Pwezi kreyòl Ayiti a

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Pwezi kreyòl Ayiti a

Post by Michelange Hyppolite » Fri Nov 23, 2007 4:58 pm

Yon lòt zye sou pwezi ki ekri an kreyòl


28 oktòb se ap jounen lang kreyòl. Nan sans sa a nou te fè yon antrevi ak Michel-Ange Hyppolite ki travay anpil sou pwezi an kreyòl e ki fèk pibliye yon liv nan peyi Kanada sou pwezi an kreyòl. Men antrevi a ki pale anpil sou estetik nan pwezi kreyòl.


Jobnel Pierre : Michel-Ange Hyppolite, ou se powèt, ou ekri an kreyòl, kisa ou panse nou dwe di : pwezi kreyòl oubyen pwezi ki ekri nan lanng kreyòl?

Michel-Ange Hyppolite : Nan ekri an franse sou literati kreyòl la, gen kritik literè ki di : Pwezi kreyòl oubyen pwezi ki ekri nan lanng kreyòl. Kanta mwen, mwen santi li ta pi bon pou yo ta di : pwezi Ayisyen nan lanng kreyòl. Sepandan suivan nou pran mo kreyòl la tankou youn kilti oubyen nou pran li tankou lanng matènèl tout Ayisyen pral gen youn diferans ant de lide sa yo : pwezi kreyòl epi pwezi ki ekri nan lanng kreyòl la.

Lè nou konsidere mo kreyòl la tankou youn kilti, nou kab di : kit Ayisyen an ekri an franse kit li ekri an kreyòl li ap fè pwezi kreyòl, paske anndan tèks li ekri a, se eritay kiltirèl li kòm Ayisyen, pèp kreyòl, ki ap ponpe nan tout sa li santi, tout sa li ap di. Si ou pran youn liv kou « Les Arbres Musiciens », se youn liv ki ekri an franse, men esans travay Jacques Stephen Alexis anndan liv la, se youn awòm kreyòl li fofile nan lespri mounn ki ap li-l la. Se menm jan an tou, lè ou li travay powèt nou yo, kit yo ekri an franse, kit yo ekri an kreyòl, se youn pwezi kreyòl yo mete devan je nou.

Lè nou konsidere mo kreyòl la tankou lanng manman nou an, lanng nou konprann depi nou nan tete, mwen ta kab di mwen ekri youn pwezi Ayisyen ak lanng kreyòl la kòm motè pou transmèt mesaj la. Men si mwen konsidere mo kreyòl ak sans eritay kiltirè li, mwen kab di : ni Ayisyen ki ap ekri an franse, ni Ayisyen ki ap ekri an kreyòl, yo tout ap fè pwezi kreyòl.

J.P: Eske daprè oumenm gen youn lanng ki plis ka pwezi pase lòt, paske li pi bèl oubyen li pi dyanm?

M.A.H : Lengwistikman palan, pa gen lanng ki pi bèl pase youn lòt oubyen ki siperyè youn lòt. Poudayè youn lanng se senpman youn mwayen pou mounn pase mesaj yo younn bay lòt.

Anfèt, gen kondisyon ekonomik ki kab lakòz youn lanng ap grandi nan youn milye ki favorize li, men lanng ki nan anviwonnman ki gen lajan an pa siperyè sila a ki nan anviwonnman pòv la. Si gen lajan nan youn peyi, devlopman teknolojik, rechèch nan tout kalite domèn, eksetera, fòk mounn ki ap viv nan peyi a kreye mo pou koresponn ak kalite travay yo ap fè yo. Nan sans sa a, se vokabilè lanng lan ki ap grandi, se lenguis yo ki ap laji chan rechèch yo eksetera, elatriye. Kalite pwogrè sa yo pa depannde lanng lan, se mounn ki pale lanng lan ki kreye yo. Konsa, nou kab di, se pa lanng lang ki gen pwoblèm yo vle repwoche li yo, se mounn ki pale li yo ki gen pwoblèm lan. Se mounn ki pale li yo ki limite oubyen ki ap fè parès epi parès entèlektyèl yo al rejayi sou lanng yo pale a.

Sepandan, nou kab ajoute gen youn langay powetik. Langay powetik la ekziste nan tout lanng epi nanpwen okenn lanng ki genyen monopòl li. Men li pa nòmal pou youn mounn di : gen lanng ki kab fè pwezi plis pase youn lòt, paske ekri pwezi se youn fason pou nou pataje sa nou santi nan kè kontan nou, tankou nan moman tristès nou. Se prejije ki lakòz youn moun di : gen lanng ki pi bèl pase youn lòt oubyen gen lanng ki gen plis pwezi pase youn lòt. Chak lanng gen amoni pa li, kadans pa li, mizikalite pa li, eksetera. Konsa, nou dwe aprann apresye valè ak bèlte tout eritay nou genyen nan chan kiltirèl pa nou an, fè yo pouse zèl menm jan ak woulman tanbou defen Tiwowo. Nou pa dwe tann pyèsmounn vin fè demonstrasyon bèlte lanng nou an pou nou. Se noumenm ki pou fè li, sinon nou fenk kare ap grandi nan lonbray depandans.

J.P : Eske daprè oumenm gen youn diferans ant ekri an franse ak ekri an kreyòl ?Pami de lanng sa yo èske gen younn ou santi ou pi alèz ladan?

M.A.H : Mwen fè etid mwen nan lanng franse ak angle. Pami liv mwen ekri yo, genyen ki tradui nan lanng franse ak lanng angle (Zile Nou,1995 ; Lèt Ife ak Soul, 2006). Kòm pwofesè syans ak byoloji, mwen ekri youn liv syantifik Atlas leksisk zo mounn (1989) nan lanng kreyòl ansanm ak vèsyon nan lanng angle, franse epi panyòl pou menm tèm lan. Nan travay mwen, kòm pwofèse, mwen sèvi ak franse kou angle. Men, lanng kreyòl la, se limenm ki pa mwen. Se ladan mwen pi alèz, paske se limenm ki ap bouyi nan zantray mwen.

J.P : Estetik se youn konsèp ki enpòtan anpil nan literati, èske ou kab presize pou lektè « Le Nouvelliste » kisa youn estetik literè ye?

M.A.H : Palede estetik, se palede bèlte. Nosyon mounn ki save nan domèn literati rele estetik la, se youn nosyon ki laj anpil. Li kab aplike pou youn ekriven oubyen youn atis nan youn domèn kèlkonk (dans, penti, mizik, travay sou bwa ak metal, eksetera), konsa tou li kab sèvi pou tabli karaktè espesyal ki parèt nan zèv youn ekip mounn ki ap travay ansanm, youn mouvman literè. Estetik youn tèks se tout kalite eleman tèks la genyen ladan tankou poud cham pou atire epi lemante mounn ki ap li-l. Nan sans sa a, nou kab di estetik Koralen pa menm ak estetik Moriso-Lewa. Oubyen ankò estetik pwezi gwoup yo te rele Karako Ble nan kòmansman ane 1960 yo pa menm ak estetik ekip Sosyete Koukouy la jounen jodi a.

Koze estetik la kab parèt byen senp, klè kou dlo kòk, menm jan nou fenk sot esplike li a, men se konsa tou li kab rantre nan youn bann labirent tankou : metòd travay mounn ki deside aplike nosyon an, libète mounn ki ap kreye zèv la vle bay tèt li pou li chwazi eleman li vle epi pwodui zèv li suivan pwòp gou pa li, san li pa fè zap nan koton bay pyèsmounn. Youn lòt labirent ankò, se wòl domèn atizay la (Les arts) nan divès nivo nan zèv la kou : kwayans, lamoral, konsepsyon ideyolojik, elatriye.

Tout koze nou sot di la yo, se virewon ki anpeche save yo poze annik youn sèl definisyon pou mo estetik la. Sèl sa ki rete klè, palede estetik se palede bèlte. Sa pa rete la sèlman, paske sa ki bèl nan youn epòk gen dwa pèdi cham li nan youn lòt epòk. Koze estetik la chita sou bèlte se vre, men bèlte ka varye apatide youn bann faktè ki pa gen okenn rapò ak nosyon bèlte a limenm menm.

J.P : Bon, èske youn mounn ka palede estetik pwezi kreyòl ?

M.A.H : Malgre tout ale-veni, pase adwat tounen agòch ki kab genyen nan definisyon mo estetik la, nou ap di wi, gen youn estetik pwezi kreyòl. Se tèlman vrè, youn tèks kou Choukounn pa janm pase mòd. Se bèlte mounn jwenn nan « Flè Dizè » (Koralen, Flè Dizè,1982) oubyen nan « Ochan pou Magi » (Kiki Wainwright, Zepon File, 1994) ki donnen mèvèy nan lespri yo. Sepandan, save yo di pa kab gen estetik (bèlte) san teyori, sa vle di, dwe gen prensip klè pou defini bèlte lektè yo santi nan « Flè Dizè », nan «Ochan pou Magi», eksetera. Kounye a, dilèm nan, se kisa nou dwe fè ? Eske nou ap devlope teyori apatide tèks nou wè ki bèl devan je nou yo oubyen nou ap di nou pa gen okenn tèks ki bèl nan pwezi ki ekri an kreyòl yo paske nou pa gen baz teyorik pou defini bèlte a ? Se klè dapre mwen nou gen pou kòmanse ak tèks nou santi ki bèl lè nou li yo, men nou gen pou gade anpil lòt faktè : denpi konbe tan tout mounn ap konsidere yo bèl, tankou « Choukounn » ; nan ki sans nou santi yo bèl.

Sa m' ka di : nou gen anpil travay pou nou fè pou eklèsi tout kondisyon sa yo ki alawonn bèlte nou santi nan pwezi nou renmen yo. Pase koute Moriso nan « Papa Desalin » se pa menm sansasyon an nou santi lè menm Moriso a ap di : « M' pral fè yon ti vwayaj nan lalin ». Lè Claude Innocent ap di « Kalinda a la pou l bat» (Conjonction #196, 1992), se pa menm belte ak lè Kiki Wainwright ekri « Tanbouloji » (Bilten Koukouy # 7, me 1992)

Apre piblikasyon Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000), ki gen kèk pwen fèb, gen save Ayisyen ki te pare pou yo mande youn ekip ki ap travay ak zonng pou teyori yo ? Poutan entansyon prensipal travay la, se te eseye fè youn istorik pwezi kreyòl Ayiti a. Gen lè pou kalite save sa yo youn teyori se youn bon bouyon : ou leve granmaten epi ou pote bòl ou pou yo mete pou ou. Se pa sa di tou. Tout mounn ki bezwen teyori dwe ranje kò yo, kreye ekip travay pou yo ponn li, paske kreye youn teyori natifnatal, se youn travay tèt ansanm ki mande pou etnològ, sosyològ, mizisyen, save nan domèn literati, lenguis nan divès branch lenguistik la, eksetera... rasanble pou yo travay ansanm. Se petèt ekip mounn tout plimay sa a nou poko rive kreye ki lakòz nou poko janm kab kreye pou literati ayisyen nan lang kreyòl la youn teyori natifnatal kòmsadwa. Li pi fasil pou nèg chita ap denigre tan pou yo pran tan yo epi chita travay sou teyori yo ap mande a.

Depi gen teyori genyen ideyoloji ak pèsepsyon ki kab diferan ant divès mounn sou youn menm reyalite. Anfèt, youn mounn ka ankouraje youn lòt mounn suiv menm wout ak li, men li pa gen dwa monte plim li pou li repwoche lòt la, ni joure li pou pozisyon li chwazi suivan enterè ideyolojik li. Depi gen kalite konpòtman negatif sa yo, kote youn mounn oubyen youn gwoup ap dikte youn lòt mounn oubyen youn lòt gwoup sa pou li fè, nou tonbe nan youn diktati entèlektyèl. Pyèsmounn pa bezwen okenn diktatè pou dikte yo sa pou yo fè. Kalite ajisman sa yo bay zègrè epi nou dwe evite yo. Youn mounn ka fè pwopozisyon, men li pa gen dwa bay okenn mounn lòd sou ajisman yo. Chak mounn ka fè pwòp wout pa li daprè enterè li ansanm ak enterè ekip li ap travay ak li a. Bout pou bout, se branch kreyòl literati Ayiti ki va pwofite.
Jenneralman se ak materyo ekriven pwodui youn mounn ka devlope youn teyori. Nan Sosyete Koukouy Kanada, nou ka pa janm di li, nou pa gen pwoblèm pou youn mounn sèvi ak teyori etranje pou analize travay ki ap fèt an kreyòl yo. Men nou rete kwè se ak pwòp resous pa nou nou dwe sèvi, paske nou gen materyo pou sa. Ak pwopozisyon sa a, gen mounn ki kab di nou aryere. Men mounn sa yo dwe remake bò kote pa yo, yo ap viv tankou parazit sou depan lide peyi Ewòp. Nou dwe transfòme sa nou genyen yo, fè yo bèl, jouk yo rive sèvi modèl pou mounn lòt peyi.

Annatandan, bò kote pa nou, nan Sosyete Koukouy Kanada, nou rete kwè bèlte a dwe soti nan eritay vodoun nou an ( atispent nou yo deja pwouve pisans vodoun an nan travay yo) ak nan fon nannan oralti nou an ( chante popilè, chante rara, kont tout kalite, pwovèb eksetera). Se sa mwen eseye fè nan Lèt Ife ak Soul (2006) ; se sa tou Manno Ejèn fè nan Vwa Zandò( 2007 ), youn rekèy powèm ki soti nan Editions Mémoire d'encrier.

J.P : [ ... ] Eske anndan Ayiti gen mounn ki ap reflechi sou sa ki ta dwe fèt pou yo devlope youn estetik pou pwezi kreyòl?

M.A.H : Wi gen youn refleksyon teyorik ki deja antame sou pwezi ki ekri nan lanng kreyòl Ayiti a, men se pa tout mounn ki konnen li. Alaverite, lè pwezi kreyòl la te kòmanse louvri zèl li angran nan dezyèm faz devlopman li depi 1950 ak Moriso-Lewa, Paul Laraque, Claude Innocent, Emile Roumer, Émile Célestin-Mégie ( Togiram ), eksetera pa te janm vrèman gen youn ekip ki kòmanse travay sou bèlte nan pwezi ki ekri nan lanng kreyòl la epi ki ralye tout powèt yo. Sepandan, rive nan ane 1965 gen youn ekip save ki te deside travay sou bèlte tèks ki ekri an kreyòl yo. Nou vle palede ekip Mouvman Kreyòl la ak branch literè li Sosyete Koukouy. Nan liv kou Rechèch (Koleksyon Koukoy 1979) epi nan jounal kou Le Nouvelliste ansanm ak Conjonction, Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou), younn nan poto mitan Mouvman Kreyòl la ansanm ak Sosyete Koukouy, fè divès tantativ pou louvri youn baz teyorik bèlte nan pwezi ki ekri nan lanng kreyòl Ayiti a. Dayè Rodney St-Eloi mansyone yo nan tèz metriz li a: Emergence de la poétique créole en Haiti (1999). Li bay kèk feblès ki genyen ladan yo. Men, se pa kritike senpman pou lòt save kritike lide sa yo, se pou yo modifye yo oubyen pwopoze lòt.

Nou pa gen entansyon etale tout pwopozisyon Dr. Ernst. Mirville yo avèk Mouvman Kreyòl epi Sosyete Koukouy nan pale nou la a, sepandan tanzantan nou santi prezans yo nan divès tèks pwezi kreyòl ki rive jwenn nou. Konsa, mwen kab di pwopozisyon ki pou sèvi ak chante popilè nou yo ak chante kont nou yo pou kadanse tèks powèm kreyòl yo, se pwopozisyon ki soti nan liv Dr. Mirville la (Rechèch 1979). Chakfwa nou jwenn apwòch sa a anndan powèm ki rive jwenn nou, se Dr Mirville ki pase nan tèt nou. Nou genyen tou, anndan Sosyete Koukouy toujou, Émile Célestin-Mégie (Togiram), nan youn tèks ki rele: « Richès ak bèlte lang Ayisyen an » (1979), ki palede nivo lanng nan kreyòl Ayisyen an. Se tout apwòch sa yo ki amòse sou bèlte nan kreyòl ekri a, men ki kanpe nan wout, paske prensip kontinuite a pa ekziste nan mitan noumenm Ayisyen. Tan pou youn nèg aksepte bati sou sa ki deja kòmanse, li pito lage vèni sou li. Kòm limenm nonplis, li pa rive twouse manch li pou li tanmen youn travay teyorik, bout pou bout, nou pèdi ni sak ni krab. Epi nou kontinye ap fonksyone aladriv ak chabrak prete.

( Rès Antrevi a ap vini lòt semenn )

Post Reply