Language Issue: My Perspective (Jean Saint-Vil)

Post Reply

Language Issue: My Perspective (Jean Saint-Vil)

Post by » Wed Mar 09, 2005 10:55 pm

[quote]Mèsi Papa Desalin!
Jean Saint-Vil
November 1998"Kreyòl se sèl lanng ki simante tout Ayisyen ansanm" (Atik 5 Konstitisyon Repiblik Ayiti 1987)

Ou te mèt sou anba "Barbancourt" ou pa fouti di sa se pawòl tafia.

Jounen jodi a, kisa ki pi enpòtan pou avni nou, si se pa ranfòse "simantay" Ayisyen ak Ayisyen?

Gen moun ki di yo pa sou, men malgre sa yo di sa nou pale an pa youn lanng. Adye!

Fason youn moun pote kolòn vètebral li, se konsa zòt pèsevwa l.

Si ou obsede ap chèche akseptasyon nan je zòt tout tan, se toutafè nòmal pou li wè ou pa gen konfyans nan tèt ou daprèzavwa sèl aspirasyon ou nan lavi se pou ou chare l, kopye l, resevwa konpliman fondanman nan men l. Konsa, ou fenk kòmanse kokobe anba tout kalite konplèks k ap...

1) Fè ou kwè ou "BÈBÈ" Poutan, ou fi n aprann pal
e depi byen lontan.

2) Ankouraje ou aksepte aji tankou "JAKO REPÈT", "MASÈL KÒKÒB" "MAKWALI-KALIBOFOBO", "ENTATAD"... Poutan, ou plen ak bonjan pawòl pou ou di ak bonjan aksyon pou ou poze ak pou fanmi ou.

Poukisa, daprè ou, anpil zwadizan "entèlektyèl" nou yo paka di de fraz san yo pa kouri di: "Comme disait l'autre" osnon "Un grand homme eut a dire" osnon "A great man once said". Laverite sèke lekòl neyokolonyal nou an ta vle nou tout tounen "zen-tèlektyèl" ki pa kwè nan sa ki sòti nan pwòp tèt pa yo osnon sa moun "pòv" moun "nwa" nan peyi nou kreye. Konsa, fòk nou ta toujou repoze sou sa "l'autre", "le grand homme" te di. Paske se wòl jako repèt la senpman ki sanble ak binèt nou.

Nou ale lekòl, 200 zan apre...men nou!

Men, mezanmi, jou ale, jou vini. Menmsi gen zòt k ap anmize yo di lafendimonn ap rive Ayiti anvan tout lòt peyi (osnon li deja rive), èske se pawòl tafia sa yo k anpeche n:
Pale, ekri, pwopaje, pataje lakonesans nan lanng Kreyòl
Pale, ekri, pwopaje, pat
aje lakonesans nan lanng Angle
Pale, ekri, pwopaje, pataje lakonesans nan lanng Franse
Pale, ekri, pwopaje, pataje lakonesans nan lanng Panyòl
Pale, ekri, pwopaje, pataje lakonesans nan lanng ....

Lanng yo pa nan kont youn ak lòt. Se nou ki nan kont ak peyi n, pèp nou, istwa nou, reyalite nou.

Nou bezwen kominike ak Jean-Pierre Leclerc, Robert Washington, Pablo Balaguer, Mandela Akba... men kisa sa pral itil si mwen menm ak ou nou bliye pale koze pèsonèl nou, zafè Ayisyen ak Ayisyen nou gen pou nou pale youn ak lòt?

Nou tout konnen trè byen, si manman ak grann paka patisipe nan koze a, siman gen kout maltaye nan bagay la. Gen konplotay dèyè kay. Ou pa wè kote nou lage jounen jodia. Pou Lidè politik nou yo pale youn ak lòt se avyon yo oblije pran al chita tankou timoun piti nan jipon madmwazèl Babilòn (IRI, NDI, IPA,...). Sa vle di koze lakay pa ka pale lakay ant moun lakay nan lanng lakay. Sa sa vle di? nou zonbi!

Vye frè m, se pa lang zansèt nou an ki limite, se lespr
i nou ki kokobe, se nanm nou ki antòtye.

Pou nou libere, se pou nou tout libere. Pou nou libere, se pou nou aprann di, ekri, repete: Mèsi Papa Desalin! (san se pa zòt ki di n nou gendwa di sa, konsa)

Papa Desalin, ou menm ki aprann nou rekonèt nou pa bèbè... pou ou, n ap di, ekri, repete: Mèsi Papa Desalin!

"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg" [/quote]

Post Reply