Lanng ak Sosyete

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Lanng ak Sosyete

Post by Michelange Hyppolite » Thu Oct 07, 2010 9:21 pm

SE KREYÒL NOU YE !
ak Michel-Ange Hyppolite

Pou mwen menm, lè nou pran desizyon ekri an kreyòl nou fè anmenm tan youn chwa ideyolojik. Chwa-a se bay mounn ki pa nan jiwon lanng franse a lapawòl. Lè nou sonje se 80% mounn nan peyi a ki pa gen aksè 100% ak lanng franse a nan nivo ki pou ta pèmèt yo jui epi pwofite tout bèl konesans ki ap sikile nan literati Ayiti a nan lanng franse a, nou kwè nou dwe pran tan pou nou reflechi, epi aji. Nou dwe chèche konnen tou pou ki mounn nou ap ekri. Èske nou ap ekri pou Ayisyen? Èske nou ap ekri pou fyète nou? Èske nou ap ekri pou nou chanje lavi nan peyi nou oubyen ankò nou vle ekri pou tout mounn sou latè (ki pale franse?) Desizyon sa yo se gwo desizyon yo ye. Yo mache ak gwo goumen. Sa vle di, goumen nou ap fè ak pwòp tèt nou, paske nou pase nan youn moul ki fòme nou youn fason. Vwala, briskeman gen youn kouran lide ki mande nou pou nou kesyonnen moul ki ban nou fòm lan. Se kesyonnman sa a Jean Price Mars te ap esye reponn nan mesaj li te voye nan Ainsi parla l'oncle lan. Tout mounn ap palede katafal lide nasyonal ki ap sikile nan Ainsi parla L'oncle pou youn edikasyon ki dwe reflete valè ak idantite pa nou, men jouk jounen jodi a, sistèm edikasyon nou an pa vrèman reflete kouran lide ki ap sikile nan Ainsi parla l'oncle.

Pwoblèm lan te poze alanvè depi an lagan. Se konsekans lanvè landrèt sa a nou kontinye ap peye, paske jouk jounen jodi a nou poko kapab genyen youn nasyon. Gen youn peyi ki rele Ayiti, men poko gen youn nasyon ki rele Ayiti. Poukisa? Se paske apre endepandans lan, nou te deside al suiv modèl edikasyon Lafrans lan epi kole li sou Ayiti, tan pou nou ta pran modèl edikasyon mounn nwa parèy nou yo pou nou adapte yo ak reyalite lavi pa nou. Nan suiv Lafrans, nou vin rive nan youn moman nan ekzitans lavi pèp nou, kote nou ap travay pou Lafrans san nou pa rann nou kont. Se sèten, mesye yo ta pe eseye suiv sa ki pou bon , sa ki te pi avanse nan epòk yo ta pe viv la, men gen youn priz eksperyans yo pa te mete ladan pou li ta kab vin Ayisyen. Nan al lage tèt nou nan men sistèm edikasyon Lafrans, nan eseye kenbe tout pou yo anyen pou zòt la, nou vin kreye de peyi.. Youn peyi ki ap suiv lewòp daprè modèl Lafrans ak youn peyi anndan ki rete Afriken nan tout branch nan kò li. Eritay kiltirèl nou se youn fòs li ye nan kreyasyon sa mwen wè nan lespri mwen tankou inite nasyon nou an. Li difisil pou nou rete youn nasyon endepandan kant nou rete kole soude ak kèk valè fondamantal ki pa valè pa nou. Se sa ki esplike le retour nan sous mesye ameriken nwa yo ap pouse ak nosyon afrosantrik la.

Nou gen youn peyi ki divize an de. Nou gen kriz nan domèn edikasyon, ki lage nou nan youn vire anwon ki pa piti. Ekri an kreyòl pou ki mounn ? Pou pèp la! Men pèp la poko konn li. Menm pèp sa-a , yo tèlman lave tèt li ak tout kalite konplèks kont pwòp tèt li,depi li fin konn li, li riske boude tout sa ki ekri an kreyòl.

Nan domèn lanng, gen youn ti pa toupiti ki fèt, jounen jodi a, mounn ki grandi Ayiti, pase lekòl Ayiti pakab di yo paka li kreyòl, sepandan dilèm lan sèke chapant fonksyonnman peyi a anpche yo sèvi ak lanng kreyòl la sou papye nan kad lavi chak jou yo.

Ekzanp, gen youn jenn ki vin isit , ki li ekri kreyòl.Youn jou li te deside ekri zanmi li. Nan ki lanng li te ekri zanmi an: Franse. Poukisa? Paske lanng kreyòl la pa itilize nan divès espas nasyonal nou an, youn fason ki pou ta valorize li jouk pou timounn lan ta wè li natirèl pou li ta monte sou òdiantè a epi ekri youn mesaj an kreyòl pou zanmi li, menm jan li natirèl pou mwen ekri tout zanmi Ayisyen mwen yo an kreyòl la. Fòk gen sakrifis ki fèt. Tout tan sakrifis sa yo pa fèt, nou fenk kare ap vire an won sou plas san nou pa janm avanse.

Fè bèl literati pale kantamwa pou youn ti minorite, pou deyò ka palede mwen pandan mwen anndan an, se youn mantalite ki merite refleksyon.
Sakrifis ki pou fèt la, se kreye plis zouti kreyòl. Plis nou kreye mete la, se plis ap gen materyèl disponib pou edikasyon an kreyòl. Depi nou fin pase etap sa a, si tout mounn di se an kreyòl yo ap pwodui pou literati nou, nou ap oblije fòse mache liv ayisyen, anndan kou deyò peyi a, pou yo bay dokiman sa yo plas ki revyen yo dedwa.
Moriso-Lewa nou tout ap glorifye a te sakrifye tèt li. Nan epòk li a, entèlektyèl parèy li yo te pase li nan betiz. Pa te gen mounn ki pou te li sa li ekri. Sa ki te ka li yo te boude li. Li pa te bay legen. Li te pote kwa a ak kouray. Vwala jounen jodi a, se eritay li kite dèyè ki ap gide nou pou nou kontinye sakle, netwaye, agrandi wout li te kòmanse kreye pou nou an. Chans pou li, depi nan vivan li, li te gentan wè rezilta travay li yo. Wi Moriso-Lewa te ekri an franse .Men an nou gade kantite zèv li ekri an franse, epi ki kantite li ekri an kreyòl. An nou suiv tou pou nou wè ki zèv ki bay Moriso-Lewa selebrite nan literati Ayiti a? Daprè sa nou konstate, se zèv kreyòl li yo ki te ba li tout valè li.

Nan peyi etranje, mwen di nou dwe ekri nan twa lanng osnon de lanng, sa pral depann sou ki tè nou ap viv nan dyaspora a. Men anndan Ayiti, kote nou sipoze sèl chèf la, se an kreyòl sèl grenn nou ta dwe ekri. Si nou vrèman gen entansyon kreye youn nasyon, nou dwe fòse pèp nou an retire mantalite kolonize ki nan san li an. Se lè sa a nou va kòmanse genyen vrè batay la, sa vle di : batay pou nou libere tèt nou anba esklavaj mantal la.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply