Istwakout nan literati kreyòl Ayiti-a

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Istwakout nan literati kreyòl Ayiti-a

Post by Michelange Hyppolite » Sat Feb 14, 2009 6:09 am

Manno Ejèn : Yon Mayestro Lang Kreyòl la

Ak Jozaf Large

Lè ou louvri liv Aganmafwezay Manno Ejèn nan, ou kite zye ou ak lespri ou penetre nan kouran lekti a, apre yon sèten tan, ou gen lenpresyon wotè ekriti a, chwa mo yo, laviwonn fraz yo, yo kreye tankou yon senfoni pawòl ki ap dewoule devan zye ou, nan ekout ou, andedan ou, si tèlman otè a reyisi fè ou antre nan yon lòt lespas kote laplezire lekti a rankontre menm kontantman yon melomàn resanti lè li ap koute mizik. Nan patisyon Manno Ejèn nan, se kòm si mo yo rive derape poukont yo, ap suiv bagèt mayestro a ki ap plase yo yonn apre lòt nan paj liv la. Yon mo rale yon lòt mennen vini, mete li atè, fè li blayi ak tout lèt li nan ekriti a, fè li kouche sou paj la, laye kò li, pran zèz li, chanje siyifikasyon li, envante lòt mo ki sanble avèk li, ki vle di menm bagay avèk li, lan menm fanmi avèk li, tankou lè yon djazmann rantre nan yon mizik li ap enprovize, voye son anlè pou chame antandman yon piblik. Se rantre pou pa rantre nan nannan liv Manno Ejèn nan pou pa resanti plezire sa a. Anplis, lòt fenomèn ou remake vit-e-prese, se lefèt mizik pawòl sa a, patisyon mo yo, aranjman mizikal lapawoli a, se sou yon fon tematik kote peyi Ayiti kanpe fre tankou zezwa, yo ap deplotonnen kò yo ak tout aspè kilti yo, ak lanati peyi a, kote lakansyèl konn pentire syèl, kote zwezo konn bat zèl pou bat bravo pou solèy, fè reyon reyonnen jouk yo al benyen lanjelis nan apremidi. Tout pwoblèm peyi a la, nan senfoni lapawoli a, tout jwisans kiltirèl yo tou, tout malè li. Kanta pou lanmò menm, li gen yon plas-de-chwa nan blayisman tematik la.

Ban mwen fè nou tande yon bout nan senfoni a, kote tèm lanmò-a ap vanse alenfini kòm si, tankou mwen sot di li talè a, yon mo rale yon lòt mete atè, pou tèks la rapousuiv bote li:

Nan peyi sa a, ou jwenn lanmò devan-dèyè, kontre lanmò pasi pala. Lanvè landwat, lanmò ap drivaye. Bòs nan do, bòs sou kote lanmò ape simaye. Lanmò dwategòch. Lanmò degrenngòch. Lanmò ladouskivyen, byennere dyòl dore. Lanmò fyèlbèf, dilere machwè gonfle. Lanmò mounpayis. Lanmò kaponnay. Lanmò sispèk. Lanmò mode souffle. Lanmò van Mennen. Lanmò kousiprann, kan ou pran ou konnen. Lanmò bòlèt ki jwe ak revè, san revè ak konpayèl, san konpayèl. Lanmò egzekite sou kòmann. Livrezon an pyès detache, moute adomisil […] Mò bon debara, dekwoke madanm. Mò rèd depi opa, aliyen devan simityè, pou bay dekourajman. Mò vivan. Mò anbilan. Mò natirèl. Mò sinatirèl. Mò sentetik. Mò politik. Mò Lebren. Mòpyon. Mòtora. Mò twa fwa mò. Mò!!! (pp. 46,52)

Ou ta di otè a annik rale mo “Mò”- a nan tiwa imajinasyon li, mete li sou paj la, epi gen yon deklannchman ki al chèche menm mo a nan menm chan imajinasyon an epi lage yo an seri nan fraz yo. Sa tèlman vre, mo yo konn rale vini mo ki gen menm konsonans avèk yo, mete yo akote yo, pou fè mizik fraz la kontinye. Egzanp: Mò (Ki vle di moùn mouri, Lanmò limenm, kadav, zonbi), vin ranje menm mo “Mò” a nan finisman yon fraz, menm mo “Mò” a ki gen menm rezonans, men ki pa vle di menm bagay. Egzanp : Mòpyon, Mòtora, Mò rèd depi opa. Sa ki pi bèl la sèke mizik la si tèlman byen sonnen nan zòrèy lektè a, li pa menm reyalize transfè sans yo, paske, sa ki enterese li vremanvre, se rezonans mizik fraztik la.

Pou chef òkès la ranje mizik la sou twalfon peyi Ayiti, li sèvi ak memwa li, souvnans li, remonte nan wout lespas pou li al bouske souvni. Ann koute:

[…] Franchi papòt memwa se plonje tchouboum, ale jouk nan fenfon noumenm avèk yon bann koze pètpèt. Yon divida mo, pawòl boutanbout, ki ape devide. Kavalye polka ki ape fè lawout avè nou, tankou repwòch silabè ki ape raple nou kouman nou pèdmemwa. (p.46)

Se nan flannen nan lepase sa a, otè rale yon deskripsyon vil Senmak mete atè:

Kay-yo pyese, rapyese, wouye, kolboso. Defalke. Kay an bwa, kay an tòl, kay boule, kay an mi, te fè yon sèl. Yon gwo bidonvil, san pye, san tèt, ale sou de ran, ape sikile, tankou yon gwo mache syèl ouvè epapiye. Avèk lamizè-li, pousyè-li, devan dèyè k'ape rapousuiv. (p.46)

Memwa otè a depase epòk pa li, al fouye nan fenfon listwa, pou vin ajoute nòt mizikal istorik nan patisyon zèv la:

Epi, se konsa Lapinta, Lalina, Lasanta Marya, te rive nan Lamerik. Nan non Izabèl, trè katolik, renn Lespay, Kristòf Kolon te debake nan nouvomonn. Men kwa manman w! Men kwa papa w! Enpi, yo woule, mawouke lanmò nan chan koton, yo epise lanmò sou plizyè bitasyon, dore lanmò byen dore ak lò masif, voye-l kòm echantiyon bay Lametwòpòl . (p.56)

Manno Ejèn se yon ekspè nan chanje sans mo yo nan mitan ou fraz san fil lekti a pa kase. Li anplwaye teknik sa a nan ekstrè nou sot site piwo a. Nou tout konnen Kristòf Kolon te debake ak yon kwa nan men li. Eben, olye otè a mete sa nan mizik li a, li di-l yon jan ki pi bèl. Li antre nan nannan kilti ayisyèn nan pou li chante: Men kwa manman w, men kwa papa w! Sa ki vle di, li chanje sans senbolik kenbe kwa a ki ta vle prezante Kolon tankou yon sovè devan Endyen yo, pou li fè nou konnen, okontrè, senbolik kwa a te vle di malere yo: men jou devenn nou rive, men jou estèminasyon nou ki ap kòmanse.

Otè a antre nan fenfon kilti pèp ayisyen an tou, pou li bati resi ki trete kèk keksyon kiltirèl esansyèl. Nouvèl ki rele De ti tou pou deklete la lin nan, gen on mizikalite ki dous kou siwo. Se devlopman kò yon jenn ti fanm nan transfòmasyon ki ape bwote li nan lavni, jouk san règ li benyen kabann li. Se nan menm epòk la li tonbe sou pouvwa jakopyevèt yon bèl ti gason yo rele Mario. Lè manman li, yon revandèzakredi, dekouvri lanmourèz la, li pran kle wonga li, pou klete manmzèl, fè dezi nan kò li disparèt. Sa manman an pa te konnen, sèke Mario se Marasa, eli gen savwafè pou defèt maldyòk tout koulè ki te mare nan ren ti dam nan. Sèn kote Mario ap defèt wanga a, deklete lalin nan, se yonn nan pi bèl nan patisyon mizikal Manno Ejèn nan.

Yon lòt atou otè a gen nan djakout li pou ranfòse bèlte mizikal li a, se aliterasyon li kreye nan sèten fraz. Kèk egzanp:

Lang filalang ape filange mansyèl-mwen (p.20)
Mizikasyon douvanjou ape wounou wounou tou dousman (p.24)
Yon bann ti wonn, an laviwonndede, tou won sou pwent tete mwen (p.31)

Anfèt, yon aliterasyon: se yon pyanotaj lapawoli kote prefiks ak sifiks ki gen menm son, òganize yon woulman prononsyasyon ki mete mizikasyon nan yon tèks.

Pou n fini, nou rekòmande lektè nou yo pou yo achte liv Aganmafwezay Manno Ejèn nan, pou yo al tòtòt li ankachèt lakay yo, sou kabann yo, pou yo jwi, tande mizik mo yo, ri, kriye, epitou, apre, pou yo rekòmande ouvraj la bay zanmi yo: bèl ouvraj sa a ki soti nan founo “Près nasyonal D Ayiti”, akote lòt liv an kreyòl ki te parèt nan rantre literè 2009 la, sou patronaj Wilhems Edouard.

Josaphat-Robert Large, fevriye 2009

Post Reply