa ak Sanafè, ki vin pote non Fanny, te kòmanse an kachèt sou tè Ayiti depi Tipa te gen 17-an pou li rekòmanse aksidantèlman pandan youn kwazyè jouk yo vin tounen madanm ak mouche. Alaverite, rèv Patrick te genyen nan lespri li, depi li te tou piti nan katye Fèmwatye, se te pou Sanafè vin madanm li. Se pwomès li te fè Sanafè, malgre manmzèl te ap viv nan kondisyon restavèk, jou li te ba li bag an lò a. Bag sa a, se grann Tipa – Tatrick Navarillo – ki te ba li-l.
« … Tipa pwan karese men li. …Li wè Tipa foure men nan pòch é rétiré yon bagay. … [epi li di li] Pwennsès, bag sa'a sé bag grann mwenn li yé. Li ban mwen li pou'm bay madanm mwen lè'm mariyé. Kòm sé ou ki madanm mwen, mwen tou mété li nan dwèt ou dépi kouniyé ya. Fè mwen pwomès, ké w'ap kenbé li jouk tan lè ya rivé pou nou mariyé.» (p. 41)
Lè Tipa remake bag la twò laj pou Sanafè, li te gen youn chenn nan kou li, li retire chenn lan nan kou li, file bag la ladan epi pase li nan kou Sanafè. Apresa, Tipa kontinye konvèsasyon an pou li di: «Pwennsès, nenpòt koté ou rivé, toujou konnen sé mwen Tipa ki mari ou.» ( p.41)
Se menm chenn sa a li te mete jou Patrick te envite li al manje pandan yo te sou bato kwazyè a ( p. 208).
Lè nou sonje nan ki kondisyon Sanafè te sove kite kay Fatra. Lè nou sonje Sanafè pa te menm konnen si li ta gen pou li vwayaje. Lè nou konnen nan ki kondisyon vwayaj la te fèt epi kantite tan Sanafè pase nan koma nan lopital Miyami an, nou kab poze tèt nou kesyon sou fason chenn sa a te rive kay Valérie ak Karl jouk pou Sanafè ta kontinye genyen chenn lan, pou li mete nan moman Patrick te envite li ale manje pandan yo te nan kwazyè a inatandiman. Se sèten otè a fè yon bèl jès senbolik pou konekte lanmou dantan ak lanmou tan prezan, men nou rete kwè prezans chenn lan pandan rankont inatandi de anmoure yo sou bato a pase lejèman akote lareyalite.


Sòti nan premye chapit liv la pou rive nan chapit 8, otè a pran san li. Li kreye kèk sikonstans ki byen chwazi pou li ankre pèsonaj yo, moùn ki ap jwe divès wòl nan istwa a, byen fon nan lespri lektè li yo. Sa te deja louvri je lektè yo, fè yo rekonèt bon moùn ki nan istwa a, move moùn yo ansanm ak pouryanis yo. Nou rantre nan kategori pouryanis granmoùn ki ap asiste zak malonèt Fatra yo san yo pa janm di otan. Se ka moùn kou Lamine, Sepetèt ( p. 18) epi Rozena, grann Tipa, (p. 56). Nan kategori move moùn nou jwenn Jezila, Frankèl tripotye (p. 53), Papitt elatriye. Anfèt, depi nan kòmansman istwa a jouk rive nan finisman li, Papitt, pitit Fatra a, toujou rete youn move je. Li pa te janm pran konsyans mechanste li pou li ta repanti.

Nan premye pati istwa a, si gen youn repwòch pou nou ta adrese otè a, se repetisyon eksesif zak mechanste Fatra ak Papitt sou Sanafè. Entansyon an se petèt pou demontre san pran souf tray youn timoùn ap pase nan lavi li kòm restavèk, men lektè ki gen sansiblite yo ak kè nan men ka senpman sote pati a ki gen potansyèl toumante lespri yo. Youn restavèk anplis nan youn sosyete tankou Ayiti, ki kapote lesklavaj, se déjà twòp, ale wè pou plizyè milye. Lè nou konnen kondisyon lavi restavèk epi lavi esklavaj se degouden ak senkant kòb, nou di kareman leta pa fè travay li kòmsadwa. Se sèten se sitiyasyon ekonomik peyi a ki lakòz sosyete nou an kontinye ap ponn restavèk, men tou se pa senpman depeyize, pran kanntè, jwenn viza pou peyi lòt bò dlo ki dwe solosyon pwobèm sosyal nou yo. Se menm sitiyasyon an nou jwenn nan Sogo nan Kwazman Gran chemen (1979) ak Pauris Jean-Baptiste, kote Liyèt ak pitit li yo te pati kite peyi a, epi al viv nan peyi etranje anvan yo te kab jwenn dekwa pou chanje lavi yo. Se sèten se youn reyalite ki tabli depi nan fen ane 1960 yo pou chavire rantre nan ane 2000 yo, men se youn reyalite ki ap jwe nan dezavantaj peyi Ayiti.
Nan Bèbè Gòlgota (2009) ak Pierre-Michel Chéry, aksyon kite peyi a nan kanntè vin kreye de zanmore, ki te teri Bahamas pou lavi miyò. Apre youn tan nan prizon, Leta Bahamas voye yo tounen nan peyi yo epi se apati moman sa a Bèbè ak madan li deside goumen pou yo jwenn lavi nan pwòp peyi yo. Kèlkeswa jan nou vire li, nou dwe mennen istwa nou ekri yo youn fason pou solisyon pwoblèm sitwayen nou yo soti lakay. Se sèten sa ka difisil, men se nan sans sa a nou dwe eseye oryante refleksyon nou yo, paske yo gen potansyèl pote limyè sou chemen moùn ki ap reflechi pou mennen chanjman lakay.

Sa a se youn premye pati nan analiz la.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Kokourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply