Kòmantè sou Patamouch Max Manigat-a

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kòmantè sou Patamouch Max Manigat-a

Post by Michelange Hyppolite » Mon Jul 13, 2009 10:52 am

Patamouch : youn apwòch atomik
Ak : Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Patamouch se youn manje marasa, kote Max Manigat mete tout kalite zengredyan pou satisfè apeti kreyolis k'ap kannale toupatou sou chemen lakonesans. Nan Patamouch ( 2007) ki soti nan Koleksyon Koukouy, genyen plizyè aspè anndan, men se twa ladan yo ki atire atansyon nou. Nou kab site temwayaj otè-a nan divès sikonstans, pasyon Max pou etimoloji, epi listwa sou plan lanng kreyòl-la, peyi Ayiti, mounn nwa, ak lamanjay nan peyi nou. Se tout aspè sa yo ak anpil lòt ankò, ki marinen nan youn sèl sòs pou bay lanng kreyòl-la ochan, leve diyite nou epi bay rasin nou dlo.

Patamouch chaje koule ba. Konsa, li difisil pou nou rale tout sa ki nan fon nannan liv sa-a epi drese yo ak ladrès pou nou pataje yo ak nou. Sepandan, chak seksyon liv-la pote enfòmasyon pou eklèsi lektè yo sou lanng kreyòl-la, sou mounn ak gwoup mounn ki travay pou avansman kreyòl-la - Salouwe m ape salouwe, youn michan baz pou youn antoloji kreyòl. - Nan Patamouch, nou jwenn tou youn tranch nan lavi otè-a apati vwayaj li nan peyi etranje kou anndan peyi Ayiti, ak sou eksperyans pèsonèl-li nan lavi.

Nan tranch listwa ki anndan liv-la, youn mounn ka dekouvri Jan-Batis Pwent Disab, Ayisyen ki derape Vil Chikago-a, makònay Afwo Ameriken yo ak Ayisyen, ansanm ak youn tizinng nan listwa peyi Ayiti. Se nan seksyon sa-a Max dekri nou lavi youn fanm vanyan yo te rele Defil Lafòl. «Defile Lafòl … te «vivandyè» pandan lagè endepandans nou-an. Fanm tankou-l yo se te fanm vanyan ki t'ap viv ak sòlda yo pandan batay, pou kuit manje pou yo. Konsa, kote lame te pase medam sa yo te suiv li. » (p. 60)

Defile Lafòl se pa senpman youn fanm lagè, li se anmenmtan kreyatè youn chante popilè ki pote non : Jako Tòlòkòtòk. Nan li Patamouch nou aprann tou, se Defile Lafòl ki te ranmase rès kò Anperè Desalin al depoze-l nan espas, kote yo te vin bati legliz Sent-Àn-lan. Lè nou reflechi sou kalite tretman malodoran sa-a restan kò lanperè resevwa anba men mounn li te libere- yo, nou ka konprann entansyon-an se te efase tras nonm vanyan ki te rele Desalin-lan. Men tou, gras ak travay mounn kou Max-yo, nou kab di, listwa gen memwa lonng. Se ak bon jan konesans listwa, nou va rive geri tout pichon bliye-sa, mechanste sèten fanm ak gason vle ponpe pou giyonnen nanm peyi nou an.


Pou nou pale sou aspè temwayaj ki parèt nan Patmouch, nou kab siyale tèks otè-a, Max Manigat , ekri nan okazyon lanmò Pè «Antoine Adrien». Temwayaj sa-a ban nou je pou nou dekouvri wòl Pè Adrien te jwe nan lavi otè-a. Prezans Pè Adrien tèlman pwofon nan ekzistans otè-a, jouk jounen jodi-a, li kontinye sèvi ak lespri Pè Adrien pou eklere-l nan sitiyasyon difisil li kontre sou wout li. Ann li :
«Kou lide mwen tonbe sou Pè Adrien : se zanmi sa ki pi pòv yo mwen wè. Se ti kay an blòk woutye Sen Jòj yo te bati nan lakou Bwatchenn nan ; se blòk bòyskout yo te al montre abitan Ti Plas Kazo yo fè ; se malere ki ap monte desann Seminè vin chèche lasistans… Se al rete nan katye Sen Maten Pòtoprens pou li pi pre malere yo. Se gason sa-a mwen ap gade nan memwa-m …
Antwàn, zanmi mwen, gran frè mwen , moman an rive pou nou di w mèsi. Mèsi pou sa w' mouri kite : yon lavi kretyen ki kab sèvi kòm ekzanp, yon lavi sitwayen ki montre se yon Ayisyen vreman vre vle di.

[Antoine] ou pran devan. Nou menm k ret dèyè n'a kontinye nonmen-w. N'ap kontinye mande devan chak siknonstans mongonmen : kisa Pè Adrien ta fè ? » ( 239 – 240)

Anplis temwayaj sou lavi Antoine Adrien, nou genyen tou youn istwakout Max kreye pou tout konbatan ka toujou rete konekte ak memwa Pòl Larak. Istwakout sa-a rele : Mwen nonmen non ou… Istwa-a demare sou youn kadans ki raple nou kadans pawòl Moriso-Lewa nan tèks li-a ki rele Sa m di nan sa Dépestre, kote nou santi youn mouvman ki ap deplòtonnen ak sekans ki ale an kresenndo. Ann koute Max :
«Jedi 8 mas2007 sa a nan mache Sent Elèn Jeremi, gan yon bri ki konmanse kouri : yonn nan mesye Larak yo… Pòl Larak… mouri Nouyòk… Yon tonton ki t ap pase kanpe, li deklare :
« Kouman fè nou pa janm tande non Pòl Larak, se mounn Jeremi, se powèt, ekriven ki toujou defann kòz malere. Koute radyo n'a konnen sa k'ap di sou li. »
Belis ki t ap koute entewonp Absalon :« Kisa nonm sa a te fè « Se konprann ou pa konprann sa « gran patriyòt ak powèt revolisyonè vle di. Poukisa ou pa mande ? » ( p. 242, 243)pou malere pou y ap voye li monte konsa ? » Absalon kuipe l :

Pasyon Max Manigat pou branch lenguistik ki rele etimoloji-a, ansanm ak travay li sou pwovèb-yo demontre enterè otè-a pou lanng kreyòl-la. Lè Max Manigat pran san-l, epi mete tan-l nan travay sou orijin mo kreyòl-yo ak sou pwovèb nou yo, nou santi li rantre fon nan fenfon tan lontan pou l'al chèche rasin atikwèt epi peye lonè nou. Kalite rechèch sa-yo demontre nou pisans eritay kiltirèl-nou, ki souse fòs yo nan pasay divès pèp ki te pran pye sou tè Ayiti.

Patamouch se youn melanj ki ka bay vètij. Nou santi li ta pi bon, si otè-a te gwoupe tèm ki sanble-yo menm kote. Sa ta rann lektè-yo pi alèz anndan liv-la. Sepandan, nou dwe ajoute seksyon ki rele Sa k nan kè yanm lan ( nannan liv-la) tèlman byen detaye, li kab pèmèt lektè-a chwazi pati ki enterese li yo san difikilte. Pou noumenm, Max Manigat prezante divès seksyon liv-la daprè youn apwòch atomik. Youn apwòch eklate, kote divès kalite enfòmasyon ap kwaze younn ak lòt pou yo al touche pwen sansib divès kalite mounn. Konsa, nou kab di : apwòch sa-a se eksperyans pèsonèl Max Manigat. Tankou otè-a esplike li nan prezantasyon liv ki rele Vèvè : l'art rituel du vodou haitien-an : nou dwe pran tan nou reflechi, gade chak bagay nou pa abitye ak li ak onè respè. Nan Patamouch, nou jwenn enfòmasyon-yo nan konngout. Se tape nan sòs. Men tou, se enfòmasyon total-kapital. Se enfòmasyon, ki gen pouvwa louvri je nou, fòse nou mete bòt fouyapòt nou, epi ponmennen chèche pi lwen toujou pou nou byen gani tab konesans nou.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply