Ann jete Dlo Pou Pòl Larak

Post Reply
Michelange Hyppolite
Posts: 60
Joined: Mon Feb 12, 2007 8:41 pm

Ann jete Dlo Pou Pòl Larak

Post by Michelange Hyppolite » Sun Mar 11, 2007 9:53 am

Pòl Larak, ansyen ofisye Lame Ayiti, ekriven, ansyen pwofesè fransè nan Fhordam Prepatory School, sosyalis ki pa janm konvèti, te pati kite nou jou 8 mas 2007 ki sot pase a. Pòl Larak te fèt Jeremi jou 21 septanm 1920 an. Konsa, li kite nou nan laj 87 an. Pòl Larak te ekri an franse ak an kreyòl. Pami zèv li mouri kite, nou kab site :
Ce qui demeure (1973)
Fistibal [ pwezi kreyò] ( 1974 )
Les armes Quotidiennes ( Prix Casa Las Americas, nan Kiba 1979 )
Sòlda Mawon [ pwezi kreyòl ] ( 1987
Le Vieux Nègre et L'exil ( 1988 )
Oevres Incomplètes ( pwezi) 1999) eksetera.

Misye te pran ekzil de fwa, nan ane 1961 ak 1991. Premye ekzil li se te sou rejim Papa Dòk la nan epòk grèv etidyan yo. Epi dezyèm ekzil la se te youn ekzil volontè paske li pa te janm aksepte prezans Meriken sou tè Ayiti. Pandan ekzil la li te pran anpil baf. Se konsa nou te jwenn li kòm prepoze nan Paking Nouyòk pandan li te tounen sou ban lekòl pou li aprann angle epi kontinye etid li jouk li rive mare youn metriz nan Lanng Romàn nan Fhordam University.
Pòl Larak te rete youn modèl nan konviksyon li, fòs konbativite li ak entegrite li. Se nan sans sa a noumenm nan Sosyete Koukouy, nou deside temwaye misye, pandan nou ap jete twa gout dlo pou li ak swè pou li jwenn bon jan frechè nan peyi san chapo :


Deklarasyon Sosyete Koukouy
Nan moman
Lanmò Pol Larak


Chak ekriven nou pèdi se youn ja limyè ki file kite sobadji pèp la.
Sepandan, menmsi yo pati, yo pa pèdi pou sa. Yo retounen leve nan
plamen inosan ki pral kontinye trase vèvè lespwa sou modèl yo pati kite pou yo. Pòl Larak se lwa lespwa. Li pral kontinye danse nan tèt tyovi ki ap chèche limyè konviksyon ak entegrite menmjan ak li.

Soti nan ane 1950 yo pou rive nan dènye bout souf li, Pòl Larak
rete solidè nan batay pou vansman lanng kreyòl la ak pou chanjman nan
sosyete lakay la anba labanyè doktrin sosyalis.
Pòl Larak se Kako douvanjou. Lè li te fin kite Lame Ayiti, li twoke
bayonèt li pou plim nan defans kilti natifnatal la. Tankou li te di :

«An jenneral [ premye ekriven kreyòl] yo te gen de ( 2 ) rezon pou
ekri an kreyòl, youn rezon natirèl : se lanng yo, se lanng pèp yo, se
lanng nasyonal yo ; youn rezon politik : pou plen fose ki ekziste ant
entèlektyèl yo ak mas yo, e bay pèp la youn avangad revolisyonè pou
dezyèm endepandans lan.» (Paul Laraque prefas Zile Nou, Michel-Ange
Hyppolite [ Kaptenn Koukourouj] 1995)

Dayè nan youn konferans li te bay nan Sant Kiltirèl Mapou nan
Miyami, li te di :
«Premye Koukouy la se li, paske li te younn nan premye ekriven
jenerasyon 1950 yo , ki te louvri wout pou pwezi kreyòl la. »

Konsa, menm lè kò li te kòmanse ap faya, nou pa te ka di li te bay legen pou sa,paske lespri li te pran larelèv pou klere chemen-an bay lòt mounn ki sou wout ap chèche kouray ak libète. Pa gen anpil mounn nan kategori Pòl Larak. Men chak kote yo pase, yo kite mak yo ki tounen fedatifis pou lespri k' ap chèche vanyans ak konviksyon.

Se poutèt sa, nan Sòlda Mawon(1987 ), li ekri :
«Yon jou pase
Yon lòt jou kòmanse
Kote m' rete
Pitit mwen va kontinye...»

Se ak bèl pawòl lespwa sa yo, noumenm nan Sosyete Koukouy, toupatou kote nou tabli, ap di gran Kouzen Pòl Larak, ale anpè; ale jwenn
madanm ou, Marcelle, paske se nou tout ansanm ki pral kanpe sou tèt Mòn Wochas, nan peyi ou Jeremi, pou nou woule tanbou banbòch kreyòl la nan non lanmou ak libète pou tout pèp oprime sou latè.

Koukouy Kanada, Miyami, Tampa, Connecticut, Hampstead, Ayiti, Boston ak Nouyòk

Post Reply