Emile Célestin Mégie ( Togiram)

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Emile Célestin Mégie ( Togiram)

Post by Michelange Hyppolite » Thu Apr 28, 2011 8:45 pm

Omaj pou Togiram!!


Togiram kòmanse ekri nan lanng kreyòl-la depi nan ane 1946. Li te fè antre li sou teren-an ak youn nouvèl ki te pote non Ale –Vini Mirak. Se travay Togiram mete ak travay tout lòt ekriven kreyòl ki te la anvan li-yo ki vin ranpli basen pwodiksiyon kreyòl-yo jouk pou kritik literè-yo anonse vàn literati kreyòl-la louvri apati 1950.
Togiram ekri pwezi, teyat, woman epi sou youn plan lenguistik, mwen kab di Togiram se defansè de nan vwayèl nazal lanng kreyòl Ayiti-a. Mwen vle site nazal ak [ou] nazal. Nou jwenn nazal-la nan mo kou: pinnyinnk , mayinnfik , yinnk, eksetera epi [ou] nazal-la nou jwenn-li nan mo kou : Hountò, kandyanhoun, mounn, ounsi.
Konsa, rann Togiram youn temwayaj san mwen pa di anyen sou vwayèl [oun], se kòmsi mwen ta pe fè youn bouyon remontan san sèl, san epis, epi san luil.

Anvan mwen rantre nan teknikalite fonèm [oun]-an, mwen kab di distans fizik ki separe-m ak Togiram lakoz se youn lè konsa, nan okazyon espesyal, nou kontre. Men nan chak rankont sa-yo, nou pase plizyè èdtan ap pale, epi mwen aprann anpil. Nan rankont nou Miyami nan ane 2007, mwen te aprann kichòy enpòtan sou woman kreyòl Ayiti-a. Nou va tounen sou sa. Se ak Togiram, mwen aprann, anvan menm mwen te li-l nan liv pwofesè Maximilien Laroche-yo, ekzistans youn gwoup lanng ki rele lanng kreyòl, epi lanng kreyòl Ayiti-a se younn ladan-yo. Se sa ki lakòz depi nan ane 1980-yo gen save, kou Maximilien Laroche, ki deside sèvi ak mo Ayisyen, lè yo vle pale sou kreyòl Ayiti-a.

Ak Togiram, mwen aprann tou posiblite ki genyen pou nou kole de mo ansanm epi kreye mo nèf nan kreyòl Ayiti-a. Ekzanp : Pye se youn mo bwa se youn lòt mo, men lè nou kole tou de mo sa-yo ansanm, yo ban nou pyebwa, ki gen youn sans diferan parapò ak sans chak mo sa-yo genyen separeman. Se menm sitiyasyon tou nan ka mo kout epi pye. Bay youn mounn youn kout pye pa menm ak fè youn koutpye kay youn mounn. Je se youn mo, pye se youn lòt, men jepye, se youn mo ki gen youn sans diferan nan lanng kreyòl-la. Pye se youn mo poudre se youn lòt, men pyepoudre pa menm ak de lòt nou fenk site la-yo. Leson sa-a, se Togiram ki te aprann mwen li. Epitou, mwen ap ajoute, pwosede kole de mo pou kreye youn mo nèf-la ekziste nan plizyè lòt lanng : lanng ewe ki pale nan peyi wès Afrik-la tankou :Gana, Togo ak Benen, epi sa rive tou nan lanng angle-a.
Pou mwen kontinye, mwen kab di, se ak Togiram, apati rechèch li prezante nan Haiti En Marche epi ki parèt aktiyèlman nan Pawòl Kreyòl : Revi Literè Sosyete Koukouy, je-m vin louvri sou enpas fonèm [oun]-an ap sibi anba men kèk save Ayisyen.

Alaverite, òtograf ofisyèl kreyòl Ayiti-a prevwa youn teknik pou nazalize vwayèl-yo nan lanng-lan. Sa fèt apati youn [n] ki ale sou bò dwat vwayèl nou vle nazalize-a. Nan ka vwayèl -a yo pase akote jeneralizasyon ki nan prensip òtograf-la, men nan ka [ou]-a òtograf-la rekonèt epi kreye youn grafèm pou reprezante son [ou] ki pase nan nen-an, men depi nan ane 1980-yo pwofesè Iv Dejan ak disip li-yo, anpil ladan-yo pa lenguis, deside pou yo ratibwaze fonèm /oun/ -an nan lanng kreyòl Ayiti-a. Se depi lè sa-a tou Togiram rantre nan batay epi jouk jounnen jodi-a, malgre li avèg, ak lisidite li sou li, Togiram kontinye ap fè entèvansyon pou fè respekte ekzistans fonèm sa-a.

Pwofesè Pierre Vernet, dwayen fakilte lenguistik Ayiti-a rekonèt fonèm / oun / nan liv-li a ki rele Techniques d'écriture du créole haitien (1980). Sepandan, gen espesyalis ki kwè youn fonèm ki reprezante ak plizyè lèt, ka poze pwoblèm. Konsa, pou mwenmenm, si gen youn chanjman ki pou fèt, se grafèm ki reprezante fonèm [oun]-an ki ta dwe chanje. Pyèsmounn pa dwe sèvi ak prejije pèsonèl-yo pou yo retire youn son ki se eritay Lafrik nan lanng nou-an.

Nan batay Togiram pou fonèm [oun] li te sikile nan peyi-a pou li te ranmase youn dal mo ki genyen son [oun] ladan-yo. Nou ap di Togiram mèsi pou konviksyon li ak pou kokennchenn rechèch li sou fonèm [oun], fonèm anpil mounn senpman retire an gwoponyèt nan lis son kreyòl Ayiti-a. Noumenm, nou di, se vre òtograf se konvansyon, sa vle di, se antant ant plizyè mounn, men se sèl leta ki pou rasanble ekspè nan lanng kreyòl-la epi pran youn desizyon sou son ki pou rete ak son ki dwe soti nan lanng lan. Pyèsmounn pa dwe fè sa ak fòs ponyèt-yo. Kalite ajisman sa-a rele diktati entèlektyèl epi Togiram gen plis pase 20-an depi li kanpe ankwa kont kalite diktati sa-a. Nou ap di li mèsi pou vanyans-li. Mèsi pou kouray-li. Se kalite kouray ak vanyans sa-a Julio Jean-Pierre bay Ochan anndan liv pwezi li-a ki rele Tras ( 2003).
Koute pawòl Julio Jean-Pierre:

Mégie sere nan govi mo ansyen
Ki pèdi papye
…….
Pawòl san lizaj ki pran santan
Pou jwenn marasa

Lè Mégie ap monte lakay li
Li vire Marigo lanvè
Pou bay tèt li apostwòf
Chak galèt li pile
Voye monte yon kont chante
Yon silab yon mizik
Epi se bal epi se fèt
Konsè konsòm epi dizuime

(Tras p. 48)

Togiram se bwapen nan fènwa. Men, pendan peryòd li ap goumen pou avansman kreyòl-la, li te konsyan tou, li pa te kab klere pou kont li. Konsa, nou te jwenn li nan plizyè asosyasyon ki ta pe milite pou avansman lanng kreyòl-la ansanm ak respè kilti kreyòl-la. Nou te jwenn li nan : Sosyete Koukouy, sèl òganizasyon ki ap travay sou devlopman literati kreyòl-la ak lanng kreyòl-la. Sosyete Koukouy se branch literè Òganizasyon Mouvman kreyòl te mete sou pye nan ane 1965.
Nou te jwenn Togiram nan Gwoup Rechèch pou Etidye Kreyòl Ayisyen
(GREKA) ak mounn kou : Pè Georges Mathelier, Pè Roger Désir, Pauris Jean-Baptiste eksetera. Pi devan nou vin jwenn li nan ASKONNA ak Lyonel Desmarates ( ki nan Lavwa lamerik jounen jodi-a), -Angelucci Manigat, Jr , defen Dr. Pradel Pompilus, Christophe Charles, Rony Durand, Mercedès Guignard (Deyita) premye fanm ki ekri youn rekèy pwezi kreyòl, elatriye. Pasaj Togiram nan divès asosyasyon kiltirèl epi literè se prèv enterè wòdpòte-l pou lanng manman nou an.
Se gras ak devouman-l epi konstans-li, Togiram rive louvri je mounn kou : Angelucci Manigat,Jr, Pierre Michel Chéry, epi mwenmenm Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) ki ap pale ak nou la-a. Togiram pa nou-an kanpe lwen kategori mounn ki monte pou kont-yo, epi kase bawo nechèl-la pou bloke rès yo nan wout. Togiram pa nou an se youn Atibonlegba. Togiram pa nou-an, se youn ekriven ki kwè nan youn prensip kle, youn prensip sakre, ki di : Konesans tankou manje fèt pou separe younn ak lòt.



Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Responsab Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply