An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,
Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 05 Oktòb 2002 a 17:10:31:
Kanmarad ak zanmi-yo, men nou ankò! Tankou nou sot di-w talè-a n'ap mache vit pou-n fini ak lakozman ke-n te tabli ak ou depi anviron demwa(2 mois). Nap degajèt nou pou-n gade si-n ta ka fini lan wikenn sa menm, paske nou kapab pa disponib lan senmenn ki pral vini-yo.Detoutmannyè, nava toujou siyale kanmarad-yo anvan nou pran desizyon-an, men sa pap anpeche ke nou voye reyaksyon-n sou tèks-yo. Nap toujou vizite fowòm menmsi nou kab pa gantan reponn.
Bon! si avanti ke n'ap tante dekri sou fowòm-nan la-a ke tout sa ke-n rakonte depi lè nou te koumanse-a jiska koulye-a; bagay sa-yo ta revele-yo posib an Ayiti, anben tout bagay sa-yo fèt pou yo ta tounen dèdesizyon dETA. Evidamman, yo ta fèt pou yo fè lobjè diskisyon lan palman anvan pou ta vote ak pwomilge-yo.
Sepandan, nou se de moun ki trè konsyan ke jan estil transfòmasyon sa-yo, anben yo bezwen tan anvan pou yo byen miri pou yo kapab rive lan materyalizasyon-yo. Nou pa pretann tou ganyen okenn espès denspirasyon majik ki ta kapab fè dèmirak lan peyi-a, nou trè lwen lan jan de fenomèn konsa, okontrè menm pye nou byen chita sou tè fèm.Noumenm kwè ke reyalizasyon you pwojè konsa ta dwe kontwole pa syèk olye pou-n ta konte-yo pa jenerasyon.
Se tap you gwo èrè jijman pou-n ta swedizan predi ke jan de transfòmasyon sa-yo ta kapab pwodwi dan lereyèl tankou you imen fè kwasans li. Nou te aprann konnen tou ke lwa-yo ki pèmèt w rive lan you bonjan matirite konsyans revolisyonè, anben lwa sa-yo trè konplèks pa rapò ak sa-yo ki fè timoun-yo grandi e devlope. Konsa, lan sans sa-a, nou kapab di-w ke pèp-yo ki reyisi de bagay konsa, anben yo te mete anpil tan anvan pou yo te rive lan you somè sivilizasyon konsa. E nou kapab pran chans di-w tou, ke yo trè ra(yo pa anpil) dan lemonn!
Byen-evidamman, ganyen de gwo LETA ki pa ezite fè you montaj sinematogwafik ke noumenm, nou eseye vizyonnen atwavè kèk sekans pou-n ka konnen teknik filmaj-la pandan ke nap chache konprann desen(mannigans) sineyas-la. Lan fason pa yo sètadi gwo LETA-yo, pou yo jere lemonn e pou yo kapab montwe moun-yo, ke modèl pa yo-wa pi bon; LETA sa-yo bay tèt-yo you satilfesit(satilfaksyon) pandan ke ya pote you devlopman rapid(fast food) kay sèten ti peyi ke yo rele satelit-yo.
Se vre ke LETA sa-yo fè de bagay konsa ki pou sèvi kòm teyat pwopagann, e yo fè sa pa rapò a lòt LETA rival-yo, ki yo-menm ganyen you filozofi ak ideyoloji ki ta parèt depaman ak pa yo-wa.
Sepandan, tout reyalite-a trè lwen dèke w mete pye-w sou tè peyi satelit sa-yo, anben lè-w gade w wè douvan you chato kat; kidonk se sa yo rele you devlopman faktis(you bèbèl, setout). Efektivman, wap gan chans wè gwo gwatsyèl, de gwo enfrastrikti pòtyè ak ayewopòtyè ki bati anndan sosyete sa-yo. Men nou vle kanmenm fè remake ke estil devlopman sa-yo, anben yo pa pwofte pou kòz popilasyon otochtòn-yo men pito yo ale lan sans avantaj miltinasyonal-yo.
Konsa, transnasyonal ak miltinasyonal-yo enstale-yo laba-a pou yo fè biznik(biznis) ak eksplwate tikal resous lan peyi sa-yo ki tounen otomatikman dèkoloni, e tout pwofi-yo ale pou lametwopòl.
Ale konprann sa, fòk nou byen louvri je-n pou-n ka wè aklè; paske se enbesil ki bay sòt ki pa pran!Nou oblije mete you bout sou kòzman-an paske nou pral fè you ti deplase, men w pa bezwen enkyete-w n'ap retounen denmen pou-n fini nèt.
Mèsi anpil pou atansyon-w!
Jean-Marie Beaudouin
- Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin 06/10/2002
- Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin 06/10/2002