Diskou Prezidan Repiblik la: 17 oktòb 2007

Post Reply
User avatar
Guysanto
Site Admin
Posts: 1289
Joined: Fri Mar 07, 2003 6:32 pm

Diskou Prezidan Repiblik la: 17 oktòb 2007

Post by Guysanto » Wed Oct 24, 2007 8:11 pm

Diskou Prezidan Repiblik la: 17 oktòb 2007
Anivèsè lanmò Anperè Jean Jacques Dessalines.

Pèp Ayisyen,

Jodi a, 17 oktòb 2007, Nasyon an an dèy paske 17 oktòb 1806, Papa nasyon an tonbe nan Pon Wouj.

Jodi a 17 oktòb 2007, Nasyon an ap soufri non sèlman paske l ap sonje gwo krim ki fèt nan Pon Wouj 17 oktòb 1806 la, men paske lapli, dlo ki desann an oktòb 2007 la detwi lavi anpil pitit li, touye bèt yo, kraze jaden yo.

Tout malè n ap viv jodi a, se paske enstabilite politik ki kòmanse nan Pon Wouj 17 oktòb 1806 la, e ki pa janm rete, pa janm ban nou tan pou nou konstwi peyi a.

Nou pase tout istwa nou, kòm Pèp, youn ap goumen ak lòt pase nou konstwi peyi a.

Enstabilite politik se pwazon vyolan pou devlopman peyi a.

Enstabilite politik ki kòmanse nan Pon Wouj 17 oktòb 1806 la e ki pa janm rete mennen dega n ap konstate jodi a, lè lapli tonbe, dlo desann!

Enstabilite politik se pwazon vyolan pou devlopman peyi a.

Kondoleyans pou tout moun k ap soufri akoz dega lapli, inondasyon.

An 1998, Leta te bay tèt li gwo mwayen : traktè, lodè, kamyon, bouldozè ki ta dwe pote sekou jodi a bay moun ki an difikilte lè gen katastwòf natirèl tankou inondasyon ki sot pote anpil dèy nan peyi a.

Elas, enstabilite politik 2004/2006 la detwi CNE.

Nou pwal remete l sou pye.

Eske enstabilite politik pa p kraze l ankò?

Repons la nan men nou. Li pa nan men lòt moun.

Repons la se stabilite politik.

Enstabilite politik detwi refòm agrè ki te lespwa peyzan yo.

Si pa gen stabilite politik pa p gen pwodiksyon nasyonal.

Repons la nan men nou.

Enstabilite politik detwi milye dyòb nan peyi a.

Si pa gen stabilite politik pa p gen envestisman, pa p gen travay.

Repons la nan men nou, politisyen ki gen responsabilite avni peyi a, jodi a. Li pa nan men lòt moun.

Depi mwen rive kòm Prezidan, mwen gen yon obsesyon : stabilite politik.

Se okazyon pou yon fwa ankò e piblikman, m felisite tout fòs politik ki jontribye a stabilite politik frajil n ap viv jodi a apre gwo dezòd ak zam, kidnaping nou sot viv 3 dènye lane sa yo.

M felisite Pèp Ayisyen an k ap pran pasyans,
menm lè li nan soufrans,
menm lè li poko wè tout fwi stabilite a.

Stabilite politik la bon pou peyi a.

Li frajil jodi a, fòk nou konsolide l.

Pandan n ap konsolide l jodi a,
Fòk nou veye demen.

Konstitisyon an se manman lwa peyi a, se motè peyi a.

Si motè a mache mal, machin nan pa p ka mache byen.

An tout imilite, m gen konviksyon Konstitisyon 1987 la, manman lwa peyi a, se yon gwo sous enstabilite pou lavni peyi a.

Poukisa?

7 fevriye 1986 Pèp ayisyen an voye diktati bout di a ale.

29 mas 1987, Pèp ayisyen an vote yon Konstitisyon pou l di diktati kaba pou tout tan, sou tout fòm.

Pèp ayisyen an vote yon konstitisyon ki di makout pa ladann, diktati pa ladann. Chak fwa diktati a ta vle reparèt, Pèp la kanpe dèyè Konstitisyon 1987 la. Li di non : Makout pa p tounen sou okenn fòm. Batay sa a dèyè konstitisyon an kont diktati a dire 20 lane.

20 lane batay kont diktati men tou 20 lane enstabilite politik.

Pa ka gen devlopman anba diktati.

Men pa ka gen devlopman nan enstabilite.

Diktati se pwazon vyolan pou peyi a.

Enstabilite tou se pwazon vyolan pou peyi a.

Jodi a, danje pou diktati a retounen ap disparèt, men danje enstabilite politik la la pirèd.

Konstitisyon 1987 la se te yon bon zam pou destabilize diktati bout di a ak tout lòt diktati ki te vle parèt tèt yo, Men, èske Konstitisyon sa a se yon bon zam pou stabilize demokrasi?

Zam ki te pèmèt nou destabilize diktati a, èske li ka sèvi pou stabilize demokrasi a.

Destabilize diktati se youn, Stabilize demokrasi se de.

Fè lagè se youn, Konstwi lapè se de.

An reyalite, nou tèlman pase tan ap sèvi ak Konstitisyon an pou dechouke diktati ke nou pa janm gen tan aplike l. Nou pa janm gen tan analize l kòm zouti pou konstwi demokrasi.

Nou pap kapab gade nan ti tan nou gen la a tout pwoblèm Konstitisyon an poze. Yo anpil.

Depi anvan m prete sèman, m te mande Pwofesè Claude Moise, yon Istoryen ki travay sou Konstitisyon pou evalye Konstitisyon 1987 la.
Si nou li rapò Claude Moise ak Cary Hector a na gen plis detay. Men, pèmèt mwen pataje kèk nan pwoblèm yo avèk nou. Mwen espere sa va konvenk nou, menm jan ak mwen sou nesesite pou nou travay prese prese, ansanm, sou Konstitisyon an. M espere sa va konvenk nou, menm jan ak mwen, sou potansyèl enstabilite politik Konstitisyon sa a.

Pa ekzanp, si nou fè yon grenn eleksyon pou Prezidan, Majistra, Senatè, Depite, ASÈK, KASÈK, èske li pa p koute prèske menm kòb ke dènye eleksyon nou sot fè yo la a pou 10 senatè yo? Yo pale de 13 milyon dola vèt.

Si nou fè yon grenn eleksyon chak senk an, pa ekzanp, pou Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, KASÈK, ASÈK, èske li pa p koute prèske menm kòb ke pou eleksyon nou pwal fè talè konsa pou 11 senatè yo? Siman se yon lòt 13 milyon dola vèt ki pwal depanse.

Mezanmi,
Eske se toujou entènasyonal n ap mande peye divès eleksyon sa yo?

Kilè n ap granmoun tèt nou??

Eske kòb tout eleksyon sa yo pa ka sèvi pou konstwi lekòl, lopital, wout, pou nou amelyore lavi Pèp la?

Lamizè se sous enstabilte tou..

Mezanmi, eleksyon se moman latwoublay, yon moman vyolans, nan anpil peyi, sitou sa k pi fèb yo. Tout dènye eleksyon yo montre nou sa : batay ant kandida, batay ant patizan kandida. Batay sa a konn rive nan wòch voye, machin kraze, kay boule, moun mouri.

Eske 8.000 polisye ka kontwole tout moman frajil sa yo sou tout teritwa a?

Pandan konbyen tan ankò n ap mande MINUSTAH rete nan peyi a pou asire sekirite nan divès eleksyon, premye tou, dezyèm tou Konstitisyon sa a prevwa?

An nou reflechi.

Kilè n ap kòmanse pran endepandans politik nou?

Eske li pa enpòtan pou n reflechi sou aspè sa yo de Konstitisyon an?

M konnen depi Prezidan mande reflechi sou konstititisyon gen anpil sispisyon.

M ap repete pou tout moun : manda m bout 7 fevriye 2011. Pwen final.

Mezanmi, m pran yon sèl pwen nan Konstitisyon an, se pwen eleksyon kòm se li ki alamòd kounye a. Men gen anpil lòt pwen ki montre Konstitisyon sa a se yon pwoblèm.

Anpil moun dakò avèk sa.

Pa ekzanp, poukisa yon Prezidan gen pou l fè 5 an, al chita pandan 5 an, retounen pou 5 an. Ki sans sa fè?

Sa a, se sous enstabilite.

Yon lòt ekzanp : Prezidan an nonmen yon Premye Minis, Palman an ratifye l.

Palman an ka ranvwaye Premye Minis la.

Prezidan an ki chwazi Premye Minis la pa ka ranvwaye l.

S il pa satisfè, si gen konfli ant yo, Konstitisyon an mare men Prezidan an.

Se pa nòmal pou yon otorite de nominasyon pa ka otorite de revokasyon sitou pou yon pòs si enpòtan.

Sa a, se yon lòt sous enstabilite.

Dwa dobjeksyon Prezidan an a lwa Palman an vote se yon lòt anomali. Se toujou menm majorite senp la la ki ka rejte objeksyon Prezidan an. Nan lòt peyi, se yon majorite kalifye. Pa ekzanp 2/3 Ozetazini.

Yon lòt ekzanp : si gen pwoblèm sou entèpretasyon yon lwa, Konstitisyon an klè, se sèl yon lwa ki ka entèprete l. E si gen konfli nan entèpretasyon Konstitisyon an, sa n ap fè? Se tout lajounen ayisyen ap bay entèpretasyon pa yo de Konstitisyon an.

Eske li pa ta pibon nou gen yon Kou Konstitisyonèl ki statye dotorite lè gen konfli entèpretasyon? Sa ta favorize stabilite a anpil.

Prezidan an la pou l fè respekte Konstitisyon an, men li pa ka entèprete l.

Yon lòt pwen: youn nan gwo inovasyon Konstitisyon 1987 la, ki se yon revolisyon, se desantralizasyon an. men, si l pa byen fèt, li pa p janm ateri e l ap kreye enstabilite.

Jodi a, mezanmi, m pap kapab nan ti pale toukout sa a analize tout pasemen ki ta dwe fèt nan Konstitisyon an.

Anpil moun dakò fòk gen pasemen nan konstitisyon an.

Eske se yon ti pasemen? Non, se yon gwo pasemen.

Anpil moun dakò pou pasemen an, men tout moun pa dakò kijan pou l fèt.

Jan pou pasemen an fèt limenm tou se yon pwoblèm jan Konstitisyon 1987 la ta vle pou l fèt.

Kijan li vle pou l fèt?

Fòk 2/3 Sena ak 2/3 Chanm Depite a ta mete yo dakò sou ki pasemen ki pou fèt.

Men se pa yo k ap fè l. Se pwochen Sena a ak pwochen Chanm Depite a ak lòt moun ladan l ki pou adopte l, ekzakteman menm jan ansyen Sena a ak ansyen Chanm Depite a pwopoze l la.

Mezanmi. Kondisyon pou chanje Konstitisyon an konplike.

Kilè nan kondisyon sa yo Ayisyen ki pèdi nasyonalite yo ap rejwenn li?

Non sèlman anpil ladan yo ta renmen vin envesti nan peyi a, men anpil ladan yo deja ap kontribye jodi a nan ekonomi peyi a: 25% richès peyi a, chak ane.

Pifò ladan yo ta renmen rejwenn nasyonalite yo pou jwi dwa politik yo nan peyi manman yo ak papa yo.

Mezanmi,
Konstitisyon an gen gwo pwoblèm.

Kondisyon pou pase men ladan l se yon gwo pwoblèm.

Se pa yon ti pasemen, se yon gwo pasemen. Gen anpil travay.

Se avni peyi a ki konsène.

Ann mete kanpe touswit yon gwoup travay ayisyen ak ekspè etranje pou fè nasyon an de pwopozisyon l ap kapab analize.

M ap repete, travay la anpil, fò l kómanse touswit.

Konstitisyon an se manman lwa peyi a, se motè peyi a.

Si motè a mache mal, machin pa p avanse byen!

Yo di malè pa gen klaksonn.

Se pou sa m ap repete:

Depi 1986, peyi a nan enstabilite politik.

Enstabilite sa a te prèske vle pran yon fòm lagè an 2004-2005-2006.

Apre eleksyon 2006 yo, n ap eksperimante yon peryòd lapè, akoz stabilite politik la ki rete frajil.

Yon lòt fwa ankò, e m pa p janm bouke fè l, m ap felisite tout aktè politik ki kontribye a stabilite politik sa a: lidè pati politik yo, Palman an.

M ap felisite sitou Pèp Ayisyen an pou pasyans li.

Menm lè li nan soufarns jodi a, li konprann se stabilite politik la ki ka ba l yon chans demen.

M swete volonte patriyotik sa a kontinye manifeste l fas a pwoblèm Konstitisyon an pou peyi a jwenn yon stabilite nèt ale, pou peyi a ka devlope.

Yon stabilite politk dirab pou yon devlopman dirab.

Mèsi

Sous: Palè Nasyonal
jeudi 18 octobre 2007


© 2006 Signal FM, Conception: Paul R. Ménager / DataVision

Post Reply