Woman kreyòl Jozafa Large la pral pran lari

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Woman kreyòl Jozafa Large la pral pran lari

Post by Michelange Hyppolite » Sat Feb 09, 2008 6:33 am

Josaphat-Robert Large ak yon premye woman an kreyòl


JosaphatRobert Large, powèt, dizè, womansye, nouvelis ekri yon woman an kreyòl ki rele “Rete, kote Lamèsi!” kap parèt nan mwa fevriye a nan edisyon près nasyonal Dayiti. L ap pale de liv la ak Jean Pierre Jacques Adler.
Nanpwen anpil ekriven ayisyen ki ekri woman an kreyòl, ou menm tou se pwezi ou plis ekri an kreyòl,ki sa ki fèw deside fè resi an kreyòl jodi a, paske m konn gen ekriven lè yo ekri an kreyòl yo konsidere sa kòm yon ak politik, yon priz pozisyon, yon konba… ?
R-M pa kwè gen yon womansye ayisyen k ekri an franse ki pa reve nan fon kè li, nan yon epòk karyè li, pou marye plim li ak imajinasyon l pou pwodui woman nan lang kreyòl la tou. Vizyon sila a toujou gen yon plas nan premye ranje projè mwen. Malèt imajinasyon mwen chaje ak matyè fondamantal kilti ayisyèn nan ki transparèt nan tou sa m ekri, pwezi, woman, nan kèlkanswa lang nan. Sa ki pi enpòtan dapre mwen, lò m deside manche plim mwen pou ekri yon woman an kreyòl, se fè li yon jan pou li gen menm enpòtans (plase li nan menm nivo) ak woman an franse yo. Ekriven ki sèvi ak kreyòl la pou yon priz pozisyon sèlman, se pa yon sèvis y'ap rann kreyòl la. Se opòtinis yo ye. Aksyon sa a ta vle di, kreyòl la se sèl sa ou kab fè avè l (yon zam pou konba politik sèlman). Li vle di tou, se pa yon lang ki kab pwodui ak pwòp resous kiltirèl pa li. Sa ta etone mwen sepandan si nan ekriti franse ekriven sa a yo, ou pa jwenn menm ak politik sa a ki se, m ap repete sa m sot di a, yon zak ki gen you kouch opòtinis ladan l.
Woman an chita sou kont ak lejann ki te konn fè bonè jenn fi ak jenn gason anba gwo lalin klanba gwo lalin klè lontan, èske se yon fason pou envite lektèw yo fè yon kout pye nan pase nou, nan sous nou, nan kilti nou ?
Oralite fè pati baz fondalnatal fiksyon nan lang kreyòl la. Gen yon envantè enpòtan de literati oral ayisyèn nan ki pou fèt. Ou jwenn fil literati sa a nan kont ki rakonte oklèdelalin, nan chante ki makònen ak aktivite madigra, vodou, nan bann rara, elatriye. Se youn nan fil pou yon ekriven itilize pou l koud yon woman lap ekri an kreyòl. Se wòl li pou l plonje plim li nan pratik kiltirèl sa a yo (ki charye yon bèlte san parèy) pou l fè yo pase nan kouran ekriti a. Non sèlman lektè yo gen pou fè yon kout pye nan epòk jenès yo lè y ap li liv la, men fòk yo resanti pandan y ap li l, menm plezi ki konn anvayi yo lè y ap koute kont anba pyezanman nan tou. Si plezi sa a manifeste nan moman lekti a, se pwèv ekriven an genyen pari li te fè depi lè li te gen entansyon ekri liv la.
« Ou leve nan mitan rèv mwen an tankou yon maten mare ak zwezo, ak papiyon , ak limyè tou » ekstrè sa a pwouve se yon powèt ki ekri woman an , paske gen yon sansibilite powetik ki trè prezan nan jan w rakonte istwa a, Jean Euphèle Milcé fèl nan nouvèl ou menm ou fèl nan woman, èske se yon chwa ?
Ou leve nan mitan rèv mwen an, tankou yon maten mare ak zwezo, ak papiyon, ak limyè tou” Sa sikjere yon bò se yon powèt ki ekri woman an, men li montre yon lòt bò de fè enpòtan. Langaj oralite ou jwenn nan yon kont, se yon langaj imaje li ye, yon langaj powetik. Kidonk, ou pa kab transkri oralite a nan ekriti si ou pa jwenn jan pou mete lang nan kouche nan yon moul powetik. Sa a se youn ! Fò m ajoute tou: vè sa a montre yon lòt bagay, li montre imaj nan lang kreyòl la, li kab monte nan menm nivo ak bèl imaj nan nenpòt ki lang. Wòl kreyòl la se pa fè moun ri sèlman, men fòk li fè santiman yo vibre, fè pwal nan kò yo frisonnen lè y'ap li yon liv an kreyòl. Gen yon womansye mwen renmen anpil, se yon Arab yo rele Amin Maalouf. Nan ekriti franse misye, ou jwenn tras lang arab li pale a tou. Yon lang imaje, ki bèl, k'ajoute yon savè espesyal nan ekriti franse otè sa a. Nan nouvèl Euphèle Milce a, ou jwenn menm kouran imaj ki pran sous nan pwofondè kilti ayisyèn nan. M pa kwè se senpman yon chwa, m plis kwè se yon obligasyon pou yon otè k ap ekri an kreyòl pou l eksplwate bèl imaj ki layite kò yo nan fon kilti nou an.
« Li parèt pòtre ak yon lasirèn nan rèv la. Ou a bèl paw ! » Ou ta di se yon rèv w ap rakonte. ?
Sa k enpòtan pou yon kontè k ap rakonte yon kont, se pa debobinen fil istwa a sèlman, men se apò vwa li nan rakontaj istwa a, jès kò li lè l ap pale, ekspresyon zye li tou. Sepoutètsa chak kont sonnen yon lòt jan, selon kontè k ap di l la. Gen yon atmosfè rèv ki etabli nan yon kont ki byen rakonte, kòmkidire, moun k ap koute yo, yo pa konn si se yon rèv kontè a ap rakonte osnon si se yon istwa ekstraòdinè, yon istwa makònen ak mèvèy, y ap dewoule devan yo. Ki kote limit la ye ant yon kont ak yon rèv? Kijan pou yon otè fè tousa (vwa kontè a, jès kò li) pase nan woman an? Sajisan de vwa kontè a, gendelè mwen mete chante nan ekriti a, pou m montre gen yon lòt vwa k ap pase nan mitan tèks la, akote vwa naratè a. Pou atmosfè rèv la, mwen sèvi ak powezi pou kreye li. Epitou, m renmen ekspresyon w'anplwaye lè ou di “jwe ak psikanalitik lektè a”. Sa ta vle di lekti woman an rive fè lektè a antre nan yon eta tankou se dòmi l'ap dòmi, pandan li ta plonje nan yon rèv kote li ta wè l'ap li yon liv! Sa-a bèl anpil! Gadenon, si oumenm kòm premye bon lektè woman an, ou dekouvri atmosfè yon rèv nan kouran lekti la, sa vle di Rete, kote Lamèsi, s'on tèks ki genyen yon lòt pari nan projè ekriti kreyòl la.
Woman sa a montre ou metrize lang kreyòl la. Men èske dapre w se pa yon risk pou mwens moun li w atravè lemonn?
Mwen renmen keksyon sa a, sitou li fasil pou m reponn li sèjousi. Fòm di w byen, si ou te poze m menm keksyon an lè m te fenk pibliye liv kreyòl mwen ki rele Pè Sèt la, m ta rantre nan mawonnaj pou m reponn ou. Men repons nan: Gen yon powèt ameriken ki rele Jack Hirchsman ki tradwi Pè Sèt an angle. Figire w se youn nan liv mwen ki rive pi lwen nan fouye/chèche lektè. Tradiksyon sila a te figire, nan finisman ane 2007 la, nan yon lis “Best Seller” PiBon Liv powezi ki tradwi an angle. M te nan yon lis akote otè tankou Pablo Neruda, Aimé Césaire, Octavio Paz, Derek Walkott. Tout lektè ki li tradiksyon an konnen liv la se an kreyòl li te ekri. Sa vle di, an prensip, lang k ekri yon liv pa gen limit, lè prodwi a ase bon pou provoke yon tradiksyon. Tradiksyon an se yon pon ki fè yon liv janbe yon pasdlo. Gen otè ki fèt an Wusi osnon an Tchekoslovaki, lè m li yo an angle osnon an franse, m konnen se otè etranje yo ye, men kalite m jwenn nan tradiksyon an pale tou de jeni lang manman otè sa yo. Pou lektè ki li kreyòl yo, m pa kwè problem nan poze pou yo.
Eske dapre w piblikasyon tèks tankou woman, nouvèl, kont… an kreyòl ka sèvi pretèks pou fè piblisite pou literati kreyòl la ?
R-Piblikasyon tèks sa yo gen pou montre yon kalite ki kache nan lang kreyòl la ka ride l soti nan karapas patwa anpil moun mete l la. Se pa piblisite sèlman y'ap fè pou lang manman nou an, men y'ap ride montre bèlte li, jeni li, kapasite kreyasyon li nan diferan pratik kiltirèl yo.
Ki demach ki ta dwe fèt pou plis elèv ayisyen ta konn ekriven kontanporen ayisyen yo, paske jouk kounye se Coriolan Ardouin, Edzer Vilaire, ... yo aprann timoun yo lekòl?
Nan sans sa a, m kwè Près Nasyonal Dayiti gen yon bon travay l ap fè lè l'ap pibliye liv otè kontanporen yo nan yon fòma tout elèv kapab achte. M kwè fòk gen plis inisyativ nan sans Willems Edouard a, pou fè yon promosyon anplènedifòm de literati ayisyèn nan. Akote sa, mwen pèsonèlman, lè woman m nan parèt, mwen gen pwojè pou m al fè lekti nan divès kote nan peyi a, pou mete vwa m nan òkestrasyon pwopagan enpòtan sa a. Lekti nan bibliyotèk, nan lekòl, nan inivèsite.
Soti nan epòk Felix M. Leroy pou rive nan jenerasyon sa nou gen jodi a, koumanw wè evolisyon lang nan ?
Depi kèk lane, evolisyon lang kreyòl la pran yon vitès ankourajan. Fòk mwen mete chapoba devan merit sèten otè gen nan wòl sa a. M ap site vit George Castera, Franketienne, Michel-Ange Hyppolite, Maximilien Laroche, Rassoul Labuchin, Koralen, Claude Pierre. Se ekriven ki gen yon prodwi kreyòl ak anpil kalite yo ofri lektè yo. Anpil nan otè sa yo ekri an franse tou, san yo pa janm lage kreyòl la. Genyen k'ekri toulede lang yo nan menm tèks la. M soti kwè tout jèfò sa a yo rantre nan yon mouvman kolektif k ap mete lang kreyòl la nan yon ran li plis pase merite.

Pawòl Jean Pierre Jacques Adler ranmase pou Jounal Le matin jou 8 fevriye 2008-la

Post Reply