Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis.


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,

Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 06 Oktòb 2002 a 10:20:09:


Zanmi-Kanmarad yo, zafè devlopman "fast food" ki se you bagay bèbèl-la se vre wi, li ta bon pou-n ta fè you ti meditasyon sou sa. Bagay sa-a se youn lan pwopagann loksidantal ki pi byen mache, yo rive fè menm pwòp viktim-yo kwè li; pandan ke yo montwe-yo gwo bildinn ki konstwi sou tè lakay-yo.E lavaj sèvo tèlman fèt byen, anben nou menm rive fè reklam pou-yo; lan sans ke nou pran ti peyi sa-yo(satelit-yo) kòm modèl devlopman.

Men se vre tou ke ganyen de gwo enfrastrikti ak gwo kay ki bati nan peyi sa-yo nan kad pwopagann-nan byen-antandi, men tou se pa pou pèp yo fèt, se pa Mas-yo nonplis ki dòmi lan kay sa-yo. Sepandan, si you moun nayif rive kote sa-yo; anben lap gan tandans fè gwo elòj pou sosyete sa-yo. Men ofon, se bagay gran nèg ak granjipon k'ap regle, kidonk Mas pwoletè-yo pa ganyen okenn avantaj ladan-yo eksepte ke yo la pou yo bourike tout lasentjounen, pou yo kapab mete lajan lan pòch laboujwazi. Se tout!

Konsa, noumenm, nou anmezi pou-n konprann apryande jan de fenomèn sa-yo ki rive lan relyasyon ki ganyen ant LETA ak sosyete-yo. Kidonk, n'ap viv lan you monn kote gwo LETA-yo ganyen alatèt-yo you seri konpayi eksplwatasyon ak you pakèt miltinasyonal, ki yo-menm ap dikte konpòtman ak lwa-yo bay ti LETA-yo. sekifèke ti peyi-yo parèt pweril nan demach konstwiktiv ke yap eseye antweprann lakay-yo, konsa yo viktim de you sitiyasyon ke tout fil kondiktè-yo disparèt anba kontwòl-yo. Se poutèt sa, yo toujou ap patinen lan wout e toutotan yo pa reyalize ke lit liberasyon nasyonal-la fèt pou-l pase anvan lòt pwojè-yo, anben machin-nan ap toujou patinen sou plas. Noumenm, se kon sa nou wè-l!

Sepandan, nou konnen ke tout devlopman dwe pase dabò lan sèvo endivydi-a avan tout lòt bagay-yo. E se bagay sa-a ki pou ogire lòt devlopman fizik ak materyèl-yo, si-w pankò ganyen konesans nan sèvo sitwayen-yo kòmsadwa; anben w pankò ka pale nonplis de pwogrè ke-w ta swedizan oksève anndan sosyete-a. Paske pwogrè sosyal ak ekonomik, se de bagay ke-w kapab obteni sou you long pwosesis; e fòk w kwè ladan-l pandan ke-w wap mete anplas tout estrikti nesesè ke lwa pwogrè mande.

Koulye-a, si-w wap pale de pwogrè selektif(seleksyon) pa rapò ak klas sosyal-yo, anben nou kapab di efektivman ganyen gwo pwogrè ki fèt lan kad ti pey tyèmonn-yo; piske klas boujwa-yo toujou byen kanpe sou bit pwogrè-yo e yo toujou anpenpan. Konsa, w te mèt tande peyi-a pòv jisko dènye degwe, anben klas moun sa-yo pajanm lan mizè. Se komsi nou ta di-w ke mizè ak pòvwete pa fèt pou kategori sosyal sa-a, konsa nou fèt pou-n pran nòt de sa, demannyè pou-n ka pwodwi you refleksyon seryèz, san demagoji.

Se poutèt sa, nou te evoke piwo listwa lachari ak bèf-yo. Paske you nasyon osinon you Lidè obyen you pati politik kapab byen vle konstwi peyi-l sou you baz modèn, konsa tou li pa vreman konnen lwa-yo ki gouvène konstwiksyon-an.

N'ap vini lan you ti moman ak dènye paj konklizyon-yo, nou mèt pran you ti pasyans.

Mèsi bokou pou atansyon-w.

Jean-Marie Beaudouin


Repons sou sijè sa: