Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosevelt)

Post Reply
jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

Kout Kouto - Oktòb 1937 (Krim Trujillo, Vincent & Roosevelt)

Post by jafrikayiti » Sun Oct 07, 2007 4:36 pm

[quote]«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t ka rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li, yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan». JIJ 12: 5-6 (Bib la)


Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo "perejil", ki vle di pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen, lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi yo lage kadav ou nan larivyè Masak.

«M rele: "Manman!" ; li mouri; m rele, - "Papa!, Papa!," li mouri; toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè, san manje….» Temwanyaj Irelia Pierre.[/quote]

...
souple kontinye li pou listwa ka sispann rekòmanse, jenerasyon apre jenerasyon...




KOUT KOUTO - OKTÒB 1937
(Rivyè Masak Wouj ak San Nèg !)
Moso nan seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen © Jafrikayiti (Oktòb 2007)

Lasosyete onè,

Nou remèsye Granmèt la dèske li kontinye klere pasaj pou nou, sou chimen listwa pèp nou.

Nou te wè nan ki kondisyon sòlda blan Meriken yo te kite tè peyi d Ayiti, nan ane 1934. Lè sa a, se mouche Sténio Vincent yo te kite chita sou chèz boure palè nasyonal la, ansakalite de « Prezidan ».

Nou te wè ki jan Stenio Vincent sete yon nèg milat ki pat gen anpil kòb men, ansakalite de Prezidan, li devlope relasyon bon fwotman ak ni Prezidan Etazini, Franklin Delanor Roosevelt, ni Prezidan Dominiken, Raphaël Trujillo. Se konsa, 5 jiyè 1934, mouche Roosevelt te deplase majeste li, debake lavil Okap, pou li vin anonse finisman lokipasyon nan peyi nou. Vwalatilpa, nan koumansman ane 1936, sete tou pa prezidan Domiken an, pou li te fè yon vwayaj istorik tou nan peyi d Ayiti. Lè sa a, Sténio Vincent te tèlman kontan vizit la, li te fè rebatize Granri Pòtoprens «Avenue Trujillo».

Men, lasosyete, daprè noumenm, ki kalite benefis "relasyon" sa yo ta pral pote pou pèp Ayisyen?

Pou nou jwenn repons kesyon sa a, fòk nou fouye pi fon pase sa nou jwenn alapòte n nan liv tankou rapòtay listwa Jean-Claude Dorsainville fè sou lobidyans Frères de l'instruction Chrétienne lan. Nan Abreje Istwa d Ayiti, Louis Déroche limenm, di nou: «Vincent fè anpil bagay pou peyi a: lekòl, mache, bibliyotèk, elatriye… san konte mize nasyonal e lefèt ke komès fig bannann te fè anpil pwogrè. Epitou, se sou gouvènman prezidan Vincent, minis li, Dumarsais Estimé, pran inisyativ fè tout elèv ale fè parad sou plas piblik jou fèt drapo, le 18 me». Tout sa se bèl piblisite Prezidan Vincent pwobableman merite. Malerezman, ti liv sa yo pase sou tèt peryòd gouvènman Vincent an pi vit pase zèklè kap kouri pou loray pa fè kè l sote. Nou pa p ka padone listwaryen tradisyonalis, tankou Dorsainville ak Déroche, pou konplisite yo nan blakawout total yo fè sou pi gwo evènman ki pase sou prezidans Sténio Vincent an. Evènman sa a si tèlman enpòtan, yon moun pa fouti konprann relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn pandan tout peryòd 20tyèm syèk la, si ou pa konnen kisa ki te pase sou fwontyè Ayiti ak Dominikani, nan mwa oktòb 1937.

Dominiken rele evènman sa a: «El Corte». Ayisyen rele li «Kout Kouto».

Anvan nou rakonte ou kouman sa te pase, annou di de mo osijè youn nan pèsonaj santral evènman Kout kouto sa a, sètadi diktatè ki te alatèt peyi Dominikani nan ane 1937 la, mouche Raphël Trujillo.

Trujillo, sete yon ansyen gad sou plantasyon kann ki vin pran grad sou grad nan Gad Nasyonal peyi li, granmesi antrenman li te resevwa nan men Marin Ameriken ki te okipe Repiblik Dominikèn alepòk. Lè blan Meriken kite Dominikani, nan ane 1924, Trujillo te gentan gwo chèf alatèt lame Dominikèn. Nan ane 1930, li fè yon koudeta, li nonmen tèt li prezidan. E menm jan ak Prezidan Vincent, li bay tèt li tout kalite gwo tit tankou: «Gran Byenfektè Lanasyon ».


Ki kalite moun Trujillo te ye?

Trujillo te vle fè tèt li pase pou blan. Se konsa, misye te toujou ap itilize makiyaj pou li parèt pi pal ke jan li te ye a. Fikilte misye, sèke li te gen repitasyon ti vòlè afè pa bon, lè li te jenn gason. Kipizè, granmè Trujillo te yon nègès peyi d Ayiti -kidonk, se yon kichòy ki te bay misye anpil vye konplèks nan mitan ti klik kolon blan ak ansyen milat gran don ki t ap fè e defè nan peyi l alepòk.

Orezime, sou tou de bò zile a, se milat konplekse ki te opouvwa. Vincent ann Ayiti, Trujillo nan Panyòl.

Nan yon atik ki pote tit « The River Massacre: The Real and Imagined Borders of Hispaniola» ekriven Michele Wucker pibliye sou www.windowsonhaiti.com, nou aprann ki jan yon jou 2 oktòb 1937, pandan li te sou tankou pitit Bouki nan yon fèt yo te fè pou li, tou pre Larivyè Masak la, Raphaël Trujillo pase sòlda Dominiken yo lòd pou yo aplike yon solisyon final ki va reyisi rezoud swadizan pwoblèm Ayisyen an nan Repiblik Dominikèn. De ki pwoblèm Trujillo t ap pale konsa a?

Daprè temwanyaj ni listwaryen, ni moun ki te vivan alepòk, nan ane 1937, pat gen okenn pwoblèm, tout bon vre, ant Ayisyen epi Dominiken. Ekonomi toulede peyi yo te an degraba, sou menm pyedegalite. E, onivo sitiyasyon ti klik ki t ap viv lavil yo menm, sitiyasyon Ayiti te pi anfòm pase pa Dominikani. Sou plantasyon kannasik ke kolon blan Ameriken t ap eksplwate nan Dominikani, Ayisyen ak Dominiken t ap travay kòtakòt, tankou esklav, anba flann solèy la. Onivo popilasyon ki t ap viv nan rejyon fwontyè yo yomenm sete bèl antant ki te ekziste ant Ayisyen ak Dominiken.


Eleonore Roosevelt, Mandanm ak Mouche Raphael leonidas Trujillo (yon zanmitay, trese sere)

Annou koute… Irelia Pierre, moun Domon, zòn Wanament, ki tap pale ak yon fouyapòt nan ane 1987:

«Mwen te fèt nan Dominikani. Nou te rete nan seksyon "Loma de Cabrera". Papa m te travay jaden, plante manyòk, pistach, diri e gade bèf, kochon, poul, kabrit — tout sa yo. Li te genyen tè pa l, ke li te achte. Papa m te genyen 10 kawo tè. Te genyen manje kont pou fanmiy lan, nou pa te achte manje nan mache. Nou te konn fè danre tou, nou te konn vann nan mache. Papa m te fèt nan Dominikani. Manman m tou, te fèt la ba a. Sèlman, mwen te pale Kreyòl; mwen poko te aprann Panyòl. Mwen te viv nan mitan Ayisyen. Te genyen anpil Dominiken laba a, men te genyen plis Ayisyen. Ayisyen e Dominiken te genyen maryaj e plasaj tou. Sa ki marye, yo marye. Sa ki plase, yo plase. »

Yon gason ki te viv menm eksperyans lan di limenm…

«...Anvan …toulede pèp yo, Ayisyen ak Dominiken, te fè yon sèl, nan katye sa-a....Tout mounn ki te fè metye Dayabonn, kòdonye, tayè, tout se te Ayisyen, epi, Ayisyen ki la jiskounye a. Yo peple Wanament, yo mouri la. Jiskonye a, pitit-pitit yo la a Wanament. Ti Ayisyen, papa yo te fe Dayabonn, se isit, nan Wanament yo te lekòl, isit lan Ayiti, yo te vini lekòl chak maten. Apremidi yo retounen Dayabonn. Fanmi yo te viv Dayabonn tou. Yo te toujou renmen edikasyon fransèz la. Lekòl frè a te toujou la... Menm lan Repiblik Dominikèn, yo renmen lang fransèz la anpil. Men lang franse a ede yo pale kreyòl anpil tou.»

Kidonk te gen bèl antant nan mitan klas ouvriyè ak peyizan yo. Men ni Santo-Domingo, ni Pòtoprens te gen yon santiman rayisab nasyonalis ke klas privilejye yo t ap itilize pou bati kapital politik yo. Ann Ayiti, pandan 19vyèm syèk la, ni politisyen nwa, ni politisyen milat te abitye rasanble peyizan Ayisyen, lage zam nan men yo, fè yo rantre nan lame pou y al atake Dominikani. Men, sa se bagay ki te sispann depi lontan. Lapè te tabli ant de pèp yo depi sou gouvènman Prezidan Domingue, nan ane 1875. Mèzalò, bò kote ti klik milat ki te fè dappiyanp sou pouvwa a nan Repiblik Dominikèn yo, bagay sa yo te touskilfo pou yo kreye yon mit rasis kòmkwa Dominiken se blan, Ayisyen se nèg nwa, e de pèp sa yo se lennmi mòtèl.

Kontèks istoriko-ekomik ki te ponn teyori tèt anba sa yo sèke, nan ane 1937, ekonomi Repiblik Dominikèn te fin dekonstonbre nètalkole. Ekspòtasyon sik ki te konn bay anpil rannman, sa gen dizan pase, te vin pèdi anpil valè sou mache eksteryè a. Valè yon liv sik sòti 20 santim Ameriken li tonbe yon santim.

Pandanstan, sou kontinan Lewòp, Adolf Hitler ap fè lapli-e-lebotan. Nou konnen teyori Hitler a, sèke ras blan je vèt se sèl seyè sou latè, yo dwe dirije an wadèwa. Nan liv li ki rele Mein Kampf, Hitler tabli tout kalite teyori pou esplike siperyorite ras moun blan sou tout lòt ras.


Hitler, zanmi Trujillo (1937)

Sous foto a: Hitler's Jewish Soldiers Pics by Bryan Mark Rigg, PhD

Vwalatilpa, nan finisman mwa septanm 1937, Hitler voye yon delegasyon blan Alman, Nazi rasis parèy li, ale rankontre diktatè Dominiken an Raphaël Trujillo. Youn nan kado Hitler voye pou Prezidan Domikiken an se liv li a «Mein Kampf». Jounal nan Dominikani bat bravo lakontantman pou bèl akolad sa a. Yo ekri nan premye paj: «Viv de gran lidè nou yo: Trèzonorab Prezidan Doktè Trujillo ak Firè Wayom Alman an, Adolf Hitler»

Lide rasis Hitler yo te touskilfo pou Trujillo ki t ap chèche yon echapatwa pou li detounen lespri Dominiken, fè yo bliye responsablite leta nan malsite ekonomik peyi li t ap konfwonte alepòk epi fokis okontrè sou rayisman pèp Ayisyen.

Trujillo deklare ke pèp Dominiken pa ta sipoze kite bann etranje nwa sa yo, kidonk klas ouvriyè Dominiken-Ayisyen an, ap byen manje konsa lakay li. Kidonk, jalouzi rasis konplekse Trujillo monte li, li mande sòlda Domiken pou yo rezoud pwoblèm Ayisyen an…

CHIBOLÈT NAN BIB LA, PEREJIL SOU ZILE A

Chòz dit, chòz fèt, nan mwa oktòb 1937, bò zòn lavil Dajabon, sòlda Dominiken mache pike depi se Dominiken nwa ke yo sispèk gen san Ayisyen nan venn yo. Listwaryen yo di nou, pou pipiti gen 30 mil frè ak sè nou ki pèdi lavi yo nan masak sa a. N ap fè ou remake ke sòlda yo pa t atake Ayisyen ki te rete sou plantasyon sik konpayi Ameriken yo. Se pa malere sa yo ki te deranje Trujillo. Ni tou, blan Etazini pa t aksepte pou misye vin kontrarye biznis esklavajis yo sou zile a. Se sou Ayisyen ak Domiken nwa ki gentan fè anpil pwogrè ekonomik nan peyi a ke Trujillo te dirije operasyon kout kouto l la.

Manyak li ye, Trujillo itilize yon modèl biblik pou li reyalize masak li a. Nan Bib la, nou li kouman yo te touye 42 mil moun pèp Efrayim, lage kadav yo nan larivyè Jouden, paske yo idantifye moun Efrayim sa yo kòm etranje ki pa t kapab pwononse yon mo ki te nan lang moun peyi a. Mo sa a sete «Chibòlèt»

«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa youn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t ka rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li, yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan». JIJ12:5-6 (Bib la)


Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout moun nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo "perejil", ki vle di pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen, lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi yo lage kadav ou nan larivyè Masak.

«M rele: "Manman!" ; li mouri; m rele, - "Papa!, Papa!," li mouri; toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè, san manje….» Temwanyaj Irelia Pierre.

Lasosyete, pa pito nou fè yon ti kanpo la a, pou jounen jodi a. Lè nou retounen, nou va rapousuiv ak kèk temwanyaj moun ki te reyisi chape, ak sekou Granmèt la, anba men kriminèl rasis Dominiken yo. Nou va chèche konprann kijan popilasyon Dominiken, popilasyon Ayisyen, gouvènman Dominiken, gouvènman Ayisyen e menm gouvènman Etazini…te reyaji fas a kokenn chenn krim jenosid rasis sa a ki t ap fèt sou zile d Ayiti.

Kidonk, tanpri, kenbe kè…n a pale nan yon lòt kadè. Sife!
---------
Ou ka li tèks sa a, ak kèk foto, nan adrès sa a: http://blog.myspace.com/index.cfm?fusea ... =316863948

jafrikayiti
Posts: 218
Joined: Fri Dec 29, 2006 7:16 pm

1937 Vincent, Trujillo, Roosevelt: Menaj a twa, kriminèl san kè

Post by jafrikayiti » Sat Oct 13, 2007 11:49 am

Lasosyete Onè,

Nou di Granmèt la mèsi pou benediksyon li kontinye layite sou nou, sou chimen listwa pèp nou.

Lafwadènyè nou te kanpe nan ane 1937, bò larivyè masak. Nou t ap koute temwanyaj moun ki te chape anba masak Kout Kouto diktatè Raphaël Trujillo te kòmande nan peyi Dominikani.

Annou kontinye koute:

«Se te konsa, yon 7 Oktòb, jou fèt patwonal Dayabonn, frè yo pran nou tout ti lezanj yo, janbe frontyè-a pou nou ale lamès. Pandan nou nan legliz la, mwen wè yon bann militè Dominiken ap mache monte desann andedan lakou legliz la. Se timoun nou ye, nou pa te konprann anyen. Poutan sa ki genyen, militè yo te vle tiye nou tout menm jou sa-a. Yo te vle pran mounn depi nan legliz la tiye yo jouk sou fwontyè. Sa ki te vin rive, frè yo se te etranje yo te ye; Fransè yo te ye. Mwen sipoze se parapò a frè yo, militè yo pa fè sa; yo pa te touye nou. Men nan aswè, vè sizè konsa, militè yo koumanse pike moun, tiye moun. Depi sizè, yo koumanse masakre moun; m tande moun ap rele, moun ap kouri.

Sa se te temwanyaj yon gason ki te viv eksperyans Kout kouto a. Kounye a, annou koute Irelia Pierre, yon jenn fanm.

«Kout Kouto te vin jwenn mwen, m te piti, m te gen tan pase lekòl. Yo te touye tout kò famni m: manman m, papa m, tout rès fanmiy lan. Nou te 28 nan fanmiy lan. Mwenmenm youn sèl ki te sove…Mwen te genyen 12 lane konsa.

Lè nou rive nan savann Dajabonn, nou gade yon bann "Guardia". Lè an wè sa, mwen di "Manman nou pral mouri, wi! Nou pral mouri, wi!". Manman mwen di, - "pe bouch ou". Oun lòt moman nou tande "Guardia" yo di: "esta preso! esta preso!", epi yo "hare". Nou tout, yo mete tout moun kanpe nan mitan yon solèy nan savann-lan. Epi lè nou gade, nou di, "nou swaf," ; yo di talè nou pral bwè dlo. Lè m' gade, m' wè yon "Guardia" ap pase sou yon cheval avèk yon kòd pou mare moun. Epi m wè li mare moun, y ap mare moun pou yo pa kouri. Epi li koumanse touye yo, lage yo anba nan yon trou. Li touye tout moun sa yo.

Genyen timoun Dominiken pran yo, yo voye yo anlè epi yo pare yo ak bayonèt. Apre yo mete yo kouche sou manman yo.

Se sèl mwen, yon sèl ki te sove. Dominiken yo te kwè m te mouri paske yo te banm anpil kout kouto».

Gason an rekòmanse pale….

«M wè ak degrenn ti zye inosan mwen yo, moun ki blese k ap travèse rivyè a. San yo koule chanje koulè dlo sal boulvèse a, fò di se lè vwazin lan ap lave trip kabrit nan moso kalbas seche. Gen moun ki rive janbe dlo-a. Yo vini tyake, tankou do bèf nan mitan arèn ak kout dag ki pa fin kaba. Militè yo tiye oun voum kantite moun. Timoun ke mye, m te pè konte. »

Irelia Pierre kontinye temwanye…

« Mwen fè 8 jou nan raje apre yo fin rache m, ak kout kouto. Apre 8 jou, se granmèsi yon moun ki te soti isit Ayiti ki wè m atè nan sab rivyè Masak. Li pran mwen, li vini ak mwen Ayiti. Yo voye m Wanament, yo pa resevwa m, yo di m yo pa te kapab okipe m. Yo voye m Okap, lè m riveOkap, yo okipe m. Yo benyen m, wete san, tout san nwè ki te chita sou kò m, m fè yon mwa kouche Lopital Jistiyen. Lè yo fini yo voye m tounen Wanament. Lè m rive la, m pa te genyen fanmi pou resevwa m, yo tounen ak mwen Okap ankò. M ale rete sou kont Leta»

Temwen gason an…

«Anpil ki te sove, vini isit nan Wanament. Lè sa-a, mwen te bò Koloni Domon an. Lè moun yo vini, gouvèlman Vensan voye ranmase moun yo nan Repiblik Dominikèn. Gouvèlman Dominiken an vini lage yon kantite moun, tout Ayisyen po jòn kon po nwa, Ayisyen ki te fèt lòtbò fwontyè, Gouvèlman Dominiken an pran yo vini lage yo sou fwontyè-a. Apre yon semèn, yo ap tiye moun, Gouvèlman Vensan voye chache tout rès moun yo. Trujillo, prezidan peyi Dominiken lè sa a. fè ranmase rès Ayisyen yo, bwote yo lage sou fwontyè Wanament.

Lari Wanament boure ak moun nèt, nèt, nèt, nèt, nèt, piske moun yo, anpil – pou mwen pa di laplipa - yo t ap viv lan Repiblik Dominikèn. Yo fèt la a menm. Donk yo pa genyen peyi Ayiti nan nanm yo. Lè yo vini nan Ayiti yo pa genyen kote pou yo te rete. Gouvèlman an sètoblije fè koloni sa a. Domon se te oun savann sa te ye. Pa te genyen kay la ditou, pa te genyen anyen la a menm. Kote dezè nèt».

Kidonk, onivo, sosyal gouvènman Ayisyen ak popilasyon Ayisyen te bay refijye yo ti laswenyaj preliminè. Daprè temwanyaj listwa, te gen anpil moun nan popilasyon Dominiken an ki te fè sa yo kapab tou pou yo te sove lavi inosan. Se konsa, nou aprann ki jan, José Francisco Pena Gomes, yon lidè politik nwa ki te popilè anpil nan Dominikani nan ane 90 yo, se te youn nan dividal ti òfelen fanmi Dominiken blan osnon milat te adopte apre masak la. Manman misye te Dominikèn, papa li te Dominiken ki gen san Ayisyen.

Dapre tout temwayaj nou jwenn, rèv Trujillo sete pou li te fè Dominikani pase kòm yon peyi blan. Men tankou nou te wè sa deja, menm pou pwòp tèt pa li, Trujillo te sètoblije ap itilize makiyaj poud blanchisman tout lasent jounen demannyè pou vye manti konplekse sa a te ka sanble laverite. Paske orezime, diferans koulè ki genyen ant laplipa Dominiken epi laplipa Ayisyen, se yon bagay trè sipèfisyèl. Po Dominiken yo apenn yon ti jan pi klè. Trujillo ak lòt malad rasis tankou Joachim Balaguer t ap repete tout lasent jounen ke Dominiken po fonse yo se "indios" yo ye, kidonk, yon melanj blan Panyòl ak endyen Tayino. Koze sa a, se yon vye manti listwakont ke nèg milat konplekse sa yo envante pou yo tante efase tout tras pèp Lafrik Ginen nan rasin pèp Dominiken. Yo pito di yo tout bagay - sof pitit Lafrik. Kidonk, yo chwazi di yo se "indios". Poutan, listwaryen yo konfime aklè ke, apenn 50 lane apre depi premye blan yo te debake sou zile a, yo te gen tan fin masakre pèp Tayino a nètalkole. Kidonk, se pa t okenn relasyon lanmou Benè ki te egziste ant de pèp sa yo. Okontrè, sa ki lakòz anpil Dominiken gen po pi pal pase majorite Ayisyen, sè ke otorite Panyòl yo te ankouraje tout kolon Panyòl ki fè dappiyanp sou zile d Ayiti, pou yo fè pitit ak esklav Afriken yo epi pou yo ankouraje plis relasyon moun ak moun ant esklav epi mèt plantasyon yo. Paske nan travay lelvaj bèt ki te prensipal okipasyon kolon Panyòl yo, plis gen antant ant esklav epi mèt plantasyon, se plis gen bon rannman ekonomik. Tandiske, bò kote plantasyon blan franse yo, se yon sistèm segregasyon sovaj ki te aplike nètalkole…kote blan Franse te konte inikman sou latèrè pou yo kontwole esklav Afriken yo sou plantasyon kafe ak kannasik.

Pou Trujillo te kapab ede pèp Dominiken vin pi blan san pèdi tan, li te pare pou li masakre depi se Dominiken nwa ki nan peyi li epi ranplase yo ak imigran blan. Nenpòt ki blan, depi se blan. Se konsa, nan ane 1938, Trujillo pwofite yon okazyon annò ke bon zanmi li Franklin Delanor Roosevelt, Prezidan Etazini a, te ofri li. Li fè kado yon letandi tè ak 100,000 viza bay refijye Juif blan ke idòl li, Adolf Hitler, t ap pèsekite sou kontinan Lewòp. Epi yo di se zafè nèg ki mistè ? adye! Èske ou konnen sa k te pase orezime? Laplipa jwif ki te pran viza pou yo rantre an Dominikani yo te vin tabli nan lavil Sosua, men yo pa t vle rete an Dominikani ditou, yo mache ti bourik yo pou pi douvan, yo jete kò yo nan lòt peyi ki pi dous pou yo. Kidonk, malgre tout devouman misye deplwaye, plan blanchisman Trujillo a bwè dlo. Kidonk, "indios" yo sètoblije kontinye poudre!

Anvan nou fèmen chapit tris sa a nan listwa pèp zile d Ayiti, annou souliyen dezoutwa enfòmason ke tout Ayisyen ta dwe konnen osijè atitid dezonè ni gouvènman Ayisyen, ni gouvènman Dominiken, ni gouvènman Etazini te adopte annapre kokennchenn krim rasis sa a yo te komèt kont moun nwa nan Repiblik Dominikèn, nan mwa Oktòb 1937.

1. Se jis de semenn apre masak la, gouvènman Sténio Vincent an te resi ekri gouvènman Dominiken an pou li senpman eksprime "enkyetid" li osijè evènman ansanglante sa a

2. Gouvènman Etazini pwopoze Trujillo pou li peye yon dedomajman bay Ayiti, demannyè pou evite lòt dezagreman pete nan rejyon an

3. Ofisyèlman, Raphaël Trujillo rekonèt sansinay 18 mil Ayisyen sou teritwa Dominiken epi li ofri pou li peye Ayiti $522 mil dola kòm dedomajman. Sa vle di $29 dola, pou chak grenn Ayisyen li rekonèt Dominiken touye.

4. Ozetizini, yo bat bravo lakontantman pou dezisyon Trujillo a. Poutèt sa, Sekretè Deta Etazini alepòk ki te rele Cordell Hull deklare kare bare Trujillo se youn nan pi gran ewo nan Lamerik Santral epi prèske tout Amerik di Sid la.

5. Non sèlman Prezidan Sténio Vincent, aksepte resevwa $29 dola Trujillo lonji ba li an kach pou chak kadav nèg li rekonèt li fè a, Sténio Vincent, ansakalite de Prezidan Ayisyen, deplase majeste li vin sou fwontyè pou li kole figi, fè gwo bobo lapè - lamitye ak Trujillo.

Vye fanmi m yo, se domaj, jouk jounen jodi a, jenn Ayisyen kontinye ap pase sou ban lekòl san pèsonn pa janm esplike yo paj listwa sa a. Pètèt se sa ki lakòz peyi nou kontinye ap pwodui lidè politik k ap mache tèt bese devan etranje. Paske, lè ou pa konnen kote ou sòti, ou pa fouti konprann ni kote ou ye, ni kilès ou ye, alevwa pou ou ta pèsevwa kote ou prale.

Nou ofri remèsiman espesyal pou fouyapòt Lauren Derby ki te pibliye Temwayaj Kout Kouto yo nan Eyewitnesses to the Genocide by Lauren Derby, 1987. (Temwanyaj li ranmase nan ane 1987 anba bouch Ayisyen ki te chape anba masak Dominiken yo fè sou Ayisyen nan ane 1937 la. Epi pou tradiksyon ke Gary S. Daniel pibliye sou sit entènèt: AHAD. www.ahad-kreyol.org ). Respè!

Post Reply