Analiz kritik

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Analiz kritik

Post by Michelange Hyppolite » Fri May 23, 2008 10:52 am

Andre Fouad Youn powèt Jamè Dodo

Ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Apre GERBE D'ESPÉRANCE (1992), EN QUÊTE DE LUMIÈRE (1992), BRI LANNWIT (2000), EtensEtensèl Mo M yo se katriyèm liv pwezi Andre Fouad. Liv-la gen 56 paj. Li pran lari nan ane 2006. Anndan liv-la nou jwenn kèk desen ki soti anba men Ewòl Sen-Lwi.

André Fouad se youn jenn dizè, pawolye, epi jounalis kiltirèl. Konsa, lè nou di Andre Fouad, nou wè kontinwite. Nou wè larelèv. Nou wè pwezi kreyòl ki ap grandi epi ki pran rasin sou fondas travay ekriven ane 1960 yo pou l'al debouche sou remanbreman ekriven ane 1980 yo. Lè nou di Andre Fouad, nou santi se pasyon ki ap pyete pwezi anndan youn menm espas. Ann li :
Debri zetwal yo
Rete nan glas je-m
Ti tak san
Ti tak foli-m
Ti tak debri-m

( P. 35 )

Pami divès eleman ki brennen kiryozite nou anndan «Etensèl Mo m yo», genyen kat ki merite siyale : prezans fòm pwezi kout, noumenm nan Sosyete Koukouy nou batize Wongòl-la, prezans lannwit ak divès mo ki nan menm chan semantik ak li nan divès pati nan rekèy-la, itilizasyon teknik imajis-la kòm motè bèbèl anndan liv-la ansanm ak repetisyon mo ki parèt agogo toupatou nan liv-la.



Prezans pwezi Wongòl

Soti nan fen ane 1960 yo pou rive nan uityèm ane dezyèm milenè-a, sa fè prèske karant lane depi fòm pwezi wongòl-la ap balanse nan branch kreyòl literati Ayiti-a gras ak dilijans seksyon literati ekip Mouvman Kreyòl-la, Sosyete Koukouy. Poutan, se nan konngout modèl pwezi sa-a parèt nan divès liv pwezi kreyòl-yo; oubyen ankò lè li parèt, ekriven-yo toujou bliye idantifye li kòmsadwa. Anndan « Etensèl Mo m yo» nou jwenn dis tèks nou kab klase kòm pwezi wongòl. Kategori pwezi kout ak 6 liypwezi maksimòm. Tèks wongòl yo pote youn verite anba-anba. Youn verite ki ap charye mesaj andaki. Epòk mesye-dam Koukouy yo t'ap feraye ak tèks wongòl-yo, se te youn epòk ekriven te oblije pale andaki akòz sitiyasyon politik difisil anndan peyi-a.

Nan moman Andre Fouad t'ap ekri pwezi kout sa yo, nou pa konnen si li te sèten li t'ap suiv youn chemen kèk ekriven kreyòl te kòmanse trase nan ane 1960 yo.

De ti mo pale
Lapli bwaze jou fèt mwen
M ap rapyese sann mo yo
San m pa kite rès

Vwayaj (p. 24 )

Tèks nou sot li piwo-a gen mwens pase 6 liypwezi, epi li pote youn mesaj andaki. Nou dwe siyale tou nan dènye tranch pawòl-la: «San m pa kite rès» otè-a ban nou de nan younn, paske tanto nou kab entèprete mo «san»-an tankou youn pwopozisyon, tanto nou kab entèprete li tankou san mounn. Suivan entèpretasyon nou bay mo «san» an, sans liypwezi-a (tranch pawòl-la) pral chanje. Konsa, nou kab di: Tan chanje, abitid chanje. Nan ane swasant yo Wongòl te konn sèvi pou denonse kondisyon fyèl pete anndan peyi-a, men nan tèks André Fouad rele vwayaj-la, nou kab di A. Fouad chwazi voye youn mesaj ki santre sou pwòp lavi pa li ak sou lavi mounn ki ap pataje menm kondisyon ak li. Se youn mesaj ki pase lwen kalite denonsyasyon ane 1960-yo.

Ann li Dap Piyanp:

Fèy zoranj
Van voye jete byen lwen
Dap piyanp!
Dap piyanp!
De twa mo lanwit ban mwen
Branka branka !

( Dap Piyanp p. 54 )

Dap piyanp se youn lòt tèks wongòl anndan « Etensèl Mo m yo». Anndan tèks wongòl sa-a otè-a kontinye pataje eksperyans lavi-l ak lektè li yo. Youn lavi ki branka, youn lavi ki kreye nesesite pou mounn fè dap piyanp sou okazyon ki ap voltije kite yo dèyè tankou fèy zoranj ki pral tonbe byen lwen. Sa nou jwenn kòm patikilarite nan wongòl Andre Fouad yo sèke li devlope yo anndan youn moul imajis.



Prezans lannwit ak mo konpayèl-li yo


Nan Etensèl Mo m yo genyen youn mo ki parèt sou divès fòm ak divès konpayèl. Se lannuit.
Lanmè-a aswè-a wete vwal li ( P. 17 )
Nan labrenndiswa lanmou ( P. 29 )
Lalin ap file lang li ( P. 31 )
Debri zetwal yo
Rete nan glas je m ( P. 35 )
Chak fwa mwen gade Koukouy nan je ( P. 39 )
Sizè diswa ( p. 47 )
Longvi lannuit ( P. 51 ) ak plizyè lòt ankò.

Pami divès konpayèl mo lannuit ki parèt nan liv-la, nou kab nonmen : aswè, labrenndiswa, lalin, zetwal, koukouy eksetera. Twa dènye mo nou fenk sot si yo jwe wòl konpayèl lannwit daprè kontèks nou jwenn yo anndan liv-la.
«Lalin ap file lanng». Sèl lè lalin ka file lanng-li, se lè li ap klere nou nan mitan lannwit. Kòm se lanng li senpman lalin-nan ap file, nou ka konprann se te youn nwit kote tanto limyè lalin-lan te parèt, tanto li te disparèt. Se tankou lalin lan te rantre nan jwèt kachkach liben. Li pa te montre tout figi-l, se lanng li senpman li te file. Anfèt, otè-a di nou :« Lalin ap file lang li bay latè». Kesyon nou kab poze se : èske se tout latè ki t'ap benyen nan lanng limyè lalin-lan oubyen èske se dèyè mòn lan, kote foumi yo ap brase nan ladoudous-la, lalin-lan t'ap file lanng li? Si lalin-lan te montre tout figi-l, nou ta ka aksepte li ap klere latè, men se lanng li senpman li file, kidonk, mo latè-a nan tèks-la, se dèyè mòn-lan li reprezante. Se senpman si lalin-lan te montre tout figi li, nou ta rive wè li toupatou. Kòm, se mòn toutouni yo A. Fouad te bezwen nou wè. Kòm se sou mòn toutouni yo Fouad
te bezwen fikse atansyon nou, tit powèm-lan se Dèyè Mòn epi premye liypwezi-a tanpe ak mo Dèyè Mòn.
Nan powèm sa-a, Fouad lonje dwèt jouda-l sou do mòn yo ki toutouni, kounye-a se responsabilite mounn ki ap viv nan mòn-yo, mounn ki responsab sektè mòn-yo pou yo abiye mòn-yo, paske mòn toutouni se siyal grangou epitou se siyal malè. Malè ki pandye sou tèt sila-yo ki ap viv nan pye mòn toutouni yo.


Nan liypwezi ( tranch pawòl )« Lalin ap file lanng li / Bay latè-a, nou ka panse tou se grimas lalin ap fè latè, konsa li sispann bay latè tout pisans-li. Kòm konsekans, nou pa fouti jwenn bon jan rekòt, paske abitan sispann travay latè. Younn nan rezon-yo se prezans kagezon pèpè sou zile-a


Lè otè-a ekri;
«Debri zetwal yo
Rete nan glas je m» ( p. 35 )
Nou di zetwal se youn mo ki chita nan menm depatman sans ( chan semantik ) ak lannwit nan tèks-la, paske lajounen limyè solèy-la pi klere pase limyè zetwal yo. Kidonk, sèl lè zetwal yo ka kite tras yo nan glas je otè-a se nan plen lannwit. Se menm jan-an tou, si pou Fouad wè koukouy, fòk li nan mitan lannwit. Poudayè, nan powèm sa-a otè-a endike aklè li te nan mitan lannwit :

«Chak fwa mwen gade koukouy nan je
…….
Lannwit sonm
Chaplè l degrenne» ( P. 39 )

Se nan plenmennwit André Fouad jwenn plezi. Ann li :

Kò w anvayi m
Nan mitan lannwit mwa desanm
Se plim je w ki tonbe
Fè m siyon
Se yon aksantegi m ap mete
Sou pwent zwetwal marasa w

( Kassa Kassa, P. 13)

Se nan kè lannwit li jwenn delivrans

Lanmè a aswè a wete vwal li
Bay moso rèv mwen pase
(M ap balanse P. 17 )




Pou Fouad lannwit konn pote chagren

Lannwit sila
Bay kò kraze
Tout bagay dwòl
Patisyon mizik mouye

( Doremi doremi p. 41 ).

Lè nou sonje nan ane 2000 André Fouad te pibliye youn liv pwezi ki rele Bri lannwit, nou ka di Fouad gen youn panchan espesyal pou lannwit. Lannwit ba-l zèl, lannwit mare-l, lannwit delivre-l. Men plis n'ap sonde prezans lannwit anndan powèm André Fouad yo, se plis nou santi lannwit pa toujou dous pou Fouad. Memm lè lannwit ta vle gen plezi, se youn plezi l'ap riminen epi ki mete powèt-la sou de pye militè-l kant li ta sipoze ap bay lespri-l gabèl pou li rafrechi lizyè panse-l. Konsa, nou kab di lannwit pa toujou dous pou André Fouad, paske se nan moman sa-a tout lide anvayi-l. Se nan mitan lannwit André Fouad l chanje po pou li bay plim li lapawòl. Nan sans sa-a nou kab di André Fouad se youn powèt «insomniaque», youn powèt jamè dodo,


Repetisyon mo agogo

Anndan Etensèl m yo André Fouad pran plezi nan trase chema avèk repetisyon mo ( «Anaphore» ) oubyen ankò avèk repetisyon sou fòm onomatope. Repetisyon yo tèlman prezan se tankou yo ta vle kite tras yo kòm makfabrik anndan liv-la. Menm lè nou konnen pwezi mache karebare ak repetisyon, nou rete kwè fason André Fouad taye bonèt repetisyon li yo mete li nan youn kategori apa.
Nou pa jwenn repetisyon sou fòm «madan timote gwo tete al nan sinema varyete…» oubyen «serafen pye fen ap fè tenten devan chakristen…» («homéotéleute»), kote se silab final-la ki ap mate, pou mete kadans. Se ak repetisyon mo (leksikal) Fouad mete kadans nan sèten tèks li yo. Nou dwe di tou, gen moman kote repetisyon mo yo sèvi pou tabli youn ensistans apati sentaks fraz-la (« redoublement» ) : «m'ap travay travay mwen, oubyen m'ap jwe jwe-m» eksetera epi ou ap entèloke mwen. Nan sans sa-a nou dwe di se pa tout tan repetisyon an kreyòl deranje bèlte youn fraz.

Yon ti bato Jekwazantwa
Youn ti bato Jekwazandye
Youn ti bato Lapennta
(M ap balanse P. 17 )
Nan pati tèks sa-a repetisyon-an sèvi pou mete kadans
Chante chante m
Se youn vibrasyon van peyi …..

Chante chante m
Se yon bèl
Se yon bèl istwa koulè ble
K ap jèmen anndan m

Chante chante se youn ensistans ak fòm redoubleman-an. Sepandan, lè menm gwoup mo Chante chante – a reparèt pi devan nan menm pwezi-a, otè sèvi ak dezyèm seri repetisyon-an pou li mete kadans nan tèks-la. Kanta repetisyon gwoup :«se youn bèl» la, wòl li se toujou pou mete kadans .

Ti tak san
Ti tak foli m
Ti tak debri m
( Tras , P. 35 )

Nan Tras nou jwenn onomatopi «tak», « tak » « tak » la ki sèvi tou pou mete kadans.

Tout timoun ri
Kla kla kla!
La la la!
Kla kla kla !

( Mwen , P. 37 )
Nan« Mwen» nou jwenn onomatope « Kla kla kla» epi «la, la, la » ki repete plizyè fwa pou mete ensistans.

Nou dwe di repetisyon-yo byen chita. Yo pa parèt dri tankou nan bèl fòm akòdeyon ale-vini Kiki Wainwright ( powèt Sosyete Koukouy Miyami ) abitye mete yo anndan plizyè nan tèks li yo ( Nan Tan Malouk, Educa Vision 2003) . Men yo parèt ak karaktè pa yo pou yo tabli karaktè André Fouad.




Teknik Imajis

Lè nou louvri pòt pwezi André Fouad epi enstale nou pou nou teste mo li yo, sonde yo pwen pa pwen, nou remake se awòm modènite pwezi kreyòl Ayiti-a ki anvayi-nou, andyoze-nou, mennen nou ale nan sous youn pwezi kreyòl tou nèf. Youn pwezi chèlbè ki ap trase vèvè nan siyay teknik Imajis.

Pa konn ki jou
Pa konn kilè
Pa konn ki epòk

Tanzantan
Mwen wè ou nan lonbray
Tout sous dlo latè
Ti branch fil ou
Kenbe m annantye


Wayòm ou
Zile mwen
Dlo w sèke m
Tout akote
(Mwen p. 36-38)

Lè nou li :
Se plim je w ki tonbe
Fè mwen siyon
Se yon aksantegi m ap mete
Sou pwent zetwal marasa w
(Kasa Kasa P. 13)
Pou nou powèt la vle palede tete youn fanm ki enstale anba dwèt li nan youn mouvman aksantegi. Powèt la sigjere lide tete a ak de mo : pwent epi marasa. Lè powèt la ekri :« Se plim je ou ki ap fèm siyon.» Li vin bay pwent zetwal yo youn dimansyon ki ale pi lwen pase youn senp gade, li voye lektè a nan nivo karès, apwòch seksyèl, ansanm ak tout lòt konpòtman prezans plim je ta kab charye avèk yo nan sitiyasyon espesyal otè a ap dekri a.
Nou konnen nan langay kouran, marasa vle di de epi li gen an menm tan lide resanblans ladan. Poutan, gen mounn ki sèvi marasa ki konn mete twa krich dlo atè pou yo bay marasa yo dlo. Nou pa konnen poukisa, se twa krich yo mete, kant mo marasa a gen sans de nan langay chak jou nou.

Kidonk, otè a pa desann atè plat pou li di : « li ap jwe ak de pwent tete». Dimwens , li ap imajine de pwent tete anba dwèt li, li chwazi mo ki sikjere lide tete yo. Èske se la tout plezi kreyasyon atistik ki genyen nan pwezi a chita? Repons nou se wi. Epitou, se lè sa a tou nou kab palede pwezi tankou youn zèv atizay-bèbèl. Otreman, nou ap tonbe nan pale epi pa gen okenn bèl vèvè lide ki kab trase ak pawòl ki nan bouch nou tout lasent jounen. Nan pale chak jou nou, pa gen okenn mo chelèn ki ap bay lespri nou detant ak plezi rekòmanse li plizyè fwa ak youn vizyon atistik. Lè nou ap pale nou senpman kominike pou nou di sa nou bezwen. Se posib pou nou reli tèks ki ekri ak pawòl chak jou nou yo plizyè fwa, men se pou lòt rezon ki pa rezon atistik.

Nan sonde, pwofonde fòs pawòl nou jwenn anndan Etensèl Mo M yo, nou kab di pwezi André Fouad senpman bezwen twa kòd mo pou li donnen akò mèvèy sou bitasyon lespri nou.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada
michelangehyppolite@rogers.com

Post Reply