Kijan nou konprann Lèt Ife ak Soul ( Ak Pierre-Michel Chéry

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kijan nou konprann Lèt Ife ak Soul ( Ak Pierre-Michel Chéry

Post by Michelange Hyppolite » Sat Aug 22, 2009 6:42 pm

Kijan nou konprann “Lèt Ife ak Soul” ?
Lèt Ife ak Soul (2006) se premye rezilta eksperyans Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) ap fè nan sèvi ak lèt tankou yon fòm literè, yon eksperyans kote mouche vle mete kategori lèt-la sou menm pye ak lòt kategori literè tankou pwezi, kont, woman, istwakout, lodyans, elatriye… Lè otè a pran tèt bann nan (se li ki parèt ak fòm sa-a an premye, dapre sa nou konnen), se yon envitasyon li voye bay lòt ekriven ayisyen, ki sèvi ak lang kreyòl Ayiti-a, pou yo laji kad literati kreyòl-la, epi pou yo pran chans apante lòt fòm literè. Poudayè. Nou kab di aksyon Michel-Ange Hyppolite-la ( Kaptenn Koukourouj) pa rete tankou grenn senk, li jwenn reponndong nan travay Franz Benjamin ak youn sidi ki genyen lèt sèlman: Tan Lapli (2007) epi nan dènye liv Henri-Robert Durandisse-la Langay lanmou (2008), yon seri lèt tou kout, nou ta kab di, se biyè Durandisse te ap ekri anmore-li.

Demach Michel-Ange Hyppolite-la siprann nou pou 2 rezon: premye rezon-an, se akoz li fè nou poze kesyon sa-a: kouman fè ekriven kreyòl ayisyen-yo te kite fòm lèt-la sou kote depi tout tan sa-a? Dezyèm rezon an, se dèske nou santi lèt la ofri literati ayisyen-an yon chay fasilite pou divès kalite kout sizo, sou divès kalite sijè, ki ta kab pi difisil, oubyen ki pi egzijan nan lòt kategori literè-yo. Ekriven ki ta chwazi sèvi ak kategori lèt-la ap gen posiblite pou yo sòti nan kad egzijans kategori pwezi-a mande yo a. Y'ap kapab parèt ak nivo pwoblèm ki genyen anndan yon woman, oubyen yon istwakout epi rezoud li nan yoùn osnon de paj.
Malgre divès opòtinite yon tèks ki ekri nan kategori lèt ka kreye pou yon ekriven, li rete klè pou tout moùn, kategori lèt la vini ak egzijans pa- li pou tout atis respekte, nan limit ki posib-yo. Otreman, nan literati kreyòl Ayiti-a, nouvo kategori sa-a riske tounen yon bouyon, kote atisplim-lan ka bliye literati se yon fòm atizay ki genyen pwòp karakteristik pa-li.
Kite kantik pran priyè. Kouman nou analize “Lèt Ife ak Soul” ? Lèt Ife ak Soul parèt tankou lèt de (2) anmore k'ap sèvi ak souvni yo pou yo bat ak lavi-a. Sepandan, si lèt yo te regade de (2) moùn ki ekri yo-a sèlman, yo pa t'ap pi itil pase sa. Paske, moùn k'ap li “Lèt Ife ak Soul” dwe dekouvri, nan koze k'ap soti anba plim pèsonaj-yo, se batay pou mete amoni nan lavi-a ki bay lèt-yo tout enpòtans-yo. Nou dwe siyale, mo “amoni” an ale vini, sou divès fòm, nan lèt-yo.
Sou plan jeneral, premye remak nou fè, lèt aktè-yo parèt sou nou an dezekilib. Nou jwenn dezekilib-la nan kantite lèt chak aktè ekri. Ife ekri plis pase Soul. Konsa, sou yon ventèn lèt ki nan liv-la, se 5 lèt senpman Soul ekri. Lòt remak sou dezekilib la chita nan longè lèt 2 pèsonaj-yo. Lèt Ife yo pi long lontan pase lèt Soul-yo ki pa fasil rive plen yon paj. Anvan dezekilib-la, ki sòti nan touman lavi-a, parèt nan rapò sosyal 2 pèsonaj yo, nou jwenn li nan fòm ak nan estil lèt-yo. Dezekilib ki nan lèt-yo pral rapouswiv nan rapò 2 pèsonaj-yo, paske Lèt Ife ak Soul se yon zèv total. Nan kèlkeswa dimansyon nou konsidere-li, se menm anbyans dezekilab- la ki reparèt sou nou.
Dezekilib ki nan fòm lèt-yo mete nou nan sitiyasyon pou nou dekouvri lòt debalansman ki genyen nan liv-la. Se sa tou ki anonse nou gen yon amoni ki an danje. Konsa, nou antre nan lèt-yo apati divès debalans¬man nou konstate-yo.
Pou noumenm, amoni-an se sitiyasyon ideyal tout moùn nòmal ta renmen viv. Amoni vle di ekilib. Kounye-a, sa ki enterese-nou nan vwayaj de (2) anmore sa-yo ( Ife ak Soul), se chèche konnen si amoni-an ap janm tounen, epitou si li tounen, se nan ki fason ekilib-la pral parèt nan nan alevini lèt-yo.
Tankou nou te deja prevwa sa nan fòm nan, Lèt Ife ak Soul, se toumant, k' ap kreye dezekilib. Se sa ki lakòz Soul ekri : «Mwen dwe toujou raple-w, se pa pote m'ap pote fado-a, se trennen m'ap trennen-l, se woule mwen ap woule anba li …[Sepandan] ou mèt konte sou mwen. Mwen renmen ou !»
Anmezi nou ap li lèt yo, nou remake batay pou lavi, ki parèt nan lèt yo, se batay pou retablisman ekilib nan mitan anmore-yo. Men, ekilib ak amoni pa ka egziste an grenn senk. Remake enpòtans pawòl sa yo: “... konte sou mwen. Mwen renmen ou”. Konsa, batay pou lavi-a pa ka fèt dèyè do lanmou. Se lanmou de moùn yo genyen yoùn pou lòt ki kanpe kòm prensipal sous pou ekilibre amoni-an.
Kit nou swiv lèt yo sou plan literè, kit nou swiv yo sou plan santimantal, osnon sou plan filozofik, nan tout nivo demach nou-yo, nou jwenn menm chema a: kalmi ak boulvès, epi ekilib ak dezekilib. Yo chak parèt nan moman pa -yo. Men, se makonnay opozisyon sa yo ak divès fason aktè-yo itilize pou yo rezoud konfli distans-lan kreye nan mitan-yo, ki sèvi levye pou remete yo, chak fwa li nesesè, sou chemen amoni-an.
Sou plan literè, mouvman opozisyon n'ap swiv la mande pou nou gade fason Ife ekri, epi kouman Soul reponn. Si nou ta vle tabli yon diferans nan fason Ife ak Soul ekri. Nou kab di, li ra pou Soul sèvi ak mòso pwezi nan lèt li yo, etan Ife, sou bò pa l'', p'ap rate yon okazyon pou li pa mete yon moso pwezi pou li apwofondi sa li fin di yo, oubyen sa li pral di aklè pi devan nan lèt li-yo. Egzanp, Ife ekri : “Amezi mwen louvri pòt ak fenèt pou ou antre/…/Se amezi… /Ou ap kadnase” sa-a se nivo pwezi-a, pi devan, nou li : “Ou leve tout sa ou kapab, pou ou fèmen tèt ou…” (paj 97)..

Tankou nou di li pi wo-a, lèt Soul-yo gen yon karaktè dirèk. Ann li: “Mwen te renmen ou yè, mwen renmen ou jodi-a epi m'ap toujou kontinye renmen ou” (paj 100). Langaj la klè, pa gen benyen-kache-lonbrit, pa ka gen pase-akote, n'a konprann poukisa pi devan.
Lè Soul ekri, se pou li anonse Ife ki desizyon li pran. Se vre, gen 2 okazyon, kote li kite doulè separasyon an pale, men an jeneral, se silans Soul k'ap montre nou diyite madanm nan. Soul pa sèvi ak imaj tankou Ife ... Men de (2) nan kèk ra imaj nou jwenn nan lèt Soul-yo : “…lonnen pasyon nou nan chandèl pasyans” (paj 103), “nou aprann woule anba touman lavi jouk nou pote mak lavi sou po nou” (paj 96), imaj yo pa ka pi dirèk pase sa yo vle di-a. La-a ankò, nou gen manifestasyon apwòch dirèk, ki genyen nan lide, ki soti nan lèt Soul-yo.

Si lèt yo pran fòm sa-yo, genyen yon rezon pou sa. Rezon an chita nan pèsonalite de (2) moun k'ap ekri yo a. Kit se Soul k'ap ekri, kit se Ife, lèt-yo ap benyen nan melankoli. Melankoli separasyon. Melankoli lavi difisil. Tou de aktè-yo ap sèvi ak souvni-yo pou yoùn rive remonte moral lòt nan lèt yo. Men nan ale-vini ant de pèsonaj-yo, malgre se Ife nou wè k'ap eseye remonte moral Soul, moùn ki bezwen remontan tout bon-an, se Ife, paske se pa fasil pou Soul bay “chagren-li lèz kò-li” nan lèt l'ap ekri-yo. Nou di sa, paske pawòl doulè-a se nan bouch Ife l'ap sòti tankou ti bebe ki bezwen tete : “Jodi a mwen ap gade nou, epi mwen pran konte wonn doulè lavi a kite sou nou.” (paj 39), “depi manman mwen Femi ak papa mwen Nounn fin tobout nan peyi san chapo, mwen santi mwen depareye”( paj 51), “tan pase … gen pouvwa … trennen transpò chagren … fado pou tan prezan” (paj 81). Se tankou Ife ta vle doktè Soul konprann ki kote li santi doulè-a.

Nan kòmansman analiz nou-an, nou te fè konprann “Lèt Ife ak Soul” se yon goumen dèyè amoni tankou moun k'ap chache dlo, lè, dife ak tè, divès eleman natirèl ki esansyèl nan ekzistans tout kretyenvivan. Kesyon nou, se èske lektè-a ap rive dekouvri amoni nou vle li jwenn nan? Nou pa kab reponn pou-li. Mèzalò, si lektè-a pran san-li pou l' balanse divès eleman ki nan liv-la, l'ap jwenn ekilib-la, l'ap konprann amoni n'ap pale- a.
Bò kote pa nou, nou dekouvri, premye boulvès ki kreye dezekilib nan lavi pèsonaj yo, se separasyon-an. Dezekilib sa-a trennen yon rado lòt toumant materyèl ak enkyetid dèyè-l : “solèy nou pa leve nan menm syèl”, “... nou woule anba touman lavi” (paj 96), “... mwen pran konte wonn doulè lavi a kite sou nou” (paj 39), “... jounen jodi a, se twa timounn yo ak mwen, nou kat la ki pran nan eto”, “Nou pa ta renmen pran nan okenn kou siprann.” (paj 17).

Tankou nou te deja di l', se Ife ki nan soufrans, poutan, li montre nou se li k'ap konsole Soul. Daprè noumenm, Soul ap soufri, men pa gen pèsonn ki ka konprann soufrans Soul-la pase Ife. Nou kab menm di, soufrans Soul-la se yon plenn nan kè, k'ap toufe. Nou jwenn-li ni nan kantite, ni nan longè lèt li yo anndan liv-la. Tout demach Ife-yo, se fòse Soul met doulè-a deyò, (an fèt, Ife ap plenyen pou Soul k'ap soufri). Se tankou Ife ap di Soul “pa kite lapenn nan toufe-w”.

“Lèt Ife ak Soul”, se pa touman separasyon sèlman, se de (2) moùn k'ap viv nan mitan lòt moùn, se de moùn k'ap afime konsepsyon yo sou lavi-a. Nan lide ki ap simaye pasi pala anndan lèt yo, se filozofi egzistansyalis-la k'ap bay aksyon pèsonaj-yo sans-yo nan lavi-a. De (2) aktè ki nan lèt-yo bay lavi-yo sans nan sa y'ap fè pou yo ede lòt moùn viv “… si nou aprann gide lòt mounn, se chay nou tout ansanm ki va vin pi lejè…”(paj 87). Chwa nou fè nan lavi-a depase mezi tan n'ap pase sou tè a, y'ap kontinye nan lòt moùn, paske lè nou t'ap chwazi pou tèt nou, se pou sila-yo k'ap vini-yo nou t'ap chwazi tou : “… sa nou te konn plante pou pwòp tèt nou, nou kòmanse vannen yo pou nou chwazi … pou pitit-pitit nou” (paj 65). “Wout lavi a se pa yon wout pyèsmounn kapab fè san sipò lèzòt” (paj 87). Se sa tou Ife ak Soul pwouve nou, lè yo chwazi pote sipò-yo bay lòt moùn. Ann li :

«Nou pa dwe lage tiwèl nou atè, ni tou nou pa kab sispann ede lèzòt
bati katedral rèv yo.
Kèlkeswa rèv yo chwazi
Pou sizle bèl galèt lanmou
Kèlkeswa pawòl damou yo chante
Pou taye lamvit rèv yo
Kèlkeswa wotè yo deside monte
Pou pase akwarèl espwa yo
depi fòs volonte yo reponn, se responsablite nou pou nou kanpe ak yo.» ( paj 86)
Nou espere lòt moùn, ki rive li lèt yo menm jan ak nou, va pote diplis pa yo sou analiz nou-yo, paske chak lektè genyen pwòp eksperyans pa li. Se sentèz divès eksperyans sa-yo, melanje ak eksperyans lavi Ife ak Soul, ki va sèvi leson pou agrandi wout lavi chak moun ki va gen chans li Lèt Ife ak Soul.

Pierre Michel Chéry
Delmas
22 Dawout 2009
pimich@yahoo.com
P.B. ( Pa Bliye): Se ak pèmisyon Pierre Michel Chéry, Koukouy Kanada pase men nan òtograf orijinal-la pou li ka respekte prensip òtograf ofisyèl 18 sektanm 1979-la.

Post Reply