Editoryal Pawòl Kreyòl (2011 volim # 2)

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Editoryal Pawòl Kreyòl (2011 volim # 2)

Post by Michelange Hyppolite » Wed May 04, 2011 8:59 pm

Dèy o!! N'a rele dèy o!! Ayiti!
Toto Bissainthe


Editoryal
Literati ak rekonstriksyon
ak Manno Ejèn


Depi katastwòf 12 janvye 2010 la, Ayiti koukouman plat atè. Tankou youn chen blese, li ape lanbe maleng li. Youn java seyan ki poko prèt pou geri. Dapre chif ofisyèl yo, genyen plis pase 300 mil moùn ki disparèt. Anviwon 300 mil estwopye. 600 mil moùn deplase. Youn milyon desanmil sinistre ak drivayè ap dòmi anba tant san nou pa konnen pou konbyen tan. Tankou Pascal Quignard te di : « Nou rive nan youn laj kote nou pa kontre ak lavi ankò. Nou pa menm kapab wè lavi a ki ape debat madebat pou li sa viv. Annik, nou rete la ape gade letan k'ape devore lavi, manje li tou kri devan je nou».

Sa te pran trannkat segonn. Trannkat segonn pou youn bon pòsyon teritwa peyi a, nan anviwon twa depatman jewografik li (Pòtoprens ak Leyogàn nan Lwès, Tigwav nan Sid, Jakmèl nan Sidès) detwi. Trannkat segonn pou anfale divès rèv ak espwa youn popilasyon te ap kouve mete la, depi plis pase desansis ane. Nan trannkat segonn, kloutoup kloutap latè te vire tounen sou limenm. Tòdye kò li byen tòdye jouk li bouke. Epi, pran glise chape anba pye moùn. Kapote miray kay, fese yo atè. Anfale tou vivan timoùn, granmoùn, vyegranmoùn anba youn dividal beton.

Nan youn ryenntan, anyen pa te sanble anyen ankò. Kay kraze, memwa efase. Youn pakèt kadav blayi pèlmèl. Youn pil moùn vin demanbre, estwopye, devantre. Yo epapiye vaykevay. Tout moùn pran rele Bondye ak envizib yo. Epi, denkou … se te silans kou zeklè! San sekou. San espwa. Ant lesyèl ak latè bouras vide desann. Pousyè devide tonbe. Menmman parèyman, lajounen ak lannuit te makawon. Limyè ak tenèb mafwezi. Sant lanmò. Lodè san. Rèl anmwe, alawonnbadè, ta pe monte.

Pasi pala, se te youn bouch debraye ak youn rès anmwe djanmen ladan ki fini vapore. Youn ponyèt detire ki kranponnen youn anvi viv. Youn planmen plwaye ak youn dènye espwa krabinen an miyèt moso anba zong li. Depi lè sa a, se tout sosyete a ki tonbe an degraba. Paj tout youn istwa ki chavire, kapote, tchouboum. Vivasyon tout youn nasyon ki dechalbore, dekonstonbre. San paspouki, malèpandye a frape. Kisa ki pa touche? Ki moùn ki pa pèdi youn grenn zanno kay Bawon? Kilès ki pa pral genyen youn doulè, youn deryen envizib ki ape rapousuiv li lavidiran? Di nou kilès?

Nan menm monman an, wonn souf dilere ki frape peyi nou an te fè tout tou latè. Moman detrès nou touche kòd sansib lemonn antye. Depi lè a, toupatou, se de koze ki ape pale: sekou ak rekonstriksyon! Kreyasyon Ayiti nou te toujou reve a vini pi ijan, pi nesesè toujou. Men, se ki rekontriksyon? Rekonstui kouman? Rekonstui ak ki moùn? Pou kilès?

Nan Pawòl Kreyòl nou kwè lakilti vin youn atou enkontounab nan rekonstriksyon peyi a. Dayè, apre goudougoudou te fin sakrifye peyi a, otè L'énigme du retour, Dany Laferrière, te di : «Quand tout tombe, il reste la culture». «Lè tout bagay fin tonbe, se lakilti ki rete».

Lakilti! Se youn konsèp ki anbrase anmenmtan divès aspè lavi nan youn sosyete. Menm lè nou kwè li kab sove nou, nou dwe eseye ba li youn definisyon nan enterè peyi a. Men sa nou konprann, li se mwayen tout sosyete sèvi pou eksprime vivasyon yo, montre ladrès yo nan kreyasyon ak pwodiksyon atistik. Li se fason sosyete sa yo demontre pèsonalite yo, fè konnen degre teknik ak konesans yo posede. Lakilti se anmenmtan mwayen youn moùn genyen pou li anmize, plezire, jwenn bonè li. Se avèk lakilti li plenyen mizèrere malsite li. Lakilti se listwa, se memwa. Angwo, lakilti se poto mitan youn peyi, se nanm youn pèp.

Kifè, pou noumenm nan Pawòl Kreyòl, revi literè, pòtvwa Sosyete Koukouy, nan anba katchaboumbe Ayiti Toma anfale jounen jodi a, li vini ekstrèmman enpòtan pou nou chwazi nan ki bout pou nou manyen chapant kiltirèl peyi a pou ansanm nou ranfòse idantite nou, epi leve defi rekonstriksyon peyi nou an.

Pandan nou ape pale sou rekonstriksyon nan domèn materyèl tankou bati kay, wout, elatriye, nou dwe koumanse pale sou rekonstriksyon dapre youn baz kiltirèl. Nou dwe sèvi ak kilti kreyòl la, tankou eleman fondamantal nan tout lavi a: edikasyon familyal, lekòl, domèn atistik, domèn literè, relijyon, domèn ekonomik, elatriye. Oryantasyon nou pwopoze la a ape bay peyi a zouti pou li elimine tout pratik eksklizyon ki ape alyene youn sitwayen ayisyen nan pwòp peyi li.

Se pwojè sa a ki ape pèmèt nou defini youn kontra sosyal ki koresponn ak bezwen fondamantal pèp ayisyen. Se lè sa a pawòl tankou: se kreyòl nou ye, lakay se lakay va jwenn vrè sans yo nan lavi noumenm Ayisyen. Kontra sosyal sa a pa pe janm tounen youn reyalite si Leta, sosyete sivil la ansanm ak tout kouch sosyal peyi a pa fè youn fòs reyèl pou yo chapante li kòmsadwa.

Konsa, rekonstriksyon Ayiti Cheri a mande pou kilti ak lanng nasyonal peyi a vin domine tout sektè aktivite nasyonal yo, tankou literati, youn fason, malgre diferans yo, pou soude tout moùn ansanm.


Pawòl Kreyòl se premye revi literè nan lanng kreyòl Ayiti a. Se Sosyete Koukouy ki pibliye li.

Post Reply