Kòmantè Jan Mapou Sou Kritik

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kòmantè Jan Mapou Sou Kritik

Post by Michelange Hyppolite » Sat Mar 01, 2008 6:10 am

KRITIKE: YOUN NESESITE POU N'AVANSE

An nou reflechi sou youn mo anpil nan nou pa renmen tande paske anpil nan nou pa konprann enpòtans li osnon anpil nan nou pa itilize-l jan pou nou ta itilize-l. Se mo KRITIK. Nan domèn politik se bliye sa. Mounn politik yo depi rive sou prezidan tonbe sou soukèt lawouze si youn mounn pran chans kritike yo; ou riske al rekonèt ou nan fredi Alaska osnon nan manng ti Tanyen.

Kritik nan politik se gwo danje pou mounn politik yo paske yo pè pèdi pouvwa yo, yo pè pou pèp la pa chaloska yo. Men fòk nou di tou gen anpil jounalis se plezi yo sa pou yo kritike san rezon, kritike san dokiman, yo kritike jis pou plezi kritike. . Se konsa yo viv, si yo pa kritike pou anmekde, yo pa gen rezon pou yo ekziste. Konsa Kritik-la tounen youn pongongon, youn mechanste, youn rayisab… kout lanng doub Gerard Dupervil ta di.

Kritik nan domèn politik gate zanmitay, detui bòn volonte. Li ka menm okazyone lanmò. Kritike, kritike ak mechanste s'oun zam ki file, ki koupe, ki rache ki tyake.. Kritike nan domèn politik vle di fè ti dife boule, koupe zèb anba pye, simen dezagreman. Nan sans sa-a nou kritike mounn sa yo ki itilize mo kritik la kon pwazon rat, kon poud malatyonng pou detui tout sa ki nan anviwonnman yo. Nou pa rele sa kritike nou rele-l eksteminè. Mounn sa yo pote non ekteminatè.

Bon kritik-la, se youn branch atistik. E nan akademi atistik ak literè KRITIK se youn aktivite ki bay lebra ak entèpretasyon, konpreyansyon, rezonnman onèt … Se youn aktivite ki chita sou analiz.

Men ki kote mo sa-a soti? Kiyès ki ka itilize-l? Eske se youn bon bagay pou youn mounn kritike youn lòt osnon youn lòt gwoup osnon kritike aksyon ofisyèl yo nomenm pou mennen youn kominote, youn peyi si li pa fè sa yo te nonmen-l pou l'fè. Mo KRITK soti nan mo grèk ki rele kritikos ki limenm soti nan youn mo ansyen-ansyen grèk ki te KRITES. Krites osnon kritikos vle di youn mounn ki pote youn jijman ki gen vale osnon fè youn analiz rezone, entèprete osnon obsève, analize pou byen konprann.. Ou gendwa itilize mo kritikos la pou bay opinyon ki pa an amoni ak youn bagay yo vle lage nan kòsaj ou. Daprè definisyon mo-a li pa gen okenn kote fòskote negatif ladann eksepte gen mounn ki pran plezi oswa pou yo mal itilize-l osnon pou yo refize konprann enpòtans li.

Nan domen literati osnon kiltirèl anjeneral, mounn k'ap kritike-a dwe youn save nan domem l'ap kritike-a ki pou penmèt li jije, konpare, entèprete swa youn pèfomans atistik osnon youn pwodiksyon atistik osnon youn èv literè, syantifik, mizikal osnon teyatral,. Youn konesè se pa youn dyòlè non, se youn mounn ki gen esperyans ak konesans nan sa nou rele an angle <<fine>., youn save nan domèn atistik s'oun mounn k'ap pote youn jijman e ki konn sa k'gen bon gou pou l'pataje ak piblik-la. Youn konesè evalye travay atistik yo sou baz konklizyon estetik yo.

Nou jwenn mo konesè sa-a tou pou mounn ki konn bay opinion yo sou manje, bwason, ak lòt pwodui mounn sèvi. Majorite kritik modèn yo pibliye travay yo nan jounal, nan radyo, nan liv antoloji, sou entènèt ak nan televizyon. Nou jwenn kritik nan tout chan aktivite nou kit li te atizay, mizik, sinema, teyat, lamòd, kuizin elatriye.

Pou youn kominote ansante, fòk gen kritik. Se kritik-la ki pou ede atis-la osnon atis yo re-ekzaminen prezantasyon yo, dekouvri erè yo, rekonèt si mesaj yo pase epi prepare yo pou yo amelyore tèt yo pi devan. Si pa gen kritik, tout vounm se do, tout do minè ap tounen do majè. Kritik se aktivite bon jijman ak konpreyansyon djanm. Se analiz eleman yo apre tout mounn fin dijere yo.. Nan domèn literè yo rele sa <kritik>. Mounn k'ap fè rechèch sou estetik, bèlte ak richès youn piblikasyon. Se sa k'fè yo ka di nou ekriven tankou Jacques Roumain, Jacques Stephen Alexis, Felix Morisseau Leroy, osnon Jean Brierre se youn bann pilye nan literati ayisyen-an. Se grasa kritik yo ki apre analiz travay literè èv otè sa yo piblik rekonèt valè travay literè ekriven sa yo. Se menm bagay pou atis pent yo, pou chantè nou yo, dansè nou yo, aktè nou yo. Si Ti RORO klase pami younn nan pi gran tambourinè ayisyen se paske li te gen talan, li te konn rit yo epi kout tanbou ti Roro pa te kòche zòrèy piblik la.

Tankou m'di gen de fòm lakritik. Younn pou detui, kraze brize pou satisfè enterè pèsonèl osnon youn ti gwoup men bon kritik la bonjan kritos-la se youn jiman pou konstui , se youn fòm kominikasyon ki pou retire kwout, sable, poli, korije youn èv osnon youn pèfòmans atistik. S'oun edikasyon pedagojik ki baze sou prensip kritik ki pote fui ki pa detui men ki konstwi ;ki ede atis la osnon odyans-lan. Gendelè youn kritik dwe depase limit kamouflay, voye flè, anbome pou di laverite pou atis yo ka rekonèt erè yo pou ede yo vanse pi byen..

Ti gout pa tigout bouche youn twou nan domèn atistik la e ki penmèt bonkou atis amelyore pèfomans yo, amelyore prezantasyon èv literè yo nan dyaspora-a. Majorite pèfòmans ki prezante se noumenm sèl ki gen kouraj pou nou pale de yo, analize yo epi pote kèk rekòmandasyon pou atis yo swa nan jounal-la osnon nan emisyon radio nou yo (1020AM osnon 91.3 FM). Nou sonje Anakaowona, Choukoun, Endepandans…? Nou toujou fè youn repòtaj ak komantè valab pou ede…Nou pa janm kritike pou nou detui. Nou di tou sa ki bon. Nou di sa ki bezwen korije. Se misyon nou. Se devwa nou. Youn atis , youn ekriven dwe remesye youn kritik paske li konsakre tan li pou li fè rechèch, depanse lajan li nan emisyon radio osnon televizyon ; nou dwe renmesye epi apresye travay youn kritik .

Epitou, Mikwo nou, Paj 19 – Ti gout pa tigout la louvri pou tout mounn. Si nan analiz nou fè fopa osnon glise tonbe sou po mango move entèpretasyon, nenpòt kimounn gendwa reponn e nan respè younn pou lòt nou gendwa pataje opinyon epi korije si nesesè sa nou di ki pa te rantre nan santiman nou. Nou koukouy n'ap fè repòtaj ak kritik sou pèfòmans atistik ak travay literè depi 1965… kit se te nan jounal osnon nan radyo, nou toujou ekri pou nou konstui, pou nou ankouraje,pou nou bat bravo pou tout jefò k'ap fè pou vansman kilti ayisyen-an.

Pou nou fini an nou di nan domèn politik, nan domèn syantifik ak nan domèn kiltirèl lakritik pa senpman enpòtan men li nesesè pou penmèt pwogrè nan devlopman limanite.

Jan Mapou
Koukouy-Mayami

Post Reply