Kòmantè sou youn tèks Pwofesè Maximilien Laroche

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Kòmantè sou youn tèks Pwofesè Maximilien Laroche

Post by Michelange Hyppolite » Mon Jun 18, 2007 5:34 pm

Maximilien Laroche : mounn andeyò

Ak Michel-Ange Hyppolite


Pou ane 2007 la Pwofesè Maximilien Laroche pibliye 2 liv: Littérature Haitienne Comparée ak Se nan chimen jennen yo fè lagè. Tankou nou kab remake li, Pwofesè Maximilien Laroche ap frape nan tou de lanng ofisyèl peyi a epi nou ap di li bravo pou kalite direksyon 2 lanng sa a li deside bay travay li ap fè sou literati anndan Ayiti a ak sou rèv li ap miltiplye nan kè li pou Ayiti, peyi kòd lonbrit li, pandan li ap viv kòm mounn andeyò, ki andeyò Ayiti..

Ann li youn lèz nan liv ki rele : Se nan chimen jennen yo fè lagè a :

Mounn Andeyò

Mwen se mounn andeyò. Pa andeyò anndan Ayiti! Andeyò andeyò Ayiti. Rèv tout mounn andeyò se rebati anndan. Se petèt pou sa mwen ap pase tout vi mwen ap seye rebati Ayiti nan tèt mwen. Se pou sa tou, mwen tou lonngsay ak mounn andeyò anndan Ayiti.

Si pou nou rabati Ayiti, andeyò tankou anndan Ayiti, fondasyon an se nan jan nou ap pale andeyò, se nan sa nou ap pale, sa nou ap reve, sa nou ap sonje, sa nou ap fè, sa nou ta ka fè, sa nou vle fè pou anndan ak andeyò Ayiti ka youn goulo nan twa goulo anpi twa goulo nan youn goulo.

Vire anndan lanvè li ba nou andeyò, tounen andeyò devan dèyè, li ban ou anndan. Anndan ak andeyò travèse pak an pak. Yon sèl ak menm bagay la ap travèse yo, ap vire tounen yo tèt anba, tèt anwo, ale pou vini, sèl kote nou tout ye a, sèl bato, menm bato n'ap navige a.

Men! kote nou prale? Drèt devan nou , vle pa vle, se lanmò. Men si nou ka evite resif, nou va rive an bon eta, jou pou nou rive kote nou prale a. Se erèz akouchman nou mande. Lanmò se pasay, se kaselezo. Lòt bò lanmò se pa sèlman peyi san chapo , se lye verite apre manti.

Se lòt bò lanmò ki anndan tout mounn. Nou tout nou mounn andeyò. N'ap reve pou nou bati anndan. Se pou nou touse ponyèt nou, navige, dangoye, goudiye pou nou rive kote nou prale a.

Mwen pa mounn andeyò anndan, mounn rich, pisan, ki gen pouvwa. Mwen andeyò ni anndan Ayiti ni anndan lòt bò lavi. Si mwen pou rive anndan Ayiti se pa pou mwen rete andeyò lavi, lè mwen va rive lòt bò lanmò.

Larivyè lanmò, dlo mennen lavi a gen pou mennen mwen anndan rèv mwen ap reve a ki va ban mwen lavi anndan Ayiti tankou lavi tout bon mwen vle viv pou lavi diran.
(Se nan chimen jennen yo fè lagè, p. 97 – 98 )





Nan tèks nou soti li la a, Mounn andeyò, nou kab wè fason Pwofesè Maximilien Laroche esplike nou pwòp tèt li kòm mounn andeyò. Mwen renmen fason Pwofesè Maximilien chwazi pou li sèvi ak mo mounn andeyò a nan plas youn mo kou dyaspora, ki plis gen sans pèpè nan lespri mwen, pou li klase tèt li anndan bitasyon nou tout pote anndan nou an, ki pote non Ayiti a. Depi kèk tan, noumenm Ayisyen, ki ap viv andeyò Ayiti, pote non dyaspora oubyen Pèpè. Lè nou sonje pèpè egal rad kenedi, rad odeyid, pwodui mounn pa bezwen ankò, yo voye jete nan peyi pòv. Nou di : nou pa kab pèpè, paske menm lè kondisyon lavi a mete nou deyò nan peyi nou, nou pa merilan pou sa. Nou pa zaboka pouri. Nou toujou ap travay pou peyi nou, swa nan aksyon nou, sou tout fòm, swa ak kontribisyon nou sou fòm lajan ak lide. Kidonk, nou pa youn pwodui mounn fin sèvi epi yo voye jete. Konsa, mwen jwenn plis fyète nan mo mounn andeyò ki andeyò Ayiti a, pase mo dyaspora oubyen pèpè a.
Mo andeyò a negatif tou, men mwen jwenn plis respè ladan pase de lòt mo mwen sot nonmen pi wo a. Lè mwen li mo mounn andeyò a, mwen santi youn koneksyon natif-natal ladan. Mwen santi mwen dyanm nan konbit peyi a.
Malgre tout salanbe mounn lavil yo salanbe mounn andeyò yo, si andeyò pa desann lavil pa manje. Se te konsa lontan, ni tou mwen pa kwè sa plis diferan pase sa jounen jodi a pou youn sèten sektè nan peyi a, kote se andeyò ki ap soutni lavil. Poutan, mounn lavil yo manke sou lizay yo pou yo ta apresye mounn andeyò yo epi glorifye fòs travay yo. Mwen kwè gen youn operasyon men-kontre ki dwe tabli ant mounn anndan ak mounn andeyò yo, mounn anndan gwo vil yo parapò ak mounn andeyò ki anndan Ayiti yo epi mounn ki ap viv nan peyi a parapò ak mounn andeyò ki ap viv andeyò Ayiti yo.

Si mounn andeyò yo te kab mache men nan men ak mounn anndan yo, ala mèvèy nou ta fè kòm pèp ! Men se vag distans nan divès sans ki tabli. Distans ki parèt nan chante kou: «Mezanmi mwen ekri n' pa reponn O! Mezanmi kijan nou ye !» ( Skasha nan ane 1980 yo) .
Se menm distans sa a nou santi ki ap travèse lide sanba Koralen ( Jean-Claude Martineau) nan pawòl sa yo:

«E poutan se pitit kay mwen ye
Mwen gen lontan m'ap vwayaje
Se kò-m ki te pati
Ale lan lòt peyi
Kè-m pa janm deplase»
( Flè Dizè, 1982, p. 54.)

Mesyedam ki ap ekri an franse yo ta va rele sa poétique de l'exil , men an reyalite se lavi noumenm ki ap viv andeyò Ayiti yo nou ap dekri ak lapenn nou, doulè nou, chagren nou epi rèv nou pou nou chanje peyi nou. Anfèt, tankou Pwofesè Maximilien Laroche di li nan tèks nou li pi wo-a : Sa n'ap vle fè pou anndan ak andeyò Ayiti ka yon goulo nan twa goulo anpi twa goulo nan yon goulo. Vire anndan lanvè li ba ou andeyò ; tounen andeyò devan-dèyè, li ba ou anndan. Konsa, younn pa diferan ak lòt.
Verite-a sèke pandan nou ap viv deyò nou santi nou prale san nou pa vrèman rive transfòme tout bèl rèv nou genyen anndan nou yo sou tab reyalite lavi-a. Mwen santi se nan chemen jennen sa-a menm Pwofesè Maximilien Laroche gen lè rive : Se lòt bò lanmò ki anndan tout mounn. Nou tout nou mounn andeyò. N'ap reve pou n' bati anndan. Se pou nou touse ponyèt nou, navige, dongoye, goudiye pou n' rive kote nou prale a.
Kritik literè Ayisyen yo ka sèvi ak tout bèl mo yo vle, men nan chante ak nan travay save ki ap fèt deyò Ayiti yo, se lavi nou kòm mounn andeyò ak rèv ki makonnen anndan nou pou Ayiti ki enpòtan. Se goumen nou tout dwe goumen pou nou fè rèv sou papye tounen reyalite. Se la nou vle rive. Nou sèten rèv sou papye pran tan pou yo donnen reyalite, men nou pa dwe sispann reve. Tankou Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) di li nan Lèt Ife ak Soul ( 2006)
Lavi a chaje ak enpas. Nou dwe janbe yo younn apre lòt jouk nou rive nan aboutisman rasin nou. Sepandan, amezi nou ap avanse sou wout lavi, nou dwe aprann ajiste pasyon nou , youn fason pou nou rive kwoke dyakout nou mezi ponyèt nou ka rive ( Lèt Ife ak Soul, p. 66)
Nou gen anpil bèl rèv sou papye ki pran nan lawouli chita tann. Si nou kwè mwen manti, nou kab mande Tonton Jean-Price Mars, ki ban nou Ainsi Parla L'oncle. Nou jwenn tout kalite koze anba plim save Ayisyen toupatou sou Ainsi Parla L'oncle, men jouk jounen jodi a, bèl lide chanjman Jean-Price Mars te reve sou sosyete Ayiti a anndan liv sa a ap dòmi nan paj li te ekri yo a. Jacques Roumain bò kote pa li te rantre ak Manuel kòm nèg andeyò Ayiti, ki te soti sou tè Kiba, men lide Manuel yo, kwake yo fete 100 dat nesans Jacques Roumain, toujou rete kole nan paj Gouverneurs de La rosée.
Rèv ki fèt sou fèy papye ki ap simaye anba plim divès kalite save pran tan pou yo tounen reyalite, men nou dwe kontinye goumen pou rèv ki sou papye sispann mouri sou papye.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Post Reply