Apresyasyon Biyografi Winnie Mandela

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Apresyasyon Biyografi Winnie Mandela

Post by Michelange Hyppolite » Thu Mar 12, 2009 9:16 pm

Winnie Mendela : Youn fanm dizui Kara
Ak Michel-Ange Hyppolite


Nan youn liv powèm Anthony Phelps ekri ki rele Femme Amérique nan ane (2004), nou remake li nonmen non de fanm vanyan peyi Ayiti ak konpayèl yo nan lòt peyi. Phelps te mete Defile-Lafòl avèk La Malinche, youn fanm ki te ede Cortès nan konkèt Meksik epi li te mete Virginie Sampeur avèk La Mistral, fanm pedagòg Chili, ki te genyen Pri Nobèl literati. Tout fanm sa yo te selèb nan tan yo, men se pa pou byennèt fanm yo te pe travay. Yo te mete devouman yo pou byennèt sosyete yo kote yo ta pe viv-la. Rive nan tanmodèn-yo, chanje mèt chanje metye, nou vin jwenn lòt gategori fanm. Fanm sa yo te rantre nan batay, ni pou pwòp tèt yo, ni pou transfòmasyon pozitif nan sosyete kote yo ap viv la. Konsa, jodi 8 mas-la, dat fanm Etazini yo te chwazi kòm jounen entènasyonal pou tout fanm sou latè-a, nou deside prezante younn pami divès fanm vanyan, finisman ventyèm syèk-la pou rantre nan kòmansman venteyinyèm syèk-la te pote kòm echantiyon. Fanm sa-a, se Winnie Mandela ! Alaverite, malgre tout toumant Winnie te sibi anba men gouvènman Blan Afrikdisid-la, li te rete kanpe dyanm ak konviksyon li pou chanje kondisyon sosyal yo nan Afrikdisid, kote mounn nwa te pase tankou sitwayen dezyèm klas.
Nan youn liv ki rele Winnie Mandela, ekip Samdi Literè ( nan Otawa-a) te li, nou te dekouvri Winnie se youn fanm espesyal. Youn senbòl kouray ak devouman pou bay mounn nwa nan Afrikdisid dwa mounn yo.
Pandan nou ap li liv ki rele Winnie Mandela-a, nou aprann Winnie te toujou mache legliz, men li te konnen pou chanjman fèt sou latè, se pa senp lapriyè kretyenvivan ki pral rale gras-la mennen li desann sou latè. Nou dwe aji, epi nou fèt pou nou aji youn fason pou nou jwenn youn alemye sou latè. Mwen sonje, mwen deja li devan youn monastè nan Monreyal: «Prier c'est agir». Se menm lide aksyon sa-a, ki fè nan Mèsi Papa Desalin, defen Moriso-Lewa ekri : Desalin se bra bondye. Desalin se jistis bondye. Kidonk, bondye ban nou tout sa nou bezwen pou nou defann tèt nou. Li ban nou bouch pou nou pale, pye pou nou mache epi bra pou nou manyen tout kalite zouti nou bezwen pou nou viv byen. Lapriyè kraze planche, men pa kab gen transfòmasyon sosyal san aksyon.

Nan liv ki rele Winnie Mandela-a, nou li istwa lavi Winnie depi lè li te ti katkat pou jouk li vin aktif anndan ANC ( Congrès National Africain) , pati politik ki te kanpe dyanm kont Blan Afrikdisid yo. Nou te aprann tou, pandan tout preyòd prizon Nelson Mandela, se Winnie ki te pote flanbo batay liberasyon pèp Afrikdisid-la kont sistèm apateyid-la. Sistèm kote blan Afrikdisid yo te aplike youn politik segregasyon rasyal wòdpòte kont mounn nwa yo anndan peyi-a.

Nan youn seksyon nan liv-la ki rele : Une décennie d'infamies, nou li, ekip blan ki te sou pouvwa Afrikdisid-la te eseye achte Winnie, yo te maltrete li, yo te rann lavi li enposib. Li pa te kab travay, li pa te kab gen zanmi, li te sou siveyans 24 sou 24 eksetera, men nan pwen younn nan divès taktik malonnèt epi inimen sa yo ki te rive bloke aksyon Winnie Mandela nan batay li pou retire pèp nwa Afrikdisid-la anba eto sistèm Apateyid-la.

Se chak jou bondye mete, Winnie te mete lavi li andanje pou konviksyon li te triyonfe sou soufrans li ta pe sibi anba men mounn ki ta pe maltrete li yo. Lè Wnnie te desie aji, li te frape fò. Li te pi sevè pase anpil gason anndan ANC, men se mechanste Winnie te sibi anndan prizon sistèm Apateyid-la, ki te transfòme li, devlope fòs karaktè boutdi lemonn antye konnen-an anndan li.
Tan Winnie te pase anndan prizon-an te fè li tounen youn lòt mounn, youn poto mitan, youn Marijann nan istwa pèp nwa Afrikdisid-la. Pandan Winnie te nan prizon-an sistèm-lan pa te nan demi mezi ak li. Konsa, lè li te soti nan prizon-an, li te oblije aplike tout metòd li te kapab pou li te demoli sistèm san manman ki te pote non Apateyid-la.

Winnie te sakrifye tout lavi jennfi li pou pati politik ki te ANC-a. Poutan, apre liberasyon pèp nwa Afrikdisid-la, ANC te kase youn koub sèk, ki te anpeche Winnie Mandela, pòtdrapo rezistans-lan, pote flanbo-a kòm manman pèp nwa Afrikdisid-la, men kèlkeswa konplo-a, kèlkeswa kou trèt yo pote Winnie-an, kouray Winnie Mandela, pandan batay li anndan ANC kont sistèm apateyid-la, ap kontinye make lavi tout militan, fanm kou gason, ki ap goumen pou chanjman toupatou sou latè. Winnie Mandela se youn fanm dizui kara, youn modèl kouray eksepsyonèl. Lè nou ap li liv ki rele Winnie Mandela dlo ka koule nan je nou, konsa nou kab konprann pouki youn jou, li te oblije mete kèk sekrè deyò. Sepandan, leson nou aprann nan liv sa-a ka toujou gide nou nan aksyon nou pou youn chanjman pozitif nan kèlkeswa sosyete nou ap viv-la.


Winnie Mandela (2007) ak S. Smith epi S. Cessou, Edisyon Calmann-Lévy, Paris.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply