OKIPASYON 1915-1934

Post Reply
jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

OKIPASYON 1915-1934

Post by jafrikayiti » Sun Mar 30, 2008 3:22 pm

Onè kanmarad,

Daprèzavwa peyi nou anba lokipasyon jodi a, mwen deside pataje yon lOsyè nan seri Lafimen ki kouvri peryOd okipasyon 1915-1934 la. Konsa, detanzantan nou va founi je gade ki sa k ap pase jodi a ki sanble ak sa ki te pase deja, epi ki sa ki diferan men ki ka sèvi nou pou nou wè pi klè.. kote n ye la a, kote n prale....

Nou pati....


Griyo # 45 (1915 Blan Meriken gwo bòt debake…Olye li ewo, yo fè doktè Rosalvo Bobo fè zewo) - Jen 2001

Lasosyete onè,

Granmèt la, nou di ou mèsi daprèzavwa nou la, nou vivan, nou jwi lasante epi nou lib pou nou pale. Fanmi m yo, mwen te avèti nou depi lafwadènyè ke bourik listwa nou pral travèse kèk move pas ak nou. Se konsa, nou kanpe nan kalfou mwa d mas 1915 epi nou remake se Prezidan Vilbrun Guillaume Sam ki nan Palè Nasyonal la. Nan lespas 2 zan, se te katriyèm prezidan ki te poze kadav li sou chèz boure a.

Prezidan Vilbrun Gillaume Sam te apenn gen 4 mwa opouvwa, epi, yon jou 27 jiyè 1915 yo atake misye nan Palè Nasyonal la.

Lapoula, Jal Oscar Etienne (èske se limenm ki vin pote non Chaloska a ? – sanble se ta sa daprè tèks pwofesè Louis Déroche la). Sa fè m sispèk se ekspresyon Kreyòl «Jal Oscard» tankou «Jal Avril», «Jal Abraham» elatriye ki vin defòme pou li bay Chal - Oska . Antouka, Jal la ki te kòmandan militè nan Pòtoprens, pa fè ni de ni twa, li fè touye depi se prizonye ki te nan Penitansye Nasyonal la. Se atò pèp souvren dechennen. Yo pase ranmase Jal Oscard, yo limen dife sou li epi yo kite kadav la benyen ak san, nan mitan lari Pòtoprens. Nan demensidyevle, apre yo fin selebre lantèman tout prizonye Jal Oscard te fè touye yo, pèp Pòtoprens fann nan direksyon anbasad peyi Lafrans.

Listwaryen Jean-Claude Dorsainville pretann ke yo pa t gen okenn prèv ke prezidan an te alorijin kokennchenn krim Jal Oska te komèt la e ke pèp Pòtoprens desann an «chimè» al rape Prezidan Vilbrun Guillaume Sam nan men blan Franse yo, yo touye li, yo trennen kadav li nan lari menm jan yo te fè ak Jal Oska a.

Antouka, pi devan nou va fouye zo pi fon nan kalalou pou nou eseye konprann kisa ki t ap pase tout bon vre nan peyi a. Men, apre jounen ansanglante 27 jiyè 1915 sa a, solèy te kouche kòm si deryennetè, kòmalòdinè, demen maten solèy te leve. Nan apremidi, ou ka imajine ou pandan yon manman pitit pami tandòt t ap mande tèt li : mezanmi ki madichon ki tonbe sou pèp Ayisyen konsa a? Kote bagay sa a sòti? Ki bò l ap rive? Se konsa, yon gwo bato de gè ki make «Washington» debake nan rad Pòtoprens. Menm aswè 28 jiyè 1915 la, yon dividal sòlda blan meriken te debake nan Bizoton. De tan twa mouvman, blan gwo bòt yo te okipe laplipa pòs nan kapital la.

Apa li papa! Ayiti sou lokipasyon!

Apenn, listwaryen Jean-Claude Dorsainville fin aprann nou debakman sa a, misye rapousuiv pou li di nou ke 12 dawou 1915 Asanble Nasyonal la eli Senatè Sudre Dartiguenave kòm Prezidan Larepiblik. Apre sa li di nou gen yon sèten konvansyon ki siyen ant Ayiti ak Etazini demannyè pou Etazini retabli lòd Ayiti, mete finans nou kanpe dyanm epi pou yo ka fè sa, yomenm yo va poze lapat ni sou kès lajan peyi a, ni sou lame, ni sou sèvis dijyèn, ni sou travo piblik.

Men otan misye Dorsainville! Pou ki w ap kouri vit konsa ake nou? Gen anpil bagay k ap pase la a ki ta mande eksplikasyon. Paske listwa se pa yon senp resitasyon dat istorik. Ou di nou anpil bagay sou lekouman, men souple ede nou bouske lepoukwa tout evènman trajik sa yo t ap dewoule devan je nou. Mwen remake Pwofesè Louis Desroche fè menm bagay la tou nan ti liv listwa pa l la. Parekzanp, mwen remake ladan l yon foto yon sèten Doktè Rosalvo Bobo ke li di, an pasan, te refize pouvwa a pou li pat kolabore ak lokipasyon. Men, apresa tout chèche mwen chèche enfòmasyon sou mouche sa a, nan liv de nèg sa yo, mwen pa jwenn anyen.

Dekiprevyen? Kouman fè bridsoukou konsa blan meriken debake Ayiti? Kilès ki te prezidan Etazini alepòk? Depi kilè debakman sa a t ap prepare? Kisa yo te vin regle Ayiti?

Bondye fè sètansi, anpil dokiman ki te klasifye vin aladispozisyon fouyapòt ki derefize gade evènman yo alasifas san poze kesyon. Vwalatilpa, nan yon dokiman ki pote tit «Tande Laverite Osijè Ayiti», Hearing the Truth About Haiti, ke Helena Hill Weed pibliye 9 Novanm, ane 1921, nan nimewo 113 jounal The Nation, nou aprann ke gen temwanyaj alatèt debakman militè Etazini an te sètoblije fè devan Sena Ameriken kote anpil verite pran lari osijè lepoukwa ak lekòman Blan meriken debake Ayiti 28 jiyè 1915. San bliye nòt enpòtan ki te nan liv kominikasyon sekrè Marin Ameriken kote nou aprann kèk verite enpòtan tankou :

1. Debakman kolon Meriken yo te planifye depi byen lontan. Sansinay Prezidan Vilbrun Gillaume Sam nan sete yon senp pretèks ki pèmèt yo fè sa pase pi dous toujou paske, depi 2 jiyè 1914 (sa vle di plis pase ennan alavans) te gen yon dokiman yo prepare Washington pou bay Etazini tout kalite pouvwa sou Peyi d Ayiti. Achiv demontre ke, ti kras pi piti pase ennan anvan debakman an, te gen yon seri lèt ale vini ant Sekretè Deta Etazini an, Misye Bryan, Prezidan Etazini an, Misye Woodrow Wilson, ak Sekretè Lamarin Ameriken an, Misye Daniels, kote nou wè aklè ke antrennman debakman te gentan tanmen nan patiray Ayiti, kidonk, debakman twoup yo te gentan byen planifye.

2. Daprè temwanyaj L. Ton Evans, yon Pastè Batis Ameriken ki te viv Ayiti, pandan 28 tan, nan epòk anvan okipasyon an, blan Ameriken te koumanse envesti nan komès an Ayiti nan ane 1910. Sa te lakòz blan Alman ki te deja kontwole 95 % nan komès Ayisyen alepòk, te koumanse sispèk pou Ameriken pa fin debake Ayiti epi retire manje kri sa a nan bouch yo. Se konsa, depi 1910, blan Alman yo te koumanse fè bri kouri nan peyi d Ayiti kòmkwa blan Ameriken vle poze lapat sou Ayiti epi fè tout nèg tounen esklav ankò.

3. Swadizan atak yo di pèp «chimè» te fè sou Palè Nasyonal la jou 27 jiyè 1915 lan, se pat yon mouvman derapaj pèp sovaj li te ye jan Jean-Claude Dorsainville fè pòtre l nan ti liv listwa Frères de l'Instruction Chrétienne nan. Sanble sete yon atak revolisyonè byen òganize ki te gen alatèt li sitwayen Rosalvo Bobo. Daprè Bobo ak patizan li yo, Prezidan Vilbrun Gillaume Sam ta pral aksepte siyen akò okipasyon ke Etazini ap bay Ayiti presyon pou li aksepte depi ane 1914 la. Mouvman revolisyon Rosalvo Bobo a te fin reyisi nèt. Men, anvan Prezidan Sam te vole gagè, fofile kò li pase nan yon pasaj sekrè ki te konekte Palè Nasyonal la ak Anbasad Lafrans, li te pase lòd pou yo egzekite tout prizonye politik ki te nan Penitansye Nasyonal la.

4. Apre pèp la te fin tire revanj sou Jal Oscard ak Vilbrun Guillaume Sam, jan nou te eksplike titalè a, tout bagay te retounen nan nòmal yo nan lari Pòtoprens. Dayè, daprè pwòp temwanyaj Amiral Caperton ki te alatèt fòs okipasyon Ameriken an, lè Marin yo debake Bizoton, Komite Sali Piblik Ayisyen an, kòmalòdinè, te gentan nonmen yon gouvènman pwovizwa ki t ap prepare eleksyon. Poudayè, se menm Amiral Caperton ankò ki admèt jan li kouri pran devan mande Asanble Nasyonal la pou li repòte eleksyon prezidansyèl li ta pral fè a, paske Caperton te gen tan prevwa si eleksyon an te fèt vre se Rosalvo Bobo ki t ap eli Prezidan d Ayiti. Daprè korespondans ofisyèl yo, Amiral Caperton te di li kwè li ka kontwole Asanble Nasyonal la pou yon ti bout tan toujou men, pou blan Meriken asire yo ke yo poze lapat tout bon vre sou finans peyi d Ayiti, se pou Washington, kidonk leta Etazini, voye yon lòt rejiman Marin avozòd li prese prese.

5. Daprè menm dokiman ofisyèl sa yo, Washington te pase Amiral Caperton lòd pou li asime kontwol militè total kapital sou Pòtoprens epi pou li anpeche Asanble Nasyonal la fè eleksyon toutotan yo pa rive jwenn yon kandida ki aksepte siyen alavans, san li pa li sa ki ekri nan akò Etazini prepare depi ane 1914 la. Pami kandida Etazini te apwoche yo, te genyen yon ansyen Minis Ayisyen Ozetazini ki te rele J. N. Legère. Misye te di ajan ke Caperton te voye koutize l la : «Di Amiral Caperton pou mwen ke mwen pap ka kandida toutotan mwen pa okouran ki kalite ekzijans peyi Etazini ap fè yo. Fòk mwen anmezi pou mwen defann enterè peyi mwen. Se pou Ayiti mwen ye. Mwen pa pou Etazini». Kidonk, men tout salmannaza ki te pase anvan yo te reyisi deniche Sudre Dartiguenave kòm prezidan popetwèl ki deklare ke daprè limenm tout sa Etazini ta ekzije nan akò sa a ke li pare pou li siyen san li pa konn sa k ladanl lan, li deja konnen, tou natirèlman, ke yo bon pou peyi d Ayiti tou.


6. Tandiske, ofisyèlman, Etazini t ap klewonnen se paske pat gen yon Prezidan nan Palè Nasyonal la ki fè blan yo te sètoblije okipe Pòtoprens pou mete lòd nan dezòd, men ki detay zòt rive detere nan achiv Depatman Deta osijè sa ki t ap pase tout bon vre: 8 Dawou 1915, Amiral Caperton voye yon telegram bay Depatman Lamarin kote li ekri : «Senators, deputies, and citizens clamoring for an election.(stop!) Today was fixed for election but postponed by my request; .(stop!)... Request be informed immediately earliest date Department willing for an election to take place for purpose allaying excitement. .(stop!) Will use every effort delay election but cannot guarantee delay later than Thursday unless use force .(stop!)....» Mo pou mo, san wete ni mete, men kisa blan an te di : «Senatè, depite ak sitwayen ap mande pou eleksyon .(Pwen!). Eleksyon te pwograme pou jodi a, men yo ajoune paske mwen te mande sa .(Pwen!). Mwen mande pou Depatman an di mwen prese prese ki dat pou pi bonè li dakò pou eleksyon yo fèt demannyè pou evite plis eksitasyon. .(Pwen!). Mwen pral fè tout sa m konnen pou mwen retade eleksyon yo men mwen pa ka garanti m ap ka fè sa pi lontan pase Jedi k ap vini an, amwenske mwen itilize lafòs….(Pwen!). ». Nan demen, 9 dawou Depatman Lamarin voye repons kode sa a bay Amiral Caperton : «Whenever the Haitians wish you may permit the election of a President to take place. The election of Dartiguenave is preferred by the United States. You will assure the Haitians that the United States has no other motive than the establishing of a firm and lasting government by the Haitian people and wishes to assist them now, and at all times in the future, to maintain both their political independence and their territorial integrity unimpaired.». Kidonk : «Depi Ayisyen yo vle ou mèt kite yo fè eleksyon yo jan yo vle. Etazini prefere se ta Dartiguenave ki eli prezidan men di Ayisyen yo sèl motivasyon nou, noumenm Ameriken, se pou pèp Ayisyen reyisi tabli yon gouvènman solid epi dirab. Okontrè, nou vle ede yo kounye a epi, pou tout tan gen tan, pou yo ka kenbe endepandans politik yo, epi pou yo pa riske pèdi yon pwèlyèm sou teritwa peyi yo».

O! Ala bon zanmi en? Thank you davans Blan!

Nou tande lasosyete, men kijan sa te pase nan peyi nou nan ane 1915. Kounye a, mwen konnen n ap reflechi sou kijan sa ye nan ane 2001 epi ki resanblans ak ki diferans ki genyen ant epòk sa a epi jounen jodi a. Si Bondye kontinye fè nou kado lasante, lè nou retounen sou chimen listwa pèp annou, nan 15 jou ankò, nou va voye je sou kisa ki te akonpli apati tout bèl pwomès sa yo blan Ameriken te fè pèp Ayisyen, devan figi prezidan popetwèl yo te fenk mete fwote sou chèz boure Palè Nasyonal la, mouche Sudre Dartiguenave. Sife!

jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

SEGREGASYON OZETAZINI, SEGREGASYON ANN AYITI

Post by jafrikayiti » Wed Apr 02, 2008 8:51 pm

Griyo # 46 (1915-1920 Blan Meriken ap feraye…Dartiguenave prezidan popetwèl) - Jen 2001 (premye dat piblikasyon nan radyo CKCU f.m.)

«Depi Ayisyen yo vle ou mèt kite yo fè eleksyon jan yo vle. Etazini prefere se ta Dartiguenave ki eli prezidan men di Ayisyen yo sèl motivasyon nou, noumenm Ameriken, se pou pèp Ayisyen reyisi tabli yon gouvènman solid epi dirab. Okontrè, nou vle ede yo kounye a epi, pou tout tan gen tan, pou yo ka kenbe endepandans politik yo, epi pou yo pa riske pèdi yon pwèlyèm sou teritwa peyi yo».

Lèt Depatman Lamarin Ameriken voye bay Amiral Caperton , alatèt fòs okipasyon Amerikèn ann Ayiti – 9 dawou 1915

Lasosyete onè,

Alapapòt nou di Granmèt la mèsi daprèzavwa li kontinye layite benediksyon li sou nou. Annou rapousuiv pelerinaj nou sou chimen listwa!

Kidonk, 9 Dawou blan Meriken deside eleksyon mèt fèt pou eli Surdre Dartiguenave. «Chòz dit, chòz fèt», 12 Dawou – Asanble Nasyonal la mete l opa, ansyen Senatè Sudre Dartiguenave "eli Prezidan" pou 7 tan. Nou sonje ke prezidan popetwèl la te deklare ke, daprè limenm, tout sa Etazini ta ekzije nan «akò siyen san li» ke kolon yo prepare pou Ayiti depi 1914 la, li deja konnen, tou natirèlman, ke yo bon pou peyi d Ayiti tou.

16 sektanm chanm Depite a mete l opa, li siyen akò a. 12 novanm chanm Senatè fè menmman parèyman. 3 me 1916 Sena Etazini bat bravo lakontantman pou apwouve akò a.

Men, ojis, kisa ki te nan akò lamayòt sa a?

Pami anpil lòt konsesyon, Ayiti te sètoblije bay fòs okipasyon Etazini yo kontwòl total kapital sou lajan peyi a, lame, sèvis dijyèn ak travo piblik. Men se pa t tout. Kote Ayiti chita nan mitan lanmè karayib la, ansanm ak zòn yo rele Pasaj Van an, te vin gen enpòtans estratejik onivo militè, sitou apre ouvèti Kanal Panama a, depi 15 d Awout 1914. Anplis, vin jwenn, 28 jiyè menm ane 1914 sa a, nan kè kontinan Lewòp, Lanpi Otomann nan te deklare lagè kont la Bosni, se sa ki pral pete lagè yo rele kounye a, Premye Gè Mondyal la (Menmsi, chire pit sa a te pete an reyalite ant blan lwijanboje ki tap goumen youn kont lòt an Ewòp). Atansyon pa kapon, kidonk : Blan Etazini t ap demele yo kou mèt Janjak pou yo bloke keseswa anbisyon blan Alman ta genyen pou yo vin fè belijeran nan bab yo la a, nan Karayib la.

Blan Etazini pa t wè ni de ni twa solisyon : yo vle tabli yon baz militè nan Môle St. Nicholas, ann Ayiti. Men, te gen yon ti fikilte paske, alepòk, Konstitisyon Repiblik d Ayiti te gen yon atik ladan l ki te di :

[quote]Repiblik d Ayiti fè yonsèl, li pa ka divize, li lib e libè, li gen otorite tèt li, li endepandan. Pèkeseswa pa gen dwa ni fè kadejak sou teritwa ak zile ki sou lobedyans li yo, ni non plis separe yo apati de okenn akò osnon konvansyon. [/quote]

Mèzalò puiske konstitisyon se papye… li bwè dlo. Koze baz militè Môle St. Nicholas a chita byen banda nan akò 1915 lan.

Daprè sa nou aprann nan dokiman Helena Hill Weed la, Hearing the Truth About Haiti, ki pibliye nan volim 113 jounal The Nation jounen 9 nov 1921 an, Amiral Caperton te koumanse ranmase depi se lajan ki kolekte ladwann al mete nan sikisal yon bank Ameriken ki te rele National City Bank - pou finanse lokipasyon.

Tandiske, anvan lokipasyon, yon bon pati nan kòb sa yo te toujou rezève apa pou peye dèt ekstèn peyi d Ayiti. Daprè Helena Hill Weed, lè sa a, sete premye fwa Ayiti te tonbe areta nan ranbousman dèt ekstèn li epi sètoblije ap peye entèrè pou sa.

Se ak menm mannèv gwo ponyèt sa yo, blan Etazini ta pral fòse Ayiti adopte yon konstitisyon tou nèf nan ane 1918.

Pou kòmanse, 5 avril 1916, kòm nèg lachanm yo te koumanse ap fè wondonmon ak blan yo, prezidan popetwèl la pibliye yon dekrè ki revoke Sena a, yon lòt ki transfòme chanm Depite a - fè li tounen yon Asanble Konstitiyant epi yon twazyèm dekrè ki tabli yon konsèy deta ki gen 21 manm ladan l. Apre sa, nan mwa janvye 1917 eleksyon lejislativ fèt. Blan yo poko janm satisfè toujou. Kidonk, 28 mas 1917, yon «akt Adisyonèl» parèt brid sou kou, li mete yon ralonj 10 lòt lane sou akò ki te siyen ant blan Etazini epi prezidan popetwèl Ayiti a. Sa vle di, olye de 10, blan yo la pou 20 tan. Se poko tout… 19 jen menm ane 1917 la, prezidan popetwèl la pibliye yon lòt dekrè. Fwa sa a, li mete ni Sena, ni Chanm Depite a awoutsayd de pozisyon kare bare. Epi, ekzakteman ennan annapre, 19 jen 1918 yo òganize yon similak yo rele plebisit (kòmkwa mande lepèp si wi ou non li vle yon konstitisyon tou nèf). Rezilta : Repiblik d Ayiti gen yon konstitisyon tou nèf ki bay etranje dwa pou yo jui tout kalite privilèj nan peyi a, epi kanta pou eleksyon lejislativ menm, se lè prezidan an vle li va fè sa. Repo!

Kounye a, puiske Amiral Caperton fin fè nèg lavil yo dosil, li deside mete nèg anndan fon kè peyi a avozòd li tou. Nan ane 1919 zafè Kòve a reparèt sou moun ankò. Sa vle di : blan yo ak tout gouvènman popetwèl la ekzije ke, selon lalwa, chak peyizan Ayisyen dwe pase 6 jounen pa ane ap travay nan ranje wout. Ki wout? Wout pou blan yo boloze ak machin a motè ki fenk ap sòti nan fabrik.

Anvan lontan, peyizan Ayisyen ki gen lontan yo reziyen yo ap viv trankil trankil pou kont yo nan lamizè yo san pyès kolon ni nèg lavil pa vin ni pote lamàndisyèl pou yo, ni mare chenn lesklavaj nan pye yo, leve kanpe pou goumen kont lesklavaj makiye sa a.

Nan Plato Santral, yon sèten Charlemagne Péralte leve kanpe ak 5000 peyizan yo tanmen yon kanpay sabotaj kont fòs lokipasyon yo. Avantaj peyizan Kako yo ki t ap goumen sou lobedyans Charlemagne Péralte sèke yo te konn teren an ak tout kachèt li genyen. Avantaj blan yo, sèke se sòlda yo te ye tout bon vre. Yo te gen bon jan zam e yo te nan yon lame ki byen òganize. De tan twa mouvman, san peyizan Ayisyen t ap awoze tout teritwa peyi d Ayiti. 1 novanm 1919 blan yo sentre Charlemagne Péralte nan yon anbiskad, yo touye li, yo mare kadav li sou yon pòt epi yon pwomennen li fè espektak. Nan ane 1920, zafè Kako nan peyi d Ayiti te kaba.

Men nan ki eta restavèk leta peyi nou te ye alepòk. Epi, n ap li nan liv listwa ke swadizan moun serye ekri, ke Ayiti te deklare Lalmay lagè, 12 jiyè 1918.

Ala de istwa konpè!

Blan an fè afè l ak nèg li yo, pou defann pwòp enterè li, epi se noumenm nèg ki pat menm gen lwazi libète nou nan pwòp peyi nou ke yo di ki ta p defann libète «limanite» nan yon gè ki te swadizan «mondyal». Alòs kilès, ki lè, nan ki kondisyon, ki fè pati «limanite» osnon «mondyalite» ewosantrik sa a!

Lasosyete, pa pito nou fè yon kanpo nan kalfou sa a. Lè nou retounen, ak sekou Bondye, nou va voye on lèy pou nou analize eritay ke premye Okipasyon Amerikèn sa a kite pou noumenm pèp Ayisyen.

Respè !

Post Reply