Presidents of Haiti

Post Reply
User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Presidents of Haiti

Post by admin » Sun Mar 21, 2004 12:27 pm


This data is drawn for the most part (45th entry, excepted) from a Michael Heinl post to the Corbett List. If not historically accurate, feel free to post any amendment -- or to comment in general:

1. Dessalines - 1806 - ambushed Pont Rouge

2. Petion - March 29, 1818 - died in office

3. Christophe - Oct. 8, 1820 - Christophe kills self

4. Boyer - Mar. 13, 1843 - Boyer abdicates, sails to Jamaica as rebels advance from South.

5. Riviere-Herard - May 3, 1844 "deposed" while in Santo Domingo

6. Guerrier - Apr. 15, 1845 Guerrier dies at St. Marc of natural causes

7. Pierrot - Feb. 28, 1846 - "deposed" by St. Marc soldiers

8. Riche - Feb. 27, 1847 - Riche dies in office

9. Solouque - Jan. 15, 1859 Soulouque abdicates after revolt breaks out in North

10. Geffrard - March 13, 1867 Geffrard flees to Jamaica in the face of armed re
volt

11. Salnave - Jan. 15, 1870 - deposed by armed troops, shot

12. Nissage - May 21, 1874 - Nissage yields power 6 days after end of his term when faced with army revolt

13. Domingue - Apr. 15, 1876 - Domingue violently deposed

14. Boisrond - Canal - July 17, 1879 Steps down in face of armed rebellion

15. Salomon - August 10, 1888 - steps down in face of armed rebellion

16. Legitime - August 22, 1889 - steps down in face of armed rebellion

17. Hyppolite - March 16, 1896 - dies of stroke while setting out to suppress armed revolt

18. Simon Sam - May 12, 1902 - abdicates in attempt to stage succession

19. Nord Alexis - Dec. 20, 1908 - abdicates in face of armed rebellion

20. Simon - August 14, 1911 - abdicates in face of armed rebellion

21. Leconte - August 7, 1912 - dies in explosion of Palace

22. Auguste - May 3, 1913 - dies of natural causes in office

23. Oreste - Jan. 27, 1914 - resigns in face of armed rebellion
n
24. Zamor - Oct. 30, 1914 - abdicates in face of armed rebellion

25. Theodore - 22 Feb. 1915 - abdicates in face of armed rebellion

26. Guillaume Sam - 27 July, 1915 - killed after being dragged from French legation where he had sought refuge

27. Dartiguenave -15 May, 1922 -peacefully hands over power at end of term

28. Borno - 15 May 1930 - peaceful handover of power

29. Roy - Nov. 18, 1930 peacefully hands over power

30. Vincent - May 15, 1941 - hands over power to Lescot after an election

31. Lescot - January 11, 1946 - hands over power to military Junta after general strikes

32. Estime - May 10, 1950 - deposed by Army

33. Magloire - Dec. 12, 1956 - goes into exile when faced with Army ultimatum a few months after end of term

34. Pierre-Louis - 4 February 1957 - resigns in face of strikes

35. Sylvain - 2 April 1957 - resigns, arrested

36. Fignole - 14 June 1957 - resigns at gunpoint from Army

37. Duvalier, Fr
ancois - 21 April 1971, dies in office

38. Duvalier, Jean-Claude - 7 February, 1986 -turns over power to army Junta

39. Manigat - 20 June 1988 - ousted by Army

40. Namphy - 17 Sept. 1988 - ousted by Army

41. Avril - Mar. 10, 1990 - resigns when confronted with collapse of support

42. Trouillot - Feb. 7, 1991 - hands over power peacefully

43. Aristide (1) - 30 Sept. 1991 - Army takes over - Aristide still
President, though in exile

44. Preval - Feb. 7, 2001 - hands over power to elected successor at end of term as scheduled

45 Aristide (2) - Feb. 9, 2004 - deposed by U.S. Marines after armed rebellion supported primarily by U.S., France, and Canada

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Mon Mar 22, 2004 4:44 pm


Good points, Jaf! I welcome any historically relevant commentary that will help newer generations undertand better OurStory.


User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Wed Mar 24, 2004 10:30 am

Bon, se yon remak valab men li klè gouvènman an te pèdi kontwol li ta nòmalman fèt pou l genyen sou tout teritwa a. Pòtoprens te vin izole plis chak jou. Ki sa ki ta va pase si Meriken yo pa te dechouke Aristide epi voye li lan egzil jis nan kontinan Lafrik?

Gouvènman te kap pèdi kontwol tout peyi a eksepte Pòtoprens - ni lan Nò (Nòdès, Nòdwès, Plato Santral, Latibonit), ni nan Sid (depi Tigwav jis Tibiwon). Kòm Pòtoprens pa kab siviv vre san sipò rès peyi a, gen yon "enplozyon" ki te pral fèt to ou ta. Yon enplozyon ki te kab dejenere nan yon gè sivil ki "pi jenosidal" pase "vendetta" k ap dewoule kounyè a kont patizan Aristid yo. De tout fason, Pòtoprens pa Ayiti.

Menm si rebèl yo pa te resi pèse barikab patizan Aristid yo (mwen dakò avèk ou ke yo te egzajere fòs rebèl yo anpil), pa bliye lenmi Aristid yo tap pilile nan Pòtoprens tou. Nan kondisyon sa, mwen pa wè kouman Aristide tap kapab kontinye kòm chèf gouvènman pandan
2 an ankò. Pou mwenmenm, se te yon enposibilite e mwen konkli ke Meriken yo te sèvi ak rebèl yo tankou ou kab sèvi ak yon kavalye pa egzanp lò w ap jwe yon pati echèk. Yo sèvi ak pyès sa pou kwense Aristide dèyè yon ranpa kote li pa te kapab manevre ankò. Apati de la, se te "echèk e ma" an 2 kou, e se sa nèg yo reyalize.

Kidonk, mwen kwè rebelyon an te yon gwo faktè nan egzekisyon plan an, men mwen dakò avèk ou 100% se pa yo ki te "brenn" dèyè plan sa.

Antouka, pierreau, mwen kontan remak la ou fè la, paske nou kapab diskite sou sa. Gen de lè, chak nèg konprann se yo ki gen verite a e an tan ke se yo ki gen verite a, yo pa bezwen diskite l ak pyèsmoun. Men anvan yo bat je yo, limyè verite sa yo te kwè yo te genyen an gentan mouri nan fè nwa. Yo di verite pa janm mouri, men gendelè li tèlman anfouye, lò li fè jou moun pa kè ankò.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Mar 25, 2004 10:51 am

Bon, mwen pral kite lòt moun rantre nan won. Dènye bagay mwen vle di, sè ke agiman mwen se pa ke enperyalis yo vin sove lanasyon. Agiman mwen sè ke yo te kreye tout kondisyon dapresavwa Aristide pa te kapab kontinye gouvène ankò. Men se pa eskiz m ap chache pou koudeta a.

Gouvène yon peyi se pa chita nan palè sèlman. Se vre jan ou di Sid peyi a te kenbe. Se yon pwojeksyon mwen tap fè. Men alaverite mwen pa Antwan Nangomye. Sa vle di mwen pa konnen tout bon vre. Èske Aristide tap kapab reprann kontwòl Gonayiv, Okap elatirye? Mwen doute sa fò, epi msye pa te menm eseye menm. Petèt li pa te gen mwayen. Petèt li tap chache evite plis san koule. Sa ki enpòtan an, se pa ke te gen sèlman 100 rebèl oswa 2,000 rebèl. Sa ki enpòtan nan lespri pa m, se kòm chèf deta ki kontwòl Aristide te genyen sou teritwa nasyonal la toujou? Èske kontwòl sa tap ogmante (apa SenMak) oswa li tap diminye? Eske te gen siy rezistans tout bon vre nan Latibon
it, nan Depatman Nò, elatriye nan favè gouvènman an?

Mwen wè agiman w lan chita sou èske 100 rebèl te kab pran Pòtoprens tout bon vre. Agiman pa m lan pa chita sou sa. Agiman m lan chita sou 2 pwen: a) ki kontwòl Aristide te genyen kòm Prezidan Dayiti (28,000 kilomèt kare) e kòm Prezidan tout Ayisyen (8 milyon moun). Antouka, mwen pap chita fè espekilasyon. Mwen senpman rapòte yon dinamik ki tap devlope rapidman ki pa te anfavè gouvènman konstitisyonèl la. Si mwen konstate sa, se pa okenn enperyalis m ap ofri okenn eskiz ni okenn jistifikasyon. Dayè sa nèg yo te bezwen an, yo abouti sou li e se pa entèpretasyon pa m ki pral fè okenn diferans. Lò w ap chache verite a, ou pa mete nan tèt ou ki moun oswa ki lòt moun li pral sèvi. Ou jis fè konsta a, se tout.

Mwen pap janm di blan an mèsi pou koudeta a. Sèl bagay mwen te vle fè w wè sè ke koudeta sa fèt nan plizyè etap. Aristide pa te gen kontwòl sitiyasyon ankò e li pa te fè yon apèl revolisyonè bay pèp la pou pote gouvènman yo sekou nonpli
s. Li te rete kwè li te kapab dejwe blan yo jiskaske blan yo mete msye nan avyon an. Si msye pa te monte nan avyon an, gen tout chans li pa tap vivan jounen jodiya. E rebèl yo pa te menm bezwen rantre nan Pòtoprens pou msye te konparèt devan Jij Natirèl li.

E se pa pa rekonesans mwen di sa. Mwen jis wè aboutisman yon pwosesis ki tap dewoule depi plizyè ane. Konklizyon an pa te inevitab, men si w ap tann jis dènye kout kat la pou jete las ou, se wè ou va wè yo fè desansenkant sou ou tout dangriyen. Eske se pa sa ki pase la?

Antouka, mwen kontan entèvansyon w lan, men mwen ta renmen wè sa lòt moun panse sou kesyon sa tou.

Kenbe fèm.


Morisseau
Posts: 50
Joined: Fri Dec 12, 2003 7:26 pm

Post by Morisseau » Thu Mar 25, 2004 11:08 am

Bon, mwen pa fin dako ak jan guy konprann reyalite rebel nan kad yon fos efektif pouta fose Aristid bat ba efektivman. Map bay rezon ki fe mwen konprann sa konsa. Kom nou tout te konnen, ofansiv sikolojik la te elaji bagay yo plis pase jan yo te ye nan kad manipilsayon opinyon kitap fet la yo. Setadi, kom mwen te mansyone'l plizye fwa nan lot entevansyonm yo sou kesyon sa, pretansyon rebel yo te genyen an pat mache ak reyalite "viktwa yon batay" efektif. Si nou sonje byen, polisye yo, eksepte pou zon "hinche" la kite kanpe goumen pou pedi apre lanmo komise-a, se kouri yo kouri pou kelkeswa rezon an san poutan viktim fizikman anba men rebel yo. Sa vle di, Lapolis akoz de tout fos li ki toujou rete entak, te toujou gen opsyon redefini yon strateji apwoprye pou mete rebel yo an echek nenpot kile jan sa te fet pou "senmak", ti gwav ak lot zon ki te pretandiman tonbe anba men rebel yo. Se te plis yon kesyon "ki meye strateji ki pou an plas pou evite twop san inosan koule?". Anplis de sa, Kesyon rebel yo kontwole tout teritwa-a jan sa tap pale nan lapres la, pat konfom ak reyalite-a nonplis sanke mwen pap pretann ke gouvenman an te kontinye gen kontwol res peyi nonplis. Jan mwen we kesyon sa seke, non selman prezidan Aristid te fe yon chwa konsyan pou evite yon ben de san nan refize odone afwontman direk ak rebel yo men, tou pa bliye, te gen mannev kap fet pou jwenn ranfo nan men kominote entenasyonal la malgre tout ipokrizi nou tout te remake sou koze sa. Alafendefen, menm jan Afrik di sid te deside fe sa, anpil lot peyi ki respekte tet yo, ki zanmi Ayiti epi kwe nan demokrasi pou rejyon an, tap vin pote kole pou fe echek ak rebel yo. Li kle pou tout moun ke pat gen tan egziste yon komandman nasyonal inifye pou jere mouvman kowodone rebel yo pou garanti yo kenbe yon konpa ki definitivman tap twop pou yo. Ebyen, Ayiti sa se yon piyay. Pou yon mouvman spontane jwenn strikti adekwa pou kontwole li militeman! Li senpman pa reyalis pou parye lajan'w sou yon apwoch konsa. Majorite-a te plis ap tann pozisyon piblik prezidan an pou reyaji kom nou tout konnen. E mwen panse se te la yon pyej ki te tann pou te pwouve lemond ke prezidan an se yon sangine menm jan ak yo. Erezman, sa pat pase konsa. Gen moun ki ka tonbe nan pyej kantite vil ki deja ton be yo pou kwe ke rebel yo tap kowodone aktivite yo efektivman. Se byen malere ke gen nan nou kap we kesyon an konsa e mwen ka konprann yo si yo pa abitye ak strikti ki pou anplas pou gen yon mouvman nasyonal ame byen kowodone. Antouka, Meriken te konprann reyalite-a menm jan ak mwen le yo remake ke se senpman kek jou ki rete pou majorite-a fe viktwa sou rebel yo le yo remake ranfo komanse sou dlo epi Titid pa brannen menm anba presyon yo tap egzese pou'l demisyone volonte yo. Setalo yo deside sou non okenn prensip "kidanpe" prezidan an pou mete majorite-a fas a yon eta de fe akonpli. Eske nou pat li "haiti info' nan atik li ki ta fe kwe ke Gi filip sanble ta blofe meriken nan fe yo kwe ke li gen efektif plizye milye aloske se senpman yon swasanten ak yon ti kraze gason ak zam yo te genyen? Eske nou pa li kote ki di li pat pys rantre soti sendomeng ak 2 kamyon zam ak gason pou vin pran komandman rebel yo? tout ti demi-verite sa yo gen pou fe sifas pazapa. La anko, atik sa gen anpil pwopagann pou pwouve inosans meriken sou dosye sa. Se poutet sa menm mwen ankouraje nou chak pou pa kite pyes OkAZYON CHAPE POU PA "EKRI PWOP ISTWA" NOU SOU EVENMAN JODI YO. Timoun nou yo gen dwa pou konnen verite yo e pep Ayisyen an menm gen dwa sa tou. Se reskonsablite nou chak konsyan sa yo ki pou fe devwa sa pou yo. Nou pap ka kite moun sa yo antotye verite-a nan eta sa pou fe vesyon detounen yo-a pase san okenn "challenge". Antouka, mwen pa we kouman dot ke Prezidan an tap kite pouvwa-a andeyo de mwayen ilegal epi gwo ponyet meriken fe sou li-a. Etan done listwa toujou fe sipriz, nap prepare nou pou swiv ki repons kap vin deye atwosite imoral sa. Nou gen yon reskonsablite pou fe moun konprann reyalite-a san pe ke moun pral pran nou kom moun ki pap mache avek le tan oubyen ki paka fe yon analiz balanse devan yon eta de fe akonpli kom se sa yo panse.

User avatar
admin
Site Admin
Posts: 2152
Joined: Thu Nov 13, 2014 7:03 pm

Post by admin » Thu Mar 25, 2004 1:34 pm

Onè Morisseau! Anrezime, mwen kwè nou touletwa dakò se meriken yo ki jete gouvènman Aristide la. Sa nou pa fin dakò sou li se wòl rebèl yo jwe a. Men mwen pa fè twòp diferans ant rebèl yo ak meriken yo. Mwen kwè se te debakman premye divizyon telegide a. Mwen kapab fatalistik twòp, men mwen kwè gouvènman an te pran nan twa wa e malgre sa ou di yo, li difisil pou mwen imajine ke li tap soti ladan.

Mwen rete kwè tou ke opinyon mondyal la te peze plis nan balans lan ke fizi Afrikdisid tap voye bay gouvènman an. Jwèt la te make san. Mwen pa te kwè nan okenn radòt Colin Powell yo. Nèg nan mezon blanch lan te deja deside pou Aristide al fè wout li e li pa te twouve bon jan opozisyon sou pozisyon li. Nèg sa ap mache fini tout travay papa li te kòmanse. (Nou wè sa nan Irak, nou wè sa Ayiti. Tou sa tou se preliminè pou Venezuela ak Kiba). "Se bon Dye" kap gide li, li di, e lò "se Bondye" kap gide yon nonm nan lagè, nan pwen zak nèg sa pap
komèt.

Nan ka Ayiti kòm nan ka Irak, se te "lanmou demokrasi" tou.

Antouka, mwen pa yon ekspè militè, kidonk sa vle di petèt te gen posibilite pou: a) gouvènman an te repouse rebèl yo de tan twa mouvman; b) pou Ayiti-KARIKOM-Afrikdisid te resi kontrekare detèminasyon Etazini-Lafrans-Kanada; c) ke fòs polis yo tap resi mete lamen sou Guy Phillipe, Buteur Metayer, Jodel Chamblain, Winter Etienne, Jean Tatoune elatriye epi mennen yo lajistis; d) epi Aristide tap kapab retounen nan gouvène peyi a kòmsadwa.

Sonje sa ki mennen konvèsasyon sa. Mwen pa te di rebèl yo te jete gouvènman an non!! Men sa mwen te ekri: "deposed by U.S. Marines after armed rebellion supported primarily by U.S., France, and Canada"

Mwen kwè Pierreau te pito mwen di: "deposed by U.S. Marines", sam mwen pa mansyone rebèl yo. Bon, de tout fason mwen pa kwè sa pral chanje reyalite a.

Kounyè a, se kijan pou nou fè fas a reyalite okipasyon an nan jounen jodi a? Eske se nan goumen fizikman kont nèg yo oswa ge
n mwayen ki pi efikas pase sa?

Mwen kwè disksiyon sa ta kab itil anpil e mwen kwè nou kab itilize espas entènèt la pou nou fè sa depi se pa zak vyolans nou vin diskite. Mwen kwè diskite zak vyolans sou entènèt se yon bagay ki enbesil anpil paske se sa ki ta va kraze ti espas sa nou twouve pou nou kowòdone fòs konviksyon nou. Men si nou kwè nan lòt fòm presyon pou Ayiti vin MÈT tèt li ankò, nou kapab itilize espas entènèt la menm jan ak tout kalite lòt espas demokratik yo.

Sa ou panse?


Morisseau
Posts: 50
Joined: Fri Dec 12, 2003 7:26 pm

Post by Morisseau » Thu Mar 25, 2004 3:37 pm


Respe pou ou Guy!

Mwen li tre byen remak ou yo epi konprann pi byen lojik ou tap swiv pou abouti ak reflksyon ou te fe avan yo. Kom ou konnen, pyes nan nou pa nan sekre zanj yo eke, sel resous pou balanse analiz nou yo se konpilasyon tout enfomasyon nou ka kolekte an konparezon ak presedan yo nan limye konjonkti aktyel yo ki yo menm marye ak ide teknik nou petet ka genyen sou kesyon an ki vin abouti ak analiz nou yo. Anpil fwa, le sous enfomasyon nou genyen yo pa twonpe nou telman epi nou fe referans korek ak presedan yo elatrye, nou plizoumwen ka rapwoche nou le plis posib ak reyalite-a nan jan li-a. Alos, se toutafe nomal ke sou kek pwen, an fonksyon de enfomasyon ki disponib yo bo kote youn lot, nou ka pa dako sou yon pwen kelkonk. Sepandan, souvan, le menm lespri-a souverennte nachon an ak lot ki gen arevwa ak koz sakre ke nou tout ap defann nan kise "Yon Haiti kote pitit li yo kap viv nan la "DIYITE" ak lape nou dako youn ak lot sou pwen santral kesyon an. Mwen dako ak Pierreau le li egzije de ou presizyon sou kesyon rebel/ marines yo men, mwen apresye apwoch ou fe le'w di ou pa diferansye de antite sa yo. Sa pwouve nou ke nap di menm bagay men nan lot langaj. Se sak fe li enpotan tou pou nou kontinye rele jan'w te di'l avan, "defacto, defacto" "poupe twel, poupe twel" "prezidan eli, prezidan eli". Presizyon sa yo enpotan piske li afiche refi nou pou pran zannana pou sizann. Li di tout moun ki ka konprann akle ke nou refize aksepte eta de fe-a jan yo vle'l la men pito tolere li jouktan nou defini meye mwayen pou wete'l nan figi moun ki respekte tet yo nan chwazi pou Ayiti peyi nou granmoun tet li. Mwen vle pwofite reponn a kesyon'w poze pi ba kom ou te poze'l nan yon lot entevansyon sou yon lot fom. Ou mande:

Kounyè a, se kijan pou nou fè fas a reyalite okipasyon an nan jounen jodi a? Eske se nan goumen fizikman kont nèg yo oswa gen mwayen ki pi efikas pase sa?

Monche guy, opsyon yo anpil devan nou. E ou te met kwe mwen, bon jan itilizasyon pral fet de yo le moman an favorize sa. Se tap yon ILIZYON san parey pou yon nonm ta kwe oubyen ta ap tante fe moun kwe ke nou ka mennen yon batay ame kont okipan an jan sa te konn fet nan tan pase yo. Mwen pesonelman, malgre tout disponiblitem pou batay pou restore diyite peyi mwen, se premye moun ki pral nan yon ponp fineb pou planifye anteman moun sa. Mwen tap ba'l madichon kon yon mechan ki san moral piske lap dirije pep la a la bouchri si li konsyan de kapasite reyel okipan an an matye milite. An patan, ou tap fasilman we se yon nonm ki pa gen yon nosyon milite, kidonk, pa kalifye pou oganize okenn aksyon ame. Mouvman PASIFIK pep Vanyan D'AYITI-a vle mennen pou reprann grandet li-a pa danse kole ak VYOLANS, pwen ba.

Fok nou oganize yon mouvman mas ki moden. Se pou nou abitye mas la ak nosyon lape-a sou fom pratik li.

Fok nou ankouraje yon DIVOS efektif ak tout ansyen metod revancha epi tosyone pou apresye nosyon lape-a sou fom pratik li. SERELE! Nou gen reskonsablite sa nan diskou ak entevansyon piblik nou yo. Nou dwe jwenn sipo tout antite ak endividi ki pa kwe nan vyolans yo pou akonpayen nan batay jis sila-a. Nou gen pou nou fe tande vwa majorite-a le moman an pewmet sa nan tout radyo, televizyon ak jounal ekri ki disponib pou sa yo. Nou gen pou anklenche kanpay fomasyon pou mouvman mas yo pou ofri yo yon altenativ AKSYON san vyolans ki va manifeste nan itilizasyon efektif kanal legal pou fe dosye RESTITISYON an vanse. Koz la se pou pep Ayisyen li ye. Si lafrans kwe kidnaping TITID se fen dosye RESTITISYON an, eben, lap konn JOJ. Se pou nou anpeche sou tout fom li ke pitit pep la tonbe nan mawon jan sa ap pase la.

Fok nou devwale zak malonet okipan an ap komet koulye-a nan peyi-a nan sasinen pitit pep la pa paket epi anpeche yo bay lapres manti nan pa mansyone kadav ki pa sou je yo.

Fok nou veye pou arestasyon yo fet nan kad lalwa epi pou pote koreksyon le sa fet otreman.

Fok nou konnen de ki prevyen ak tout "pote dispari" sa yo kap fet chak jou bondye mete nan peyi-a sou konplisite ak aksyon konbine okipan yo ak PNH la.

Fok nou kanpe ankwa fas ak menas retou lame-a piske sa se kanse demokrasi li ye menm nan kilti politik nou an ayiti. Se pou listwa pran kan'l nan raple tout vye zak tout kalte fos represif sa fe sou inosan nan peyi-a depi kreyasyon'l pa okipan/tosyone sa yo.

Fok nou pwouve moun ki refize konprann sa ke lame dAyiti pa yon nesesite pou Ayiti vi plizye fakte tankou: Li te reprezante anviwon 70% nan bidje nasyonal la, li pat janm ka konpli misyon'l ki ta sipoze pwoteje teritwa-a kont lenmi malentansyone, piske se pep la yo pran kom lenmi, radot moun ap fe bri nan mansyone menas Sendomeng la se bobin piske prezans lame dAyiti paka anpeche sa fet si Meriken bay otorizasyon pou sa, Risk vyolasyon dwa moun nan ap two elve pou nenpot gouvenman sivil, se tap yon enstriman danjere pou nenpot prezidan ki refize fe poupe twel meriken ak lot, Se plis chelbe, pran fanm moun ak zak piyay tankou ko zenglendo ak lot ki tap pral repete plis nan peyi-a ak tandot rezon ki jistifye refi nou fas ak danje sila-a. Anplis de sa, si ako entenasyonal pou sekirite pa ka pwoteje Ayiti ak yon fos polis pou pwoteje ak sevi sitwayen yo, se pa lame dayiti ki pral ka anpeche anyen fet ki ta soti lotbo dlo.

Fok nou kontinye bwase lide-a pou louvri je sou bel chimen libete ak diyite ke peyi-a ka pran pou garanti devlopman efektif li an granmoun kay li.

Fok nou devlope epi kenbe bon jan relasyon koperasyon ak lot peyi vre zanmi Ayiti.

Fok nou ranvese tandans femen inivesite pou louvri kazen kap feraye nan peyi-a.

Fok nou ranfose kapasite polis nasyonal la antank garan sekirite tout moun nan peyi-a.

Fok nou dako nou ka gen opinyon ki diferan youn de lot san anpeche nou travay pou byenet peyi-a pou sa.

Fok nou konjige efo nou pou voye okipan an ale.

Fok nou tounen nan nomalite konstitisyonel anndan peyi-a.

Fok nou goumen pou fose moun sa yo respekte preskripsyon konstitisyon an nan kad jesyon peyi-a.

Fok nou patisipe si nou vle sa chanje, fok nou komanse kounye-a menm selon jan nou kapab tout kote nou kapab jouktan nou pakapab anko.


Post Reply