Gramè kreyòl ayisyen

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Gramè kreyòl ayisyen

Post by Michelange Hyppolite » Tue Nov 02, 2010 6:56 pm

Tèks mwen ekri la-a se repons mwen bay Jean-Marie Mondèsir, youn kreyolis dyanm nan rejyon Otawa a, sou kesyon maskilen ak feminen nan lanng kreyòl Ayiti a

Mwen vle retounen sou aspè feminen nan mo kreyòl nou yo. Eske prensip feminen epi maskilen an vrèman ekziste nan fondas kreyòl Ayiti a? Nan reflechi mwen yèswa, mwen remake atik ki genyen nan lanng kreyòl Ayiti-a pa endike «le genre». Kit mo-a kòmanse ak «le » oubyen « la » an franse nou toujou di «la» oubyen « lan» nan lanng kreyòl Ayiti a. Sa vle di afè «genre des mots» nou jwenn nan panyòl, franse elatriye pa ekziste nan kreyòl Ayiti-a. Nan lanng kreyòl la se silab final la ki pral endike si pou nou di «la» oubyen«lan». Se pa maskilen oubyen feminen-an menm jan ak franse, panyòl eksetera.
Kounye-a, ou pral mande tèt-ou kilè pou ou di «la», ki lè pou ou di «lan».? Poutan, ou fè li chak fwa ou ap pale. Se sa ki fè lenguis ki rele Chomski-a di: pou youn mounn natifnatal, gramè lanng-lan nan tèt-li. Nou aplike règ-yo san nou pa konnen.
Men règ la: Lè youn mo fini ak youn son nazal nou mete «lan», «nan» oubyen «an» dèyè li. Lè mo a fini ak youn son ki soti nan gòj ou mete «la», «a». Ekzanp kreyòl Ayiti a. Ou pa di kreyòl Ayiti la. Se sèl youn etranje ki ap aprann kreyòl ki kab di sa. Konsa, chanjman nou genyen nan atik defini yo, se pa «le genre du mot» ki ban nou yo.
Nou kab mande kouman mwen fè konn sa, se paske mwen ta pe anseye youn matyè ki rele kreyòl nan kad kou kreyòl pou youn kredi Ministè Edikasyon Ontaryo a kreye. Mwen dwe di nou, sa te pran mwen youn ti tan pou mwen te sonje règ gramè sa a, poutan se tout lajounen mwen ap sèvi ak li.

Mounn ki responsab fakilte lenguistik Ayiti-a genyen pou devwa pou yo ekri gramè kreyòl-la. Se youn pwojè konsa Jafrikayti, Jude, Hogu, Kaptenn, Vedrin, elatriye te bay tèt-yo pou youn rankont anndan Ayiti ak etidyan fakilte lenguistik-yo nan ane 2004, men pwojè gramè sa-a ( nou pa kab di gramè sa) te mouri depi nan planifikayon-li, paske kanmarad REKA-yo te manke nan serye-yo. Mwen pa konnen règ ki anpeche mwen di: gramè sa. Si mwen te konnen li, mwen ta pataje li ak nou. Petèt Pimich, Yvon Lamour oubyen Plasid ki etidye lenguistik va ede nou ak sa.

Men youn lòt kote ankò koze «le genre» pa ekziste pou nou nan kreyòl Ayiti-a, kant li ekziste nan angle, franse, panyòl elatriye. Mwen vle pale sou koze pwonon pèsonèl kou: «il», «elle» nan franse, oubyen «he», «she» nan angle ak «el» epi «ella» nan panyòl. Nou pa gen varyasyon sa-yo nan kreyòl. Nou senpman di «li» epi sa rete la. Kit se mounn ( fi kou gason), kit se bèt, se menm kout bwa-a. Mwen di bèt, paske nan angle, pou bèt ak «les objets» yo di «it».

Se tout remak sa-yo ki fè, menm jan ak Pimich, mwen kab ap poze tèt mwen kesyon sou prezans konsèp feminen-an nan lang kreyòl Ayiti-a. Nou konnen gason se houngan fanm se manbo, petèt, kondi Pimich, se pa lide feminen-an ki motive chwa de mo sa-yo nan kreyòl-la. Mwen di li byen: petèt, paske mwen poko konnen.

Doktorès epi doktè, vwazen epi vwazin eksetera, se petèt paske franse-a detenn sou kreyòl-la.
Kounye-a, se estandadizasyon lanng-lan ki pral di nou sa pou nou fè: èske nou dwe rete nan baz lanng afriken-yo pou gramè nou, lè sa posib, oubyen akokiye nou ak franse-a? Mwen di li byen wi: akokiye! Paske, gen anpil preposizyon franse ki pa vrèman kreyòl epi nou tande yo souvan lè mounn ap pale kreyòl. Genyen tou youn «que» (ke) nou jwenn nan pale ak nan ekri kreyòl Ayisyen-an, men ki pa nesesè nan lanng kreyòl Ayiti-a.
Mwen di akokiye, paske mounn ki ap fè radyo nan milye Ayisyen-an gen tandans touye «nou» ki se pwonon pèsonèl dezyèm pèsòn pliryèl-la an kreyòl. Rezon-an, se paske «nou» sa-a voye yo nan «Nous» franse-a. Sa lakòz yo sèvi ak «ou», menm lè yo ta dwe di «nou» lè yo ap pale. Sepandan, si yo ap pale enkonsyamman, se nou yo ap di.
Nous mangerons = nou pral manje
Vous mangerez = nou pral manje.
Abitid lanng franse-a anpeche sèten Ayisyen ki pase lekòl, espesyalman mounn ki nan radyo, sèvi ak
« nou» pwonon pèsonèl dezyèm pèsòn pliryèl-la nan lanng kreyòl Ayiti-a, paske daprè yomenm se pa sa yo ta dwe di.
Kidonk Jean-Marie, travay refleksyon-nou, analiz-nou ak rechèch-nou fenk tanmen gason.
M'ale
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada nan Otawa
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply