«Pandan M' t'ap mache» powèm Syto Cavé

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

«Pandan M' t'ap mache» powèm Syto Cavé

Post by Michelange Hyppolite » Tue Sep 02, 2008 8:40 pm

Moso pawòl sou «Pandan M' t'ap mache» ( youn powèm Syto Cavé)

Mwen dekouvri Syto Cavé nan ane 1994 apati sèten nan tèks li yo ki parèt sou youn kasèt ki rele Lapèsòn. Depi jou sa-a, non Syto pran van nan syèl bèbèl, mwen kreye pou powèt imajis, ki ap monte apik ak bèl vonvon pou gwonde amoni epi dekore espas apresyasyon-m.

Lè ou tande, oubyen li youn powèm Syto Cavé, ou ka reve je klè, pwomnen san deplase epi rantre nan banbòch ak fanm ou pa janm wè, ni touche. Pou youn mounn rantre nan mistè pawòl ki nan powèm Syto Cavé, li dwe rale chak lide ki prarèt nan divès liypwezi-yo ( tranch pawòl) rantre yo nan moul reyalite lavi-a, jouk vapè yo louvri pòt juisans li epi rantre an chatpent nan divès etaj pasyon-l.

Ann li youn segman pwezi Syto Cavé ki parèt nan paj 181 – 182 Istwa pwezi kreyòl Ayiti, 2000 ak Michel-Ange Hyppolite :

Tou pre youn rèv lanmou
Youn bèl fanm tan lontan
Youn pli papiyon ble
T'ap jwe nan cheve-l
Youn pli papiyon jòn
Vin antre nan je-l
Youn pli papiyon wòz
Kòmanse vole
Ant limenm avè-m
Yo trese riban
Ant limenm avè-m
Yo konstui youn pon
Ant limenm avè-m
Youn pon tout koulè
Pou ede-m monte
Rive jouk nan je-l

(Syto Cavé, 1994, nan «Lapèsòn» , kasèt chante ak pwezi)

Nan segman tèks nou sot li la-a, ki rele «Pandan m' t'ap mache», nou jwenn youn fanm, youn fanm ki pa sanble ak tout lòt fanm, ki vin konble juisans Syto. Tèks-la ekri sou fòm youn pwomnad, kote Syto Cavé rasanble divès kalite senbòl lakay, pou li rale lektè-a, andyoze-l, pran li antay dous, epi mennen li sou pon kote,limenm, Syto Cavé, pral kontre bab pou bab ak lapli, kòm kontraryete epitou kòm senbòl. Poudcham Syto simen pou nou nan tèks sa-a parèt nan divès koulè papiyon yo ( ble, jòn, wòz), nou ta di divès faz youn fui pase anvan li pare pou li vare sou apeti nou. Lè nou te fin li tèks sa-a, nou te di :

«cham imajis ki nan tèks-la kreye youn dousè prentan, fon, byen fon nan lespri nou.» ( Istwa pwezi kreyòl Ayiti, 2000, ak Michel-Ange Hyppolite)

Atirans Syto Cavé-a mete nan kreyasyon tèks sa-a parèt tou nan aksyon trese riban-an, aksyon ki mache ak plezi deplasman byen kowòdone, chante, danse, jouk riban tout koulè sa yo rive nan youn pwen, kote yo pral kreye pon pou fasilite deplasman Cyto rantre, tabli kadav kò-l nan kò fanm tan lontan sa-a, ki se anmenm tan youn fanm nèf. Konsa Cyto di :

Yo konstui youn pon
Ant limenm avè-m
Youn pon tout koulè
Pou ede-m monte
Rive jouk nan je-l

Si pami senk sans nou yo, nan «Marabou de mon cœur», Emile Roumer te sèvi ak sans nou rele gou-a, nan «Pandan m' t'ap mache», Cyto Cavé te sèvi ak sans ki rele je-a. Nan «Pandan m' t'ap mache» Cyto t'ap ponmennen epi je-l te ap selebre plezi-l ak divès kalite papiyon nan mitan youn tan lapli.
Pandan m' t'ap reve
Pandan t'ap monte
Laplui pran tonbe
Tout rèv mwen mouye
(Styo Cavé nan kasèt Lapèsòn 1994, in Istwa Pwezi kreyòl Ayiti p. 192)


«Pandan m' t'ap mache» se youn parad koulè. Youn paradi pou je.
Nan konstriksyon tèks-la, youn lektè atantif ka ramake mounn ki ap ekri li-a te pran san li pou li mache tou dousman, paske nan kòmansman, liypwezi yo ( tranch pawòl-yo) te pi lonng pase nan fen tèks-la. Pi fò liypwezi ( tranch pawòl), ki soti nan ren tèks-la rive nan finisman-l, gen senk silab, alòske nan kòmansman tèks-la, tanto liypwezi yo te gen sis silab, senk silab epi plis pase sis. Konsa, plis otè-a ap mache, se plis li pran gou. Li ale pi vit. Pa li yo vin pi dri. Se tankou pwomnad-la ap pran degre. Li monte grad. Li pouse zèl, jouk lapli-a bare otè-a epi rèv li mouye.

Mwen di Syto Cavé fè nou plezire san nou pa deplase, paske mo kou lapli, trese riban ak divès koulè papiyon, tankou lakansyèl, bèl fanm tan lontan ki toujou kanpe nan youn kafou, pòtre youn lanp pre lanmè, elatriye tout se grap eleman ki garanti fòs plezi Cyto pote pou lektè li yo. Nou vle di, lektè ki abitye jwenn juisans nan mo, apati divès sans yo genyen ansanm ak sansasyon yo ka kreye nan lespri lektè-a, pandan li trase chema ak mo sa-yo nan imajinasyon-l.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply