An repons a: Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin te ekri a,
Jean-Marie Beaudouin afiche mesaj sa, jou 05 Oktòb 2002 a 15:50:42:
Mesye-Dam kanmarad-yo k'ap feraye sou fowòm Ayisyen-an, nou prezante eskiz-nou douvan-n davwa ke nou te absan lan jou ki sot pase la-yo. Kidonk, eskize se lizaj e nou byen kontan retwouve-n pou-n kontinye ak konklizyon-yo.Nou vle kanmenm pwofite di-n ke nou prèske fini ak yo, li ka rete-n sèlman dezoutwa tèks pou-n mete you bout nan kozeri ke-n te ganyen vè-n.
Tankou nou tap di lafwa pase, lejou nou ganyen you LETA ki ganyen karaktè ak konsekans e ki sitou reyalize ke zafè lafilozofi ak lakilti, anben se li ki pou pran kòmann bagay sa-yo. Konsa lè sa-a, nou bò-w garanti ke peyi-a pral demare tout bon vre sou chimen lademokrasi ak pwogrè. Se vre ke sa ap mande anpil tan men nava sèten ke peyi-a pral konnen de lòt jou meyè, kòm tout sitwayen swate-l la.
Se jisteman, lan kad nouvo LETA-a, noumenm, nou vle koumanse voye kèk lide pandan ke n'ap tante soumèt douvan apresyasyon sitwayen-yo you pwopozisyon kontni ke LETA sa-a ta dwe ganyen.
Epi nou tou derape an relyasyon ak sa ke-n ekri deja.
Nouvle you LETA dan lekèl LAJISTIS rete e demere LAJISTIS. Men ki pa you jistis ke mesye-dam gwo palto-yo ap distribye sou baz kolorasyon epidèmik you sitwayen. Konsa, you jistis ke yap bay osinon ke you moun ka achte sou baz apatenans sosyal you endivydi, anben you bagay konsa pa ka rele LAJISTIS. E si ta ganyen you LETA ki kosyone you estil jistis konsa, anben you LETA konsa pa fouti rele tèt li nonplis you LETA dwa.
Lan you jan de sitiyasyon konsa, you sitwayen ka byen viktim de you lespri fòlklorik ki òkestre atwavè media-yo(laprès) ak lòt kontenjan entèlektyèl-yo, anben w kapab wè ke sitwayen sa-a efase-l. Men dan lareyalite konkrèt dèchoz, verite-a sote lan tout zye moun! Sètadi ke tout sitwayen ki konsyan e ki pa lan ipokrizi ava krye: ô jistis kantite ak valè krim ke malfezan-yo fè ak òganize lan non-w!
Dayè, pou noumenm, gwo manifoktèl seremoni pwotokolè ki fèt pou anonse prestasyon sèman pou Majistra ki soti lan piwo enstans lajistis-la, anben bagay sa-yo parèt trè kiryèz. Tankou nou ta kapab konstate-l, you prestasyon ki fèt anndan palè nasyonal ta byen sanble ak you sòt soumisyon sounwaz anba pouvwa legzekitif-la. Lò you bagay fèt konsa, anben endepandans LAJISTIS tou konpwonmèt e li pa fouti egzèse fonksyon jij-li kòmsadwa. Li kòm pèdi souverènte-l li tou. Kidonk, otonomi LAJISTIS twouve-l gache e li vinn anba Legzekitif-la ak men-l yo tou mare anplis li bèbè tou, kòmsi bouch li koud.
Noumenm, nou vle you LETA dan lekèl LAJISTIS fèt pou li otonòm pandan ke-l fèt pou-l ganyen tout lendepandans ke lwa peyi-a ba li. E LAJISTIS fèt pou-l benefisye bonjan apwi ak sipò sosyete sivil-la ke li reprezante anndan pouvwa LETA-a. You LETA dan lekèl salè ak emoliman ki destine pou Majistra-a, enban tounen you reyalite dan lavi jidisyè-a; e prewogativ sa-yo fèt pou koresponn ak kalite lavi ki konvnab pou jij-yo.
You LETA dan lekèl linamoviblite(san kontrent ak san deplasman) jij-yo fèt pou you garanti; demannyè pou yo kapab distribye you jisti ki sèn e jis, lò yo ganyen pou yo pwononse vèdik-yo bay jistisyab-yo. An okenka, Majistra-yo pa fèt pou yo sibi okenn presyon pandan ke yap egzèse fonksyon-yo. Pa fèt tou pou ganyen okenn moun nan sosyete-a ki pou ap eseye ofwi-yo kwakeseswa, lan sans pou yo koronp jij-yo. Jij ak majistra-yo fèt pou yo kapab deside souverènman sou baz dèfè tanjib ki prezante douvan-yo.
Anfen, nou vle you LETA ki bay konsèp libète-a you dimansyon sosyal reyèl, ki pou vinn konfòte sitwayen-an lan diyite imèn li. Se you valè moral ka va vini pou efase sekèl ak dènye vestij-yo ki karakterize vye lòd ansyen-an ak pil anakronis ke LETA paseyis-la trennen dèyè-l. Se konsa nou wè-l!
Nap vini titalè konsa ak rès devlopman-yo.
Mèsi bokou.
Jean-Marie Beaudouin
- Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin 05/10/2002
- Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin 06/10/2002
- Ayiti: Konsèp LETA modèn, LETA pwogresis. Jean-Marie Beaudouin 06/10/2002