POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON

Post Reply
jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON

Post by jafrikayiti » Sun Mar 30, 2008 8:55 pm

POU YON KONSTITISYON KI OSÈVIS LANASYON

Jafrikayiti, 30 mas 2008

Ayè 29 mas 2008 la te fè yon dokiman ki batize “Constitution de la République d'Haiti (1987)” venteyen (21) rekòlt kafe. Anivèsè sa a rive nan yon moman kote anpil moun ap lonji dwèt madichon sou dokiman sa a ki, daprè yomenm, responsab anpil latwoublay nan lavi nasyon ki te adopte li kòm sèl bousòl li jou ki te 29 mas 1987 la.

Sòti sou Prezidan René Préval ki deklare kare bare nan diskou 17 oktòb 2007 la « m gen konviksyon Konstitisyon 1987 la, manman lwa peyi a, se yon gwo sous enstabilite pou lavni peyi a »[1], rive sou pitit peyi a, ki gaye toupatou sou latè, ki ap brase lide sou entènèt la osijè kesyon takou doub nasyonalite, lantèman ofisyèl osnon rezireksyon defen FAd'H, nou remake yon dividal dwèt ki ap lonji sou katafal defo yo di ki chifonnen figi grandèt 21 lane a.

Nan dènye semèn ki sot pase yo, se andedan chanm Sena a menm yon eskandal te pete ant fèzèdlwa yo. Kòmalòdinè, anpil dwèt madichom te gen tan lonji sou « grandèt sententèwonp » lan (Manmanlwa peyi a) paske, vwalapiltpa, kontrèman ak sa li prevwa, ankèt fouyadò fè konnen gen plizyè manm Sena a, pami yo vis-prezidan an, Rudolph Boulos (Fusion), epi yon manm pati opouvwa a, M. Ultimo Compère (Lespwa), ki genyen paspò Ameriken.

Apre gwo eskonbrit, san bliye menas ak deklarasyon ki fèt nan laprès, nan lachanm e menm “au cabinet” (paske ou tou konnen avoka yo pa ka pa la)….vwalatilpa, sou baz rapò yon komisyon li te tabli espesyalman pou sa, Chanm Sena a pran dezisyon òltègèt ni M. Boulos, ni M. Compère. Rezilta : alèkile, gen 3 plas vid nan Chanm Sena Repiblik la. Youn, se plas dezyèm Senatè Latibonit lan ki vid depi lanmò trajik defen Senatè Noël Emmanuel Limage nan aksidan machin jou samdi 20 janvier 2007 la; Yon dezyèm, se plas twazyèm Senatè depatman Sant lan ki vid depi rezolisyon Sena Repiblik la ki òltègèt mouche Ultimo Compère 17 mas 2008 la ansanm ak mouche Rudolph Boulos ki, limenm, te abitye chita nan twazyèm plas ki vin vid la, asavwa, plas premye Senatè depatman Nòdès peyi a[2].

Mezanmi, men nan ki sikonstans jounen 29 mas 2008 sa a rive sou nou !

Moun ki gen bon memwa va sonje ki jan, ane pase vè lè konsa, se yon rapò ki batize «Rapport sur la question constitutionnelle préparé par Claude Moise et Cary Hector »[3] ki t ap fè aktyalite – pou yon ti bout tan. Orezime, malgre dokiman sa a te pran lari depi 26 mas 2007, se jis apre diskou Prezidan Préval fè 7 mwa annapre piblikasyon rapò Moise-Hector la, nou te koumanse li reyaksyon anpil zotobre ki oswa ap bat bravo lakontantman osnon ki rele anmwey adiltè! dèyè pwojè « gwo pase men » Prezidan Preval di ki nesesè nan Manmanlwa peyi a[4].

Nan kad tout pale k ap fèt sou koze a, menmsi mwen pa ekspè nan zafè refòm konstitisyonèl, mwen ta vle dakò ak sila yo ki di se vre gen nesesite pou pèp Ayisyen adopte yon konstitisyon tou nèf. Mwen di sa, paske mwenmenm tou mwen wè nesesite pou nou regilarize yon dividal kesyon tankou estati FAdH ki nan koma depi ane 1995, estati dwa sivik ak politik pitit Ayiti ki gen sitwayènte lòt peyi, elatriye… Mèzalò, mwen gen gwo enkyetid lè mwen founi je gade rapò Moise-Hector la ki pa di krik sou yon seri kesyon ki, daprè mwemenm, pi fondamantal pase sa yo soulve nan kad etid (sitou istorik) yo te fè a.

Gen yon seri atik nan Konstitisyon 1987 [5]la ki, nan je pa m, pa respekte dwa granmoun nasyon an.

Paregzanp, nou ka site, Nimewo 284-4 ki di:
« Yo pa janm gen dwa fè okenn chanjman nan Konstitisyon an, si chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, oubyen si chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò ».

Mwen pa konstitisyonalis, se vre, men mwen pa konprann ni pye ni tèt yon deklarasyon parèy. Kidonk, si Ayisyen ta deside yo vle tabli yon lòt fòm gouvènman yo ta jije ki plis nan enterè yo, yo pa ta janm gen dwa pran desizyon sa a?

Nou ka site tou, Nimewo 284-3, ki di:
« Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan Konstitisyon an ».

Pou mwenmenm, se la ne koze a ye. Tout nasyon gen yon sèl otorite siprèm, se nasyon an limenm menm. Kidonk, si li gen yon Manmanlwa li vle chanje, an prensip, nanpwen moun, osnon otorite ki ta ka anpeche li fè sa.

Si gen yon « gwo pase men » ap fèt nan Manmanlwa peyi a, se lemoman pou nou ta asire nou NASYON an reprann dwa granmoun li aklè nan dokiman sa a. Ojis, san egzajerasyon, nou konsidere se yon koudeta konstitisyonalis yo te fè sou do Nasyon an ak prezans atik sa yo nan konstitisyon 1987 la. Ou kapab di konstitisyonalis nou yo te trete kolektivite Ayisyen an tankou timoun piti. Daprè mwenmenm, toutotan nou ap viv sou prensip sa a, nou ap febli kapasite nou, e nou ap rann tèt nou vilnerab pou nou viv nan chirepit entèminab. Kidonk, nan yon sans, mwen vle dakò ak Prezidan Préval nan lamezi mwen rekonèt konstitisyon aktyèl la ka sèvi yon sous enstabilite politik. Mèzalò, veritab koupab yo se pa dokiman an, se moun ki ekri l epi ki ap sèvi ak li yo. E, nan kad reyalite aktyèl peyi a, mwen remake yon move tandans, kote « elit » Ayisyen an pa vle aksepte yon seri prensip de baz ki nesesè pou yon nasyon genyen yon konstitisyon ki ap sèvi enterè (kolektif) li. Menmjan ak konstitisyon li pran reponsablite ekri a, elit yon nasyon la pou li sèvi nasyon an, li pa la pou li pran plas nasyon an. Nou pa ta dwe konfonn relasyon yon elit ak pèp li fè pati de li a, kòmsi se ta relasyon yon granmoun majè (elit la) ak yon timoun minè (nasyon an). Okontrè elit la (kit se entèlektyèl, politik osnon ekonomik) se yon souzansanm nasyon an li ye. Se li ki soti nan matris nasyon an e non lekontrè. Malerezman, gen anpil siy ki montre, nan moman an, se pa sou prensip sa a nou ap mache.

Pou nou pi klè, annou pran egzanp sou « l'affaire Boulos »[6] la kote anpil kout plim fèt pou debat èske Sena Repiblik a te gen dwa òltègèt mouche Boulos ki deklare li pa te janm renonse a nasyonalite li kòm etan Ayisyen. Se vre, malgre Boulos fèt Ozetazini, selon Manmanlwa peyi a, daprèzavwa li se pitit 2 sitwayen Ayisyen, li se Ayisyen tou. Kifè, koze « pa te janm renonse » a enpòtan piske patizan Boulos yo lonji dwèt sou diferans ki genyen ant vèsyon franse ak vèsyon kreyòl konstitisyon 1987 la.

Tandiske, nan dokiman Franse a, atik 15 lan deklare:
"La double nationalité haitienne et étrangère n'est admise dans aucun cas"[7].

Nan lang Kreyol, nimewo 15 lan deklare:
"Yon Ayisyen pa janm kapab vin sitwayen yon lòt peyi epi pou l ta rete sitwayen Ayisyen, an menm tan".

Selon George Michel paregzanp, vèsyon Kreyòl la kite pòt louvri pou yon moun tankou Rudolph Boulos ki fèt aletranje de paran Ayisyen ta chape anba fòs atik saa...paske teknikman palan, li pa te janm "vin" sitwayen lòt peyi a (Etazini), piske li fèt tou sitwayen Ameriken. Kidonk, nimewo 15 lan pa ta aplikab pou Rudolph Boulos.

Mèzalò, agiman sa a pa ka kenbe vre. Premyèman, mwen pa kwè ni lenguis, ni ekspè nan lalwa ap dakò ak entèpretasyon George Michel la. Dezyèmman, « Constitution de la République d'Haiti (1987) » pa genyen yon vèsyon ofisyèl nan lang Kreyòl. Se yon konstatasyon ki dwe fè nou reflechi anpil"[8]. Poudayè, nou va remake tradiksyon Paul Déjean an pote not sa a alapapot "© Éditions Libète, Imprimerie Deschamps, Port-au-Prince, 1996".

Kidonk, lespri Atik 15 lan klè nan vèsyon ofisyèl konstitisyon 1987 la (sa ki an Franse a!): Ayiti pa rekonèt doub nasyonalite, pwen ba!

Men, tout jan ou vire koze a, Nasyon an pran nan salmannaza. Paske, sa nou fenk obsève la a se yon prèv anplis ke pèp nou an ap fonksyone nan manti.

Depi sou nimewo 5 nan konstitisyon an ki deklare:
"Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti".

Pase pa atik 40 ki deklare:
"Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a"

Rive sou atik 213 ki deklare:
"Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans"…

Nou kontinye ap viv nan manti. Se konsekans tout manti sa yo n ap peye, chak jou nan lavi nasyon an.

Men, annou klè, sa pa vle di pou otan, nou dwe aksepte pou yon moun, osnon yon gwoup moun pran woulib sou feblès nasyon an pou yo vin frajilize lavni li pi plis toujou.

Rèv pa mwen se pou, anvan lontan, nou ta kreye yon fòs 55500 Zanj-Lavi (27750 fanm, 27750 gason) pou garanti sekirite teritwa nasyonal la.

Depi sou non li, nou wè misyon fòs sa a pa ta menm ak misyon defen FAdH. ZANJ-LAVI se 55500 Z(outi) A(yisyen) pou N(asyon) an J(wenn) LAVI. Konsa, senbolikman, chak kilomèt kare peyi a, t ap gen yon fanm ak yon gason ki dedye lavi yo, an tou tan, pou garanti sekirite li kont tout menas posib. Kit se fòs lanati ki mande anraje, kit se fòs bandi ki mande bwè san malere. Misyon ZANJ yo se pou yo ede lavi pote laviktwa sou lanmò sou chak kilomèt kare ki rele li chèmèt chèmètrès.

Chak moun gen dwa fè rèv endividyèl osnon kolektif pou lavni nasyon an. Se yon prèv nou pa manfouben. E si gen sajès nan mitan dirijan yo, anpil lide ka fè chimen yo jiskaske bèl rèv tounen reyalite. Mèzalò, pou mwenmenm, olye nou ta chita ap fè kout plim pèsonèl nou nan atik x ak y nan konstitisyon an, nou ta dwe koumanse okòmansman.

Sa vle di, prese prese, nou dwe konfime dwa granmoun nasyon an aklè nan konstitisyon peyi a. Prensip sa a dwe evidan kit se pou deside fè « gwo pase men » nan konstitisyon peyi a, kit se pou deside dat degèpisman fos etranjè, tankou MINUSTAH, CIA, FBI ak DEA k ap boloze ilegalman sou teritwa nasyonal la.


Si nou byen gade, depi koudeta 29 fevriye 2004 la, se tout opotinite koudetayis miltinasyonal yo jwenn pou yo pase nasyon an nan betiz, yo pwofite. Paregzanp, pa te gen okenn nesesite pou blan yo te vyole konstitisyon an lèd konsa, lè yo te bezwen yon « defakto » pou jwe wol premyeminis popetwèl pou yo, apre koudeta a. Te gen ase « volontaires potentiels » nan ekip GNBis ki nan peyi a ki ta twò kontan jwe teyat la. Men, yo te pito chwazi yon moun ki pa rankontre okenn nan egzijans konstitisyon an (rezidans nan peyi a pou 5 ane etsetera...). Zòt te pran Gerard Latortue ki t ap viv Boca Raton depi syèk-e-syèk, yo depoze li nan primati a. Konsa tou, lè sete peryòd eleksyon, yo te vini ak yon Siméus toudenkou ki te lage nou nan yon dividal chirepit initil. Objektif zòt sete pou li fè Ayisyen abitye ak imaj "savann dezole", "tout voum se do", "nan mal nan mal nèt" la. Kidonk, pa bezwen gen aplikasyon okenn lwa Ayisyen piske nou nan defakto total kapital...sa ki konte, nan yon rejim sou lokipasyon se benediksyon blan an. Kit yon aksyon legal, kit li pa legal...menm dekowom pa nesesè…lesansyèl, se pou blan an dakò. Gen yon rezonman ki dèyè apwòch sa a.

Lojik tabula rasa, Ayisyen pa gen anyen ...Tontonnwèl ap pote tout bagay pou li a, souple di mwen, ki moun li itil?

Lè kolon yo te debake an 1915, koze konstitisyon tou nèf t ap pale tou. Ayisyen nayif te kwè sete koze pa yo ki t ap regle, men MacDonald, New-York City Bank ak Prezidan Meriken Woodrow Wilson te gen pwop ajannda pa yo yo t ap defann[9].

Se domaj anpil Ayisyen poko vle pran pasyans pou nou fè chanjman ki merite fèt yo ak tèt frèt. Lagè avèti pa ta dwe kontinye ap touye kokobe.

Fanmi m yo, pou onore Konstitisyon 1987 la ki te fè anpil byen pou nou, menmsi figi li chifonnen jounen jodi a, pa pito nou ta deside, fwa sa a, n ap aji ak san fwa e nou sèmante se ANSANM n ap chwazi chimen bon lavi a !

Frè nou,

Jafrikayiti

[1] Diskou Prezidan Repiblik la: 17 oktòb 2007
http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=21137


[2] Note sur le Sénat, Haiti Références


[3] Rapport sur la question constitutionnelle préparé par Claude Moise et Cary Hector


[4] Le débat se poursuit : L'urgence d'une révision profonde de la constitution de 1987


[5] Konstitisyon 1987 (tradiksyon Kreyol)


[6] Ki lès ak kisa ki dèyè aksyon Rudolph Boulos yo?


[7] Constitution de la République d'Haiti – Titre 2


[8] Wikipedia osijè Konstitisyon 1987 la
)

[9] Okipasyon 1915-1934 Seri Lafimen : Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen

User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Post by Guysanto » Mon Mar 31, 2008 8:00 am

Monchè Jaf, bagay sa yo ou di la se bagay ki enpòtan anpil e ki te merite di. Mwen ta renmen ou kontinye devlope tèm sa e ou kapab fè sa lò nou rankontre pou dizyèm anivèsè Windows on Haiti.

Men sepandan malgre tout pawòl konsekan sa yo, pwoblèm lan toujou rete tennfas: Konstitisyon an di ou pa gen dwa chanje-l, daprè sa mwen konprann la. Si konstitisyon an di ou pa gen dwa chanje-l, pa ki mezi konstitisyonèl ou kab rive chanje li??? Sa se yon michan kontradiskyon e mwen pa wè kouman ou kapab chanje konstitisyon an san ou pa vyole li.

Mwen ta renmen tande opinyon nou sou bagay fondamantal sa. Patikilyèman opinyon Gelin ki toujou kenbe fèm sou zafè respekte Lalwa menm jan pèp chwazi a te gen pou l respekte ansyen Kovenan bondye te bay Moyiz la jiskaske se pitit li Jezi ki te pote yon nouvo Kovenan pou ranplase ansyen Kovenan an, ki te vin pa alamòd ankò nan je Granmèt la. Nan ka pa nou an, etandone Konstitisyon nou an di pyèsmoun pa gen dwa vyole li e pyèsmoun pa gen dwa chanje li (osnon nou pap ni repiblik ni demokrasi ankò!), m'oblije mande tèt mwen si se Desalin k'ap blije voye pitit li ann Ayiti pou sove pèp ke limenm li te chwazi a. Eske se yon pwofèt, pitit Desalin, nou pral blije tann pou li vin ban nou yon nouvèl konstitisyon (nouvo testaman) pou ranplase ansyen kovenan an (konstitisyon 1987 lan) ?

Si se pa sa, mwen ta renmen nou gade djab la nan je, lò n'ap kritike li, pou nou di kouman n'ap fè pou nou pase sou kote'l.

jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

Post by jafrikayiti » Wed Apr 02, 2008 9:08 pm

Onè Guy,

Ou ekri: "pwoblèm lan toujou rete tennfas: Konstitisyon an di ou pa gen dwa chanje-l, daprè sa mwen konprann la. Si konstitisyon an di ou pa gen dwa chanje-l, pa ki mezi konstitisyonèl ou kab rive chanje li??? Sa se yon michan kontradiksyon e mwen pa wè kouman ou kapab chanje konstitisyon an san ou pa vyole li".

Monchè mwen bwè pwa tou. Mwen sipoze kèk avoka mètdam ta ka sikjere RANPLASE Konstitisyon an, apre yon referandOm.

Paske teknikman palan, Nimewo 284-3, nan konstitisyon di:
« Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan Konstitisyon an ».

Kidonk, se "chanjman nan Konstitisyon" ki entèdi. MèzalO si se pou dechouke konstitisyon an nètalkole epi ranplase li pa youn tou nèf...pètèt lanasyon ka bay tèt li dwa fè sa, san li pa mande pèsonn lapèmisyon.

Sa se ti lide kwochi pa mwen. M pa konn kisa Mèt Zabèl ak lèzot yo ka wè nan gwo liv yo...Siman Montesquieu ak Musset ki pa machann zèb te di kichOy sou sa deja... Alos, vous êtes de suiv...

Jaf

Post Reply