18 novanm 1803 - 18 novanm 2007

Post Reply
Serge
Posts: 315
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

18 novanm 1803 - 18 novanm 2007

Post by Serge » Sun Nov 18, 2007 1:29 pm

204 lane depi evenamn istorik sa ke yo rele 'Batay Vètyé' - La Bataille de Vertières. Se pa koulye a nap li, nap tande, nap apran plis toujou sou Batay Vètye a ki ta pwal fini ak Jal Rochambeau ak lame franse a, gras a kouray ansyen esklav Saint-Domingue yo sou komandman Dessalines, Capois, Christophe, Pétion e milye lòt konbatan vanyan pou vin ban nou Ayiti, yon kote nou te ka rele chè mèt, chè metrès.

Lè nap gade evenman sa 204 lane pi ta, fòk nou pa wè Batay la sèlman, pi enpòtan ankò, fòk nou gade senbolis evenman sa, ki demontre ke lè gen inyon, lè gen detèminasyon, lè gen enterè siperye yon nasyon, lè gen ideyal, lè gen chita ansanm pou goumen pou yon kòz, lè gen konviksyon, menm si gen diferans, nou fèt pou nou kapab chita koze, diskite nan respè, tabli yon seri prensip pou diskite, angaje nou pou respekte prensip sa yo, angaje nou pou nou respekte bagay nou siyen yo, epi apre diskisyon, aksepte sa majorite a ratifye, san bri, ni kont. Si nou pa dakò, fòk nou kapab travay andedan yon sistèm pou nou kapab chanje bagay nan lòd, ak prensip, pou nou kapab asire kontinwite lòd ak respè pou tout moun, san diskriminasyon, nan la jistis, san awogans, san pedantri, men ak objektivite e sivilite.

Se tout bagay sa yo pou nou apran de Batay Vètyè a, paske si pat gen minimòm konpreyansyon sa nan lidè nou yo, si chak nèg te deside fè wout pa yo olye yo frape lenmi a ansanm, nou pa ta janm wè yon gwoup lesklav ki pat apran fè lagè, ki pat pase nan gwo inivèsite kote yo apran fè lagè, kraze youn nan pi gwo lame nan lemond nan epòk sa.

Konpare lame sa ak lame koudeta nou vin genyen nan peyi Dayiti jis lane 1995. Gade ki sa lame sa te vin fè, ki sa objektif li te: sèvi enterè gwo pisans deyò, fè koudeta lakay li, fè lagè kont pèp li, antre nan kontrebann, nan trafik dwòg, anpwazonen sosyete a ak fanmi aysisyen. (Map envite nou tande dènye CD Jean Julien a, Volim 12, ki montre kouman Duvalier te trete lame sa tankou chen, kouman gwo tèt nan lame, se dèyè pouvwa sèlman yo te ye e kouman li fè alyans ak makout yo pou fini ak peyi a e pou kreye yon seri pwoblèm kap kraze nou jis jounen jodya).

Wi, Listwa se Listwa. Sa fè mal anpil pou nap selebre Batay Vètyè pandan ke yon pakèt twoup etranje ap pile tè gwo peyi sa ki fè yon listwa ki pa janm repete ankò: premye e sèl revolisyon esklav ki janm reyisi. Men fòk nou pa repete sa anlè anlè. Lèp nap di sa, fòk nou sèvi ak sa tankou yon enspirasyon, yon lòt souf, pou nou mete ansanm kont gwo Batay nou gen pou nou fè kont vre lenmi jodya, lenmi ki gen yon lòt fas, paske se yon lòt epòk, e nou gen anpil lenmi anfas nou . Men yon lis ki pa fin konple, men ki ta ka sèvi tankou yon modèl batay nou gen pou fè:

lamizè, ensekirite, trafik dwòg, kontrebann, koripsyon, sektè reyaksyonè ki pa vle ti pèp la gen men privilèj ak li, edikasyon pou ti pèp sa, reyaksyonè ki pa vle admèt wôl maspinay sa lame a te genyen, peyi nan kominote entènasyonal kap fè nou vin genyen sa mwen rele yon 'mentalité d'assistés-mantalite restavèk', kote nou toujou ap tan blan ban nou ousman pote pou nou olye nou pran destine nou men nou, peyi nan kominote entènasyonal ki ou kap bloke pwosesis demokratik la na peyi, nan alyans ak zanmi reyaksyonè yo nan peyi Dayiti, sektè andedan ak andeyò peyi kap chache kraze agrikilti nou an pou nou toujou kapab enpòte sa nou te kon kiltive anvan nou, pwoblèm lanvironman lakay nou.

Se yon lis ki long anpil e ki ta ka fè moun kouri. Men lè nou sonje sa esklav to te fè nan 1803 kont youn nan pi gwo pisans nan epòk sa , ki te gen gwo bato, gwo kanon, anpil solda byen ekipe, nou paka bay legen konsa, aloske nou gen Ayisyen ki nan tout domen mwen site piwo, ki bay blan leson sou ki jan pou yo aji, ki ede lòt peyi kanpe sou de pye yo..Mwen pa wè pou kisa yo paka fè sa pou peyi pa yo.

Sa pou nou pran nan batay Vètyé a, se nesesite pou nou pran konsyans de sa ki gen pou fèt , de ki jan pou nou fè yo, epi pou nou pale youn ak lòt. Li lè pou Ayisyen sa yo nan dyaspora ki tout lajounen ap fè plan adwat agòch, ap di yo pwal fè isit, yo pwal fè lòt bò, san planifikasyon, san vizyon, san koòdinasyon, chanje apwòch yo. Twò souvan, yon seri bon lide, bon pwojè vin gaspiye paske pat gen ase planifikasyon ak koòdinasyon ak andedan peyi. Li lè pou gouvènman ayisyen an aji ansanm ak dyaspora pou yo tabli yon plan priyorite sou sa ki gen pou fèt pou pa gen oken plon gaye ki fèt pou anyen. Li lè pou Ministè Ayisyen kap viv deyò gen yon patisipasyon pi aktif nan aktivite sa yo. Li lè pou yo mete lòd nan diplomasi ayisyen an pou diplomat yo konpran wôl liezon ak kominote kote yap opere a, olye yo chita ap kale sou kont Leta ayisyen. Twò souvan gen twòp bon lide, bon pwojè ki gaspiye paske Gouvènman pa montre li enterese, ou byen gen twòp enkonpetans, ou byen li pa fè jefò pou rele Ayisyen konpetan nan dyaspora pou mande konsey, ou byen pou travay ansanm sous kèk pwojè.

Kididonk, dyaspora a bezwen òganize li; Gouvènman bezwen mete lòd nan dezòd lakay li; sektè andedan peyi a bezwen sispan chirepit yo; nou tout nou bezwen pataje menm vizyon peyi a, entere peyi a, yon jan pou lò nou pare, nou kapab di kominote entènasyonal la: Bagay yo chanje koulye. Nap bezwen èd ou, wi, men nap di w ki sa ki priyorite nou ye, men kisa nou bezwen, nan ki domen nou bezwen li, ki jan nou bezwen li, ki lè nou bezwen li.Kididonk, an nou chita pale, negosye, fas pou fas.

Nan 18 novanm 2007 sa, se leson pou nou chita reflechi sou li. Se pwoblèm sa yo nou bezwen takle. Sa pa mande oken travay 'Superman', paske yo pa mande pèson pou fè tout travay sa yon sèl kou. Men sa ki enpòtan, se takle pwoblèm yo youn pa youn, ou byen 2 pa 2 (paske toujou gen bagay diferan ki kapab fèt ansanm), ak anpil serye, integrite, devosyon, patriyotis, konviksyon, san awogans. Yon fwa bagay yo ap mache, youn nan premye rezilta rapid yo, se ke pèp ayisyen an, deyò tankou andedan, ap rekomanse jwen yon bagay ke li pèdi: se la konfyans, konfyans ke gen moun serye kap travay, konfyans ke lè nou mete tèt nou ansanm, gen gwo bagay ki ka fèt, konfyans ke lè yon bagay byen fèt, pa gen moun kap vin kraze li pou rekomanse ra tè, konfyans ke lè bagay la byen fèt, li kapab fè moun konen men sa kap fèt lakay li, olye li chita ap tande toutan bagay negatif sou peyi li. Fòk li kapab, tankou anpil atis fè li 'Chante Peyi li', pou li bloke laprès rasis la ki preske pa janm pale bagay pozitif nan peyi a, men kou w tande yon bagay lèd fèt, li sou tout jounal toupatou.

18 novanm 1803 - 18 novanm 2007. Selebrasyon yon batay istorik kap toujou rete pou sa li ye: Yon gwoup esklav kanpe, li goumen, li voye tounen lakay li lame youn nan pi gwo pisans nan epòk sa! Fòk nou pa pè repete sa! Listwa se Listwa!

Serge

Leoneljb
Posts: 222
Joined: Fri Dec 29, 2006 10:29 pm

Post by Leoneljb » Sun Nov 18, 2007 10:53 pm

Serge, ou konnen: Mwen toujou kesyone nan batay de VEtyE mouvman kapwa la mO'a.
Mwen twouve ke li oun tijan ironik ke nan mitan oun batay, blan yo mande time-out pou yo prezante omaj ak oun sOlda enmi. Epi tankou nan katoun yo, yo rekOmanse batay ankO.
Eske se vre?
Mwen panse ke se te youn batay ekstraOdinE. Men, ti mouvman sa'a se pou anbeli bravou kapwa la mO.
Mwen pa konn si'm wrong.
Leonel

Bouli

Post by Bouli » Mon Nov 19, 2007 12:25 am

Youn nan eleman m'obsEve istwaryen yo neglije nan dEnye lagE sa yo se patisipasyon sOlda fanm Ayisyen yo ki te goumen pou defEt lame Napoleon an sou zile an. Li lE pou estati fanm vanyan sa yo kanpe sou plas piblik nan mitan Ero tradisyonEl yo, epi poukont yo nan vil natal yo chak. Si estati fanm yo te deja kanpe, lE ti sOlda FransE yo te antre Ayiti an 2004 yo t'ap aprann you lOt leson sou eskanp lame te ki pran zile an nan men Lafrans.

Serge
Posts: 315
Joined: Mon Jan 01, 2007 10:39 am

Post by Serge » Mon Nov 19, 2007 12:51 am

Leonel,

Mwen konpran kesyon w lan, men pou sa mwen konen, mwen panko janm jwen yon istwaryen ki ta di sa pat janm rive.

Men, se pa yon bagay ki nesesèman pa ka fèt. Pa egzanp, kouman ou esplike nan yon seri lagè lè yon viktim pwoteje yon moun ki fè pati de gwoup kap kraze moun pa li?. Sa rive nan Dezyèm lagè Mondyal la, sa rive nan peyi Etazini kote, lè esklavaj la, gen de ansyen esklav ki pwoteje ansyen mèt yo. Pou mwen, sak rive nan Batay Vétyè trè posib e sitou, mwen panko janm tande yon moun save ki di se pat sa. Mwen paka di w plis sou chapit sa.

Bouli, mwen dakò anpil avè w. Gen tèlman fanm vanyan ki te goumen, ki te poto mitan anpil mouvman nan epòk sa yo! Jan w di a, mwen ta swete ta koumanse gen plis estati fanm nan mitan Ero nou yo, olye yo chita pale de yo sèlman.

Serge

Leoneljb
Posts: 222
Joined: Fri Dec 29, 2006 10:29 pm

Post by Leoneljb » Mon Nov 19, 2007 5:58 pm

Ou konnen Serge, Istwa toujou fèt pa moun ki genyen oudimwen ki nan pouvwa. Kidonk, istwa pa finn toujou san pou san veridik. Se konsa ke mwen te aksepte istwa Kapwa la mò'a lè'm te ti moun. Men rive oun lè mwen oblije poze oun seri de keksyon. Se menm jan ak la bib. Gen oun seri de bagay ki pa fè sans ditou.
Ann antann nou. Nou panse ke mesye kraze zo sa yo (blan franse) t'a pwal rete oun batay pou yo rann omaj a oun ansyen esklav. Voyons, oun boulèt pran cheval misye, apre oun lòt boulèt rache chapo misye san oun ti tèt vire. Misye di "An avan, an avan"... E, blan yo mande oun ti break pou prezante omaj ak nom sa'a???
Mwen konnen te gen anpil ak brave ki te fèt pou bannou endepandans. Men sepandan, zafè sila plis sanble ak oun cartoon ke Bugs bunny jwe.
Antouka, se pa mwen sèl ki gen panse sa'a. Anpil lòt moun pale de sa tou. Mwen pa ta vle kraze bravou mesye Capois la Mort pou moun okap yo non. Paske, misye ak Kristòf e oun pakèt zansèt nou te reyalize oun bagay enposib ke yo rann posib lè yo bat blan napoleon yo. Men, yo pa't bezwen mete sèl ak epis nan mouvman'an. :idea:
L'union fait la Force,
Leonel

Post Reply