Remanbre lakou a: Lèt toudekachte pou ekriven Ayisyen yo

Post Reply
Michelange_Hyppolite

Remanbre lakou a: Lèt toudekachte pou ekriven Ayisyen yo

Post by Michelange_Hyppolite » Mon Jul 05, 2004 5:18 pm

Remanbre lakou a : Lèt toudekachte pou Ekriven Ayisyen yo

Ak Michel-Ange Hyppolite

Nan chèche remontan pou mwen kontinye bay lespri lespri mwen fòs, mwen te deside li Piti Piti Plen Kay (1987) ak Serge Madhère . Lè mwen te fin li pwezi Serge Madhère la, Istwa Dayiti, se reyasksyon nou pral li la a mwen te genyen.

Depi gen ekriven. Depi gen mounn ki kab kanpe reflechi pou ankouraje ajisman nan bon sans, tankou Serge Madhère fè li nan tèks nou pral li a, peyi nou an paka mouri. Depi youn peyi gen mounn ki kab fè refleksyon yo vanse jouk yo rive tounen reyalite, peyi yo paka mouri.

Soti sou tan lakoloni, rantre nan 1804, tonbe anba premye lokipasyon peyi a, te toujou gen mounn ki te konn kanpe dyanm pou ankouraje ajisman nan sans amelyorasyon kondisyon lavi pitit Ayiti yo. Nou travèse anpil gwo dlo. Nou genyen plizyè lòt ankò pou nou janbe, alòs nou paka
kanpe, paske lavi se youn batay. Depi nou soti tou cho nan van manman nou, nou nan goumen epi nou kontinye goumen jouk nou ap gade de tèt zòtèy nou. Konsa, si nou vle gen youn peyi, kote pyèsmounn pa pe mache tèt bese, se pou nou kontinye batay , paske youn pèp ki sispann batay, se youn pèp zonbi. Noumenm ekriven ayisyen,nou pa zonbi. Nou dwe kontinye manche plim nou, menm jan ak Jean PRICE MARS epi plizyè lòt ankò, pou nou reveye sila yo ki ap kankannen nan kan zonbi a. Menmjan Klodonis, nan woman ki rele Dezafi a, ak Franketienne, te kanpe pou li te kraze kannkès zòfè, oungan malonnèt ki ta pe fè li pase tray la, nou di fòk pawòl la mache, paske Jeneral solèy ap soufri nan pasay. Si nou kite yo koupe tèt solèy, ki kote nou pral kalinda pou poul la bat? Ki kote nou pral enstale Anthenor Firmin,Jacques Stephène Alexis, Claude Innocent , René Philoctète ak tout rès yo ki pa te janm mennaje kouray yo pou defriche wout pou solèy la?

Aktè, ekriven nou yo kreye pou nou, ap toujou rete vivan nan
lespri nou.

Lè ekriven yo vle tounen simbi andezo. Lè ekri yo konprann yo byen konte nan konpòtman politik yo, poutan, se mal yo te mal kalkile, se aktè yo prezante nan liv yo ekri yo, ki pral reveye yo, poze yo kesyon sou sa yo abitye ekri. Kesyonne yo sou ak aksyon yto. Mande yo pouki pawòl yo an dezakò ak aksyon yo?

Ekriven yo se mounn, ak fòs yo feblès yo, men, aktè pozitif yo deja kreye yo, se zam popilè ki pou ede nou konbat anba move enpas delala peyi a ap travèse a. Se menm aktè pozitif sa yo, ki dwe prete ekriven nou yo zèl, pou yo kab twoke pasyon pou larezon. Se konpòtman pozitif aktè, kou Manyèl nan «Gouverneurs de La rosée» ak Jacques Roumain, nou dwe eseye suiv pou ede nou mache tèt drèt nan peryòd blakawout ki ap demantibile lapawòl anba plim ekriven nou yo. Sakris Manyèl te fè pou li te mennen dlo a nan Fonwouj , rejyon kote kòd lonbrit te entre a, se youn ekzanp kote Manyèl te kite enterè pèsonèl li lwen dèyè nan enterè kolektif rejyon an. Si nou transpoze eksperyans
Manyèl la nan dimansyon peyi a, nou kab di: nou dwe kite enterè pèsonèl nou akote pou nou wè byennèt mounn nan tout nivo anndan peyi a.

Kounye a ann li pawòl Serge Madhère :

[quote]Istwa Dayiti*
Ak Serge Madhère

Lè blan panyòl vini, di li dekouvri peyi-n
Li te sot lakay li li pa te konn kote li prale
Men chans pa li, devenn pa nou van pouse li bò isit la
Li di se bondye ki voye li pou li vin sivilize nou

Li deklare nou se sovaj, nou se yon bann zannimo
Li di nou se manjèd mounn, kant li manje mounn pase nou
Li devore san kite tout ras Endyen nan zòn lan:
Chak fwa li detere lò, li te antere Endyen

Lè ras Endyen vin fini, kòm lò a pa te ko fini
Li pati l'al chèche nèg jouk nan fon zantray Lafrik
Pil sou pil anba lakal li bwote nèg janbe dlo
Vin swe san Sendomeng, fè larenn Izabèl bèl

Lapati vin tèlman bèl blan Franse di: li mande pa li
Blan Franse genyen gwo je, fòk nan pwen pou li pa pran
Men blan Panyòl chichadò, sa
ki nan men li pa soti:
Yo tonbe pledi redi jouk peyi a fè de bout

Libète se bannann, li pran tan pou li donnen
Li mande anpil travay, li mande anpil batay
Nèg rasanble kouray pandan twasan lane
Jouk li fè libèt donnen nan tèt dyòl youn fizi
Nèg travay, nèg batay, nèg fè 1804.
Men depi 1804, sanble kat la mal brase :
Rat kay ap manje pay kay, pèp la ap manje raje,
Papa nou te bat lesklavaj, yo bliye bat malveyans

Rive sou 111 lane, Meriken vin met pye
Tinèg vin aprann achte pèl figi Jòj Wachintonn
Zwezo blan ak zwezo nwè met ansanm pou yo piye-n
Lendepandans lan pouri jouk li santi depandans.

Ant tout kalite blan mannan peyi a vin separe
Yon moso pou Makdonal, youn moso pou min Renòls,
Yo voye bay Batista, yo voye bay Tourilyo
Nèg t'ap vann frè li grenn pa grenn, kounye a li vann pa rejim

Nou konn tout sa ki vann, nou konn tout sa ki achte
Ki valè ki gaspiye, ki valè y'al sere
Zafè sa ki byen konte, men ki mal kalkile
Yo pral gen
vant pase lè yo genyen pou yo peye[/quote]
* Tèks sa a soti an youn liv ki rele Piti Piti Plen Kay, p. 69-70, 1987


Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) Ottawa

Post Reply