Grann
ak Serge Madhere
Depi mwen ti katkat m'ap boujonnen nan men ou,
Ay Grann Dodo-Titit, Grann fè tiba pou mwen,
Gras ak ti chante ou yo, solèy pa janm sevre-m :
Ou se sous nan jaden-m, vach plenn douvan douvan pòt mwen
Mwen te kwè mwen fini lè manman-m te mouri,
Men ou trennen , trimen, mache chèche lavi-m,
Grangou mwen se te ou, kazak mwen se te ou :
Ou se sous nan jaden-m, vach plenn douvan douvan pòt mwen
Venn ponyèt ou vin ble pou syèl mwen te kab ble.
Gras ak dye gras ak ou, chemen-m long, san detou.
Ou met nan dyakout kè-m tout sa ki nan daykout kè-ou :
Ou se sous nan jaden-m, vach plenn douvan douvan pòt mwen
Serge Madhère nan Piti-Piti Plen Kay 1987
Chak fwa fèt manman rive toujou gen anpil bèl pwezi ki ekri pou manman, men anpil fwa grann yo pa toujou rekonesans yo merite.
Mwen raple mwen te poste tèks sa a deja, men si se ta sa, mwen espere Guy va retire li.
Wi grann yo pa toujou jwenn onè yo merite, poutan genyen anpil ka, kote se grann ki sèvi manman. Poudayè, nou genyen youn pwovèb kreyòl ki klè sou sa: «Mwen jwenn manman, mwen tete grann.»Ak pwezi sa a,Serge Madhère louvri youn bèl tapi lanmou pou grann li mache. Mwen pa gen entansyon analize tèks la an detay, men mwen siyale tout sakrifis,daprè tèks la, nou santi grann Serge Madhère te fè pou li:
«Ou se sous nan jaden-m, vach plenn devan pòt mwen»
Lè nou konnen wòl youn sous dlo pou bon donnezon, oubyen ankò fòs ak enèji lèt ki soti nan manmèl bèf la ka pote pou youn kò kay, nou bay konparezon sa a youn valè wòdpòte.
«Venn ponyèt ou vin ble pou syèl mwen te kab ble.»
Liypwezi a demontre nou fòs travay grann lan pou otè a. Mwen pa te gen chans viv pwòch ak de grann mwen yo, swa akoz distans, swa akoz yoùn ladan yo te mouri lè mwen te tou piti, men mwen jwenn anpil plezi nan tèks sa a, epitou chak fwa mwen kwaze ak Serge, se toujou ak anpil plezi mwen li-l pou Sègo. Se youn bèl kout plim. Se youn tèks ki byen chita.
Bravo Serge Madhère!!
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Pwezi pou fèt manman
-
- Posts: 60
- Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm
Return to “Kaptenn Koukourouj”
Jump to
- A Place to start
- ↳ Inbox
- ↳ Forum Community
- ↳ Editorials
- ↳ Messages
- ↳ Bicentennial
- ↳ 1998 - 2002
- ↳ 2003 - 2006
- ↳ Offbeat Topics
- Blogs
- ↳ Bellegarde's Music Blog
- ↳ Chronique Musicale
- ↳ Best albums of the year
- ↳ Extra!
- Cultural Section
- ↳ Our Story
- ↳ African Heritage
- ↳ Current Social Issues
- ↳ Haiti Diaspora Concerns
- ↳ The Arts
- ↳ About Music
- ↳ About Films
- ↳ About Sports
- ↳ Mosochwazi
- ↳ ile en ile
- Political Section
- ↳ Year in Review
- ↳ 2004
- ↳ 2005
- ↳ 2006
- ↳ 2007
- ↳ 2008
- ↳ 2009
- ↳ 2010
- ↳ HT/RD issues
- Language Section
- ↳ Language Issues
- ↳ Kreyòl, Lang Nasyonal
- ↳ Ekri Kreyol Fasil
- ↳ Proverbs
- ↳ Ann Pale Kreyol
- ↳ Kaptenn Koukourouj
- Culinary Section
- ↳ Recipes
- ↳ Meals
- ↳ Desserts
- ↳ Beverages
- ↳ Other Food topics