Literati Kreyòl Ayiti

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Literati Kreyòl Ayiti

Post by Michelange Hyppolite » Fri May 29, 2009 8:08 pm

Sosyete Koukouy Kanada Kòmante Repòtaj Sou Konferans Lionel Trouillot-a

Nan dat 20 janvye 2009 Gaddy Damas prezante youn repòtaj nan sit REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen) sou youn konferans Lionel Trouillot te fè nan Institut Français D'Haiti. Tit konferans-lan se te Cheminman pwezi kreyòl ayisyen-an soti lane 1970 rive jodi-a. Genyen de aspè nan repòtaj-la ki atire atansyon nou.
Premyèman: Gaddy Damas di nou te gen anpil emosyon nan kesyon piblik-la te poze konferansye-a. Kòm li pa ban nou okenn detay pou nou konnen reyaksyon piblik-la parapò ak konferans-lan, li difisil pou nou evalye lide emosyon repòtè-a avanse nan enfòmasyon li ekri sou aktivite-a. Nan sans sa-a, repòtaj Gaddy-a kenbe nou sou swaf nou. Kòm Gaddy Damas mansyone emosyon, nou ta kab di konferans sa-a flache lespri nou sou konferans Dr Pradel Pompilus te fe nan Enstiti Ayisyano-ameriken-an nan ane 1965-lan. Konferans Dr Pradel Pompilus-la te divize Pòtoprens an de kan : youn kan pou franse, youn kan pou kreyòl. Nou pa vrèman konnen si se te menm sitiyasyon-an ki te poze nan mwa janvye 2009-la , paske rapò ki parèt sou REKA-a pa pèmèt nou jwenn kalite enfòmasyon sa-a. Sepandan, nou dwe raple, se emosyon ki te soti nan koferans Dr. Pradel Pompilus-la ki deklannche kreyasyon gwoup ki te rele Mouvman Kreyòl-la ak branch literè-li : Sosyete Koukouy.

Nan tranch listwa Gaddy Damas rapòte nan atik-la, li pa di nou si Lionel Trouillot te mansyone travay ekip Sosyete Koukouy-la pou avansman literati kreyòl Ayiti-a. Poudayè, Sosyete Koukouy se sèl grenn mouvman literè ki kanpe pou vansman literati kreyòl Ayiti-a epi ki kontinye ap feraye pou devlopman li. Ni tou nou pa remake nan repòtaj Gaddy Damas-la anyen ki di sou devlopman literati kreyòl Ayiti-a soti nan ane 1960 pou rive nan ane 1969. Se sèten Gaddy Damas rapòte, Lionel Trouillot te nonmen non Rassoul Labuchin, men li pa te di nou nan ki ane Rassoul Labuchin te kòmanse ekri an kreyòl. Dayè nan repòtaj li-a, Gaddy Damas mete Rassoul Labuchin nan kategori jenn powèt, poutan se pa sa listwa literati kreyòl Ayiti-a rapòte-nou. Jan repòtaj-la parèt sou nou-an se kòmsi kreyolis-yo pa te akonpli anyen nan tranch peryòd literè sa-a. Se kòmsi nou soti nan ane 1950 yo epi rantre drèt, san tranzisyon, nan ane 1970 yo. Poutan, nan tranch 1960 rive 1969-la, te gen youn jenerasyon jenn gason ak jenn fanm ki te kanpe dyanm sou teren-an pou bay lanng kreyòl-la ak tout literati li jarèt ( Karako Ble, Etwal Karayib, Lanbi Klib, elatriye). Tò ou rezon, èske se oubli konferansye-a ? Èske se neglijans Gaddy Damas ki fè repòtaj-la ? Nou pa konnen. Nou ta kontan anpil si Gaddy Damas ta kab eklèsi nou sou pwen sa-yo?


Dezyèmman : Gaddy Damas rapòte youn fraz kote Lionel Trouillot di : « Mwen pa vin pale la-a ni kòm ekriven, ni kòm kritik literè, men kòm senp lektè.» Nou dwe di se pa Lionel Trouillot senpman ki deklare se senp lektè li ye lè li abòde koze kritik nan literati kreyòl Ayiti-a. Se langay Georges Castera tou nan Conjonction # 209,p.16. An nou li : « Notre démarche consiste […] à réagir en exerçant notre droit de lecteur attentif et curieux.» nou kab di, se fasil pou Georges Castera rale lanng franse-a epi di l'ap kòmante sou travay kiritik k'ap fèt nan lanng kreyòl-la, demontre limit-yo kòm senp obsèvatè, men nan Sosyete Koukouy Kanada n'ap ankouraje Georges Castera pou li fè ekzèsis obsèvasyon li yo sou literati kreyòl-la ak lanng kreyòl-la. Anfèt, mennen koulèv lekòl se younn, men se fè li chita-a ki di tout. Nan ka sa-a nou kab di ni Lionel Trouillot ni Georges Castera, yo tou de ap kache dèyè youn etikèt lektè pou lòt mounn pa fòse-yo rantre afon nan travay kritik-la avèk lanng kreyòl-la kòm kouwa transmisyon enfòmasyon. Èske se laperèz ? Èske se defi-a ki twòp pou yo ? Noumenm nan Sosyete Koukouy Kanada, nou pa kab reponn pou yo. Kle repons-lan se nan men Georges Castera ak Lionel Trouillot li ye. Sepandan, tout kreyolis konsekan ap dakò ak nou, lè nou di: «Se nou tout ansanm ki pou aji, nan respè younn pou lòt, pou nou transfòme langay kritik literati kreyòl-la avèk lanng kreyòl-la limenm». Nan Istwa Pwezi kreyòl Ayiti, Educa Vision 2000, Michel-Ange Hyppolite, manm Sosyete Koukouy, sèvi ak lanng kreyòl-la pou li pale sou literati kreyòl-la, paske li konnen lanng kreyòl-la pa gen limit.

Lè nou fin li fraz kote Lionel Trouillot ap di li se senp lektè-a, gen youn sitiyasyon ki prezante nan lespri nou. Pou nou, se tankou Lionel Trouillot kanpe devan youn tab gani ak manje, li pa vle pran chans manje, epi l'ap mande lòt mounn ki arebò tab-la, menm jan ak li, pou yo manje. Nou sèvi ak konparezon sa-a pou nou dekri pozisyon Lionel Trouillot-a, paske nou abitye li travay kritik Lionel Trouillot nan divès Jounal Ayiti. Pouki li pa sèvi ak konpetans li abitye itilize nan kritik an franse-yo pou li fè kòmantè literè an kreyòl? Lè nou sonje Lionel Trouillot genyen de medya adispozisyon li ( Radyo Kiskeya ak jounal Le Matin) pou li pale sou literati, nou ap mande poukisa li deside pran pozisyon lektè devan zèv literè kreyòl-yo? Èske sa vle di li bay gany ? Èske sa vle di noumenm kreyolis poko rive kreye youn langay kritik nan lanng kreyòl pou li pale sou literati kreyòl-la ? Nou pa kab reponn pou Lionel Trouillot. Se sèl limenm ki kab reponn. Sèl sa nou kab di : literati kreyòl-la dwe devlope youn langay kritik epi se noumenm ekriven epi kritik literè Ayisyen ki pou devlope li. Sa kab difisil, menm jan li te difisil pou Moriso-Lewa, Paul Laraque, Claude Innocent ak tout lèzòt ki te la anvan yo pou derape youn pwezi kreyòl. Poutan, jounen jodi-a nou konstate pwezi kreyòl nou ap li-a pa menm ak pwezi kreyòl ane 1950-yo. Li pwogrese. Si pou langay kritik kreyòl-la pwogrese limenm tou, nou dwe pran chans devlope-li. Se sèten ap gen erè ki fèt. Sepandan, jenerasyon k'ap suiv nou yo va jwenn kichòy pou yo travay epi yo va sèvi ak baz nou kòmanse poze-a pou yo amilyore langay kritik literati kreyòl-la, menm jan ekriven ki ekri nan lanng kreyòl-la, nan ane 1990-yo, amilyore estetik pwezi kreyòl-la. Sa vle di, yo mennen travay-yo pi lwen toujou pase travay Moriso-Lewa, Paul Laraque eksetera. Okenn ekriven konpetan pa dwe kontinye ap aji an lektè osnon obsèvatè anndan chan literè kreyòl-la, paske nou gen youn responsablite literè pou nou andose.

Pou noumenm, nan Sosyete Koukouy Kanada pàn ki genyen nan travay kritik anndan literati Ayiti-a, se youn pàn jeneralize. Nou jwenn li ni branch franse literati Ayiti-a, ni nan branch kreyòl-la. Dayè gen Léon-François Hoffman ki fè menm konsta-a nan younn nan liv li yo ki rele : Littérature D'Haiti, ki pibliye nan ane 1995. Soti nan paj 26 rive nan paj 27 Hoffmann pale sou mankman ki genyen nan travay kritik anndan literati nou an. Èske se nan domèn literè senpman nou genyen mankman nan travay kritik anndan peyi-a? Nou pa kwè sa. Men sa nou li nan Jounal Nouvelis Ayiti-a jou 16 avril 2009-la : Après avoir constaté le manque dans le domaine de l'histoire de l'art et de la critique esthétique chez nos collégiens de Rhéto et de Philo et chez nos universitaires, les responsables de la bibliothèque tentent d'intéresser ses usagers à mieux apprécier la peinture, la musique, la sculpture comme un prolongement à la lecture à un niveau plus élaboré.
Konsa, nou pa gen entansyon pote okenn akizasyon, ni vini ak okenn rezon pou esplike pozisyon Lionel Trouillot, youn ekriven ayisyen majè ki kanpe tèt li kòm lektè nan literati kreyòl-la, poutan nou ta pi renmen wè li kòm younn nan aktè prensipal nan devlopman langay literatè kreyòl Ayiti-a. Sepandan, li rete klè pou nou, literati kreyòl Ayiti-a pa kab devlope tèt li pou kont kò li. Se ekriven Ayisyen-yo, pwofesè literati yo ( nivo segondè ak inivèsite) ak mounn ki ap ekri tèks kritik yo, ki pou mete li kanpe ak karaktè granmounn-li sou plan kritik.

Fè youn konsta se younn, men ale pi lwen pase konsta-a, epi pran responsablite pou mennen van chanjman-an se youn lòt. N'ap kontinye ensiste sou pawòl sa yo, kote Michel-Ange Hyppolite di : «Lanng kreyòl-la pa gen limit. Se mounn ki ap sèvi ak li yo ki limite.» Nan sans sa-a, se abitid kreye nouvote epi devouman pou transfòme branch kreyòl literati Ayiti-a, ki rete kòm fòs karaktè ekriven Sosyete Koukouy-yo depi nan mitan ane 1960 yo pou jouk rive jounen jodi-a (2009). Anvan lontan, Pawòl Kreyòl : Revi Literè Sosyete Koukouy ap nan lari. Anndan premye revi literè nan lanng kreyòl ayisyen-an, nou va jwenn tout ajisman ekriven Sosyete Koukouy yo pou youn transfòmasyon pozitif anndan literati kreyòl Ayiti-a.


Nou byen kontan wè Gaddy Damas te sèvi ak espas travay REKA mete adispozisyon tout mounn pou fè repòtaj literè epi pou mete materyèl tout kalite ki kab sèvi pou avansman lanng kreyòl-la ak literati li. N'ap di Gaddy Damas mèsi pou repòtaj-la, paske se kalite travay sa yo ki pèmèt noumenm k'ap viv nan dyaspora-a apresye, pote lide pa nou epi rete konekte ak aktivite literè ki ap dewoule anndan peyi-a.


Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Pou Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply