Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 06 Oktòb 2002 a 11:13:58:


Zanmi-Kanmarad-yo, men dènye paj nou te pwonmèt la.

Toujou an relyasyon ak lwa-yo ki reji antwepriz konstwiksyon-yo. Onètman, nou kapab di-w ke nou pa vrèman konnen tout règ ki ganyen dan ledomèn lakonstwiksyon you sosyete. Men, nou kwè ke fòk tout sitwayen konsyan e konsekan fèt pou yo mete-yo alarechèch lwa sa-yo ak bonjan konesans.

Demnnyè pou yo kapab konnen ki jan pou yo pwosede regilyèman anpasan pa etap endispansab-yo, ki yo-menm ava endike peryodikman lan ki eta sosyete ye. fòk yo kapab tou kite tan-an travay pou yo tou, e se pou yo tann lè-a rive tou; paske pa ganyen vrèman jenerasyon espontane, w kapab anrejistre kèk ti bri sapat, se tout.

Konsa, nou estime ke nou pataje avè-w timoso lakonesans ki trè modès men nou kwè ke sa ta ka itil nan kad you priz konsyans kay ansanm kò sosyal Ayisyen-an. Byen si, you kò sosyal k'ap chache chanjman depi dikdantan, depi lè dyab pat kò kaporal.

Lan sans sa-a, nou vle di tou ke chanjman demokratik e popilè-a ki ta dwe pran chè anndan peyi-a, anben pap rive fèt sèlman sou you baz retorik. Kidonk konsyamman ak sans devwa sitwayen-w, w fèt pou desann lan pyedestal-w(ou fèt pou mete pye-w sou tè). Demannyè pou-w ka vini ankadre, òganize ak estwiktire pwoletarya-a ak Mas-yo, lan bi pou-w ka fovorize matirasyon lide revolisyonè ke yo ganyen lan tèt-yo.

Anben, lè-w wa wè kalite gwo tach nòb sa-a ta konsansyèzman e konsekamman akonpli anba kontwòl konpatryòt pwogresis ak revolisyonè-yo, sètalòsèlman ke siy anonsyatè-yo ava sonnen twonpèt nesans nouvo LETA-a, e klòch ava sonnen lan tout kat kwen peyi-a. Konsa, LETA tou nèf-la pap pèdi tan pou-l aji ak deplòtònen sa-l pote lan sakpay-li pou-l koumanse chanjman radikal-yo, ke LETA sa-a ganyen misyon pou-l tabli sou tout teritwa peyi-a.

Andefinitif nèt, nou vle fè swè ke nouvo LETA-a ta dwe prokire-l selèb dokiman sou lateyori twa monn-yo(La théorie des trois mondes". Se te you gwo dokiman ki te elabore anba ponyèt you gwo diyitè revolisyon chinwa-a, ki te fèt lan ane 1949. Pèsepsyon dokiman sa-a, ta kapab evantyèlman pèmèt LETA nouvo-a pou-l sitiye-l sou kat geyopolitik mondyal-la, e pètèt ke avni li kapab byen depann de sa tou.

Mèsi bokou, se te you bèl plèzi pou nou, davwa ke nou te gan chans pataje lide-n avèk-ou. Nou vle kanmenm espere ava ganyen lòt sijè konsa ki enplike lan fowòm Ayisyen, sètadi dèsijè ki oblije you kanmarad fè anpil envestigasyon ak bonkou rechèch.

Mèsi ankò pou tout zanmi kanmarad-yo anpatikilye Editè-a limenm, nou redi-w ke-n te apresye sajès ak fleksibilite-w.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: